Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Lik 2-9

Nesans Mesi a

(Mat 1:18-25)

Nan menm peryòd sa a, Seza Ogis ki te wa nan lavil Wòm te pase lòd pou yo fè yon gran resansman nan tout peyi ki fè pati teritwa li t ap dirije a. Premye gran resansman sa a te fèt nan epòk lè Kiriniyis te gouvènè nan lavil Siri. Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an.

Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David. Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent. Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche. Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl[a] la.

Nouvèl nesans Mesi a rive jwenn kèk bèje

Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè. 10 Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. 11 Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi[b] yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo. 12 Men ki siy k ap fè nou rekonèt li: N ap jwenn yon ti bebe byen vlope epi kouche nan yon bwat an planch kote yo konn bay bèt manje.”

13 Menm lè a, yon foul lòt anj nan syèl la, tankou yon lame, vin jwenn ak anj lan, epi yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di:

14 “Lwanj pou Bondye nan syèl la,
    epi kè poze sou latè pou tout moun
    ki fè Bondye plezi.”

15 Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.”

16 Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a. 17 Lè bèje yo te wè ti bebe a, yo te rakonte sa anj lan te di yo de li a. 18 Tout moun ki t ap koute yo te sezi tande sa bèje yo te di yo. 19 Mari menm te kenbe bagay sa yo nan tèt li. Li pa t sispann reflechi sou yo. 20 Bèje yo te retounen kote mouton yo te ye a, yo t ap fè lwanj Bondye epi yo t ap remèsye li pou tout sa yo te wè ak sa yo te tande. Tout bagay yo te egzakteman jan anj lan te di yo a.

21 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la.

Yo prezante Jezi nan tanp lan

22 Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon[c] yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23 Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”[d] 24 Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis,[e] dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou.

Simeyon wè Mesi a

25 Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. 26 Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. 27 Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. 28 Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di:

29 “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè,
    jan ou te pwomèt mwen an.
30 Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a.
31     Ou prepare l mete devan je tout pèp yo.
32 Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo.
    Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”

33 Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. 34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35 Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Àn wè Mesi a

36 Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri. 37 Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.

38 Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.

Jozèf ak Mari retounen lakay yo

39 Lè Jozèf ak Mari te fin fè tout sa Lalwa Senyè a te egzije pou yo fè, yo te retounen lakay yo nan Nazarèt, ti vil kote yo te rete a, nan Galile. 40 Jezi li menm t ap grandi epi li t ap devlope. Li te ranpli ak sajès epi gras Bondye te sou li.

Jezi antan yon ti gason

41 Chak ane, paran Jezi yo te konn monte Jerizalèm pou sezon fèt Pak la. 42 Lè Jezi te gen douz an, li akonpanye paran yo ki t ap monte Jerizalèm pou fèt la kòm dabitid. 43 Lè peryòd fèt la te fin pase, paran yo pran wout pou tounen lakay, men Jezi li menm te rete Jerizalèm san paran yo pa t reyalize sa. 44 Yo te vwayaje pandan tout yon jounen avèk lide Jezi te nan foul la. Apre sa, yo kòmanse chache li nan pami zanmi ak fanmi ki te nan wout la ak yo. 45 Men, yo pa t jwenn li. Konsa, yo te blije tounen Jerizalèm pou y al chache li.

46 Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou. 47 Tout moun ki t ap tande repons li yo te etone devan konpreyansyon ak sajès li. 48 Lè manman l ak papa l te wè li, yo pa t manke sezi. Apre sa, manman l di l konsa: “Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Mwen menm ak papa w te enkyete anpil pou ou. Se pa ti chache nou gentan chache w.”

49 Lè sa a Jezi di yo: “Pou kisa nou t ap chache m? Nou te dwe konnen, kote travay Papa m ye se la pou m ye.” 50 Men yo pa t konprann anyen nan sa li te di yo a.

51 Jezi te desann ansanm ak yo ale Nazarèt epi li te obeyi yo. Manman li te sere tout bagay sa yo nan kè li. 52 Firamezi Jezi t ap grandi, li t ap kontinye devlope tou nan sajès epi ni Bondye ni lèzòm te apresye l anpil.

