Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Lik 20:20 - Jan 5:47

Jezi reponn yon kesyon pyèj

(Mat 22:15-22; Mak 12:13-17)

20 Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. 21 Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. 22 Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

23 Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: 24 “Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?”

Yo reponn li: “Seza.”

25 Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”

26 Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mat 22:23-33; Mak 12:18-27)

27 Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. 28 Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a.[a] 29 Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. 30 Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. 31 Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. 32 Finalman, fi a mouri tou. 33 Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye?

34 Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. 35 Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. 36 Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. 37 Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a,[b] Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la. 38 Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.”

39 Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” 40 Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò.

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)

41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:

Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[c][d]

44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)

45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye

(Mak 12:41-44)

21 Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)

Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:

“Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”

Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”

Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.[e] Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”

10 Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. 11 Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la.

12 Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13 Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14 Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15 Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16 Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17 Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. 18 Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. 19 Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.

Destriksyon Jerizalèm

(Mat 24:15-21; Mak 13:14-19)

20 Lè n a wè yon pakèt lame sèke Jerizalèm toutotou, n a konnen lè a rive pou yo detwi li. 21 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. 22 Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. 23 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo. 24 Y ap touye yo ak kout nepe. Y ap depòte yo nan tout lòt peyi yo. Lavil Jerizalèm menm, moun lòt nasyon yo ap detwi l epi kontwole l, jouktan tan yo te ba yo a fin akonpli.

Nou pa bezwen pè

(Mat 24:29-31; Mak 13:24-27)

25 Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. 26 Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. 27 Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 28 Lè nou wè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe djanm, pa pè, paske lè a prèske rive pou Bondye vin delivre nou.”

Pawòl mwen p ap janm pase

(Mat 24:32-35; Mak 13:28-31)

29 Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Gade pye fig sa a. Gade tout lòt pyebwa yo. 30 Lè nou wè y ap pouse fèy vèt, nou tou konnen lete prèt pou rive. 31 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive.

32 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 33 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen ap rete pou tout tan.”

Rete toujou pare

34 “Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare. 35 Paske jou sa a ap rive sanzatann sou tout moun ki sou latè. 36 Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”

37 Pandan lajounen, Jezi te anseye moun yo nan tanp lan, men, nan aswè li te toujou kite vil la, l al pase nuit la sou mòn yo rele mòn Oliv la. 38 Chak maten, tout moun yo te leve byen bonè pou yo vin tande ansèyman Jezi yo nan tanp lan.

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Jan 11:47-53)

22 Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la. Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)

Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)

Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan. Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”

Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”

10 Jezi reponn yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, n ap kontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Swiv mesye a jouktan li rive nan kay kote l va antre a. 11 Pale ak mèt kay la, di l konsa: Mèt la voye di w pou montre nou chanm kote li ka manje repa fèt Pak la ak disip li yo. 12 Lè sa a, mèt kay la ap montre nou yon gwo chanm anlè a ki byen meble. Se la n a pare manje Pak la.”

13 Pyè ak Jan ale, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a, epi yo prepare manje Pak la.

Repa Senyè a

(Mat 26:26-30; Mak 14:22-26; 1 Kor 11:23-25)

14 Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. 15 Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. 16 Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak konsa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.”

17 Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. 18 Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.”

19 Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. 20 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”[f]

Kilès k ap leve talon kont Jezi?

21 Jezi di: “Epoutan, moun k ap trayi m nan chita bò tab la ansanm ak mwen la a. 22 Pitit Lòm nan pral fè sa Papa a te gentan deside pou l fè, se vre, men malè pou moun ki trayi l la.”

23 Tousuit apot yo tonbe fè diskisyon ant yo menm. Youn ap mande lòt kilès nan pami yo la a ki pral fè bagay sa a?

Se pou konpòte w tankou yon sèvitè

24 Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25 Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27 Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.

28 Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29 Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30 N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”

Pyè p ap pase tès la

(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Jan 13:36-38)

31 Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.[g] 32 Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”

33 Men Pyè di l konsa: “Senyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w. E si sa nesesè, m ap menm mouri avè w.”

