Add parallel Print Page Options

33 Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34 Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikri te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li?

Read full chapter