Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Women 15 - 1 Korentyen 14

15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”[a] Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa. Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:

“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
    Se poutèt sa m va di w mèsi.”[b]

10 Epi Bib la di ankò,

“Nou menm moun lòt nasyon yo,
    se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[c]

11 Bib la di ankò,

“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
    Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[d]

12 Epi Ezayi di,

“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[e]
    L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[f]

13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.

Pòl ap pale sou travay li

14 Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. 15 Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, 16 li fè m vin sèvitè Jezikri pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.

17 M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikri. 18 Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a 19 ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt. 20 Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare. 21 Men, selon sa Bib la di,

“Moun yo pa t anonse sa ap wè,
    epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”[g]

Pòl fè plan vizite Wòm

22 Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.

23 Depi plizyè lane, mwen te vle vizite nou. Kounye a, travay mwen fini nan zòn sa yo. 24 M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.

25 Kounye a, se Jerizalèm m prale, pou m al ede pèp Bondye a. 26 Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo. 27 Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo. 28 M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.

Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou. 29 M konnen, rive m rive kote nou, m ap pote anpil benediksyon Kris pou nou.

30 Frè m ak sè m yo, men sa m mande nou, se pou n ede m lite nan lapriyè n ap fè monte bò kot Bondye pou mwen, grenmesi Jezikri ak renmen Sentespri a ban nou. 31 Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou. 32 Lè sa a, si Bondye dakò avè m, m ap vin kote nou ak lajwa epi m va pran yon ti repo ansanm ak nou. 33 Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.

Dènye Pawòl

16 M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.

Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikri. Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.

Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.

M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.

Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.

Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li[h]

Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m 10 ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris.

Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen, 11 salye Ewodyon, fanmi mwen.

Salitasyon pou tout moun nan fanmi Nacis, se moun Senyè a yo ye. 12 Salye Trifèn ak Trifoz, medam sa yo travay di pou Senyè a. Salye bon zanmi m Pèsid, li te travay di pou Senyè a tou.

13 Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.

14 Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, pou mwen ak tout lòt frè ak sè yo ki avèk yo tou.

15 Salye Filològ ak Jilya, Nere ak sè l la, Olenpas, ak tout pèp Bondye a ki avèk yo.

16 Salye youn lòt ak yon bèl akolad[i]

Tout Legliz Kris yo voye salye nou.

17 M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. 18 Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. 19 Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal.

20 Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou.

Gras Senyè nou an Jezi avè n!

21 Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.

22 Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a.

23 Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. 24 [j]

25 An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikri, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. 26 Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. 27 Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikri pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.

Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[k] paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,[l] Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.

Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!

Pòl ap di Bondye mèsi

Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris. Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans. Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a. Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen. Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive. Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.

Pwoblèm divizyon nan legliz Korent

10 Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12 Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè[m] m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!” 13 Kris la pa ka divize nan ti gwoup isit ti gwoup laba. Èske Pòl te mouri sou lakwa pou ou? Èske se nan non Pòl ou te batize? 14 M di Bondye mèsi, Mwen kontan m pa t batize okenn nan nou eksepte Krispis ak Gayis. 15 Konsa pyès moun pa ka di se nan non Pòl yo te batize. 16 A wi, mwen batize moun lakay Estefanas! Apre sa mwen pa sonje mwen batize pèsonn ankò. 17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa[n] Kris la p ap pèdi puisans li!

Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris

18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou. 19 Paske, men sa ki ekri nan Bib la,

“M ap detwi sajès moun saj yo
    epi m ap jete konfizyon
    nan entèlijans moun entèlijan yo.”[o]

20 Kote filozòf yo? Kote ekspè lalwa yo? Kote moun ki renmen bay bèl agiman yo? Èske Bondye pa montre aklè sajès mond sa a se foli? 21 Wi, sajès lèzòm pa gen kapasite pou rekonèt sajès Bondye. Se poutèt sa nan sajès li Bondye deside sèvi ak yon mesaj ki parèt san sans pou l sove tout moun ki kwè.

22 Jwif yo mande mirak kòm prèv, epi moun ki pa Jwif ap chache sajès, 23 men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli. 24 Men, pou moun Bondye rele yo, swa moun ki Jwif swa moun ki pa Jwif, Kris la se puisans ak sajès Bondye. 25 Menm foli Bondye pi saj pase tout sajès lèzòm. Feblès Bondye pi puisan pase tout fòs lèzòm.

26 Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. 27 Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. 28 Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè. 29 Konsa pyès moun pa ka vante tèt yo nan prezans Bondye. 30 Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo. 31 Konsa, jan sa te ekri nan Bib la: “Si yon moun vle chante lwanj, se pou l chante lwanj pou Senyè a.”[p]

Men mesaj mwen an: Jezi krisifye sou lakwa

Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj[q] sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save. Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa. Lè m te vini lakay nou, mwen te fèb, mwen te menm ap tranble tèlman m te pè. Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun. Konsa, lafwa nou pa chita sou baz sajès lèzòm, men l chita pito sou pouvwa Bondye.

