Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Jid - Revelasyon 17

Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.

M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou.

Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo

Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an.

Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a[a] te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman final la. Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun.

Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo. Menm Michèl, chèf zanj yo, li pa fè bagay konsa. Poutan, li te nan yon bon chire pit ak lespri malen an, poutèt kò Moyiz. Nan chire pit sa a, li pa t oze ensilte l. Li di sèlman: “Se pou Senyè pini w!”

10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[b] menm wout ak Balam,[c] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[d] te fè.

12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye. 13 Y ap repann vye aksyon sal yo yon fason tout moun ap gade, menm jan lanm lanmè k ap jete vye fatra sou plaj yo. Yo se menm jan ak zetwal ki pa konnen ki kote pou yo ale. Bondye rezève pou yo yon plas nan kote ki pi fenwa a.

14 Enòk, ki se setyèm desandan depi Adan, li te pwofetize sou yo. Li te di konsa: “Koute sa, Senyè a ap vini avèk lame zanj li yo ki sen. 15 L ap jije yo tout. L ap kondane tout mechan yo pou tout move zak yo te komèt kont li yo. L ap kondane sa k ap peche ak ògèy yo, pou jan yo te ensilte l la ak tout vye pawòl yo.”

16 Moun sa yo pa janm satisfè. Yo toujou ap plenyen. Y ap mache selon move dezi yo genyen yo. Y ap fè yon bann diskou plen ak ògèy. Lè yo felisite moun, se enterè ki pouse yo.

Yon avètisman ansanm ak sa yo dwe fè

17 Men ou menm, byeneme, se pou w sonje sa apot Jezikris, Senyè nou an te di ki gen pou vini. 18 Yo te di: “Nan dènye tan yo, pral gen moun k ap pase Bondye nan betiz epi y ap viv jan yo vle nan swiv move tandans kè yo.” 19 Moun sa yo, se yo menm k ap simen divizyon nan mitan nou. Se moun k ap viv dapre lachè, yo pa gen Sentespri Bondye a.

20 Ou menm, Byeneme, kontinye fonde lavi w nan lafwa. Se pou w priye avèk èd Sentespri a. 21 Rete nan lanmou Bondye. Mete konfyans ou nan Senyè Jezikris. Nan mizerikòd li, l ap ban w lavi etènèl.

22 Ede moun ki gen dout nan kè yo. 23 Ann rache yo soti anba dife lanfè. Pou kèk lòt moun, nou dwe gen pitye pou yo. Men se pou n pridan anpil pou salte lavi yo pa tonbe sou nou.

Louwanj pou Bondye

24 Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa, 25 Pou Bondye sèl Sovè nou an, pa mwayen Jezikris, se pou tout glwa, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite rasanble nan men li menm sèl, depi kounye a epi pou tout tan! Amèn!

Jan ap entwodui liv la

Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo. Se Jan k ap rakonte tout sa l te wè. Sa Jezi di l la se verite a. Se mesaj sa a Bondye voye menm. Moun k ap li liv sa a ansanm ak moun yo k ap tande sa liv sa a di, moun sa yo se moun ki ere, si yo mete an pratik pawòl sa yo. Paske moman ki fikse pou bagay sa yo prèske rive.

Jan voye lèt bay legliz yo

Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a:

Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a, ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè.

Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo. Epi li pran nou, li fè nou vin yon wayòm, yon pil sakrifikatè pou Bondye, Papa li. Se pou li laglwa ak puisans ye pou tout tan gen tan! Amèn.

Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse[e] kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!

Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[f] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”

Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs[g] la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a. 10 Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt. 11 Vwa a te di konsa: “Sa ou wè a, ekri l nan yon liv pou voye l bay sèt egliz yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi epi Lawodise.”

12 Mwen vire pou m wè vwa a ki t ap pale avè m nan. Lè m vire, mwen wè sèt chandelye an ò. 13 Epi, nan mitan chandelye yo, mwen wè tankou se yon moun. Li te gen yon wòb tou long sou li ak sentiwon an ò boukle sou pwatrin li. 14 Tèt li ak cheve li te tou blan. Yo te sanble ak yon lenn blan, menm jan ak lanèj. Epi je li te tankou yon flanm dife tou wouj. 15 Pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil. Vwa li te tankou bri vwa gwo dlo k ap desann. 16 Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.

