Add parallel Print Page Options

Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[a] Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:7 Sitasyon sa a soti nan Jen 21:12.