Janbatis ap prepare chemen pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Jan 1:19-28)

Nan epòk lè Seza Tibè te gen kenz an depi l t ap renye,

Pons Pilat te gouvènè nan Jide;

Ewòd t ap dirije rejyon Galile;

Filip, frè Ewòd la, t ap dirije Itoure ak Trakonit;

Lizanyas t ap dirije Abilèn;[f]

epi Àn ak Kayif te souveren sakrifikatè. Se nan menm epòk sa a, Jan, pitit Zakari a te resevwa mesaj nan men Bondye, pandan l t ap viv nan dezè a. Konsa, li te ale nan tout rejyon an toudebò larivyè Jouden an ap preche. Li t ap di moun yo “Vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Se menm jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a:

“Gen yon vwa k ap pale byen fò nan dezè a:
Prepare chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devan l.
Tout vale yo gen pou konble,
    tout gwo mòn yo ak kolin yo fèt pou vin plat.
Wout ki gen koub yo, nou dwe fè yo dwat,
    epi chemen ki difisil yo fèt pou vin swa.
Tout moun gen pou yo wè jan
    Bondye ap delivre nou!”[g]

Lè sa a, yon foul moun te vin jwenn Jan pou l te batize yo. Li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Olye pou n chita ap di se pitit Abraram nou ye, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram wi. Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.”

10 Lè sa a, moun yo poze Jan kesyon, yo mande l: “Ki sa pou nou fè menm?”

11 Jan reponn yo: “Si ou gen de chemiz, bay moun ki pa genyen an youn. Si ou gen manje pou manje, bay sa k pa genyen tou.”

12 Ata pèseptè kontribisyon yo te vin jwenn Jan tou pou l batize yo. Yo mande l: “Mèt, kisa pou nou fè?”

13 Li te di yo, “Pa fè moun peye plis lajan pase sa gouvènman an te di nou fè yo peye a.”

14 Sòlda yo te poze Jan kesyon tou, yo te di l: “E nou menm, kisa pou nou fè?”

Li te reponn yo, “Piga nou itilize lafòs osinon manti pou nou soutire lajan nan men moun yo. Se pou nou kontante nou ak salè nou touche a.”

15 Kòm tout moun t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt, yo t ap poze tèt yo kesyon. Yo t ap reflechi konsènan Jan. Yo t ap di: “Ou kwè se pa li menm ki Mesi a.”

16 Jan te reponn moun yo, li di yo: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, men gen yon lòt k ap vini apre m. Li pi fò pase m. Mwen pa bon ase pou m ta menm delase soulye l. Li menm, l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. 17 Li gen laye[h] l nan men li pou l netwaye rekòt la. L ap mete bon grenn yo nan depo li, epi l ap boule pay la nan yon dife ki p ap janm etenn.” 18 Jan te di anpil lòt bagay konsa toujou pou l ankouraje pèp la viv lavi yo yon lòt jan. Li t ap preche pèp la bòn nouvèl levanjil la.

Men kijan travay Jan te fini

19 Pandan tan sa a tou, Jan t ap kritike Ewòd, chèf rejyon an, konsènan sa l te fè ak Ewodyas, madanm frè l la, ansanm ak yon bann lòt bagay mal Ewòd te fè ankò. 20 Konsa, Ewòd tou ajoute yon lòt move bagay ankò sou sa l te fè deja yo: Li mete Jan nan prizon.

Jan te batize Jezi

(Mat 3:13-17; Mak 1:9-11)

21 Nan moman tout pèp la t ap vin resevwa batèm nan, Jezi te vini epi li te batize tou. Pandan l t ap priye, syèl la te louvri, 22 epi Sentespri a desann sou li sou yon fòm fizik, tankou yon pijon. Apre sa, yon vwa pale nan syèl la, li di: “Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.”

Istwa branch fanmi Jezi yo

(Mat 1:1-17)

23 Lè Jezi te kòmanse anseye pèp la, li te gen yon trant an konsa. Tout moun te panse Jezi se te pitit Jozèf.

Jozèf sa a te pitit Eli.

24 Eli te pitit Matat.

Matat te pitit Levi.

