Bible in 90 Days
1 Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a.
Gras ak lapè Bondye avèk nou!
Lavi ak lafwa kretyen Tesalonik yo
2 Nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou legliz Tesalonik lan. Nou toujou leve tout frè ak sè yo nan lapriyè devan Bondye Papa a. 3 Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.
4 Frè m ak sè m yo, nou konnen Bondye renmen nou paske se li menm ki chwazi nou. 5 Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa konsa pou byen ou menm. 6 Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.
7 Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. 8 Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò. 9 Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an. 10 Konsa nou te vin konnen Jezi, limenm ki delivre nou anba jijman ki gen pou vini an. Nou kwè Bondye te fè Jezi, Pitit li a, soti vivan pami mò yo epi nou vin gen espwa l ap retounen soti nan syèl la pou l vin sove nou.
Travay Pòl nan Tesalonik
2 Frè m ak sè m, nou tout nou ka temwanye sou rezilta pouvwa Bondye pami nou. 2 Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik. 3 Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn. 4 Okontrè, nou te jwenn konsantman Bondye anvan menm nou kòmanse travay predikasyon an. Wi, Bondye konfye nou pou n preche Bòn Nouvèl la. Konsa, se Bondye n ap chache fè plezi lè nou preche Bòn Nouvèl la. Nou pa preche pou fè moun plezi. Bondye wè sa k ap pase nan kè nou.
5 Se vre wi, Bondye ka sèvi nou temwen. Nou pa t janm eseye sèvi bèl pawòl pou flate moun, oswa twonpe epi pou n fè lajan sou moun. 6 Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.
7 Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè.[a] Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete. 8 Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou. 9 Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.
10 Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. 11 Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[b] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15 Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. 16 Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.
Pòl te anvi vizite kretyen yo
17 Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. 18 Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. 19 Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. 20 Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.
3 Lè nou reyalize se toutbon vre nou p ap ka vin wè w, epi nou pa t ka sipòte ankò, nou te deside pou nou rete Atèn pou kont nou. 2 Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa. 3 Nou te voye l pou okenn nan nou pa kite pwoblèm yo pote n ale. Ou konnen deja fòk pwoblèm yo vini. 4 Depi lè nou te avèk ou, nou te anonse w davans pwoblèm yo te gen pou vini. Epi nou konnen sa rive egzakteman jan nou te gentan di l la. 5 Konsa, kòm m pa t ka tann ankò, mwen te voye Timote pou pran nouvèl sou kijan lafwa ou ap mache. Mwen te gen krentif pou satan, tantatè a, pa t gentan fè nou tonbe, epi pase travay nou te fè nan mitan nou anba pye.
6 Men Timote fè k retounen ak bon jan nouvèl sou kalite lafwa ou ak lanmou ou. Li fè nou konnen kijan ou toujou sonje nou tou. Li di nou: se pa nou sèlman ki anvi wè w, ou anvi wè nou tou. 7 Konsa, menm nan mitan tèt chaje nou yo, nouvèl nou te pran sou lafwa ou te ankouraje nou anpil. 8 Wi, kounye a nou santi n ap viv paske ou ap kenbe fèm nan Senyè a. 9 Nou p ap janm fin rive di Bondye mèsi ase pou jan nou santi nou kontan lè nou pran nouvèl ou nan lafwa. 10 Lajounen kon lannwit nou priye ak tout kè nou, pou mande Bondye pou nou ka ale an pèsòn pou vin bay anplis kèlkeswa sa k nesesè pou fè lafwa ou vin pi fèm toujou.
11 Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou. 12 Se pou Senyè pèmèt lanmou nou youn pou lòt grandi pi plis toujou. Se pou l vin menm jan ak lanmou nou gen pou ou ak pou tout moun nèt. 13 Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.
Yon lavi ki fè Bondye kontan
4 Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou. 2 Ou konnen deja tout sa nou te mande w fè nan otorite Senyè Jezi. 3 Sa Bondye vle: se pou ou viv yon lavi ki sen. Li vle pou ou evite imoralite seksyèl. 4 Li vle pou nou chak metrize kò nou nan yon fason ki sen epi ki onorab.[c] 5 Pa kite se pasyon lachè ki kontwole lavi nou menm jan ak moun sa yo ki pa konnen Bondye. 6 Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo. 7 Bondye pa t rele nou pou n ka pratike bagay ki sal, men pou nou konsakre lavi nou pou nou viv apa pou li. 8 Konsa nenpòt moun ki pase pawòl sa yo anba pye, se pa yon nonm l ap meprize men se Bondye, li menm ki ban nou Sentespri a.
9 Nan sa ki konsène lanmou youn pou lòt nan fanmi Bondye a, ou pa menm bezwen pou nou ekri ou sou sa. Bondye gen tan montre n kijan pou ou renmen youn lòt deja. 10 Nou konnen ou gen tan ap fè sa deja pou tout frè ak sè Masedwàn yo. Sèl sa n ap mande, se pou n manifeste lanmou nou pi plis toujou.
11 Fè tout sa ki depann de ou pou w viv ak kè poze. Pa foure bouch ou nan zafè moun. Travay pou ka jwenn manje pou manje jan nou te gentan di w sa deja. 12 Lè ou fè sa, moun deyò yo va respekte w poutèt fason ou viv. Ou p ap bezwen depann sou lòt moun pou ka viv.
Jezi gen pou l retounen
13 Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa. 14 Nou kwè Jezi te mouri, men nou kwè tou li te resisite. Konsa nou kwè Bondye ap resisite, pa mwayen Jezi, sila yo ki te gen konfyans nan li epi ki te mouri, l ap rasanble yo pou yo ansanm avè l.
15 Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri. 16 Gen yon sinyal k ap bay, y ap tande vwa youn nan chèf anj yo, twonpèt Bondye ap sonnen, epi Senyè a li menm ap desann sòti nan syèl la epi sa yo ki te mouri nan Kris ap leve pami mò yo. 17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, n ap rasanble ak moun ki te mouri yo, pou n monte al rankontre Senyè a nan nyaj yo. Konsa, n ap toujou ansanm ak Senyè a. 18 Sèvi ak pawòl sa yo pou nou ankouraje youn lòt.
Mete nou prè pou retou Senyè a
5 Kounye a frè m ak sè m yo, nou pa bezwen moun ekri nou sou koze tan ak dat ankò. 2 Ou konnen deja, lè Senyè a ap retounen an l ap yon gwo sipriz, tankou lè vòlè vin kase kay ou nan nuit. 3 Lè moun ap di: “Nou gen lapè ak sekirite,” se lè sa a malè pral tonbe sou yo sanzatann, menm jan ak lè tranche pran yon fanm ansent, yo p ap gen okenn mwayen pou yo evite soufrans la.