17 Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a. 18 Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a. 19 Alò, ekri sa ou wè, sa k ap pase kounye a, epi sa k ap rive apre sa. 20 Men ki sans kache sèt zetwal yo ou wè nan men dwat mwen yo genyen, oubyen sèt lanp yo: Sèt zetwal yo se zanj sèt egliz yo epi sèt lanp yo se sèt egliz yo.”

Mesaj Jezi voye bay legliz Efèz la

“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.

Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.

Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit[h] yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.

Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a[i] ki nan paradi Bondye a.

Mesaj Jezi voye bay legliz Esmin nan

Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.

Mwen konnen pwoblèm ou yo, epi m konnen ou pòv, men anreyalite ou rich! Moun ki di yo se Jwif, poutan se pa vre, mwen konnen ki valè ensilte yo ensilte w. Se yon gwoup moun pou Satan yo ye. 10 Ou pral soufri, men pa pè anyen. Satan pral mete kèk nan nou nan prizon. L ap fè sa pou sonde nou. Nou pral soufri pandan di jou, men kontinye rete fidèl, m ap ban nou lavi etènèl pou rekonpans.[j]

11 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.

Mesaj Jezi voye pou legliz Pègam nan

12 Ekri voye pou anj legliz Pègam nan: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di w.

13 Mwen byen konnen ki kote w ap viv. Ou ap viv kote Satan gen twòn li a. Men ou kenbe fèm avè m. Ou toujou kenbe lafwa nan mwen, menm nan tan Antipas, se te yon temwen fidèl pou mwen, yo touye l nan menm zòn ou ye a, zòn kote Satan ap viv la. 14 Men m gen kèk bagay pou m repwoche w. Ou gen moun kote w la k ap swiv doktrin Balaam nan. Balaam t ap montre Balak kijan pou l fè pèp Izrayèl la tonbe nan peche, pou fè yo manje vyann yo te ofri bay zidòl epi fè yo tonbe nan peche seksyèl. 15 Ou menm tou, ou gen kèk moun bò kote w k ap swiv ansèyman Nikolayit yo tou. 16 Poutèt sa, ou dwe chanje atitid nèt. Sinon, talè m ap vini, m ap konbat yo, mwen menm, ak nepe ki nan bouch mwen an.

17 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo!

Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.

Mesaj Jezi voye pou legliz Tiyati a

18 Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil.

19 Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. 20 Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo.

22 Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. 23 M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo.

24 Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. 25 Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini.

26 Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. 27 Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil.[k] 28 Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. 29 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Mesaj Jezi voye bay legliz Sad la

Ekri voye bay anj legliz Sad la. Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo di:

Mwen konnen zèv ou yo. Ou gen repitasyon moun vivan, men ou se yon moun mouri. Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan. Sonje kijan ou te resevwa pawòl la ak jan ou te tande l, repanti w epi mete l an pratik. Si ou pa fè atansyon, m ap vin menm jan ak yon vòlè, ou p ap menm konnen kilè m ap rive sou ou.

Men, ou gen kèk moun avè w, nan Sad, yo pa sal rad yo. Y ap mache ansanm ak mwen, abiye toudeblan, paske yo merite sa. Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a

Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.

Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w. 10 Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.

11 M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou. 12 Moun ki va ranpòte laviktwa yo ap sèvi kolòn nan tanp Bondye m nan. Y ap rete la pou tout tan. M ap make yo ak non Bondye m nan, epi ak non lavil Bondye m nan, Lavil Jerizalèm[l] tou nèf la Bondye voye desann soti nan syèl la. M ap make yo ak nouvo non mwen an tou. 13 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo.

Mesaj Jezi voye bay legliz Lawodise a

14 Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:

15 Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! 16 Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete. 17 Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni! 18 M ap konseye w achte nan men m yon lò ki bon, ki byen pwòpte nan dife, pou w ka vin rich. Achte rad blan nan men m, pou w mete, pou ou pa wont lè w ap mache toutouni sou moun. Achte nan menm remèd pou mete nan je w, pou ka wè.

19 Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou! 20 Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.

21 Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a. 22 Se pou tout moun ki gen zòrèy, tande sa Sentespri voye di legliz yo!”