Levi te pitit Mèlki.

Mèlki te pitit Janayi.

Janayi te pitit Jozèf.

25 Jozèf te pitit Matatyas.

Matatyas te pitit Amòs.

Amòs te pitit Nawoum.

Nawoum te pitit Esli.

Esli te pitit Nagay.

26 Nagay te pitit Maat.

Maat te pitit Matatyas.

Matatyas te pitit Semeyin.

Semeyin te pitit Jozèk.

Jozèk te pitit Joda.

27 Joda te pitit Joanan.

Joanan te pitit Resa.

Resa te pitit Zowobabèl.

Zowobabèl te pitit Salatyèl.

Salatyèl te pitit Neri.

28 Neri te pitit Mèlki.

Mèlki te pitit Adi.

Adi te pitit Kosam.

Kosam te pitit Èlmadam.

Èlmadam te pitit Èr.

29 Èr te pitit Jezi.

Jezi te pitit Elyezè.

Elyezè te pitit Jorim.

Jorim te pitit Matat.

Matat te pitit Levi.

30 Levi te pitit Simeyon.

Simeyon te pitit Jida.

Jida te pitit Jozèf.

Jozèf te pitit Jonam.

Jonam te pitit Elyakim.

31 Elyakim te pitit Meleya.

Meleya te pitit Mena.

Mena te pitit Matata.

Matata te pitit Natan.

Natan te pitit David.

32 David te pitit Izayi.

Izayi te pitit Obèd.

Obèd te pitit Boaz.

Boaz te pitit Sala.

Sala te pitit Naason.

33 Naason te pitit Aminadab.

Aminadab te pitit Admin.

Admin te pitit Arni.

Arni te pitit Eswòm.

Eswòm te pitit Perès.

Perès te pitit Jida.

34 Jida te pitit Jakòb.

Jakòb te pitit Izaak.

Izaak te pitit Abraram.

Abraram te pitit Terak.

Terak te pitit Nakò.

35 Nakò te pitit Sewouk.

Sewouk te pitit Rago.

Rago te pitit Falèk.

Falèk te pitit Ebè.

Ebè te pitit Sala.

36 Sala te pitit Kayinam.

Kayinam te pitit Afaksad.

Afaksad te pitit Sèm.

Sèm te pitit Noye.

Noye te pitit Lemèk.

37 Lemèk te pitit Metousala.

Metousala te pitit Enòk.

Enòk te pitit Jarèt.

Jarèt te pitit Maleleyèl.

Maleleyèl te pitit Kayinam.

38 Kayinam te pitit Enòs.

Enòs te pitit Sèt.

Sèt te pitit Adan.

Adan te pitit Bondye.

Satan tante Jezi

(Mat 4:1-11; Mak 1:12-13)

Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fini, li te vin grangou anpil.

Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”

Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”[i]

Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”[j]

Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, 10 paske men sa ki ekri nan Bib la:

L ap bay anj li
    yo lòd pou yo veye sou ou.[k]

11 Epi y ap pote w

nan men yo pou pye w
    pa frape nan wòch.”[l]

12 Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”[m]

13 Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)

14 Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15 Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)

16 Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou saba a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:

18 “Lespri Senyè a sou mwen.
    Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
    pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19     Epi pou m anonse lè a rive
    pou Bondye montre konpasyon li.”[n]

20 Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21 Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”

22 Tout moun yo t ap pale byen de li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Epi yo t ap di: “Sa a se pa pitit gason Jozèf la?”

23 Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.” 24 Men li di yo: “An verite, m ap di nou sa, yon pwofèt pa janm jwenn bon akèy nan peyi li.

25 M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a, 26 Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.

27 Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”

28 Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo. 29 Yo leve, yo pouse l mete deyò lavil la. Yo mennen li sou tèt mòn kote lavil la te bati a toutespre pou yo te ka lage l anba. 30 Jezi menm pase tou dwat nan mitan foul la, li chape poul li.

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Mak 1:21-28)

31 Li desann ale lavil Kapènawòm, yon vil nan rejyon Galile. Etan la, li te t ap anseye moun yo nan jou saba a. 32 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye, paske li t ap pale tankou moun ki gen otorite sou sa li t ap di yo.