4 Men kanta nou menm frè m ak sè m yo, ou p ap viv nan fènwa. Konsa jou sa a p ap ban nou sipriz tankou jan vòlè fè. 5 Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit. 6 Konsa, nou pa dwe dòmi menm jan ak lòt yo. Okontrè se pou nou rete vijilan, ak je nou byen klè epi tèt nou byen frèt. 7 Moun k ap dòmi fè l pandan lannwit. Moun k ap bwè tafya pou yo sou fè l pandan lannwit. 8 Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.
9 Bondye pa t chwazi nou pou l ka pini nou. Li chwazi nou pou nou te ka jwenn delivrans pa mwayen Senyè nou Jezikris. 10 Se Jezi ki te mouri pou nou. Konsa, kit nou ta gentan mouri, kit nou vivan, nou pral viv ansanm avèk li, lè li retounen. 11 Konsa, jan nou gen tan ap fè l deja, an n kontinye ankouraje youn lòt epi ede youn lòt grandi nan lafwa.
Dènye pawòl ak salitasyon final
12 Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.
Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w. 15 Pa kite pèsonn rann mal pou mal nan mitan nou. Toujou chache fè sa ki byen youn pou lòt, epi pou tout moun.
16 Toujou fè kè ou kontan. 17 Pa janm sispann lapriyè. 18 Di Bondye mèsi pou nenpòt sa k rive. Se konsa Bondye vle pou viv nan Jezikris.
19 Pa antrave travay Sentespri a. 20 Pa meprize moun k ap di sa Bondye ba yo pou yo di. 21 Men, egzamine tout bagay. Kenbe sa ki bon. 22 Kouri lwen tout sa ki mal.
23 Se pou Bondye fè w vin sen nèt ale. Se pou tout sa ou ye: lespri, nanm epi kò, kapab konsève san repwòch jouktan Jezi Senyè nou an vini. 24 Sila ki rele w la ap fè l paske li fidèl.
25 Frè m ak sè m yo, toujou sonje priye pou nou tou. 26 Salye tout frè ak sè ki laba yo pou nou ak yon bèl akolad[d] tankou moun pa Bondye yo. 27 N ap mande w pou fè pwomès devan Senyè a pou li lèt sa a devan tout frè ak sè yo. 28 Se pou gras Jezikris Senyè nou an rete ansanm avèk ou.
1 Se mwen menm Pòl, Silas, ak Timote k ap salye nou moun legliz Tesalonik yo, nou menm ki pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè a.
2 Se pou gras ak lapè Bondye, Papa nou, ak Jezikris Segnè a tonbe sou ou. 3 Nou toujou di Bondye mèsi pou ou. Se sa nou dwe fè, paske lafwa ak lanmou ou ap grandi pi plis chak jou. Wi, se rezon sa a menm ki fè nou gen remèsiman nan kè nou, paske lanmou nou genyen nan kè nou youn pou lòt, nan Tesalonik, ap grandi tou. 4 Nou di lòt legliz Bondye yo kijan nou fyè pou jan ou ye a. Nou pale yo de pasyans ou, de andirans ou epi tou de lafwa ou nan mitan pèsekisyon, nan mitan latwoublay.
Pòl ap pale sou jijman Bondye
5 Tout bagay sa yo se prèv Bondye gen rezon nan jan li deside. Bondye ba w yon privilèj pou w montre kouman moun wayòm Bondye a viv. Soufrans ou jodi a se pou wayòm nan menm li ye. 6 Bondye ap fè sa ki dwat. L ap jije moun k ap fè w soufri yo. 7 Epi se jistis, pou ou menm k ap soufri pou Bondye fè ou gen kè poze, se pa ou menm sèlman, men nou menm tou. Sa gen pou l rive lè SENYÈ Jezi va retounen sòti nan syèl la ak lame anj li yo. 8 Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an. 9 Yo vire do bay Senyè a ak tout gwo pouvwa li genyen. Bondye ap fè w jistis; yo va gen pou peye sa. Pinisyon yo se va lanmò etènèl. 10 Sa gen pou li rive jou Jezi va retounen pou l resevwa lonè nan mitan pèp ki apa pou li a. Tout moun ki kwè gen pou admire l. Ou menm tou, ou ladan l, paske ou kwè sa nou te anseye sou Jezi yo.
11 Se pou rezon sa a menm nou toujou priye pou ou, pou Bondye nou an fè lavi w vin yon egzanp chak jou pi plis nan jan li vle w viv. Nou priye, nan puisans li, pou li ede w fè tout sa ou ta renmen fè ki byen dapre lafwa ou genyen. 12 Alafen, moun pral fè lwanj pou non Senyè Jezi poutèt ou menm, epi ou ap gen pou resevwa lonè tou poutèt li menm pa mwayen lagras Bondye ak Senyè Jezikris.
Anpil move bagay gen pou rive
2 Frè m ak sèm yo gen yon bagay enpòtan nou dwe di konsènan Jezikris Senyè nou an ki gen pou retounen. Nou ta renmen pale ak ou sou lè nou pral rankontre ak li a. 2 Piga kite tèt ou twouble si yon moun ta di Jezi retounen deja. Menm si you moun ta di li jwenn yon pwofesi oubyen yon lèt ki sòti bo kote nou ki ta di Jou Jezi ap retounen an rive deja pa kwè moun sa a. 3 Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.[e] 4 Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp[f] Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.
5 Nou menm Tesalonik, nou pa sonje lè mwen te avèk nou mwen t ap plede di nou tout bagay sa yo? 6 Konsa, ou konnen byen kisa ki kenbe malveyan an. Li gen pou l parèt yon lè. 7 Nou toujou pa konnen kilès oubyen kilè sa gen pou rive. Men gen yon bagay oubyen yon moun ki anpeche malveyan an fè sa l ta vle fè a, jouktan moun sa a oubyen bagay sa a pa la ankò. 8 Lè Malfèktè a va parèt aklè, Jezi ap touye l ak souf bouch li sèlman. Se jan Segnè a ap vini nan laglwa li menm k ap touye malveyan sa a. 9 Se ak fòs Satan malveyan an ap vini. Li gen pou li vini ak anpil fòs, li gen pou li fè tout kalite mirak, demonstrasyon, gwo mèvèy. 10 Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove. 11 Epi pou rezon sa a, Bondye ap voye yon lespri pou egare yo pi rèd, pou yo ka kwè bagay ki pa vre. 12 Tout moun ki pa kwè verite a men ki pran plezi yo pito nan bagay ki mal ap jwenn kondanasyon yo.