Jan wè kijan yo adore Bondye

Apre sa, m gade, m wè yon pòt louvri nan syèl la. Premye vwa ki te pale avè m di konsa: Monte isit, m ap fè w wè sa k ap rive apre sa. Touswit, Sentespri Bondye pran kontwòl mwen. Mwen wè yon twòn nan syèl la, epi sou twòn nan, te gen yon moun chita. Moun ki te chita sou twòn nan te bèl tankou yon bijou yo rele jasp ak sadwan. Epi toutotou twòn nan, se te yon Akansyèl ki te sanble ak yon wòch yo rele emwod.

Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo. Yon seri kout zeklè, gwo bri ak kout loray ap soti sou twòn nan. Devan twòn nan gen sèt lanp k ap klere byen klere, se sèt Espri Bondye yo. Devan twòn nan, te gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè an glas, sanble ak kristal. Nan mitan twòn nan, epi toutotou twòn nan, gen kat kreyati vivan, yo plen je devan kon dèyè.

Premye kreyati vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm kreyati vivan an sanble ak yon jenn towo bèf, twazyèm kreyati vivan an sanble ak yon figi moun, epi katriyèm kreyati vivan an sanble ak yon gwo malfini k ap vole. Tout kat kreyati vivan yo te genyen sis zèl. Yo ranpli ak je toutotou epi anndan yo tou. Yo pa sispann ap repete lannwit kou lajounen:

“Sen, sen, Bondye Senyè a sen, li menm ki toupisan an,
    li te la, li la, epi l ap vini!”

Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa, 10 24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:

11 “Senyè Bondye nou,
    ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa.
Paske se ou menm ki kreye tout bagay.
    Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”

Ki moun ki kapab louvri woulo a?

Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon[m] ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.

Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. Yo t ap chante yon nouvo chan:

“Ou diy pou w pran woulo liv la
    epi pou kase sele yo,
paske ou te mouri an sakrifis,
    epi ak san ou, ou te achte pou Bondye
    moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
10 Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an,
    y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”

11 Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte![n] 12 Zanj yo t ap di byen fò:

“Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans
    se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la.
Li diy pou l resevwa
    onè, glwa, ak louwanj!”

13 Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di:

“Tout louwanj ak onè
    ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan,
    se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”

14 Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.

Ti mouton an louvri woulo liv la

Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa.

Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe.

Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye,[o] twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.”

Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.

Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. 10 Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” 11 Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou.

12 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. 14 Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.

15 Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. 16 Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! 17 Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”

144,000 moun nan pèp Izrayèl la

Apre sa, mwen wè kat anj kanpe nan kat kwen latè. Anj sa yo te kenbe van ki soti nan kat direksyon latè a nan men yo. Yo fè sa pou van pa soufle ditou, ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo: Pa fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen ki mal, jouktan nou fin make fon sèvitè Bondye yo avèk sa a.

M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la.

Pou ras fanmi Jida se 12,000

Pou ras fanmi Riben se 12,000

Pou ras fanmi Gad se 12,000

Pou ras fanmi Azè se 12,000

Pou ras fanmi Neftali se 12,000

Pou ras fanmi Manase se 12,000

Pou ras fanmi Simeyon se 12,000

Pou ras fanmi Levi se 12,000

Pou ras fanmi Isaka se 12,000

Pou ras fanmi Zabilon se 12,000

Pou ras fanmi Jozèf se 12,000

Pou ras fanmi Benjamen se 12,000

Gran foul la

Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:

“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
    li menm ki chita sou twòn nan,
    ansanm avèk Ti Mouton an.”

11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”

13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?

14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[p] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.

15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.

Setyèm sele a

Ti Mouton an kase setyèm sele a. Lè sa a, te gen yon gwo silans nan syèl la, sa te pran demièdtan anviwon. Epi m wè sèt anj yo ki te kanpe bò kote Bondye a. Yo ba yo sèt twonpèt.

Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan. Lafimen lansan an, ki te soti nan men anj lan, ak lapriyè moun ki sen yo te monte ale devan Bondye. Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.

Premye twonpèt la sonnen

Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.

Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.

Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san. Yon tyè nan bèt k ap viv nan lanmè a mouri epi yon tyè nan bato yo detwi.

10 Twazyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon gwo zetwal tonbe sot nan syèl la, li limen tankou yon gwo flanbo dife. Li tonbe sou yon tyè nan flèv yo ak sou sous dlo yo. 11 Non zetwal la se te “Pwazon anmè”. Yon tyè nan dlo yo vin anmè, epi anpil moun mouri paske dlo yo te anpwazonnen.

