Add parallel Print Page Options

35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36 Jan Bib la di l,

“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
    Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”[a]

37 Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:36 Sitasyon sa a soti nan Sòm 44:22.