Add parallel Print Page Options

Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[a] Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:7 Sitasyon sa a soti nan Jen 21:12.
  2. 9:9 Sitasyon sa a soti nan Jen 18:10, 14.