Sajès Bondye

Nou anseye sajès pami moun ki gen matirite. Men, sajès nou anseye a pa menm kalite ak sajès mond sa a. Non, li pa menm kalite ak sajès otorite mond sa a ki pral pèdi pouvwa yo. Nou anseye sajès Bondye. Se yon sajès Bondye te kenbe sekrè jouk jounen jodi a. Li te deside l konsa nan plan li anvan menm li kreye lemonn pou nou te ka pataje glwa li. Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a. Men sa Bib la di:

“Se bagay je pa janm wè,
    zòrèy pa janm tande,
bagay moun pa ko menm imajine
    sa Bondye prepare pou moun ki renmen l yo.”[r]

10 Bondye te fè nou konnen bagay sa yo pa mwayen Sentespri l. Sentespri a sonde tout bagay, menm sekrè ki kache pi fon nan Bondye.

11 Ki yès ki konnen tout panse k ap travèse yon moun si se pa pwòp lespri li? Menm jan an tou, pèsonn pa konn panse Bondye, eksepte Lespri Bondye. 12 Nou menm, nou pa resevwa lespri mond sa a. Nou te resevwa lespri ki soti nan Bondye. Se sa k fè nou ka konnen tout sa Bondye vle nou konnen.

13 Nou pa sèvi ak mo ki soti nan sajès lèzòm pou anseye bagay sa yo. Nou pito sèvi ak mo Sentespri li menm ba nou. Nou sèvi ak mo Sentespri ba nou pou nou eksplike bagay ki soti nan Sentespri a. 14 Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo. 15 Poutan moun ki Sentespri a yo kapab sonde tout bagay san tonbe anba jijman okenn moun. 16 Paske Bib la di:

Ki lès ki konnen sa ki nan tèt Senyè a?
    Ki lès ki ka ba li konsèy?[s]

Men nou menm nou resevwa panse ki soti nan tèt kris la.

Lidè ak fidèl se sèvitè Jezikris

Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la. Se ti lèt mwen te ba nou. Mwen pa t ba nou gwo manje, paske nou pa t ka sipòte gwo manje. Dayè, jouk jodi a, nou pa ko pare pou nou pran gwo manje. Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti.

Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi. Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè. Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a.

10 Mwen itilize don Bondye ban mwen, mwen poze fondasyon an tankou yon bon kontremèt. Epi yon lòt moun vin bati sou fondasyon an. Men tout moun bezwen veye sou kijan y ap bati sou fondasyon an. 11 Fondasyon an poze deja. Se Jezi ki fondasyon an. Pèsonn pa ka poze yon lòt fondasyon. 12 Gen moun ki sèvi ak lò, lajan, lòt materio yo fè bijou, bwa oswa pay pou bati sou fondasyon an. 13 Men travay tout moun gen pou parèt aklè nan jou jijman an. Nan jou sa ap gen yon gwo dife. Se dife sa a ki pral montre kalite travay tout moun. 14 Si kay yon moun te bati sou fondasyon an pase nan dife a san l pa boule, moun sa a ap resevwa yon salè pou travay li. 15 Men si kay la boule, l ap pèdi salè travay li. Moun nan ap sove. Men l ap tankou moun ki chape dejistès anba dife.

16 Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou? 17 Tanp Bondye a sen. Nou se tanp Bondye a. Si yon moun domaje tanp Bondye a, Bondye ap domaje l tou.

18 Pa bay tèt nou manti. Yon moun ki panse l saj nan je lèzòm dwe tounen moun fou pou l ka vin saj toutbon vre. 19 Mwen di sa paske sajès mond sa a se foli nan je Bondye. Sa Bib la deklare a klè: “Li pran moun saj yo nan pwòp pyèj yo.”[t] 20 Bib la deklare tou: “Senyè a konnen panse moun saj yo. Li konnen panse sa yo pa vo anyen.”[u] 21 Konsa nou pa bezwen ap vante lidè ki pami nou yo. 22 Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja. 23 Nou menm nou pou Kris la, epi Kris la pou Bondye.

Apot Jezikris

Konsidere nou menm lidè yo tankou moun ki la pou sèvi Kris la, moun ki responsab pou fè konnen verite Bondye a bay moun ki pa ko konnen. An reyalite, sèl sa yo mande moun ki gen responsablite sa a, se pou l yon moun fidèl. Sou pwen sa a, mwen pa bay okenn valè swa ak jijman pa nou oswa jijman yon tribinal. Menm pwòp jijman pa m mwen pa bay valè. Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an. Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.

Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen[v] sou sa Bib la di.” Lè konsa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt. Ki sa k fè w panse w siperyè a lòt moun? Ki sa w genyen se pa ba ou yo te ba ou l? Nan ka sa a, poukisa w ap frape lestomak kòmsi se pa t ba ou yo te ba ou l?

Nou met nan tèt nou, nou pa manke anyen. Nou met nan tèt nou nou rich. Nou met nan tèt nou nou se wa. M vrèman swete nou te wa toutbon vre, konsa nou men apot nou ta wa tou. Men gen lè Bondye mete mwen menm avèk lòt apot an dènye. Nou tankou prizonye yo kondane amò y ap fè fè parad non sèlman devan lèzòm men devan anj yo tou. 10 Nou fou pou Kris, men ou panse w saj nan Kris. Nou fèb, men ou santi w tèlman fò. Yo ba w anpil respè, men nou menm yo meprize nou. 11 Jouk jodi a, nou pa gen ase pou n manje oswa bwè. Nou pa gen ase rad pou n mete. Yo maltrete nou. Nou pa ka rete yon sèl kote. 12 N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte. 13 Lè moun pale nou mal, nou reponn ak dousè. Poutan jouk jodi a yo konsidere nou tankou dechè, tankou fatra nan mond la y ap bale jete.

