Font Size
Women 7:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 7:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kòman peche sèvi ak lalwa
7 Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.”[a] 8 Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. 9 Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan.
Read full chapterFootnotes
- 7:7 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:17; Det 5:21.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International