Bondye te chwazi sove nou
13 Men nou dwe toujou di Bondye mèsi pou ou menm, frè m ak sèm yo, nou menm Senyè renmen. Wi, Bondye chwazi nou pami premye moun ki[g] pou sove yo. Bondye sove nou paske Sentespri a fè nou kapab adore Bondye sèlman epi kwè nan verite a. 14 Se nan objektif sa a Bondye chwazi w. Bondye sèvi ak Bòn Nouvèl nou te prezante w la pou li sove ou. Li te chwazi w pou ou ka patisipe nan laglwa Jezikris, Senyè nou an. 15 Se poutèt sa frè m ak sèm yo, kontinye kenbe fèm epi rete dwat nan ansèyman nou te ba ou, swa fasafas swa pa mwayen lèt nou te ekri w. 16 Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid, 17 se pou li ban nou kouraj, se pou l ban nou fòs pou n fè oubyen pou n di sa ki byen.
Priye pou nou
3 Frè m ak sè m yo, nou gen lòt bagay pou nou ta di ou ankò. Priye pou nou, pou mesaj Senyè a ka pwogrese byen rapid epi tou pou moun resevwa li, ba li valè, menm jan ou menm ou te fè l la. 2 Priye tou pou nou ka delivre anba men mechan yo, paske se pa tout moun ki kwè nan Bondye vre.
3 Men Bondye fidèl. L ap fòtifye epi l ap pwoteje ou kont Malfèktè a.[h] 4 Senyè a fè nou gen konfyans ou ap fè epi kontinye fè sa nou te di w yo. 5 Nou priye pou Senyè a pran direksyon kè w. Lè sa a, ou va renmen Bondye epi ou ap vin gen pasyans menm jan ak Kris.
Tout moun dwe travay
6 Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a. 7 Mwen di sa paske ou konnen byen kijan ou dwe imite nou. Ou konnen nou pa t parese lè nou te la ansanm ak ou menm. 8 Nou pa t janm aksepte manje manje moun san nou pa peye pou li? Nou travay di lajounen kou lannuit pou nou pa tounen yon fado pou pyès moun. 9 Epi, se pa paske nou pa ta gen dwa mande ou pou ou ede nou. Men nou travay pou nou pran swen tèt nou menm pou nou ka yon egzanp pou ou. 10 Lè nou te Tesalonik avèk ou, nou te di ou: “Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje tou.”
11 Nou di sa, paske nou tande genyen kèk moun nan mitan w lan k ap mennen yon lavi parese. Yo pa vle travay, men yo gen tan pou yo foure bouch yo nan zafè lòt moun, bagay ki pa gade yo. 12 Nou mande epi ekzòte moun sa yo, avèk otorite Senyè Jezikris, pou yo kòmanse travay byen di epi pou yo manje salè travay yo. 13 Men nou menm frè m ak sè m yo, pa janm bouke fè byen.
14 Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont. 15 Men piga trete moun nan tankou yon lènmi. Okontrè, egzòte l tankou yon frè.
Dènye rale
16 Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout. 17 Se mwen menm Pòl ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se konsa mwen siyen tout lèt mwen yo. Se konsa mwen ekri.
18 Se pou gras Senyè Jezikris nou an avèk nou tout.
1 Se mwen menm Pòl, apot Jezikris[i] la, k ap salye nou. Mwen se yon apot sou baz kòmandman Bondye, Sovè nou, ansanm ak Jezikris, sous esperans nou an.
2 M ap ekri w lèt sa a, Timote, pitit mwen nan lafwa, ki tankou yon pitit ki soti nan zantray mwen. Se pou Bondye Papa a, ansanm ak Jezikris, Senyè nou an, beni w ak anpil gras, mizerikòd epi lapè.
Avètisman kont fo doktrin
3 Menm jan m te di w deja lè m t ap pati al Masedwàn nan, se pou ou rete nan Efèz. Gen kèk moun nan vil la k ap anseye doktrin ki pa vre, se pou w egzije yo sispann fè sa. 4 Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa. 5 Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè. 6 Gen ladan yo ki gentan rate objektif sa a nan ansèyman y ap bay yo. Konsa, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon ki pa itil ditou. 7 Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa,[j] men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.
8 Nou konnen lalwa se yon bon bagay, si ou sèvi avè l jan sa dwe fèt. 9 Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun. 10 Lalwa fèt pou moun k ap fè peche seksyèl, pou gason k ap fè sèks ak lòt gason osinon, pou moun k ap vann moun pou fè esklav. Li fèt pou moun k ap bay manti, moun k ap fè fo sèman pou twonpe moun, ak tout lòt moun ki kont vrè ansèyman Bondye yo. 11 Ansèyman sa a fè pati Bòn Nouvèl Bondye ki gen anpil benediksyon an te konfye m pou m anonse a. Bòn Nouvèl sa a fè laglwa Bondye parèt aklè.
Remèsiman pou mizerikòd Bondye
12 Mwen remèsye Senyè nou an, Jezikris, paske li fè m konfyans, li pran m pou m sèvi l. Epi li ban m fòs pou m fè sa. 13 Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi. 14 Men Senyè a fè m anpil gras. Epi, avèk favè li, li ban m lafwa ak lanmou tou ki genyen nan Kris la, nan Jezi.
15 Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo. 16 Men, Jezi fè m gras, li sèvi ak mwen pou montre kijan l gen pasyans. Li fè m tounen yon egzanp pou moun ki dwe kwè nan li, pou yo kapab genyen lavi etènèl. 17 Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!
18 Se sa m ap mande w fè, Timote, pitit mwen, dapre pwofesi ki te fèt sou ou yo. Mwen vle w sonje yo, pou toujou kenbe fèm nan batay w ap mennen pou sa ki byen. 19 Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj. 20 Pami moun sa yo, nou jwenn Imene ak Aleksann. Mwen livre yo bay Satan. Konsa, yo va aprann pou yo pa ensilte Bondye.
Bondye vle nou priye pou tout moun
2 Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. 2 Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. 3 Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.
4 Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. 5 Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun. 6 Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa. 7 Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.
