Bible in 90 Days
28 Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.
29 Lè sa a, yo te touye dimil (10.000) sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape.
30 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.
31 ¶ Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.
4 ¶ Lè Eyoud mouri, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè bagay ki te mal nan je Seyè a.
2 Lè sa a, Seyè a te kite Jaben, wa peyi Kanaran an, mete pye sou kou yo. Jaben sa a t'ap gouvènen nan lavil Azò. Chèf ki t'ap kòmande lame Jaben an te rele Sisera. Li menm, li te rete lavil Awochèt-Goyim.
3 Li te gen nèfsan (900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.
4 ¶ Debora, madanm yon nonm yo te rele Lapidòt, te pwofèt Bondye. Nan tan sa a, se li ki te konn rann jijman sou tout bagay nan peyi Izrayèl la.
5 Nan mòn peyi Efrayim yo, ant lavil Rama ak lavil Betèl, te gen yon pye palmis yo te rele Palmis Debora. Se la anba pye palmis sa a li te konn chita, lèfini moun nan pèp la te konn vin kote l' pou l' te regle tout bagay pou yo.
6 Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil (10.000) gason avè ou.
7 M'a pral fè Sisera, kòmandan an chèf lame wa Jaben an, vin goumen avè ou bò larivyè Kichon an. L'ap vini avèk cha lagè l' yo ansanm ak tout sòlda li yo. Men, m'ap lagè l' nan men ou.
8 Barak di Debora: -Si ou prale avè m', m'a prale. Men si ou pa prale avè m', mwen pa prale.
9 Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.
10 ¶ Barak rele moun nan branch fanmi Zabilon yo ak moun nan branch fanmi Neftali yo vin Kadès. Se konsa dimil (10.000) gason ale avè l'. Debora ale avè l' tou.
11 Lè sa a te gen yon nonm nan fanmi Kayen an yo te rele Ebè ki te moute kay li toupre lavil Kadès, bò pye chenn nan fon Zaranayim lan. Li te wete kò l' nan mitan lòt moun fanmi Kayen yo, desandan Obab, bòpè Moyiz la.
12 Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
13 Sisera fè chache nèfsan (900) cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
14 Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil (10.000) sòlda dèyè l'.
15 Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!
16 Barak menm pran kouri dèyè cha yo ak lame a jouk Awochèt-Goyim. Yo touye tout sòlda Sisera yo nèt. Yo pa kite yonn chape.
17 ¶ Sisera kouri sou de pye l' bò tant Jayèl, madanm Ebè, moun branch fanmi Kayen yo, paske Jaben, wa Azò a, ak moun fanmi Ebè yo te byen yonn ak lòt.
18 Jayèl soti al kontre Sisera, epi li di l' konsa: -Vini non, chèf mwen! Vin kache lakay mwen non! Ou pa bezwen pè anyen. Se konsa Sisera antre lakay Jayèl ki kache msye anba yon gwo dra.
19 Sisera di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo. Swaf ap touye m'! Jayèl louvri yon veso lèt fèt an po, li ba l' ti gout lèt bwè, epi li kache l' anba gwo dra a ankò.
20 Sisera di l' ankò: -Rete kanpe devan papòt tant lan. Nenpòt moun ki ta vin mande ou si gen yon moun nan kay la w'a reponn li: Non. Pa gen pesonn.
21 Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.
22 Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
23 Jou sa a, Bondye te fè Jaben, wa peyi Kanaran an, bese tèt devan pèp Izrayèl la.
24 Moun pèp Izrayèl yo pran maltrete Jaben, wa peyi Kanaran an, jouk yo touye l'.
5 ¶ Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:
2 -Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!
3 Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!
4 Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.
5 Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la!
6 ¶ Sou tan Chanmga, pitit gason Anat la, ak sou tan Jayèl, bann machann yo te sispann pwonmennen nan tout peyi a ak bèt yo. Vwayajè yo te blije pase nan lòt chemen.