33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li tonbe kriye byen fò. 34 Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a. 35 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a, epi li soti sou nonm nan, san li pa t fè l okenn mal.

36 Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase konsa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti. 37 Konsa, pawòl la te gaye nan tout vil ak vilaj yo nan rejyon an.

Jezi geri bèlmè Simon Pyè a

(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)

38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[o] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.

Jezi geri yon bann lòt malad

(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)

40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.

Jezi ale nan lòt vilaj yo

(Mak 1:35-39)

42 Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo. 43 Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”

44 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo nan rejyon Jide a.

Jezi chwazi kèk disip

(Mat 4:18-22; Mak 1:16-20)

Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a. Li te wè de bato bò lak la. Bato yo te vid paske pechè yo t ap lave filè yo. Jezi monte nan youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi li mande Simon pou l avanse bato a yon ti kras plis nan mitan dlo. Li te chita nan bato a epi li te kòmanse anseye foul la.

Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.”

Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.” Lè yo jete filè a, mesye yo pran yon gran kantite pwason ki te fè filè a kòmanse chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt bato a siy pou vin ede yo. Mesye yo vini, yo ranpli tou de bato yo ak pwason. Bato yo te prèt pou koule.

Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.” Li te di sa paske li menm ak tout moun ki te avè l yo te sezi wè kantite pwason yo te pran. Simon Pyè ansanm ak tout moun ki te ak li yo pa t manke sezi, lè yo wè kantite pwason yo te pran yo. 10 Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou.

Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.”

11 Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Mak 1:40-45)

12 Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, yon nonm ki te gen tout kò l kouvri ak la lèp te rankontre ak li. Lè li wè Jezi, nonm nan lage kò l fas atè, li sipliye Jezi, li di li: “Mèt, si ou vle, ou kapab pirifye m.”

13 Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm lèp la disparèt sou li. 14 Jezi pase mesye a lòd pou l pa di pèsonn moun anyen. Li di l: “Ale fè prèt la wè ou.[p] Ofri sakrifis pou pirifikasyon ou, jan lalwa Moyiz la mande a. Sa ap pèmèt tout moun wè ou geri vre.”

15 Malgre sa, nouvèl konsènan mèvèy Jezi te fè yo te gaye pi rèd toujou. Moun te rasanble an foul pou vin tande Jezi epi pou jwenn gerizon pou maladi yo. 16 Men, Jezi li menm rale kò li. Li ale nan yon kote ki pa gen moun, li al priye.

Jezi geri yon nonm paralize

(Mat 9:1-8; Mak 2:1-12)

17 Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad. 18 Se konsa te gen kèk moun ki te vin rive ak yon nonm paralize ki te kouche sou yon kabann. Yo t ap chache rive kote Jezi te ye a pou yo depoze malad la devan li. 19 Lè mesye yo wè yo p ap kapab rive kote Jezi ye a poutèt foul la, yo monte sou tèt kay la. Yo fè yon twou nan tèt kay la ki te an ajil, epi yo glise kabann nan desann nan mitan foul la, devan Jezi. 20 Lè Jezi wè jan yo te gen lafwa, li di nonm ki te malad la: “Monchè, peche w yo padone tande.”

21 Lè sa a, Farizyen yo ak Skrib yo kòmanse ap reflechi, yo t ap di nan kè yo: “Kilès li ye menm k ap blasfeme kont Bondye konsa a? Kilès moun ki gen pouvwa pou l padone peche, si se pa Bondye sèlman?”

22 Men, Jezi te konnen ki lide ki t ap pase nan tèt yo, se sa k fè li di yo: “Pouki sa nou gen kalite panse sa yo nan tèt nou? 23-24 Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

25 Menm kote a, nonm nan leve devan je tout moun yo, li ranmase kabann li te kouche a, li pati al lakay li. Sou tout wout la, li t ap bay Bondye glwa. 26 Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”

Levi (Matye) swiv Jezi

(Mat 9:9-13; Mak 2:13-17)

27 Apre bagay sa yo te fin pase, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di li: “Swiv mwen.” 28 Levi kite tout bagay yo, li leve, li swiv Jezi.