34 Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.”

Prepare pou tribilasyon

35 Apre sa, Jezi di apot yo: “Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy?”

Yo reponn li: “Nou pa t manke anyen.”

36 Epi li di yo: “Enben kounye a, si yon moun gen lajan, se pou l mache avè l; sa k gen manje, se pou l mache avè l. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yon nepe. 37 Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen:

Yo mete l nan menm panye ak mechan yo.[h]

Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.”

38 Disip yo di li: “Mèt, men de nepe.”

Li di yo: “Ase.”[i]

Jezi ap priye poukont li

(Mat 26:36-46; Mak 14:32-42)

39 Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. 40 Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

41 Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42 Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode[j] soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43 Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44 Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.[k] 45 Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46 Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.

48 Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” 49 Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” 50 Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li.

51 Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li.

52 Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 53 Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:57-58,69-75; Mak 14:53-54,66-72; Jan 18:12-18,25-27)

54 Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans. 55 Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo. 56 Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”

57 Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” 58 Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.”

Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”

59 Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.”

60 Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.”

Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. 61 Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” 62 Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.

Sòlda yo maltrete Jezi

(Mat 26:67-68; Mak 14:65)

63 Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou. 64 Yo mare je li ak twal epi yo di li: “Si ou se pwofèt vre, devine ki moun ki ba w kou sa a.” 65 Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò.

Jezi devan lidè relijye yo

(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Jan 18:19-24)

66 Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. 67 Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.”

Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. 68 Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. 69 Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.”

70 Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.”

71 Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”

Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi

(Mat 27:1-2,11-14; Mak 15:1-5; Jan 18:28-38)

23 Apre sa, tout foul la nèt leve epi yo mennen Jezi devan Pilat. Yo tonbe akize Jezi devan Pilat. Yo di: “Nou kenbe nonm sa a k ap monte tèt pèp la. L ap di yo pou yo pa peye taks bay Seza. Li di se li menm ki Mesi a, sa vle di yon wa.”

Pilat poze Jezi kesyon. Li mande l: “Èske ou se wa Jwif yo?”

Jezi reponn: “Se ou ki di li.”

Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”

Men yo kontinye plede ak Pilat. Yo di: “L ap monte tèt pèp la ak ansèyman l yo nan tout peyi Jide a. Li kòmanse bagay sa a depi nan Galile, kounye a li rive jouk isit la.”

Pilat voye Jezi bay Ewòd

Lè pilat tande sa yo te di a, li mande: “Èske nonm sa a se moun Galile?” Lè Pilat aprann Jezi soti nan yon teritwa ki anba kòmandman Ewòd, li voye Jezi bay Ewòd ki li menm t ap pase kèk jou[l] nan Jerizalèm lè sa a.

Lè Ewòd wè Jezi, li pa t manke kontan. Depi yon bon tan li te konn tande pale de Jezi. Li te anvi rankontre ak li fasafas. Li te anvi wè Jezi fè yon mirak devan li. Ewòd te poze Jezi anpil kesyon, men Jezi pa t janm reponn anyen. 10 Pandan tan sa a, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo pa t sispann pote anpil akizasyon kont Jezi. 11 Ewòd ansanm ak sòlda l yo pran kont plezi yo sou do Jezi. Yo pase l nan rizib kont yo. Apre sa, yo mete yon bèl rad sou li epi yo voye l tounen bay Pilat. 12 Ewòd ak Pilat ki te lènmi anvan sa, te rekonsilye youn ak lòt nan menm jou sa a.