12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.

13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”

Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a

Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.

Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.

Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[q] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[r]

12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.

Sizyèm twonpèt la sonnen

13 Sizyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la. M tande yon vwa ki soti nan kat kwen lotèl an n ò ki devan Bondye a. 14 Li di sizyèm anj ki te gen twonpèt la: “Lage kat anj ki nan chenn bò gwo flèv la, bò flèv Lefrat la.” 15 Yo lage kat anj yo. Yo te tou pare pou lè a, pou jou a, pou mwa a ak pou lane a, pou yo touye yon tyè nan tout moun k ap viv sou latè. 16 Kantite sòlda kavalye ki te nan lame a, se te de san milyon (200,000,000). M te tande konbyen yo te ye.

17 Konsa, nan vizyon an, m te wè chwal yo ak kavalye yo: Kavalye yo te gen yon plak an fè tou wouj sou lestonmak yo, yon ble fonse kou digo epi yon jòn sanble ak souf. Tèt chwal yo te sanble ak tèt lyon. Dife, lafimen ansanm ak souf t ap soti nan bouch yo. 18 Twa bagay sa yo, dife, lafimen ak souf, ki t ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon tyè nan tout moun sou latè. 19 Pouvwa cheval yo, se te nan bouch yo ak nan ke yo li te ye. Ke yo sanble ak koulèv, yo gen plizyè tèt epi se ak tèt sa yo, yo toumante moun.

20 Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache. 21 Yo pa repanti pou yo sispann touye moun ni pou yo sispann fè maji, ni pou yo sispann fè peche nan fè sèks, ni pou yo sispann vòlè.

Zanj lan ak ti woulo liv la

10 Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife. Li te kenbe yon ti liv tou louvri nan men l. Li poze pye dwat li sou lanmè a, epi pye goch li sou latè. Li te pran rele byen fò. Li fè bri menm jan ak yon lyon. Lè l te pran rele konsa, te gen sèt kout loray ki te fèt.

Lè sèt kout loray yo te fin pale, m t apral ekri, men m tande yon vwa ki sot nan syèl la ki te di m konsa: “Kenbe sa sèt loray yo di a sekrè, pa ekri l.”

Lè sa a, anj m te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a, li leve men dwat li an wo nan syèl la epi li fè sèman nan non sila a k ap viv pou tout tan an, sila a ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, sila a ki kreye latè ak tout sa l gen ladan l, sila ki kreye lanmè a ak tout sa ki ladan l lan: “M sèmante, p ap gen dèle ankò! Lè setyèm zanj lan pral pare l pou l sonnen twonpèt li a, plan sekrè Bondye a pral akonpli nèt, nan fason l te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt li yo.”

Epi vwa m te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di konsa: “Al pran liv ouvè a nan men anj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.”

M ale epi m mande anj lan pou l ban m ti liv la. Li di m konsa: “Pran l epi manje l. L ap anmè anndan vant ou, men l ap kou siwo myèl nan bouch ou.” 10 M pran ti liv la nan men anj lan epi m vale l. Li te dous kou siwo myèl nan mouch mwen. Men, lè m vale l, li te koupe zantray mwen ak doulè. 11 Lè sa a, li di m: “Fòk ou pwofetize ankò kont anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.”

De temwen yo

11 Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp[s] Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”

De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se konsa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.

Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.

11 Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12 Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.

13 Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.

14 Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.

Setyèm twonpèt la sonnen

15 Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di:

“Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a,
    l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”

16 Lè sa a, 24 granmoun yo, ki chita devan Bondye yo tonbe fas a tè devan twòn Bondye a, yo t ap adore Bondye. 17 Yo t ap di:

“N ap di w mèsi, Senyè Bondye Toupuisan.
    Se ou menm sèl ki egziste epi ki te toujou egziste.
Mèsi paske ou sèvi ak gwo puisans ou genyen
    epi ou tabli pouvwa w.
18 Nasyon yo te an kòlè,
    men kounye a, kòlè pa w rive.
Kounye a, jou jijman mò yo rive.
    Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo,
    pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo,
ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo,
    piti kou gran.
Lè a rive pou ou detwi
    moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”

19 Lè sa a, tanp Bondye a ki nan syèl la te louvri. Kòf Alyans lan te la, nan tanp lan. Te gen anpil zeklè, anpil bri, anpil kout loray, yon trannmantè ak anpil gwo moso glas ki t ap tonbe a tè.