29 Apre sa, Levi òganize yon gwo festen lakay li pou fè lwanj pou Jezi. Te gen yon gwo foul pèseptè kontribisyon ansanm ak lòt moun ki te la ap manje ak yo. 30 Farizyen yo ansanm ak direktè lalwa yo t ap plenyen bay disip Jezi yo, yo t ap di: “Pouki sa n ap manje bwè ansanm ak pèseptè kontribisyon yo, ak moun k ap viv nan peche yo?”

31 Lè sa a, Jezi reponn yo, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun malad ki bezwen doktè. 32 Mwen pa vin mande moun k ap mache dwat devan Bondye pou chanje lavi yo, men mwen vin rele moun k ap viv nan peche, pou yo repanti.”

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mat 9:14-17; Mak 2:18-22)

33 Men yo di li: “Disip Janbatis yo fè jèn souvan, epi yo priye souvan. Disip Farizyen yo tou fè menm bagay la, epi disip pa w ou yo menm ap manje bwè.”

34 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. 35 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.”

36 Epi li rakonte yo yon parabòl. Li di: “Pèsonn p ap pran yon moso twal nan yon rad nèf pou l pyese yon rad ize avèk li. Si ou fè sa, ni rad nèf la ni rad ize a ap chire. Pyès twal nèf la pa t ap mache ak twal ize a non plis. 37 Konsa tou, Pèsòn p ap pran diven nouvo[q] pou l mete l nan yon vye barik. Si ou fè sa, diven nouvo pete vye barik la, diven an ap tonbe epi l ap detwi veso yo.[r] 38 Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. 39 Pèsonn p ap fin bwè diven ki gentan ansyen epi pou l ta anvi bwè nouvo diven. Paske l ap di: diven ki gentan ansyen an pi bon.”

Jezi se mèt jou saba a

(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)

Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou saba a?”

Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)

Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou saba a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou saba a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”

10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.

Jezi chwazi douz apot li yo

(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)

12 Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13 Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.

14 Simon, Jezi te rele l Pyè tou;

Andre, frè Simon an,

Jak,

Jan,

Filip,

Batèlmi.

15 Matye,

Toma,

Jak, pitit Alfe a,

Simon, sa yo te rele zelòt la.

16 Jid, pitit Jak la,

Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a).

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun

(Mat 4:23-25; 5:1-12)

17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.

20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:

“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
    paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21 Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
    paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
    paske kè nou pral kontan.

22 Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23 Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.

24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
    paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25 Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
    paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
    paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.

26 Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”

Renmen lènmi ou

(Mat 5:38-48; 7:12a)

27 “Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28 Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29 Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30 Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31 Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.

32 Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33 Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34 Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.

35 Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36 Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.

Piga youn kritike lòt

(Mat 7:1-5)

37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, konsa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, konsa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, konsa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.”

39 Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.

41 Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42 Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Mat 7:17-20; 12:34b-35)

43 Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45 Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.

De kalite moun

(Mat 7:24-27)

46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.

49 Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.

Jezi geri sèvitè yon Ofisye

(Mat 8:5-13; Jan 4:43-54)

Lè Jezi fin di pèp la tout pawòl li te gen pou di yo, li antre nan vil Kapènawòm. Te gen yon chèf nan lame Women an ki te gen yon esklav li te renmen anpil, esklav la te malad, prèt pou mouri. Lè chèf la te tande pale de Jezi, li voye kèk nan lidè Jwif yo al mande Jezi pou l vin geri esklav la pou li. Lè mesye yo te rive kote Jezi, yo sipliye li pou l fè sa pou chèf la. Yo di li, “Li merite sa.” Paske li renmen nasyon nou an epi li te peye lajan l pou fè bati yon sinagòg pou nou.

Jezi te pran wout la pou ale ak yo. Lè l te prèske rive nan kay la, chèf nan lame Women an voye kèk zanmi al kote Jezi pou di li: “Senyè, ou pa bezwen bay tèt ou traka. Mwen pa merite pou antre lakay mwen. Se poutèt sa mwen pa kwè mwen ase bon pou m parèt devan w. Sèlman di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. Paske mwen menm tou mwen gen otorite sou tèt mwen epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”

Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te etone. Li vire gade foul moun ki t ap swiv li a, epi li di yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.”

