Font Size
Women 7:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 7:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 Si l al marye ak yon lòt gason pandan mari l toujou vivan, li komèt adiltè. Men si mari l mouri, li pa anba lalwa maryaj la ankò. Li pa komèt adiltè si l marye ak yon lòt gason.
4 Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikri ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi. 5 Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International