Kw yon fi k ap akouche ak dragon an

12 Lè sa a, yon gwo siy parèt nan syèl la: Yon fi ki abiye ak solèy la, epi lalin nan te anba pye l. Li te gen yon kouwòn ki fèt ak douz zetwal sou tèt li. Li te ansent epi li t ap kriye ak doulè, paske lè pou l akouche a te rive.

Epi gen yon lòt siy ki parèt nan syèl la: Yon gwo dragon tou wouj parèt. Li te gen sèt tèt ak dis kòn epi li te gen yon kouwòn sou chak tèt. Epi li te gen dis kòn. Li ranmase yon tyè nan zetwal ki nan syèl la voye sou latè ak ke li. Dragon an kanpe devan fi k ap akouche a pou l devore bebe a touswit apre akouchman an.

Fi a fè yon pitit gason ki dwe gouvène tout nasyon sou latè ak yon baton an fè. Epi pitit la tou leve monte nan syèl al jwenn Bondye, kote twòn li ye. Fi a menm kouri al nan dezè a, l al nan yon plas ki te tou pare pou li. Nan plas sa a, l ap jwenn swen pou 1,260 jou.

Lè sa a, te gen yon batay nan syèl la. Michèl[t] ak anj li yo t ap goumen ak dragon an, epi dragon an menm, ak anj pa l yo, t ap goumen kont yo. Men yo pa t gen plis fòs, konsa pa t gen plas pou yo nan syèl la ankò. Yo te voye gwo dragon an jete deyò soti nan syèl la. Dragon sa a, se li menm ki sèpan ansyen an, yo rele l dyab ak satan. Se li k ap twonpe tout mond lan. Yo ranvèse l sou latè ansanm ak anj li yo.

10 Apre sa, m tande yon vwa nan syèl la k ap di byen fò:

“Kounye a, jou delivrans lan rive,
    jou puisans Bondye a,
jou reny Bondye a
    ansanm ak pouvwa Kris li a,
paske akizatè frè ak sè nou yo
    ranvèse anba.
Se li menm ki te konn akize yo
    devan Bondye lajounen kou lannuit.
11 Yo ranpòte laviktwa sou li gras ak pouvwa san sakrifis Ti Mouton an
    ansanm ak mesaj Bondye a yo t ap pote bay moun yo.
Yo pa t renmen pwòp tèt yo twòp
    pou ta fè yo pè lanmò.
12 Syèl yo, se pou n rejwi nou
    ansanm ak tout sa ki nan syèl yo!
Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a,
    paske dyab la ranvèse tonbe sou nou.
Li move, li an kòlè,
    paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”

13 Lè dragon an wè yo ranvèse l anba sou latè, li pran rapouswiv fi ki te akouche pitit gason an. 14 Men yo bay fi a de zèl gwo malfini an pou l ka vole pati ale nan dezè a, l al nan plas ki te prepare pou li a, byen lwen sèpan[u] an. Se la yo pran swen li pandan twa zan si mwa. 15 Lè sa a, sèpan an louvri bouch li, li vomi dlo tankou yon gwo larivyè dèyè fi a pou l te ka fini avè l. 16 Men, latè pote fi a sekou, li louvri bouch li, li anglouti gwo larivyè ki te soti nan bouch dragon an. 17 Lè sa a, dragon an te an kòlè kont fi a anpil. Li pati pou fè lagè ak tout pitit fi a. Pitit li yo, se moun k ap viv nan obeyi Bondye epi k ap rann temwanyaj pou Jezi.

18 Dragon an al kanpe sou sab lanmè a.

Bèt ki soti nan lanmè a

13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.

Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”

Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.

Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande
    ta dwe tande sa:
10 Si yon moun te dwe al nan prizon,
    fòk li al nan prizon.
Yon moun yo te dwe touye ak nepe,
    y ap touye l ak nepe.

Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.

Bèt ki soti anba tè a

11 Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon. 12 Bèt sa a kanpe devan premye bèt la, li fè tout sa premye bèt la te fè ak menm puisans lan. Li te fòse latè ak tout moun k ap viv ladan l fè yo adore premye bèt la, bèt ki te blese prèt pou mouri a epi ki te geri a. 13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.