10 Lè moun chèf la te voye kot Jezi yo retounen lakay, yo jwenn sèvitè a geri.

Jezi resisite pitit gason yon vèv Nayin

11 Nan demen, Jezi t ap vwayaje ale nan yon vil yo rele Nayin. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul t ap vwayaje ansanm ak li. 12 Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. 13 Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” 14 Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!” 15 Menm kote a, jèn nonm ki te mouri a leve chita epi li kòmanse pale. Jezi remèt li bay manman li.

16 Yon gwo laperèz te anvayi tout moun yo. Yo t ap glorifye non Bondye. Yo t ap di: “Yon gran pwofèt resisite nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vizite pèp li a.”

17 Nouvèl la te gaye nan tout teritwa Jide a ak nan tout rejyon ozalantou yo.

Janbatis voye poze Jezi yon kesyon

(Mat 11:2-19)

18 Disip Janbatis te rakonte l tout bagay sa yo tou. Konsa, li rele de nan disip li yo. 19 Li voye yo al poze Senyè a kesyon sa a: “Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”

20 Mesye yo vini kote Jezi epi yo di li: “Janbatis voye nou vin poze w kesyon sa a: Èske ou se sila a nou t ap tann ki te gen pou vini an, osinon nou dwe tann yon lòt?”

21 Lè sa Jezi t ap geri anpil malad ansanm ak anpil moun enfim. Li t ap chase move lespri epi li t ap fè anpil avèg wè ankò. 22 Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande. Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud yo tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. 23 Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”

24 Pandan mesaje Janbatis yo t aprale, Jezi kòmanse pale ak foul la konsènan Janbatis. “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? 25 Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? Nou konnen byen moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè yo se nan palè nou jwenn yo. 26 Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 27 Men sa ki ekri nan Bib la sou li:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.[s]

28 M ap di nou sa: Nan pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis.”

29 Tout moun ki te resevwa batèm Janbatis la te rekonèt plan Bondye a te bon, lè yo te tande ansèyman Jezi yo. Menm pèseptè kontribisyon yo te rekonèt epi resevwa batèm Janbatis la. 30 Men, Farizyen ansanm ak doktè lalwa yo te derefize aksepte plan Bondye pou yo. Yo pa t dakò resevwa batèm Janbatis la.

31 “A kisa m te ka konpare moun k ap viv nan tan alèkile yo? A kisa yo sanble menm? 32 Yo tankou yon bann timoun ki chita sou plas piblik k ap rele youn lòt pou di:

Nou jwe mizik ak flit pou nou,
    nou pa danse.
Nou chante chan ki tris pou nou,
    nou pa kriye.

33 Janbatis vini li pa ni manje pen ni li pa bwè diven, nou di li gen yon denmon sou li. 34 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun movèz repitasyon. 35 Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan pitit li yo.”

Jezi ak yon fi ki t ap mennen movèz vi

36 Youn nan Farizyen yo te mande Jezi pou vin manje ak li. Jezi antre lakay Farizyen an epi li pran plas li bò tab la pou l manje.

37 Te gen yon fi nan vil sa a ki t ap mennen movèz vi. Fi sa a te konnen Jezi t ap manje lakay Farizyen an. Konsa, li vini avèk yon boutèy ki te fèt ak yon wòch ki te gen anpil valè.[t] Boutèy la te plen pafen. 38 Li mete kò l yon jan pa dèyè bò pye Jezi epi li t ap kriye. Li mouye pye Jezi ak dlo je li epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Li tonbe bo pye Jezi epi li vide pafen an sou pye yo.

39 Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”

40 Jezi reponn Farizyen an, li di li: “Simon, kite m di w yon bagay.”

Simon di li: “Pale non, Mèt.”