Pilat eseye libere Jezi

(Mat 27:15-26; Mak 15:6-15; Jan 18:39–19:16)

13 Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la. 14 Li di yo: “Nou mennen nonm sa a ban mwen, nou di m l ap monte tèt pèp la. Epoutan, mwen egzamine li devan nou la a, mwen pa jwenn li koupab anyen nan bagay nou akize l yo. 15 Ewòd nonplis pa jwenn li koupab, se sa k fè li voye l tounen ban nou. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. 16 Kidonk, m ap fè bat li byen bat, epi m ap lage l.” 17 [m]

18 Men, tout foul la pran kriye ansanm: “Touye nonm sa a! Lage Barabas!” 19 Barabas la te nan prizon poutèt li te okazyone yon dezòd epi li te touye yon moun tou.

20 Kòm Pilat te vle lage Jezi. Sa fè li pale ak foul la ankò. 21 Foul la menm pran kriye byen fò: “Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!”

22 Pou yon twazyèm fwa, Pilat di yo: “Manyè di m non, ki move zak nonm sa a fè? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan li ki merite lanmò. Mwen deja di nou, m ap fè bat li byen bat, apre sa, m ap lage l.”

23 Men, foul la kontinye kriye pi fò toujou. Yo ensiste pou Pilat klouwe Jezi sou kwa. Yo sitèlman rele fò, 24 Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo mande a. 25 Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Jan 19:17-27)

26 Pandan sòlda yo t ap mennen Jezi ale, yo kontre ak yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap sot nan jaden. Yo fòse Simon pote kwa a. Yo fè l swiv Jezi ak kwa a sou do li.

27 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi. 28 Men Jezi vire gade medam yo, li di yo: “Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou ak pou pitit nou yo pito. 29 Paske gen jou k pral vin la a kote moun pral di: Benediksyon pou fi ki pa ka fè pitit, pou fi ki pa janm fè pitit, pou fi ki pa janm gen pitit pou l bay tete. 30 Lè sa a moun va mande mòn yo: Tonbe sou nou! Y a di ti mòn yo: Kouvri nou![n] 31 Paske si yo ka fè m soufri konsa malgre m inosan, Bondye ap fè moun ki koupab yo soufri pi rèd toujou.”[o]

32 Yo te kondi de kriminèl ale tou ansanm ak Jezi pou yo egzekite. 33 Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.

34 Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.”[p]

Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 35 Pèp la te kanpe ap gade sa k ap pase a. Chèf Jwif yo menm t ap pase Jezi nan betiz. Yo t ap di: “Si l se Mesi a vre, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt li. Li te konn sove lòt moun.”

36 Menm sòlda yo tou te antre nan pase Jezi nan betiz. Yo pwoche bò kote l, yo ofri l vinèg pou l bwè. 37 Yo di li: “Si ou se wa Jwif yo vre, sove tèt ou.” 38 Sou tèt kwa a, yo te klouwe yon pannkat ki di: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo.

39 Youn nan de kriminèl yo te klouwe ak Jezi yo t ap pase Jezi nan betiz tou, li t ap di: “Si ou se Kris la vre, sove tèt ou epi sove nou tou!”

40 Men, lòt kriminèl la fè l pe bouch li. Li di l: “Ou gen lè pa pè Bondye, paske se anba menm kondanasyon an ou ye tou. 41 Pou nou menm, se nòmal. Paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou te fè. Men li menm, li pa fè anyen ki mal.” 42 Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”

43 Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Jan 19:28-30)

44 Li te bò midi konsa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, 45 paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso. 46 Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.”[q] Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.

47 Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”

48 Tout foul la te rasanble pou vin wè espektak sa a. Lè yo wè sa k te rive a, sa fè yo mal epi yo retounen lakay yo. 49 Tout zanmi Jezi yo ansanm ak medam ki t ap swiv li depi nan Galile yo te kanpe a yon ti distans ap swiv. Yo te wè tout sa k te rive.

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Jan 19:38-42)

50 Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. 51 Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. 52 Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. 53 Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. 54 Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse.

55 Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. 56 Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a.

Men, nan jou saba a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Jan 20:1-10)

24 Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a.

Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. 10 Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. 11 Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. 12 Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a.[r]

Sou chemen emayis

(Mak 16:12-13)

13 Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt[s] konsa de vil Jerizalèm. 14 De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. 15 Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. 16 Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. 17 Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou konsa a pandan n ap mache a?”

Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. 18 Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?”

19 Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?”

Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. 20 Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. 21 Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.

22 Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. 23 Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. 24 Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.”

25 Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou konsa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? 26 Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” 27 Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la.

28 Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. 29 Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo.

30 Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. 31 Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. 32 Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?”

33 Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. 34 Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.”

35 Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

36 Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!”

37 Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. 38 Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble konsa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? 39 Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.”

40 Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. 41 Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” 42 Yo ba l yon moso pwason boukannen. 43 Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout.

44 Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”

45 Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46 Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48 Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, konsa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49 Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”

Jezi retounen nan syèl

(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)

50 Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51 Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52 Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53 Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.

Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a

Anvan tout bagay te kòmanse,
    Pawòl[t] la te la.
Li te avèk Bondye
    epi Pawòl la se te Bondye menm.
Li te avèk Bondye
    nan kòmansman.
Se ak li menm tout bagay te kreye;
    pa te gen anyen ki te kreye san li.
Se nan limenm lavi te ye,
    epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
Limyè[u] a klere nan fènwa,
    men fòs fènwa pa kapab gen viktwa[v] sou li.

Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.

10 Men Pawòl la te nan mond lan deja,
    se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
    Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11 Li te vini pami moun pa l yo,
    men moun pa l yo pa t resevwa li.
12 Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
    epi ki kwè nan li,
    li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13 Yo vin pitit Bondye,
    men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
    men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14 Pawòl la te vin tounen moun
    epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
    yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
    epi li montre nou tout verite Bondye a.

15 Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”

16 Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou,
    nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.
17 Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz,
    men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.
18 Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a.
    Men, se sèl Pitit Bondye
a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a,
    se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.[w]

Jan rann temwanyaj pou Jezi

(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9,15-17)

19 Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20 San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”[x]

21 Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”

Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”

Yo mande l: “Èske ou se pwofèt[y] la?”

Li reponn: “Non.”

22 Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”

23 Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:

Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
    “prepare chemen Senyè a byen dwat.”[z]

24 Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25 Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”

26 Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27 Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”

28 Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.

Jezi, mouton Bondye a

29 Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30 Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31 Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”

32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”[aa]

Premye disip Jezi yo

35 Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36 Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton[ab] Bondye a!”

37 Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”

Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”

39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se konsa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.

40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).

42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”[ac] (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)

43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44 Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45 Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”

46 Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”

Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”

47 Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”[ad]

48 Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”

Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”

49 Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”

50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51 Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann[ae] sou Pitit Lòm nan.”

Maryaj nan ti vil Kana

Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. Pandan fèt la, diven an vin fini. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.”

Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.”

Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.”

Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon[af] yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.[ag]

Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch.

Lè l fini, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.”

Yo te fè sa l te di yo fè a. Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. 10 Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.”

11 Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.

12 Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la.

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mat 21:12-13; Mak 11:15-17; Lik 19:45-46)

13 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, konsa Jezi t al Jerizalèm. 14 Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. 15 Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. 16 Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.”

17 Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la:

“Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.”[ah]

18 Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”

19 Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.”

20 Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!”

21 Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. 22 Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo.

23 Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. 24 Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. 25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.

Jezi ak Nikodèm

Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif. Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”

Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa,[ai] li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”

Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?”

Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a. Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti. Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa. Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”

Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”

10 Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? 11 Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou. 12 Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la? 13 Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.

14 Menm jan Moyiz te leve sèpan[aj] an nan dezè a, se konsa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. 15 Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”[ak]

16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. 18 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. 19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[al] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.

Jezi ak Janbatis

22 Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun. 23 Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize. 24 Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.