Ansèyman espesyal pou gason ak fi
8 Mwen vle pou tout mesye yo priye tout kote. Mesye sa yo dwe moun k ap viv pou fè Bondye plezi epi k ap leve men yo devan Bondye san kòlè, san akwochay ak moun.
9 Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo. 10 Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se konsa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye.
11 Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total. 12 Mwen pa pèmèt yon madanm fè mari l wont devan lòt moun nan fason l ap anseye l. Li pa dwe lakòz yon eskandal, 13 paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt apre l. 14 Epi tou, se pa Adan ki te kite yo twonpe l, men se madanm nan: li fin kite yo twonpe l epi li dezobeyi Bondye.[k] 15 Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li.[l] Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.
Lidè nan legliz yo
3 Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal[m] nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè. 2 Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li.[n] Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. 3 Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan. 4 Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite. 5 Paske, si yon moun pa kapab dirije pwòp mezon li, kijan l ap kapab pran swen Legliz Bondye a?
6 Li pa dwe you moun ki fenk konvèti, pou lògèy pa monte l nan tèt. Sa ta fè l tonbe anba menm kondanasyon ki rezève pou Satan. 7 Fòk moun ki pa kretyen yo bay bon temwanyaj pou li. Lè sa a, pèsòn p ap pale l mal epi konsa, li p ap tonbe nan pyèj satan mete pou li.
Lòt sèvitè ak sèvant k ap ede yo
8 Se menm jan an tou, dyak yo dwe moun respektab epi moun ki rete kole ak verite a. Yo pa dwe bwè dekwa pou yo sou, epi yo pa dwe ap chache fè lajan nenpòt kijan. 9 Yo dwe moun k ap swiv la verite ki te kache, verite Bondye vin revele nou kounye a ak konsyans yo pwòp. 10 Se pou nou mete yo nan travay pou egzamine yo anvan. Apre sa, si nou pa gen anyen pou n repwoche yo, lè sa a, yo va sèvi kòm dyak.
11 Se menm bagay pou medam[o] yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay.
12 Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo. 13 Moun ki fè travay yo byen, moun va onore yo. Y ap rete byen fèm nan lafwa yo nan Jezikris.
Sekrè lavi nou
14 M ap ekri w, men m swete ale wè w pa lontan. 15 Konsa, si m ta pran yon ti tan anvan m vini, ou va konnen kijan pou ou konpòte w nan fanmi[p] Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a. 16 Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte:
Nou te konnen Kris,[q]
lè l te vin pran fòm yon moun;
Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye,
se verite a;
zanj yo te wè l.
Mesaj konsènan Jezi a te preche
pami tout nasyon yo;
Moun toupatou sou latè kwè nan li;
Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.
Avètisman kont fo doktè yo
4 Sentespri a fè eksprè, lè l di: nan dènye tan yo, gen moun k ap abandone lafwa. Y ap koute pito move lespri k ap twonpe yo ansanm ak anpil doktrin ki soti nan demon yo. 2 Moun k ap anseye move bagay sa yo, yo se ipokrit, yo bay manti. Konsyans yo fin seche nèt. 3 Y ap preskri pou moun pa marye, pou yo pa manje kèk nan manje Bondye fè pou kwayan yo manje avèk remèsiman ansanm avèk moun yo ki konnen verite a. 4 Paske tout sa Bondye kreye yo bon. Pa gen anyen pou n refize manje. Sèlman, nou dwe remèsye Bondye pou yo. 5 Tout bagay vin pwòp devan Bondye nan lapriyè ak deklarasyon Bondye fè.
Yon bon sèvitè Jezikris
6 Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la. 7 Men, voye jete vye istwa ki pa gen sans epi ki pa dakò avèk verite a ki nan Bondye. Okontrè, antrene tèt ou nan bagay k ap fè lwanj epi k ap fè Bondye plezi. 8 Ekzèsis fizik yo bon pou kò a, se vre, men, lè w fè ekzèsis pou w fè Bondye plezi, sa pi bon toujou. Paske li garanti w ni lavi kounye a, ni lavi etènèl. 9 Sa se yon bagay tout moun ta dwe aksepte san menm poze kesyon. 10 Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.
11 Se bagay sa yo pou w egzije epi anseye. 12 Ou jèn, se vre, men pa kite pèsòn meprize w pou sa. Ou menm, montre yo ou se yon egzanp pou kwayan yo, nan jan ou pale, nan jan ou ap viv, nan jan ou gen lanmou, nan jan ou gen lafwa ak nan jan lavi w pwòp.
13 Pandan w ap tann mwen vini, fè efò pou w toujou li Bib la pou moun yo, ankouraje yo, epi anseye yo. 14 Pa neglije sèvi ak don ou genyen an, don ou te resevwa pa mwayen pwofesi yo, lè ansyen yo te poze men yo sou tèt ou a. 15 Fè tout sa, ak anpil swen. Se sèlman sa pou w ap fè. Lè sa a, tout moun va wè ki bon jan pwogrè ou ap fè. 16 Fè atansyon ak jan w ap viv, ak jan w ap anseye. Ou dwe fidèl nan yo. Wi, si w aji konsa, w ap sove tèt ou epi w ap sove moun k ap koute w yo tou.
5 Pa pale di ak granmoun gason yo. Men pale avè yo menm jan ak papa w. Mesye ki pi jèn yo, pale avèk yo menm jan ou ta pale ak frè w. 2 Medam ki granmoun yo, pale ak yo menm jan ak manman w. Medam ki pi jèn yo, trete yo menm jan ak sè w, ak yon kè ki pwòp.
Pran swen vèv yo
3 Okipe vèv ki vrèman vèv yo ak respè. 4 Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi. 5 Vèv ki vrèman vèv la, se sila a ki pa gen pèsòn pou pran swen l, ki mete konfyans li nan Bondye, ki toujou gen abitid priye lajounen kou lannuit ap pote rekèt bay Bondye. 6 Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan. 7 Se sa ou dwe egzije pou vèv yo, pou moun pa jwenn anyen pou repwoche yo. 8 Si yon moun pa pran swen pwòp fanmi li, sitou paran pwòch li yo, se yon moun ki abandone lafwa, li pi mal pase yon payen.
9 Pou yon moun antre sou lis vèv yo, yon madanm dwe genyen 60 an. Li dwe yon madanm ki te marye epi ki rete fidèl ak mari l.[r] 10 Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa,[s] li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.
11 Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye. 12 Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a. 13 Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte. 14 Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou. 15 Men kèk nan vèv ki pi jèn yo gentan vire do yo ale jwenn Satan.