14 Mwen p ap ekri nou pou m fè nou wont, men m vle ede nou chanje fason n ap panse, tankou pitit mwen renmen anpil. 15 Menmsi nou ta gen dimil pwofesè nan Kris, se yon sèl papa nou genyen. Mwen tounen papa pou nou, lè m te pote Levanjil la ba nou. 16 Konsa m ap sipliye nou pou nou swiv egzanp mwen! 17 Se poutèt sa m ap voye Timote lakay nou. Li se yon pitit mwen renmen anpil. Se yon pitit ki fidèl nan jan l ap viv pou Senyè a. Li a fè nou sonje tout prensip lavi m menm jan mwen anseye l nan tout legliz kote m pase.

18 Gen kèk moun ki panse mwen p ap janm tounen Korent. Epi y ap fè lwanj pou tèt yo. 19 Si Bondye vle, mwen p ap pran lontan pou m vini wè nou. Lè sa a m a konnen si moun sa yo ka fè yon bagay valab oswa si se bèl pawòl ase yo genyen. 20 Wayòm Bondye a se pa afè bèl pawòl men se puisans ki konte. 21 Ki sa n pito? Mache ak yon fwèt lè m ap vini oubyen vini ak dousè epi amou?

Imoralite se lènmi legliz

M pa ka kwè sa m tande a! Mwen tande imoralite seksyèl tèlman anvayi legliz la menm payen wouj pako rive nan nivo sa a. Sa rive si lwen m menm tande gen yon jenn gason ki plase ak madanm papa l. Epi olye sa fè nou tris pou nou ta chase move grenn nan mitan nou, nou pito ap chante kantamwa. Pou mwen men, m pa ka la avèk nou an pèsòn. Men menm nan Sentespri a, mwen deja jije moun ki fè kalite aksyon sa a, kòmsi m te la an pèsòn. Fè menm bagay avè m. Reyini nan non Jezi Senyè nou an. M ap reyini avèk nou tou an espri. Epi, sèvi ak puisans Jezi Senyè nou an. Livre nonm nan bay Satan, pou lachè[w] a ka detwi epi pou lespri a ka sove lè Senyè a retounen.

Pa vante tèt nou! Nou konnen deja: “Yon ti kras leven fè tout pat la leve.” Retire vye leven an nan mitan nou pou n ka tounen yon pat tou nèf. Dayè antan kwayan nan Kris nou se pen san leven, pen fèt Pak la.[x] Kris la te sakrifye tankou ti mouton fèt Pak nou an.[y] An nou fete fèt pak la san nou pa sèvi ak pen vye leven peche ak imoralite. Men an nou manje pen san leven, ki konpare ak yon kè ki san tach ak san malis kache.

Mwen te ekri nan lèt anvan pou nou pa nan konkòday ak moun k ap viv nan imoralite seksyèl. 10 Mwen pa t vle di nou dwe genyen relasyon ak moun nan lemonn lan. Si se ta konsa, nou pa ta dwe rete nan mond lan ankò, kote moun ap viv nan imoralite, ki gen lanvi sou afè moun, moun ki gen dwèt long oubyen k ap adore zidòl. 11 Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.

12-13 M pa la pou m jije moun ki pa kwayan an Kris. Bondye Li menm ak regle sa. Men nou, nou dwe jije moun ki nan menm gwoup ak nou. Dayè Bib la di: “Fè mechan an retire kò l kite gwoup nou an!”[z]

Kwayan k ap trennen lòt kwayan devan lajistis

Lè youn nan nou gen kont ak lòt kwayan nan Kris, pouki nou trennen yo devan jij ki pa konnen Bondye olye nou regle bagay la nan kad legliz? Kòman nou fè pa konnen moun ki apa pou Bondye yo gen pou jije lemonn antye? Kòman fè yo gwo travay konsa ap tann nou epi pou pa ka regle ti bagay sa yo? Èske nou pa konnen nou jije anj yo? Nan ka sa a, mwen pa menm bezwen pale pou ti bagay òdinè lavi chak jou. Donk, lè nou bezwen regle pwoblèm konsa, pa trennen yon lòt kwayan devan jij ki pa gen anyen pou wè ak legliz. Mwen di sa nan entansyon fè nou wont, m ap poze nou yon kesyon: Èske nou rive tèlman ba ki fè nou pa ka jwenn menm yon moun ki saj ase ki ka tranche pwoblèm nan mitan nou? Sa rèd pou wè yon kwayan an Kris ap trennen yon lòt kwayan nan tribinal devan jij ki pa kwè nan Bondye.

Se deja yon wont pou nou youn ap fè lòt pwosè epi li t ap pi bon pou nou sipòte lenjistis. Pouki nou pa aprann di: zafè! Menmsi lòt moun vòlè afè nou? Poutan se nou k ap fè lòt kwayan parèy nou mal, se nou k ap vòlè.