14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l. 16 Dezyèm bèt la te egzije tout moun pote yon mak sou men dwat yo oubyen sou fon yo, kit ou te timoun kit ou te granmoun, kit ou te rich kit ou te pòv, kit ou te esklav kit ou te lib. 17 Pou yon moun vann oubyen achte yon bagay, fòk li pote mak sa a: Mak sa a, sete non bèt la oubyen nimewo non l.

18 Men sa ki rele sajès: Moun ki gen sajès va kalkile nimewo bèt la, se nimewo yon gason. Nimewo a se 666.

Pèp Bondye a ap chante yon chan nouvo

14 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an, li te kanpe sou Mòn Siyon an.[v] Te gen 144,000 moun avèk li. Yo tout te gen non l ak non papa l ekri sou fon yo.

Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li.

Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an. Yo se moun ki pa janm bay manti: yo san fot.

Twa anj yo

Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp. Anj lan t ap rele byen fò: “Se pou n gen krentif pou Bondye, ba li glwa, paske lè a rive pou Bondye jije tout nasyon yo. Adore Bondye, li menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak sous dlo yo.”

Yon dezyèm anj vini apre premye a, li t ap rele byen fò: “Li kraze! Li kraze! Gwo lavil Babilòn nan! Li te fè tout nasyon yo bwè nan diven peche seksyèl sovaj li a.”

Yon twazyèm zanj parèt apre de premye yo. Li di byen fò: “Si yon moun adore bèt la ak estati zidòl li a, si yon moun resevwa mak li sou fon l oubyen sou men l, 10 li menm tou l ap bwè nan gode diven san melanj kòlè Bondye a. Moun konsa va soufri anpil nan toumant dife, devan anj ki apa pou Bondye yo ak devan Ti Mouton an tou! 11 Dife k ap toumante yo a ap bay yon lafimen pou tout tan gen tan. P ap gen okenn repo, lajounen kou lannuit, pou moun sa yo ki adore bèt la ak zidòl li a oubyen ki te pote mak non bèt la.” 12 Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo, moun k ap obeyi kòmannman Bondye epi ki kwè nan Jezi, yo dwe gen pasyans.

13 Apre sa, mwen tande yon vwa ki soti nan syèl la. Li di: “Ekri sa: Depi kounye a, moun ki mouri nan sèvis Senyè a byennere.” Sentespri a di: “Se vre, y ap repoze apre anpil travay yo te fè. Wi, zèv yo ap rann temwanyaj pou yo.”

Latè mwasonnen

14 M gade ankò. Te gen yon nyaj blan. Yon siy ki sanble ak yon moun te chita sou nyaj la. Li pote yon kouwòn an n ò sou tèt li. Nan men li, li gen yon manchèt byen file. 15 Lè sa a, yon lòt anj soti nan tanp lan, li pale avèk fòs, ak moun ki te chita sou nyaj la: “Pran manchèt ou, ranmase rekòt la, paske lè a rive pou rekòlte, paske rekòt latè a pare.” 16 Lè sa a, moun ki te nan mitan nyaj la pase manchèt la sou latè, yo te ranmase rekòt la.

17 Apre sa, yon lòt anj soti nan tanp ki nan syèl la. Li menm tou li te gen yon manchèt byen file. 18 Se lè sa a, yon lòt anj, anj ki gen pouvwa sou dife a, li te soti kote lotèl la ye a. Li pale byen fò ak anj ki te gen manchèt byen file nan men l lan: “Voye manchèt byen file w la, rekòlte grap rezen ki sou latè yo, paske rezen yo pare.” 19 Anj lan voye manchèt li sou latè, li ranmase grap rezen sou latè yo epi li jete yo tout nan gwo basen kòlè Bondye a. 20 Yo te kraze rezen yo nan basen andeyò lavil la. San te koule sou yon distans 300 kilomèt[w] epi monte rive jis nan fè ki bride cheval yo.

Zanj ki pote dènye kalamite yo

15 Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fini.

Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo. Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:

“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
    Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
    ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
    Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
    Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
    paske jijman ou fè yo dwat.”

Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.[x] Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò. Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an. Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.

Koup yo ki plen ak kòlè Bondye a

16 Apre sa m tande yon vwa byen fò nan tanp lan. Li di sèt anj yo konsa: “Al vide sèt koup kòlè Bondye yo sou latè.”

Premye a pati, l al vide koup li a sou latè. Tout moun ki te gen mak bèt la epi ki t ap adore zidòl li a te pran nan yon move maleng ki t ap fè yo soufri anpil.