41 Jezi di: “Te gen de moun ki te dwe yon bankye lajan. Youn te dwe senk san (500) goud epi lòt la te dwe senkant (50) goud. 42 Toulede mesye yo pa t gen mwayen ditou pou peye dèt yo. Bankye a te fè pa yo. Li efase dèt yo. Ki lès nan de mesye sa yo ou panse k ap renmen bankye a plis?”

43 Simon reponn: “M panse se moun li efase pi gwo dèt la pou li a.”

Jezi di li: “Ou byen reponn.” 44 Apre sa Jezi vire gade fi a, epi li di Simon konsa: “Ou wè dam sa a? M te antre lakay ou, ou pa t banm dlo pou m lave pye m; men li menm, li lave pye m ak dlo je li epi li siye yo ak cheve li. 45 Ou pa t bo m; men li menm, depi mwen antre la a, li pa sispann bo pye m. 46 Ou pa t vide lwil sou tèt mwen; men li menm, li vide pafen santi bon sou pye m. 47 Se poutèt sa, mwen di ou, peche l yo ki anpil vre jwenn padon. Se sa k fè li fè tout bagay sa yo pou montre jan li renmen anpil. Moun yo padone ti kras ap renmen yon ti kras tou.”

48 Apre sa Jezi di li: “Peche w yo padone!”

49 Lè sa a, moun yo ki te chita bò tab la kòmanse di youn lòt: “Ki lès nonm sa a panse l ye menm pou l ta padone peche moun?”

50 Jezi di fi a konsa: “Poutèt ou kwè, ou delivre anba peche w yo. Ale ak lapè.”

Gwoup moun ki te ak Jezi a

Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou. Te gen yon ekip medam avèk li tou. Se moun ki te gen move lespri sou yo ak lòt kalite maladi, lè te geri yo. Youn ladan yo se te Mari, moun Magdala a, sa Jezi te chase sèt denmon sou li a. Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.

Istwa yon plantè ki t ap simen grenn

(Mat 13:1-17; Mak 4:1-12)

Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a:

“Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo. Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.”

Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”

Disip Jezi yo mande l: “Ki sa parabòl sa vle di?”

10 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt

Menm lè yo wè,
    yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
    yo pa vrèman ni tande ni konprann.[u]

Jezi eksplike istwa plantè a

(Mat 13:18-23; Mak 4:13-20)

11 Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. 12 Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. 13 Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.

14 Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. 15 Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.

Chache konprann sa ou tande

(Mak 4:21-25)

16 Pèsonn p ap limen yon lanp pou l kouvri l anba yon bokit osinon pou l sere l anba kabann. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 17 Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo. 18 Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mat 12:46-50; Mak 3:31-35)

19 Manman ak frè Jezi yo te vin parèt. Men, poutèt foul la, yo pa t kapab rive kote Jezi te ye a. 20 Yon moun di Jezi konsa: “Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo vle wè w.”

21 Jezi reponn yo: “Manman m ak frè m se moun ki tande pawòl Bondye epi ki fè sa li mande a.”

Jezi kalme yon tanpèt

(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)

22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”

Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal. 25 Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?”

Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)

26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[v] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.

28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.

30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”

Li reponn: “Lejyon.”[w] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[x] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.

34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.

Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”

Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mat 9:18-26; Mak 5:21-43)

40 Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. 41 Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. 42 Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan konsa te prèske mouri.

Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. 43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[y] men yo youn pa t ka geri li. 44 Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. 45 Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?”

Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”

46 Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” 47 Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. 48 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”

49 Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”

50 Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.”

51 Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. 52 Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.”

53 Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. 54 Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” 55 Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. 56 Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mat 10:5-15; Mak 6:7-13)

Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”

Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou.

Ewòd tonbe nan konfizyon konsènan Jezi

(Mat 14:1-12; Mak 6:14-29)

Tout bagay ki t ap pase yo te rive nan zòrèy Ewòd. Li te touve l nan konfizyon paske te gen kèk moun ki t ap di se Janbatis ki resisite. Gen moun ki te di se Eli ki parèt. Gen lòt menm ki te di se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite. Men Ewòd t ap di nan panse li: “Se mwen ki te koupe tèt Janbatis. Ki lès nonm sa a ye menm k ap fè tout bagay sa yo m ap tande a?” Li pa t sispann chache okazyon rankontre ak Jezi.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Jan 6:1-14)

10 Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida. 11 Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad.