25 Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid[am] pirifikasyon Jwif yo. 26 Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”

27 Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l. 28 Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la. 29 Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan konsa a. 30 Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan.[an]

Moun ki vini soti nan syèl la

31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun. 32 Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li. 33 Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a. 34 Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”

Jezi ak fanm samaritèn nan

Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis. Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo. Li kite teritwa Jide, li tounen Galile. Pou rive Galile, li te dwe travèse teritwa Samari.

Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje.

Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.”

10 Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.”[ao]

11 Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a? 12 Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.”

13 Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”

15 Fanm nan di Jezi: “Mesye, ban m dlo sa a non. Mwen pa ta swaf ankò epi mwen pa t ap oblije retounen isit la pou chache dlo.”

16 Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.”

17 Fanm nan reponn: “Men, mwen pa gen mari.”

Jezi di: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.”

19 Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt. 20 Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.”

21 Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a. 22 Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo. 23 Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l. 24 Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.”

25 Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.”

26 Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.”

27 Menm lè a, disip yo vin rive. Yo te sezi wè Jezi t ap pale ak yon fanm. Men, pèsonn pa t oze mande li: “Ki sa ou ap chache?” ni “Pou kisa ou ap pale avè l?”

28 Alò, fanm nan kite veso li te pote pou pran dlo a, li retounen nan vil la. Li t ap mache di moun yo: 29 “Men yon nonm ki di mwen tout bagay mwen fè. Vin wè, èske se pa ta li menm ki Mesi a?” 30 Se konsa, pèp la soti lavil la epi y al wè Jezi.

31 Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”

32 Men Jezi reponn: “Mwen gen yon manje pou m manje nou pa konnen.”

33 Disip yo t ap mande antre yo: “Èske gen yon moun ki ta gentan pote manje ba li?”

34 Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a. 35 Lè nou fè jaden, nou toujou di nan kat mwa ankò n ap gen rekòt. Men m ap di nou, leve je nou gade jaden yo. Yo gentan bon pou rekòt la. 36 Moun k ap ranmase rekòt la ap touche salè yo. Y ap rasanble fwi pou lavi etènèl. Konsa moun k ap plante a ak moun k ap ranmase rekòt la kapab rejwi ansanm. 37 Nan ka sa a, sa yo di a se vre: Youn plante, yon lòt rekòl te. 38 Mwen voye n al ranmase rekòt kote nou pa t plante. Gen lòt moun ki te plante, epi se nou menm k ap pwofite travay yo.”

39 Anpil Samariten nan vil la te kwè nan Jezi. Yo te kwè poutèt sa fanm nan te di yo sou Jezi a. Li te di yo: “Li di mwen tout sa m fè.” 40 Samariten yo ale kote Jezi. Yo mande Li rete ak yo. Konsa, Jezi te pase de jou ak yo. 41 Anpil lòt moun te kwè nan Li poutèt sa Li t ap di.

42 Moun yo di fanm nan: “Anvan, nou te kwè poutèt sa ou te di nou. Men kounye a, nou kwè paske nou tande Li ak pwòp zòrèy nou. Kounye a, nou konnen se li menm ki gen pou sove lemonn.”

Jezi geri pitit gason yon Ofisye

(Mat 8:5-13; Lik 7:1-10)

43 Apre de jou, Jezi kite zòn nan, l al nan teritwa Galile. 44 Jezi te di yon pwofèt pa gen okenn respè nan peyi li. 45 Lè l rive Galile, moun yo te byen resevwa li, paske yo te ale nan fèt Pak la, Jerizalèm, epi yo te wè tout sa Li t ap fè nan fèt la.

46 Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. 47 Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri. 48 Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”

49 Ofisye wa a di: “Mèt, vini vit non, anvan pitit gason m nan mouri.”

50 Jezi reponn li: “Ou mèt ale, pitit ou a geri.”

Nonm nan te kwè sa Jezi te di l la, li retounen lakay li. 51 Etan l te sou wout ap retounen lakay li, sèvitè l yo vin rankontre l. Yo di li: “Pitit ou a geri.”