Se konnen nou pa konnen moun k ap fè moun mal pa gen plas yo nan wayòm Bondye a? Pa twonpe tèt nou: moun ki pa ka kontwole apeti seksyèl, moun k ap adore zidòl, adiltè, moun k ap fè abi seksyèl sou lòt moun, 10 moun k ap vòlè, moun ki lanvi sou afè moun, bwasonyè, medizan, bandi, moun konsa pa gen plas yo nan wayòm Bondye a. 11 Mwen konnen sa yo se te metye kèk nan nou nan tan pase. Men Bondye lave nou. Li mete nou apa pou li. Li deklare nou jis nan non Senyè Jezikris pa mwayen Sentespri.

Kò nou se tanp Sentespri a

12 Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav. 13 Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye,[aa] epi Senyè a se pou li. 14 Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou. 15 Èske nou pa konnen kò nou se manm nan kò Kris? Èske m ap pran yon pati nan kò Kris pou m fè l fè youn ak yon fi movèz vi. M pa kwè m ap janm fè sa! 16 Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”[ab] 17 Moun ki ini avèk Senyè a vin fè youn avèk li nan lespri.

18 Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche. 19 Èske nou pa konnen kò nou se tanp[ac] Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou. 20 Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”

Konsènan maryaj

Kounye a mwen pral reponn kesyon nou te poze m nan lèt nou te voye a. Kèk nan nou mande m èske l pa t ap pi bon pou yon nonm pa fè sèks ditou. Men poutèt peche seksyèl se yon gwo danje, se pou chak gason pran anpil plezi nan pwòp madanm li, se pou chak madanm pran anpil nan pwòp mari li. Yon mari dwe ranpli wòl mari li nan relasyon l ak madanm li. Yon madanm dwe fè devwa madanm li nan relasyon l ak mari li. Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò madanm nan se pou mari l li ye. Menm jan an tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò mari a se pou madanm li. Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou. Mwen di sa pou m ka ban nou pèmisyon pou nou fè yon ti separe pou yon ti tan. Se pa yon lòd m ap pase. Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.

Kounye a pou moun ki pa marye yo ak sa yo ki vèv, men sa m ap di: Se yon bon bagay pou nou rete selibatè menm jan avè m. Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.

10 Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li. 11 Men oka ou sa ta rive, se pou madanm rete san lòt gason oubyen se pou l tounen ak mari li. Menm jan tou yon mari pa gen dwa divòse ak madanm li.

12 Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 13 Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 14 Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.

15 Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. 16 Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou.

Viv nan kondisyon Bondye te rele w la

17 Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv. 18 Ou te gen tan sikonsi lè Bondye te rele w, pa chache fè operasyon pou defèt sikonsizyon an. Ou pa t sikonsi lè Bondye te rele w pa chache sikonsi. 19 Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye. 20 Se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la. 21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a. 22 Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li. 23 Bondye achte w chè. Pa vin tounen esklav pèsonn. 24 Frè m ak sè m yo, se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la.

Ka moun ki pa marye yo

25 Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo,[ad] mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. 26 Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. 27 Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.

29 Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. 30 Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. 31 Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se konsa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.

32 Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. 33 Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. 34 Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. 35 Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon.

36 Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li[ae] Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. 37 Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. 38 Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou.

39 Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. 40 Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.

Konsènan vyann yo sakrifye bay zidòl

Kounye a n ap abòde kesyon vyann yo sakrifye[af] bay zidòl. Se vre, jan nou di a, nou se moun ki gen konesans. Men konesans sa a fè ògèy anvayi nou. Alòske, lanmou ede legliz la vin pi djanm. Moun ki met nan tèt yo se moun save yo ye dwe reyalize yo pa t ko kòmanse konnen jan yo ta dwe konnen. Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.

Konsa nan sa ki konsène vyann yo sakrifye bay zidòl, nou tout konnen menm bagay, an reyalite yon idòl pa reprezante anyen. Nou tout konnen tou se yon sèl Bondye ki genyen. Epi menmsi nan lemonn genyen swadizan anpil bagay yo rele “dye” ak “SENYÈ”, swa nan syèl la swa sou tè a, pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.

Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Gen pami nou moun ki te abitye adore zidòl. Konsa lè y ap manje vyann lan, yo santi se tankou y ap manje a nan bòl yon dye ki reyèl. Yo pa fin konnen si yo ta dwe manje yon manje konsa. Lè yo manje vyann nan, yo nan konfizyon, yo pa konnen si se nan kominyon ak Kris yo ye oubyen si se ak zidòl la yo ye. Poutan se pa yon manje k ap fè nou pi pwòch Bondye. Nan domèn sa a, si nou pa manje l nou pa fè okenn pèt, si nou manje l nou pa fè okenn benefis.

Ou gen libète pou w manje. Men atansyon pou libète w la pa lakoz kwayan ki andout yo tonbe nan peche. 10 Kisa ki pral pase, lè yon moun ki pa gen menm nivo konesans avè w, lè l wè w ap manje nan yon tanp pou zidòl. Sa pral ankouraje l manje tou. Men y ap fè sa pou adore zidòl! Poutan, nan fon konsyans li se yon move bagay. 11 Konsa konesans ou a lakoz kwayan sa a ki pa menm gen konesans avèk ou a pèdi lafwa l. Antan yon frè, Kris te mouri pou li tou. 12 Lè nou peche kont frè ak sè nou, lè nou blese konsyans yo ki pi fèb, se kont Kris la menm nou peche. 13 Donk, si yon manje m ap manje ap lakòz frè m nan tonbe nan peche, pito m kite manje vyann nèt. Wi! Pito m kite manje vyann pou m pa koz frè m nan tonbe nan peche.