12 Lè l t apral aswè, douz apot yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Fòk ou voye foul la ale pou yo ka chache jwenn kote pou yo dòmi ak manje pou yo manje nan zòn ki ozalantou, paske kote nou ye a pa gen kay.”

13 Men Jezi di yo: “Se pou nou menm nou ba yo manje.”

Yo reponn Jezi konsa: “Nou gen sèlman senk (5) pen ak de (2) pwason la a. Atò pou nou ta al achte manje pou nou bay tout moun sa yo?” 14 Te gen anviwon senk mil (5,000) gason konsa.

Jezi di apot li yo: “Fè yo chita pa gwoup senkant (50) moun.”

15 Apot yo te fè sa a epi tout moun te chita. 16 Jezi pran senk (5) pen ak de (2) pwason yo. Li leve tèt li gade syèl la. Li di Bondye mèsi pou yo epi li kase yo. Li bay apot li yo pou pataje bay foul la. 17 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo ranmase rès moso foul la pa t fin manje, yo jwenn douz panye.

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mat 16:13-19; Mak 8:27-29)

18 Yon lè, pandan Jezi t ap priye poukont li, tout apot li yo vin rasanble kote l. Li pwofite poze yo kesyon sa a: “Ki moun foul la di mwen ye?”

19 Yo reponn li: “Anpil moun di ou se Janbatis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt menm ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.”

20 Lè sa a Jezi di yo: “E nou menm, ki moun nou di mwen ye?”

Pyè reponn, li di: “Ou se Kris Bondye voye a.”

21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mat 16:21-28; Mak 8:31–9:1)

22 Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.”

23 Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 24 Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li. 25 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 26 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo. 27 Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli

(Mat 17:1-8; Mak 9:2-8)

28 Anviwon uit jou konsa apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn ansanm ak yo pou l al priye. 29 Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye. 30 Epi, men de mesye t ap pale ansanm ak li. Se te Moyiz ak Eli. 31 Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm. 32 Nan moman sa a, Pyè ansanm ak lòt mesye yo te gen yon move dòmi k ap kale yo. Lè yo reveye, yo wè Jezi nan laglwa li. Yo wè de mesye yo tou ki te kanpe ansanm ak Jezi. 33 Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant.[z] Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di.

34 Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. Pyè ansanm ak lòt de disip yo te pè anpil lè nyaj la kouvri yo a. 35 Se konsa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”

36 Lè vwa a fin pale, mesye yo wè Jezi poukont li ankò. Men yo pa t janm di pèsonn moun anyen nan lè sa a sou sa yo te wè a.

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)

37 Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38 Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39 Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40 Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”

41 Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”

42 Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)

Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: 44 “Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” 45 Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.

Kilès ki pi gran?

(Mat 18:1-5; Mak 9:33-37)

46 Disip Jezi yo te tonbe nan yon diskisyon sou ki moun pami yo ki ta pi gran pase lòt yo. 47 Jezi li menm ki te konnen sa k te nan tèt yo, li pran yon ti moun, li mete l kanpe kote l. 48 Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”

Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou

(Mak 9:38-40)

49 Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”

50 Men Jezi di: “Pa anpeche li. Paske nenpòt moun ki pa kont ou, li avè w.”

Yon ti bouk nan peyi Samari

51 Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm. 52 Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi. 53 Men, moun yo nan bouk la pa t resevwa Jezi paske se Jerizalèm li t aprale. 54 Lè Jak ak Jan wè sa, yo di: “Mèt, ou pa ta vle nou rele dife sot nan syèl la tonbe sou yo, pou boule yo?”[aa]

55 Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.[ab] 56 Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.

Swiv Jezi

(Mat 8:19-22)

57 Pandan yo te nan wout aprale, yon moun pwoche bò kote Jezi, li di l: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”

58 Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”

59 Apre sa li di yon lòt: “Swiv mwen.”

Men, nonm nan di Jezi konsa: “Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.”

60 Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”

61 Yon lòt moun ankò di Jezi konsa: “M ap swiv ou wi Mèt, men kite m al di fanmi m orevwa dabò.”

62 Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International