16 Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li[t] dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.
Pi plis sou ansyen yo ak lòt bagay ankò
17 Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye. 18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”[u]. Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”[v]
19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè. 20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.
21 Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.
22 Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.
23 Timote, sispann bwè dlo sèlman, pran ti diven tou. Sa va ede w, pou w pa toujou ap soufri ak vant ou.
24 Gen kèk moun, menm anvan ou jije, peche yo parèt aklè. Poutan, pou kèk lòt, ou pral dekouvri sa nan byen ta. 25 Bon bagay yon moun fè, tout moun wè yo trapde. Menm sa moun pa wè touswit yo, yo pa ka toujou rete kache.
Enstriksyon espesyal pou sèvitè ak sèvant yo
6 Tout moun ki esklav dwe montre anpil respè pou mèt yo. Lè sa a, pèsòn p ap pase non Bondye nan betiz ni kritike ansèyman n ap bay. 2 Gen kèk esklav ki gen mèt yo ki kretyen, sa fè yo vin frè yo. Èske sa vle di pou yo genyen mwens respè pou mèt yo? Pa ditou, yo dwe sèvi yo pi byen toujou, paske se frè yo y ap sèvi, moun yo dwe renmen.
Se sa ou dwe anseye epi mande tout moun fè.
Move ansèyman ak vrè richès
3 Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi. 4 Yo fyè pou sa yo konnen, poutan, yo pa konprann anyen. Yo gen maladi fè diskisyon ak fè kont ak moun pou ti mo. Se sa ki lakoz lanvi, moun k ap fè kont, pale moun mal, ak sispèk moun pou anyen. 5 Sa lakoz moun ki gen lespri sal epi ki pa konprann verite a, y ap fè yon bann diskisyon san fen. Yo panse lè yon moun pretann sèvi Bondye se yon fason pou yo vin rich.
6 Se vre, mennen yon lavi ki fè lwanj pou Bondye, se yon fason pou moun vin rich anpil, paske sa vle di ou vin satisfè ak sa w genyen. 7 Lè nou fèt, nou fèt san anyen. Menm jan an tou, lè n ap kite mond lan, nou p ap pote anyen ak nou. 8 Alò, si nou jwenn dekwa manje ak rad pou nou mete, nou satisfè. 9 Men moun ki vle vin rich, yo foure tèt yo nan tantasyon. Yo vin esklav yon bann lanvi ensanse k ap fè yo fè betiz kont pwòp tèt yo. Bagay sa yo detwi moun epi mennen yo nan lanmò. 10 Lanmou pou lajan lakoz tout kalite move bagay. Gen kèk moun ki gen tan ale byen lwen lafwa, paske yo toujou vle gen plis lajan. Men yo mete pwòp tèt yo nan anpil latwoublay.
Yon bagay nou dwe sonje
11 Men ou menm, ou se moun Bondye. Konsa, ou dwe kanpe lwen tout bagay sa yo. Ou dwe toujou chache fè sa ki byen, bagay k ap fè lwanj pou Bondye, chache lafwa, lanmou, pasyans ak dousè. 12 Ou dwe konbat pou w gade lafwa, epi kenbe lavi etènèl. Se pou lavi sa a Bondye te rele w. Ou te fè byen, lè w te pale devan yon bann temwen. Sa fè wè jan w gen lafwa. 13 Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w: 14 Se pou w obeyi kòmandman ou te resevwa a, pou rete san tach epi san defo, jouktan jou a va rive pou Jezikris retounen. 15 Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo. 16 Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.
17 Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo. 18 Di moun yo, se pou yo fè sa ki byen, se pou yo rich nan fè sa ki byen. Se pou yo pataje sa yo genyen bay lòt moun ak tout kè yo. 19 Konsa, se ekonomi y ap fè pou pita, yon trezò ki bèl epi solid, y ap resevwa lavi toutbon vre a.
20 Timote, kenbe sa Bondye ba w la fidèlman. Pa antre nan diskou ki pa itil anyen epi ki kontrè ak lafwa, vye kritik moun ki di yo gen “konesans”, poutan se pa vre. 21 Gen moun ki panse yo genyen konesans sa a epi yo vire do bay lafwa. Gras Bondye avè w.
1 Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris,[w] paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.
2 Mwen vle salye w, Timote, pitit byeneme m nan.
Gras, mizerikòd ak lapè Bondye Papa a, ansanm ak Jezi, Senyè nou an avè w!
Remèsiman ak ankourajman
3 Nan priyè mwen, lannuit kou lajounen, mwen toujou sonje w. Epi mwen rann Bondye gras poutèt ou menm. Se li menm ki Bondye zansèt mwen yo t ap sèvi epi se li mwen menm mwen toujou ap sèvi ak konsyans mwen byen klè. 4 Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. 5 Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se konsa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te konsa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. 6 Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a. 7 Paske Sentespri Bondye ban nou an, li pa rann nou timid. Okontrè, Lespri sa a ranpli nou ak fòs, ak lanmou epi ak bon kontwòl sou tèt nou.
8 Konsa, ou pa dwe wont rann temwanyaj pou Senyè nou an. Epi, pa wont pou mwen tou ki nan prizon poutèt Senyè a. Men, soufri avèk mwen pou Bòn Nouvèl la, avèk puisans Bondye.
9 Bondye sove nou epi li rele nou pou n vin yon pèp apa pou li. Li pa fè sa poutèt sa nou te fè, men se paske li deside l konsa. Se yon don gratis li fè nou nan Jezikris, anvan menm lemonn te egziste. 10 Kounye a, don an parèt aklè, lè Jezikris te vin fèt. Li kraze puisans lanmò epi pa mwayen Bòn Nouvèl la, li montre nou chemen lavi pou tout tan.
11 Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè. 12 Se poutèt sa m ap soufri kounye a. Men m pa wont. Mwen konnen nan kilès mwen plase konfyans mwen. Mwen sèten Bondye gen ase puisans pou l pwoteje m nan sa l ban m fè a, jouk nan dènye jou a.
13 Sa w tande m anseye, se sa ou dwe anseye tou. Se pou w swiv modèl yon ansèyman ki san fot avèk lafwa epi lanmou nou genyen pa mwayen Jezikris. 14 Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.
