Add parallel Print Page Options

20 Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21 Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?

22 Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri.

Read full chapter