Pòl pa reklame tout dwa apot li

Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a. Menm si tout lòt moun ta di mwen pa apot men kanta nou menm nou pa ka di sa. Dayè, nou se prèv vivan mwen se apot Senyè a.

Men repons mwen bay a tout moun k ap kritike m: Nou gen dwa pou n manje pou n bwè, pa vre? Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè? Èske se mwen menm sèl ak Banabas ki dwe fè lòt travay pou nou ka viv? Yon sòlda ki angaje nan lame, èske se li k peye tèt li? Lè yon moun plante yon jaden rezen, se pou l ka jwenn rezen pou l manje, pa vre? Moun k ap pran swen mouton bwè lèt mouton, pa vre?

Mwen pa sèlman chita sou koutim lèzòm pou m site egzanp sa yo. Lalwa Moyiz la di menm bagay la. Lalwa Moyiz di: “Pa mete mizo nan bouch bèf la lè l ap travay nan ramase rekòt la.”[ag] Lè Bondye di sa, èske se bèf k ap travay ki enterese l? Ditou pa! 10 Se ak nou menm menm li t ap panse. Se nan enterè nou pawòl sa yo te ekri. Swa moun k ap plante a, swa moun k ap rekòlte a, yo toulède gen dwa met espwa yo sou yon ti pati nan rekòt la. 11 Si nou te plante yon semans espirityèl lakay ou, nou gen dwa rekòlte yon ti pati nan byen materyèl ou, pa vre? 12 Si lòt moun gen dwa pou jwenn nou sipòte yo, nou gen plis dwa toujou pase yo. Men nou pa sèvi avè l. Okontrè, nou fè sa nou kapab pou nou pa tounen yon chay pou ou, paske nou pa vle tounen yon obstak pou levanjil Kris la. 13 Èske nou pa konnen moun k ap travay nan tanp, se tanp la ki ba yo manje? Moun k ap prezante sakrifis sou lotèl gen yon pati nan sa ki ofri sou lotèl la. 14 Se menm bagay pou moun k ap preche levanjil. Senyè a bay lòd pou moun k ap travay kòm predikatè levanjil pou yo viv de travay sa a.

15 Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a. 16 Se pa preche levanjil la non ki fè m fyè de tèt mwen, dayè se devwa mwen m ap fè. Malè avè m, si m ta sispann preche levanjil. 17 Si se te mwen menm ki te chwazi preche levanjil kòm yon travay, lè sa a mwen t ap gen dwa ak yon salè. Men se pa t chwa pa m, se yon misyon Bondye konfye m. 18 Alò, ki salè mwen? Salè mwen se pou m ofri levanjil la gratis, san m pa itilize dwa travay sa ban mwen.

19 Mwen lib! Mwen pa esklav pèsòn! Poutan, mwen konpòte tèt mwen tankou esklav tout moun. Mwen fè l pou m ka ede sove pi plis moun posib. 20 Lè m ak Jwif yo mwen viv tankou Jwif, pou m ka ede sove Jwif yo. Lè m ak moun k ap viv sou lalwa mwen viv kòmsi m te sou lalwa, menmsi an reyalite mwen pa sou lalwa. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki ap viv sou lalwa. 21 Menm jan an tou, lè mwen avèk moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv epi fè kòmsi mwen pa t konnen lalwa Moyiz la. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki pa konnen lalwa Moyiz la. An reyalite mwen anba lalwa Bondye, paske mwen soumèt mwen anba lwa Kris la. 22 Lè m ak moun ki fèb, mwen viv kòmsi m te fèb. Mwen fè sa pou m ka ede sove moun ki fèb. 23 Mwen fè tout sa pou m ka fè konnen bòn nouvèl la. Mwen fè tout sa pou m ka patisipe nan benediksyon levanjil la.

24 Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a. 25 Tout moun k ap fè espò bay tèt yo disiplin pou fè bon jan antrènman. Yo antrene di pou yo kapab genyen yon kouwòn ki dire yon ti tan sèlman. Poutan, kouwòn pa nou an ap la pou tout tan. 26 Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chyen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen danlevid. 27 Wi, mwen trete kò m di pou m ka kenbe l anba bon jan kontwòl. Mwen pa vle ap mache di moun jan pou yo kalifye pou pri a epi mwen menm pou m diskalifye.

Pa mele nan adorasyon zidòl

10 Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la.[ah] Yo tout te travèse lanmè a. Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm[ai] anba nyaj la ak nan lanmè a. Yo tout te manje menm manje espirityèl la. Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la. Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a.

Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay. Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.”[aj] Pa lage kò nou nan imoralite seksyèl jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz 23,000 ladan mouri nan yon sèl jou. Pa tante Kris[ak] menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri. 10 Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.

11 Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive. 12 Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. 13 Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.

14 An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl. 15 Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a. 16 Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an.[al] Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre? 17 Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.