52 Ofisye a mande: “Bò ki lè konsa li te kòmanse fè mye?”

Yo reponn li: “Ayè, a inè apremidi, lafyèv la te tonbe.”

53 Papa pitit la te konnen se te nan menm lè sa a Jezi te di l: “Pitit ou a geri.” Se konsa li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezi.

54 Se te dezyèm mirak Jezi te fè apre li te fin soti Jide rive Galile.

Jezi geri yon nonm toupre yon pisin

Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda,[ap] nan lang ebre. Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize.[aq] [ar] Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?”

Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.”

Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache.

Men bagay sa a te rive yon jou saba. 10 Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou saba a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.”

11 Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.”

12 Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?”

13 Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale.

14 Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!”

15 Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li.

16 Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou saba a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. 17 Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se konsa mwen menm tou m ap travay.”

18 Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou saba a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.”

Jezi genyen otorite Bondye

19 Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman. 20 Papa a renmen Pitit la, Li montre Li tout sa l ap fè. Epi Papa a gen pou montre Pitit la bagay ki pi gwo toujou. Alò nou va sezi. 21 Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se konsa Pitit la bay moun li vle lavi tou.

22 Konsa tou, Papa a pa jije pèsonn. Li bay Pitit la pouvwa pou li fè tout jijman. 23 Bondye fè sa konsa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la.

24 Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a. 25 Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi. 26 Menm jan lavi se nan Papa a li soti, konsa tou, Papa a bay Pitit la pouvwa pou l bay lavi. 27 Epi Papa a bay Pitit la otorite pou l jije tout moun, paske li se Pitit Lòm nan.

28 Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la. 29 Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.

30 Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.

Jezi di lidè Jwif yo pi plis bagay toujou

31 Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a. 32 Men, gen yon lòt moun ki di menm bagay yo de mwen, epi mwen konnen temwanyaj li se verite a.

33 Nou te voye moun kote Janbatis, epi li menm tou te di nou verite a li te wè sou mwen. 34 Poutan, mwen pa vrèman bezwen yon lòt moun pou dakò avè m pou m bay prèv kilès mwen ye, men mwen fè nou sonje sa Janbatis te di nou, pou nou kapab rive sove. 35 Janbatis te tankou yon lanp ki limen epi k ap klere moun, epi nou te byen kontan rejwi nou nan limyè li pou yon ti tan.

36 Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre. 37 Papa a, Li menm ki te voye mwen, te bay prèv pou mwen. Men nou pa janm tande vwa li. Nou pa janm wè ak kisa li sanble. 38 Ansèyman Papa a pa rete nan nou, paske nou pa kwè nan moun Papa a voye a. 39 Nou etidye Bib la paske nou kwè n ap jwenn yon fason pou nou viv pou tout tan nan yo. Men, menm pawòl sa yo pale de mwen. 40 Men, nou derefize vini jwenn mwen pou m ta ban nou lavi etènèl.

41 Mwen pa bezwen moun fè lwanj pou mwen. 42 Mwen konnen nou. Mwen konnen nou pa renmen Bondye. 43 Mwen vini soti bò kote Papa m epi mwen pale nan non li. Malgre tout sa, nou pa aksepte m. Epi lè lòt moun vini pale pou pwòp tèt yo, nou aksepte yo san pwoblèm. 44 Nou renmen resevwa lwanj youn lòt. Men, nou pa janm eseye jwenn lwanj ki soti nan Bondye. Alò, kijan pou nou fè kwè? 45 Pa mete nan tèt nou se mwen ki pral kanpe devan Papa Bondye pou m akize nou. Se Moyiz k ap akize nou. Epi se li nou te panse ki t ap sove nou. 46 Si nou te kwè nan Moyiz vrèman, nou t ap kwè nan mwen, paske li ekri pou pale de mwen. 47 Men, nou pa kwè sa li te ekri. Konsa, nou pa kapab kwè sa m ap di.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International