15 Ou konnen tout moun nan Lazi te abandone m. Menm Fijèl ak Emojèn te vire do ban mwen. 16 M ap priye pou Bondye gen mezerikòd pou fanmi Onezifò. Plizyè fwa Onezifò te ankouraje m. Li pa t wont poutèt mwen te nan prizon an. 17 Non, li pa t wont. Lè l te vini nan lavil Wòm, li chache jouktan l jwenn mwen. 18 M ap priye Senyè Jezi pou Onezifò kapab jwen mezerikòd Bondye nan jou sa a. Ou konnen ki valè ede frè sa te ede m nan Efèz.
Yon sòlda Jezikris ki lwayal
2 Timote, ou se yon pitit gason pou mwen. Se pou w chache vin pi solid toujou nan gras ak nan lanmou Jezikris la. 2 Sa w tande m anseye devan tout moun, se pou w anseye lòt moun menm bagay yo. Pataje yo ak moun de konfyans ki gen kapasite pou anseye lòt moun menm bagay yo. 3 Menm jan ak yon bon sòlda pou Jezikris, se pou ou aksepte pòsyon soufrans pa nou an. 4 Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. 5 Atlèt k ap kouri yo, yo dwe respekte tout règ yo, pou yo genyen laviktwa. 6 Kiltivatè k ap travay di, se li ki dwe premye pou jwenn benefis rekòlt la. 7 Panse sou sa m di w la a. Epi Senyè a ap ede w konprann tout bagay.
8 Sonje Jezikris soti nan ras fanmi David, dapre Levanjil m ap preche a, li leve soti vivan nan lanmò. 9 Se poutèt Levanjil sa a, mwen anba soufrans sa yo, mwen menm rive pran prizon kòm yon malveyan. Men mesaj Bondye a pa nan prizon. 10 Se poutèt sa, mwen anba soufrans sa yo, poutèt moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou kapab rive nan delivrans ki genyen nan Jezikris la, ansanm avèk yon laglwa san fen.
11 Men sa ki sèten:
Si nou mouri avèk Kris,
n ap viv ansanm avè l tou.
12 Si nou rete fidèl menm nan soufrans,
n ap renye avè l tou.
Si nou refize di nou konnen l,
l ap refize di li konnen nou tou.
13 Si nou pa fidèl,
li menm, l ap toujou rete fidèl,
paske li pa kapab nye pwòp tèt li.
Yon ouvriye ki fè Bondye plezi
14 Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. 15 Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.
16 Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan. 17 Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: 18 Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.
19 Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”.[x] Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.
20 Nan yon gwo kay, genyen bagay ki fèt an ò, gen lòt ki an lajan. Men tou, genyen bagay ki fèt avèk bwa, lòt avèk tè ajil. Kèk nan bagay sa yo, yo la pou itilize nan moman espesyal, lòt yo pou itilizasyon òdinè. 21 Senyè a vle itilize w pou moman espesyal yo. Poutèt sa, netwaye lavi w, retire tout sa k pa bon. Lè sa a, ou va san peche, epi Mèt la va kapab itilize w. Ou va prèt pou fèt tout sa ki byen.
22 Kanpe lwen yon seri de move bagay jenn moun tankou w yo konn vle fè. Toujou chache fè sa ki dwat, chache gen lafwa, lanmou ak lapè avèk moun k ap priye Senyè a ak kè yo pwòp. 23 Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon konsa toujou fini nan kont. 24 Yon sèvitè Senyè a pa dwe nan diskisyon ki mennen kont ak moun. Ou dwe byen ak tout moun. Ou dwe anseye byen. Epi ou Dwe gen pasyans. 25 Ou dwe korije moun ki kont ou yo avèk dousè. Ou pa janm konnen, Bondye kapab chanje yo pou fè yo aksepte verite a. 26 Lè sa a, y o va chape soti nan pèlen lespri malen an ki fè yo vin esklav li, pou fè yo fè sa l vle.
Anpil moun pral sispann renmen Bondye
3 Ou dwe konnen sa: nan dènye jou yo, pral gen tan ki difisil. 2 Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo. 3 Yo p ap gen kè sansib pou pèsòn, y ap san pitye, y ap pale moun mal. Yo p ap kapab kontwole tèt yo ankò, y ap kriminèl, y ap drese yo kont tou sa ki byen. 4 Zanmi pral trayi zanmi, y ap vyolan, ògèy ap bouche je yo pou yo pa wè. Y ap pi renmen plezi pase Bondye. 5 Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!
6 Gen kèk nan yo ki pran abitid mache lakay moun. Yo pran yon seri medam ki fèb nan pyèj yo. Medam sa yo te gentan chaje peche deja epi lafwa yo pa t solid. Medam sa yo se moun tout kalite lanvi ap mennen. 7 Yo toujou ap aprann yon bann bagay, men yo pa janm rive konnen verite a vre. 8 Se menm jan ak Janès epi Janbrès[y] nan tan lontan, ki te konbat kont Moyiz. Se menm jan an tou, moun sa yo ap batay kont verite a. Se yon bann moun ki gen lespri yo bouche, lafwa moun sa yo pa vo anyen. 9 Men se pa moun k ap rive lwen nan sa yo vle fè a. Tout moun ap rive wè se moun ki pa byen nan tèt yo ye, menm jan yo te rive dekouvri kilès Janès ak Janbrès te ye.
Dènye enstriksyon
10 Men ou menm, ou toujou ap swiv jan mwen anseye, konpòtman mwen. Ou konnen pwojè m yo. Ou konnen lafwa mwen, pasyans mwen, lanmou mwen, fidelite mwen. 11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo. 12 Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon. 13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.
14 Ou menm, se pou w kontinye swiv ansèyman ou te resevwa a. Ou konnen se li ki bon, paske ou konnen ou kapab fè moun ki te anseye w yo a konfyans. 15 Depi w piti, ou konnen Bib la. Sa ki nan Bib la kapab rann ou saj. Epi sajès sa a mennen nan lavi etènèl pa mwayen lafwa nan Jezikris. 16 Se Lespri Bondye ki fè ekri tout sa ki nan Bib la. Li bon pou anseye, pou montre moun sa ki pa bon nan lavi yo. Epi li bon tou pou korije fot, pou anseye kijan pou moun viv yon jan ki dwat. 17 Lè moun ap sèvi ak Bib la, y ap prepare epi y ap genyen tout sa yo bezwen pou yo fè zèv ki bon.
4 Men sa m ap mande w ak tout fòs mwen, nan prezans Bondye ak nan prezans Jezikris ki gen pou vin jije vivan kou mò, epi pou tabli wayòm li a. 2 Se pou w preche Levanjil epi toujou ensiste, menm si moman an pa favorab. Di moun yo sa yo dwe fè, ekzòte yo, ankouraje yo avèk anpil pasyans, se pou w toujou chache anseye tout moun.