18 Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre? 19 Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non! 20 Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon. 21 Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou. 22 Èske se jalouzi[am] nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?

Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye

23 Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. 24 Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.

25 Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti. 26 Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”[an]

27 Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w. 28 Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l konsa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye. 29 Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m? 30 Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?

31 Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye. 32 Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif. 33 Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.

11 Swiv egzanp mwen, menm jan mwen swiv egzanp Kris la.

Kèk prensip pou reyinyon nou yo

Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a. Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an[ao] epi se Bondye ki alatèt Kris.

Yon gason, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li kouvri, ap fè chèf li wont. Men yon fi, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li san kouvri, ap fè chèf li wont. Li se menm bagay ak yon fi ki kale tèt li. Si yon fi pa vle kouvri tèt li, li mèt tou kale l. Men si se yon wont pou yon madanm kale tèt li, se pou l mete yon bagay pou kouvri tèt li.

Men yon gason pa dwe kouvri tèt li paske li se reflè imaj ak glwa Bondye. Men fi yo se reflè glwa gason an. Bondye pa t kreye gason apati kò fi, men li te kreye fi apati kò gason. Donk, Bondye pa t kreye gason pou fi. Li te kreye fi pou gason. 10 Se sa k fè yon fi dwe kouvri tèt li ak yon siy ki montre li anba yon otorite.[ap] Li dwe fè l tou poutèt anj yo.

11 Sepandan, nan Senyè a, fi depann de gason menm jan gason depann de fi. 12 Fi kreye apati gason. Gason soti nan vant fi. Se Bondye vre ki kreye tout bagay.

13 M ap kite nou ak desizyon: dapre nou èske se yon bon bagay pou yon fi priye Bondye nan piblik san l pa gen anyen sou tèt li? 14 Menm lanati fè nou konnen se yon wont pou yon gason kite yon pakèt cheve nan tèt li. 15 Poutan se yon glwa pou medam yo gen long cheve. Cheve a sèvi yon vwal natirèl pou fi a. 16 Si yon moun vle kontinye pale anpil sou kesyon sa, kite m tou di l: ni nou menm ni legliz Bondye yo pa gen abitid sa a.

Repa Senyè a

17 Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen. 18 Premye pwoblèm mwen tande, se lè nou reyini an asanble lan gen divizyon nan mitan nou. Se pa yon bagay ki difisil pou moun konprann, 19 poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.

20 Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.[aq] 21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.[ar] 22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.

23 Sonje! Ansèyman mwen te transmèt ba nou se egzateman sa mwen te resevwa nan men Senyè a: Nan nuit yo t a pral livre l la, Jezi te pran pen. 24 Li di Bondye mèsi, epi li kase pen an. Li di: “Sa a se kò mwen. Se pou nou li ye. Manje l pou nou ka sonje mwen.” 25 Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. Fè sa pou n kapab sonje m, chak fwa nou bwè li.” 26 Sa vle di: chak fwa nou manje pen sa a epi nou bwè nan koup diven sa a, se istwa lanmò Senyè a n ap fè lòt moun konnen jouktan li retounen.

27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oswa ki bwè nan koup nan Senyè a yon fason ki dezonore l, li komèt yon peche kont kò ak san Senyè a. 28 Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou. 29 Nenpòt moun ki manje oswa bwè san okenn konsiderasyon pou sa yo ki fè pati kò Kris la, se kondanasyon l ap rale met sou tèt li. 30 Se poutèt sa gen anpil moun pami nou ki fèb epi ki malad. Gen kèk ki enfim epi plizyè lòt gen tan mouri. 31 Men si nou te byen egzamine pwòp tèt nou, Bondye pa t ap bezwen jije nou konsa. 32 Lè Senyè a jije nou, li pini nou pou l ka mete nou nan bon chemen. Li fè l konsa pou l pa bezwen kondane nou avèk lemonn.

33 Konsa frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, nou dwe montre nou ospitalite youn pou lòt. 34 Si gen moun ki santi yo twò grangou pou yo tann lòt moun, se pou yo rete manje lakay yo. Wi, fè l konsa pou lè nou reyini ansanm se pa jijman Bondye n ap rale sou nou. Lè m vini n a pale sou lòt bagay yo.

Don Sentespri a bay

12 Kounye a, frè m ak sè m yo, nou te poze m kesyon sou don Sentespri a bay, mwen pa ta renmen nou konprann sa mal. Nan tan pase, lè nou pa t konn Bondye, fo dye ki pa kapab pale yo t ap trennen nou epi nou pa t kapab reziste yo. Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.

Gen diferan kalite don espirityèl, men gen yon sèl sous: Sentespri. Gen diferan fason pou rann sèvis, men se menm Senyè a nou tout ap sèvi. Bondye aji nan lavi moun nan diferan fason. Men se menm Bondye a k ap travay nan lavi nou tout epi k ap fè tout bagay.