Dezyèm anj lan vide koup pa l la sou lanmè a. Lè sa a, lanmè a vin tounen san, menm jan ak san yon moun mouri epi tout bèt nan lanmè a te mouri.

Twazyèm anj lan vide koup pa l la nan gwo larivyè yo ak nan sous dlo yo. Yo vin tounen san. Lè sa a, m tande anj ki responsab dlo yo di Bondye konsa:

“Ou menm ki la, ki te toujou la, ou menm ki sen,
    ou jis vre, pou fason ou fè jijman w yo.
Paske moun yo te fè san koule,
    san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo.
Kounye a ou ba yo san pou yo bwè.
    Se sa yo merite.”

Epi m tande lotèl la di:

“Wi, Senyè Bondye toupuisan an,
    jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.”

Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife. Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo.

10 Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. 11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.

12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. 13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. 14 Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.

15 “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”

16 Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre.

17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. 19 Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a. 20 Tout zile yo disparèt, pa gen mòn ankò sou latè. 21 Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo.[y] Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.

Fanm ki chita sou bèt la

17 Youn nan sèt anj ki te kenbe sèt koup yo avanse sou mwen epi li di m: “Vini. M pral montre w jijman gwo pwostitye a ki chita sou anpil dlo a. Se ak pwostitye sa a wa sou latè yo livre kò yo nan peche seksyèl yo. Epitou tout moun k ap viv sou latè fin soule tèt yo ak diven pwotitisyon li.”

Anj lan mennen m nan yon dezè, pa mwayen Sentespri a. Lè m rive la, mwen wè yon fanm chita sou yon bèt tou wouj. Tout kò l te kouvri ak vye pawòl pou joure Bondye. Li te gen sèt tèt ak dis kòn. Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l. Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:

Gwo lavil Babilòn nan

manman tout pwostitye yo

ansanm ak tout move zak sou latè

M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.

Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan. Bèt ou wè a, yon tan li te egziste, men li pa egziste ankò. Li gen pou l monte sot nan twou san fon an epi y ap detwi l. Moun k ap viv sou latè va sezi lè yo va wè bèt la, paske gen yon lè l te vivan, li te vin p ap viv ankò, epi li gen pou l vini ankò. Moun sa yo, se moun ki pa t janm gen non yo ekri nan liv lavi a depi mond lan te kòmanse.

Ou bezwen sajès pou w konprann sa. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita. Se sèt wa yo ye tou. 10 Senk nan yo gentan mouri. Youn nan yo la kounye a, epi dènye wa a ap vini. Lè l vini, l ap fè yon ti tan tou kout. 11 Bèt ki te la nan tan pase a, epi ki pa la ankò a, limenm se yon uityèm wa. Epi li se youn nan sèt wa yo tou. Epi l ap genyen pou l detwi nèt.

12 Dis kòn ou wè yo, se dis wa ki pako jwenn wayòm pa yo. Men y ap jwenn pouvwa pou gouvène ansanm ak bèt la pou inèdtan. 13 Tout wa sa yo gen yon sèl objektif: sèvi ak pouvwa yo pou fè sèvis bèt la. 14 Y ap batay ak Ti Mouton an, men Ti Mouton an ap kraze yo, paske li se Senyè sou tout SENYÈ, Wa sou tout wa yo. Epi l ap gen moun pa l yo avè l, disip ki rete fidèl avè l yo, moun li te chwazi pou moun pa l yo.”

15 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Bann dlo ou wè kote pwostitye a chita a, dlo sa yo se pèp, se plizyè ras, se plizyè nasyon ak plizyè lang ki nan mond lan. 16 Dis kòn ou wè yo, ansanm ak bèt la, ap rayi pwostitye a. Y ap pran tout sa pwostitye a genyen, y ap kite l toutouni. Y ap manje tout vyann sou kò l epi y ap boule l nan dife nèt. 17 Se Bondye ki mete nan kè yo pou yo fè sa, pou l rive atenn objektif li, yon sèl objektif: mete pouvwa yo nan sèvis bèt la, jouktan pawòl Bondye yo fin reyalize. 18 Fanm ou te wè a, se gwo vil ki gen pouvwa sou wa ki sou latè a.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International