3 Paske, gen yon jou k ap vini, moun yo p ap vle tande yon ansèyman ki dwat. Men yo pral swiv moun k ap anseye bagay ki fè yo plezi. Yo pral fè apèl ak moun k ap di sa yo ta renmen tande. 4 Yo pral fèmen zòrèy yo pou yo pa koute verite a epi yo pral louvri zòrèy yo pou koute vye istwa k ap bay manti. 5 Men ou menm, kontwole tèt ou byen nan tout bagay. Sipòte soufrans, travay nan anonse Levanjil. Travay pou w yon bon sèvitè.
6 Paske pou mwen menm, lavi m pral kòm yon sakrifis pou Bondye. Lè a rive pou m kite tè sa a. 7 Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman. 8 Kounye a, mwen ranpòte laviktwa. Kouwòn rekonpans kous la ki montre mwen se yon moun ki dwat devan Bondye a, l ap tann mwen. Wi, Senyè a, ki rann jistis san patipri, l ap ban mwen l, lè jou a va rive. Se pa mwen menm sèlman, men tout moun ki t ap tann jou Senyè a va retounen, avèk lanmou nan kè yo pou li, l ap bay yo l tou.
Kèk pawòl pèsonèl
9 Fè sa w kapab pou w vin jwenn mwen byen vit. 10 Paske Demas renmen lemonn twòp, se pou sa li pati kite m. Li pati ale Tesalonik. Kresens li menm, li ale nan Galasi, epi Tit ale nan Dalmasi. 11 Se sèlman Lik ki rete avè m. Lè w ap vini, mennen Mak avè w, paske l ap enpòtan pou mwen nan travay m ap fè isit la. 12 Mwen voye Tichik ale nan Efèz.
13 Lè m te nan Twoas, mwen te kite yon manto m lakay Kapis. Lè w ap vini, pote l pou mwen. Pote liv mwen yo pou mwen tou, liv ki sou pachemen yo, se yo m bezwen.
14 Aleksann, fòjewon an, li fè m anpil mechanste. Senyè a ap jije l daprè zèv li. 15 Ou menm tou, veye kò w avè l, paske se yon nonm k ap fè opozisyon ak tout sa n ap anseye.
16 Lè m t ap defann mwen pou premye fwa a, pèsòn pa t ede m. Tout moun vire do ban mwen. Mwen priye pou Bondye pa pran sa pou anyen. 17 Men Senyè a te kanpe avè m. Senyè te ban m fòs. Konsa, mwen bay Levanjil tout kote m pase. Mwen fè tout payen yo tande Levanjil. Konsa, mwen te delivre soti nan bouch lyon an. 18 Senyè a va delivre m tou, lè nenpòt moun va vle fè m mechanste. Senyè a ap fè m rive nan wayòm syèl li a san pwoblèm. Tout laglwa se pou Senyè a, pou tout tan gen tan. Amèn!
Salitasyon final
19 Mwen voye salye Priska ak Akilas, salye fanmi Onezifò yo tou. 20 Oras rete nan Korent. Mwen kite Twofim tou malad a Milè. 21 Fè vit pou w vini anvan livè a rive.
Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout lòt frè ak sè yo voye salye w.
22 Timote, mwen priye pou Senyè a akonpanye lespri w! Se pou gras li avèk nou tout! Amèn.
1 M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris[z] voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi. 2 Lè sa a, y ap kapab espere ale viv avèk Bondye pou tout tan. Anvan mond lan te kòmanse, Bondye te pwomèt pèp li a lavi sa a. Epi Bondye pa manti. 3 Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.
4 Mwen ekri w lèt sa a, Tit. Ou se tankou yon pitit toutbon vre pou mwen, paske nou toulede dakò sou sa nou kwè. M ap priye pou Bondye Papa a ansanm ak Jezikris Sovè nou an, pou yo fè w gras epi ba w lapè!
Travay Tit sou zile Krèt la
5 Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm: 6 Gade si w jwenn moun ki pa gen repitasyon moun ki nan sa ki mal, ki gen yon sèl madanm,[aa] ki gen ti moun ki kwè epi ki pa gen dosye debòch ni dosye rebelyon. 7 Chak lidè[ab] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.
8 Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen. 9 Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.
10 Paske gen yon seri moun ki pa vle koute pèsòn, sitou pami kwayan Jwif yo. Y ap bay yon bann vye diskou ki pa chita sou anyen, y ap twonpe moun yo. 11 Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan. 12 Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa:
“Moun Krèt, toujou fò nan bay manti.
Yo pa miyò pase bèt mawon mechan.
Sèl sa yo konnen, se manje,
men yo pa janm vle travay.”
13 Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat. 14 Yo va sispann swiv istwa Jwif yo. Yo va sispann swiv prensip lèzòm bay yo tou, yon bann moun ki vire do bay verite a.
15 Tout bagay pwòp pou moun ki gen lespri yo pwòp. Men, anyen pa pwòp pou moun ki refize kwè. Okontrè, entelijans yo ansanm ak konsyans vin sal. 16 Yo di yo konnen Bondye. Men, jan y ap viv nan fè sa ki mal, sa montre se pa vre. Se jan de moun sa yo Bondye rayi. Yo refize obeyi Bondye. Yo pa itil pou fè anyen ki byen.
Swiv yon ansèyman ki bon
2 Men pou ou menm, Tit, ou dwe bay yon ansèyman ki ede moun vin gen yon bon sante espirityèl. 2 Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.
3 Anseye madanm ki granmoun yo tou, yo dwe viv jan moun k ap sèvi Bondye dwe viv. Yo pa dwe ap mache di move bagay sou lòt moun. Yo pa dwe esklav alkòl. Yo dwe anseye byen. 4 Konsa, y ap montre jèn madanm marye yo kijan pou yo renmen mari yo ansanm ak pitit yo. 5 Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.
6 Menm jan an tou, di jenn gason yo, yo dwe byen panse sou jan y ap mennen lavi yo. 7 Ou menm, ou dwe yon egzanp pou yo nan tout bagay, nan bon jan aksyon ou ap fè. Se pou ansèyman w pwòp epi se pou sa fè moun respekte w. 8 Sa vle di, se pou w anseye yon fason ki dwat epi byen klè, pou moun pa jwenn chans kritike ansèyman w. Konsa, tout moun ki kont nou yo va wont, paske yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou.