Bondye bay chak moun yon don ki manifeste kijan Sentespri a ap travay nan lavi l. Chak moun dwe sèvi ak don sa a pou l ede lòt moun. Sentespri a bay yon moun don pou l pale avèk sajès. Menm Sentespri a bay yon lòt moun don pou l pale ak konesans. Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi. 10 Sentespri a bay yon moun don pou l fè mirak. Li bay yon lòt moun don pou l bay pwofesi. Li bay yon lòt don pou l ka distenge bagay ki soti nan Sentespri a ak sa ki soti nan lòt sous. Li bay yon moun don pou pale divès kalite lang. Li bay yon lòt don pou entèprete yo. 11 Se menm Sentespri a ki akonpli tout bagay sa yo. Se li menm pou kont li ki deside kisa l ap bay chak moun.

Kò Kris la

12 Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye. 13 Gen kèk nan nou se Jwif, gen kèk nan nou ki pa Jwif; gen kèk nan nou ki lib, gen kèk nan nou ki esklav. Men nou tout resevwa batèm Sentespri a pou nou ka vin fòme yon sèl kò. Se menm Sentespri a Bondye bay[as] nou tout.

14 Wi, yon sèl manm pa vle di yon kò. Yon kò gen plizyè pati ladann. 15 Si pye a di: “Paske m pa yon men, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 16 Si zòrèy la di: “Paske m pa yon grenn je, mwen pa fè pati kò a.” Èske sa l di a ka fè l pa fè pati kò a pou sa? 17 Si tout kò a se te je nan kisa nou t ap tande? Si tout kò a se te zòrèy nan kisa nou t ap pran sant? 18 Se Bondye li menm ki deside kote l ap plase chak pati nan kò a. 19 Epi tou, si tout pati yo te menm, pa t ap gen sa yo rele kò a. 20 Wi, gen anpil pati, men yo fòme yon sèl kò.

21 Je a pa ka di men an: “Mwen pa bezwen w!” Tèt la pa ka di pye yo: “Mwen pa bezwen w!” 22 Okontrè, menm pati nan kò a ki parèt pi fèb la, se yon nesesite li ye pou kò a. 23 Pati nan kò a ki parèt san enpòtans yo, se yo menm nou bay plis valè. Pati nan kò a ki dwe rete kache, se yo nou bay swen espesyal. 24 Pati nan kò tout je ka wè pa bezwen tout swen espesyal sa yo. Bondye fòme kò a yon fason pou pati ki manke onè yo jwenn plis onè pase lòt yo. 25 Bondye fòme kò a yon fason pou pati kò a pa gen divizyon nan mitan yo. Okontrè, youn ap pran swen lòt san patipri. 26 Si yon pati nan kò a ap soufri tout lòt pati yo santi doulè a. Si yon pati resevwa onè tout lòt pati yo pataje onè sa a.

27 Ansanm, nou fòme kò Kris la. Chak moun pami nou se yon pati nan kò Kris la. 28 Nan Legliz la, Bondye te mete apot yo an premye. Li mete pwofèt yo an dezyèm. Li mete moun k ap anseye an twazyèm. Apre sa nou jwenn moun ki gen don mirak, moun ki gen don gerizon, moun ki gen don pou ede lòt moun, moun ki gen don pou dirije, moun ki gen don pale diferan kalite lang. 29 Èske tout moun se apot? Èske tout moun se pwofèt? Èske tout moun ka anseye? Èske tout moun gen don mirak? 30 Èske tout moun gen don gerizon? Èske tout moun ka pale diferan kalite lang? Èske se tout ki ka entèprete lang sa yo? 31 Chèche ak tout kè nou don ki pi enpòtan yo. Kounye a, mwen pral lonje dwèt montre nou yon chemen ki pi bon pase tout lòt chemen.

Amou dwe sèvi nou gid

13 Menmsi mwen ta pale anpil nan lang moun pale sou latè, menm si mwen ta menm rive pale lang anj yo, si mwen pa aji avèk amou nan kè m pou lòt moun, mwen tankou yon gwo klòch k ap sonnen twòp, oswa yon senbal k ap fè gwo bri. Menm si mwen ta gen don pwofesi, menm si mwen ta menm rive konprann tout ti sekrè nan plan Bondye, menm si mwen ta gen yon konesans ki pa gen limit, menm si mwen ta gen yon lafwa ki ka deplase montay, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa vo anyen. Menm si mwen ta fè moun ki nan bezwen kado tout byen m posede, menm si mwen ta ofri pwòp kò m pou yo fè m soufri,[at] epi m ta santi m fyè, si mwen pa aji ak amou nan kè m pou lòt moun, mwen pa fè anyen menm.

Lanmou gen pasyans, lanmou aji ak mezerikòd. Lanmou pa jalou, lanmou pa vante tèt li, ni li pa gonfle ak ògèy. Lanmou pa brital, ni li pa egoyis. Lanmou pa fache fasil. Lanmou pa kenbe yon lis bagay mal moun fè l. Lanmou pa janm kontan lè gen enjistis, men li toujou kontan lè verite a parèt aklè. Lanmou aksepte tout bagay ak pasyans. Lanmou pa janm pèdi konfyans, li pa janm pèdi espwa. Lanmou pa janm abandone.

Lanmou la pou tout tan. Tout lòt don yo gen pou rive nan bout yo, menm ata don pwofesi, don pou pale diferan lòt lang, ak don konesans espesyal. Y ap disparèt paske konesans nou gen kounye a limite anpil, menm ata pwofesi yo gen limit yo. 10 Men lè jou pèfeksyon va rive, tout sa ki pa pafè gen pou disparèt.

