Add parallel Print Page Options

Se menm bagay la pou yon fi ki marye: Fi a dwe rete marye ak mari l toutotan l vivan. Men si mari a mouri, fi a libere anba lalwa sou maryaj la. Si l al marye ak yon lòt gason pandan mari l toujou vivan, li komèt adiltè. Men si mari l mouri, li pa anba lalwa maryaj la ankò. Li pa komèt adiltè si l marye ak yon lòt gason.

Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikri ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi.

Read full chapter