9 Anseye moun ki esklav kijan pou yo viv. Se pou yo toujou prèt pou rann mèt yo sèvis tout tan. Se pou yo chache fè mèt yo plezi, san yo p ap chache fè diskisyon ak yo. 10 Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.
11 Se konsa nou ta dwe viv, paske Bondye fè gras li parèt klè, gras sa a se sous delivrans pou tout moun. 12 Gras Bondye aprann nou pou nou pa viv nan opozisyon kont Bondye epi pou nou refize viv dapre dezi nou genyen pou n ta swiv move bagay ki nan mond lan. Se pou nou panse byen sou jan n ap viv nan mond lan jodi a, pou nou fè sa ki dwat epi pou nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye. 13 Se konsa pou n viv nan tann n ap tann jou sa a rive, jou kote laglwa gwo Bondye nou an, ansanm ak Jezikris Sovè nou an, va parèt. 14 Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.
15 Se konsa pou w pale, ankouraje epi reprann moun yo ak tout otorite w. Pa kite pèsòn meprize w!
Bon jan fason pou moun viv
3 Fè kretyen yo sonje yo dwe soumèt anba tout chèf ak tout otorite. Se pou yo obeyisan epi toujou pare pou fè tout sa ki byen. 2 Kretyen pa dwe rakonte move bagay sou do moun. Yo dwe viv an pè ak tout moun. Se pou yo janti epi respekte tout moun.
3 Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.
4 Men, lè Bondye, Sovè nou an, te fè parèt aklè pou nou
bonte l ak lanmou l pou tout moun,
5 li te sove nou, paske li fè nou gras.
Se pa paske nou te fè anyen pou sa.
Li te lave peche n yo fè n vin pwòp,
li ban nou nouvo lavi
pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.
6 Bondye vide Sentespri a sou nou avèk abondans
pa mwayen Jezikris, Sovè nou an.
7 Nan gras li, Bondye libere nou soti anba peche
epi Bondye adopte nou.
Tout sa rive, pou nou kapab vin pitit Bondye,
moun k ap tann lavi etènèl, dapre pwomès li fè yo.
8 Pawòl sa yo se verite a. Mwen vle w kategorik sou yo, poutèt pou moun ki chita lafwa yo nan Bondye fè tout efò yo pou yo fè anpil pwogrè nan fè sa ki byen. Se kalite lavi konsa ki bon epi itil pou tout moun.
9 Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn. 10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman, wete kò w kote moun k ap simen divizyon. 11 Yon moun konsa, se yon moun ki pran move chemen, se peche l ap komèt yo menm k ap kondane l.
Dènye enstriksyon ak salitasyon
12 M ap voye Atemas oubyen Tichik ba ou. Lè nenpòt nan yo rive, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen nan Nikopolis. Mwen deside se la m ap pase livè a lane sa a. 13 Fè sa w kapab pou ou byen ede Zenas, se yon avoka li ye, ansanm ak Apolòs. Pa kite yo manke anyen pou vwayaj yo. 14 Moun pa nou yo dwe aprann gen anpil zèl nan fè sa ki byen pou ede moun ki gen bezwen ki paka tann. Konsa, y ap mennen yon lavi ki gen yon bon enfliyans nan kominote a.
15 Tout moun ki isit avè m yo voye salye nou. Salye zanmi nou yo nan lafwa ki bò kote pa w yo.
Gras Bondye avèk nou tout!
1 Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.
2 Nou voye salitasyon tou pou sè Afya ak Achip k ap mennen menm konba avèk nou nan ministè n ap fè pou Kris la. Nou voye salitasyon pou legliz ki lakay ou a tou. Nou tout konnen m nan prizon paske m ap sèvi Jezikris.[ac]
3 Se pou Bondye Papa a ak Jezikri Senyè nou an beni nou epi ban nou kè poze.
Lafwa ak lanmou Filemon genyen
4 Mwen toujou di Bondye mèsi pou ou, lè m ap priye, 5 paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a. 6 M ap priye pou menm lafwa nou gen nan Bondye a bay bon rezilta, epi pou l fè nou konnen tout bon bagay nou ka fè nan jan n ap sèvi Kris la. 7 Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.
Aksepte Onezim tankou yon frè
8 Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, 9 men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la. 10 Demann m ap fè w la, se pou Onezim ki vin tankou yon pitit pou mwen pandan m nan prizon an. 11 Yon lè li pa t itil ou, men kounye a li itil[ad] nou toulède.
12 M ap voye l tounen ba ou. Men m pa kache di w, se zantray mwen m ap voye ba ou. 13 M ta byen renmen kenbe l toujou pou l ta sèvi m nan plas ou, pandan m nan prizon pou koz Levanjil la. 14 Men, m pa t vle fè anyen san ou pa t dakò, paske m pa vle ou fè okenn bon bagay nan fòse. M pito w aji ak pwòp volonte w.
15 Sa k pou di w si se pa pou w te ka gen Onezim pou tout tan ki fè l te separe avè w pou yon ti tan? 16 Kounye a, pa resevwa l tankou yon senp esklav, men plis pase yon esklav, resevwa l tankou yon frè byenneme. Li vin chè pou mwen tankou yon frè. M konnen li vin gen plis valè pou ou toujou, paske li se manm fanmi w epi kounyea li vin yon manm nan fanmi Senyè a.
17 Alò, si ou konsidere m kòm zanmi w, resevwa Onezim menm jan w ta resevwa m. 18 Epi si l te fè w yon bagay ki mal osinon si l ta gen yon dèt anvè w, mete l sou kont mwen. 19 Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w. 20 Tanpri frè m, fè sa pou mwen,[ae] paske w konnen se sa Senyè a vle. Poutèt se nan fanmi Kris la nou ye, sa ta ankouraje kè m anpil si w ta fè sa pou Onezim. 21 Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.
22 M ap tou pwofite di w pare yon chanm pou mwen, paske, mwen sèten Bondye ap reponn priyè nou yo, y ap lage m pou m vin jwenn nou.
Salitasyon
23 Epafras ki nan prizon ansanm avè m, paske l ap sèvi Jezikri, voye salye w. 24 Mak, Aristak, Demas, Lik, k ap travay ansanm avè m nan lèv la, yo tout voye bonjou pou ou tou.
25 Se pou Jezikri, Senyè a, vide benediksyon l sou nou tout.
Copyright © 2017 by Bible League International