11 Lè m te timoun mwen te pale tankou yon timoun, mwen te panse tankou yon timoun, mwen te rezone tankou yon timoun. Kounye a mwen vin granmoun, mwen sispann aji tankou yon timoun. 12 Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen. 13 Konsa, gen twa bagay ki pèmanan: lafwa, lesperans ak lanmou. Men menm pami twa a se lanmou ki pi gran.

Don espirityèl yo dwe osèvis Legliz

14 Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi. Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a. Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun. Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye.

Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la.

Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman. An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe? Si twonpèt la pa bay son klè pèsòn p ap prepare yo pou y al nan lagè.

Se menm bagay pou nou tou. Si nou pa pale klè, nan yon langaj moun konnen, se anlè n ap pale, paske moun p ap konprann sa n ap di. 10 Gen anpil lang sou latè. Yo tout gen siyifikasyon pa yo. 11 Men si m pa konnen lang moun ki kote m nan ap pale a, li se yon etranje pou mwen menm jan mwen se yon etranje pou li. 12 Se sa k fè nou menm ki anvi gen don espirityèl yo, se pou nou fikse kè nou sou don k ap fè legliz la vin pi fò yo.

13 Konsa, yon moun ki pale an lang bezwen priye pou Bondye ba li don pou entèpretasyon tou. 14 Si m ap priye an lang, se lespri k ap priye, men entèlijans mwen p ap travay. 15 Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou. 16 Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.” 17 Priyè w la te mèt yon bèl priyè de remèsiman, epi li pa ede okenn lòt moun grandi.

18 Mwen di Bondye mèsi paske li ban m yon don pale an lang ki depase nou tout. 19 Men lè m nan reyinyon legliz, mwen pito di senk mo mwen konprann olye m di dimil mo nan yon lòt lang moun pa konprann. Mwen fè l konsa pou lòt moun ka benefisye sa m ap fè a.

20 Frè m ak sè m yo, pa reflechi tankou timoun. Si se mal ki parèt devan nou, se pou nou inosan tankou timoun, men nou dwe reflechi tankou granmoun. 21 Men sa ki ekri nan Bib la[au]:

“M ap sèvi ak moun ki pale yon lòt lang
    epi map sèvi ak bouch moun etranje
pou m pale ak moun sa yo,
    menm lè sa a, yo p ap koute m.”[av]

Se Senyè a menm ki di sa.

22 Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè. 23 Ann sipoze gen yon reyinyon legliz la epi tout moun pran pale an lang. Si yon moun ki pa nan gwoup oswa ki pa kwè vin antre, èske l p ap panse nou fou? 24 Men an n sipoze se pwofetize nou tout t ap pwofetize, epi gen moun ki pa gen konprann oswa ki pa kwè ki antre nan reyinyon an. Pawòl ki ap di yo ap fè peche l vin parèt jan l ye a devan l. 25 Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”[aw]

Reyinyon nou yo dwe gen lòd

26 Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt. 27 Si gen moun k ap pale yon lang diferan se pou sèlman de ou twa pale. Epi se pou yo pale youn apre lòt. Anplis fòk gen yon moun ki pou entèprete sa y ap di a. 28 Si pa gen moun ki pou entèprete, se pou moun ki vle pale diferan lang lan rete an silans. Oubyen, se pou l pale ak pwòp tèt li epi ak Bondye.

29 Se sèlman de oubyen twa pwofèt ki pou pale. Se pou lèzòt evalye pawòl ki di yo. 30 Epi si pami moun ki chita yo, gen youn ki resevwa yon mesaj ki soti nan Bondye, se pou moun ki t ap pale anvan an chita. 31 Wi, nou tout ka pale nan non Bondye, men nou bezwen fè l youn apre lòt. Konsa, nou tout ap resevwa ansèyman an, nou tout ap jwenn ankourajman. 32 Pwofèt yo gen kontwòl sou jan pou yo egzèse don pwofesi Bondye ba yo a. 33 Bondye pa yon Bondye dezòd, se yon Bondye de pè. Sa se prensip pou tout legliz pèp Bondye a lè yo reyini.

34 Medam yo dwe rete an silans nan reyinyon legliz yo. Yo pa gen otorizasyon pou yo pran lapawòl. Jan lalwa Moyiz la di l la, yo dwe rete soumi. 35 Si yo bezwen eksplikasyon sou yon bagay, se pou yo mande mari yo lè yo rive lakay. Se yon wont pou medam yo ap bay opinyon yo konsa lè legliz la reyini.

36 Se pa nou ki te premye resevwa pawòl Bondye a, ni nou pa sèl moun ki resevwa pawòl Bondye a. 37 Si ou panse ou se yon pwofèt oswa ou gen yon don espirityèl, ou ta dwe konprann sa m ekri la a se kòmandman Senyè a. 38 Nenpòt moun ki pa rekonèt sa, yo p ap rekonèt li nonplis.

39 Konsa, frè ak sè m, se pou pwofesi tounen youn nan pi gwo dezi nou. Pa anpeche lòt moun sèvi ak don yo genyen pou pale diferan lang. 40 Men se pou tout bagay fèt nan fason ki kòrèk ak nan lòd.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International