Font Size
Women 7:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 7:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò. 6 Kounye a, nou libere anba Lalwa, paske nou mouri pa rapò ak sa ki te kenbe nou prizonye a. Kounye a, nou kapab sèvi Bondye yon lòt fason, anba kontwòl Sentespri a, nou ka sèvi l yon fason ki pa menm ak jan nou te konn fè l lontan an, ak anpil lwa ki ekri.
Kòman peche sèvi ak lalwa
7 Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.”[a]
Read full chapterFootnotes
- 7:7 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:17; Det 5:21.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International