7 Lavil peyi Izrayèl yo pa t' gen moun ladan yo ankò pou pran defans yo. Yo te rete san moun pou defann yo, jouk jou mwen menm, Debora, mwen parèt tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.
8 Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.
9 Mwen kontan chèf k'ap kòmande pèp Izrayèl la! Mwen kontan moun ki te pote tèt yo pou y' al goumen! Lwanj pou Seyè a!
10 Nou menm ki moute manman bourik blan yo, nou menm ki chita sou bèl tapi, nou menm k'ap mache apye sou gran chimen, kalkile sa byen!
11 Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo.
12 ¶ Annavan! Debora! Annavan! Annou wè! Chante yon chante! Annavan! Annavan! Barak! pitit gason Abinoram lan! Mennen prizonye yo vini!
13 Lè sa a, sa ki pa t' vire do bay Bondye yo desann vin jwenn chèf yo. Pèp Seyè a vin jwenn li, tou pare pou lagè.
14 Yo soti nan mòn Efrayim yo desann nan fon an, dèyè moun Benjamen yo ak sòlda lame yo. Kòmandan lame yo desann soti Maki, jeneral yo soti nan peyi Zabilon.
15 Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini.
16 Poukisa yo rete dèyè avèk mouton yo? Pou yo te ka tande gadò yo ap rele bann mouton yo? Wi! Moun Woubenn yo te an balan. Yo pa t' ka deside si y'ap vini, si yo p'ap vini!
17 Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo.
18 Men, moun Zabilon yo ak moun Neftali yo al brave danje kote batay la ye a.
19 Wa yo vini, yo kwaze fè bò Tanak, toupre sous dlo Megido a. Wa peyi Kanaran yo goumen, men yo pa jwenn anyen pou yo pote ale! Pa menm yon ti moso ajan!
20 Zetwal yo rete nan syèl la yo goumen. Yo rete kote y'ap mache nan syèl la, yo goumen ak Sisera.
21 Dlo ravin Kichon an desann pote yo ale. Wi, se ansyen ravin lan, ravin Kichon an, ki fè sa. M'ap mache pran yo, je m' byen kale!
22 Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.
23 Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li.
24 ¶ Nan tout fanm ki sou latè, Jayèl se yon fanm Bondye beni anpil. Wi, Jayèl, madan Ebè, moun fanmi Kayen, nan tout fanm ki sou latè, se yon fanm Bondye beni anpil.
25 Sisera mande l' dlo, li ba li lèt. Li ba l' yon krèm lèt nan pi bèl bòl li te genyen.
26 Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'.
27 Sisera tonbe sou jenou, li woule atè, epi li mouri nan pye Jayèl. Wi, nan pye madanm lan, li tonbe sou jenou li yo, li woule atè. Kote li kouche a, li mouri frèt.
28 Manman Sisera ap gade nan fennèt la. L'ap gade dèyè jalouzi a, l'ap mande: -Kote cha pitit mwen an depi tout tan sa a? Poukisa chwal li yo pran tout reta sa a pou yo vini?
29 Lè sa a, medam ki gen plis konprann nan sèvant li yo reponn li. Li menm tou, li t'ap repete nan kè l':
30 -Koulye a yo dwe ap separe sa yo pran nan men lènmi yo! Yon fi, de fi pou chak sòlda, bèl twal koulè byen bwode pou Sisera, yon gwo mouchwa bwode byen bèl pou l' mete nan kou l'.
31 Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
6 ¶ Pèp Izrayèl la lage kò l' ankò nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan sètan.
2 Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo.
3 Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.
4 Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik.
5 Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.
6 Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou.
7 ¶ Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Seyè a pou moun peyi Madyan yo,
8 Seyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.
9 Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete.
10 Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou.
11 ¶ Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.
12 Zanj Seyè a parèt devan l', li di l' konsa: -Bonjou, vanyan sòlda! Seyè a avè ou!
13 Jedeyon reponn li: -Adye, msye! Si Seyè a avè nou vre, manyè di m' poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Seyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip? Men koulye a, Seyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou.
14 Lè sa a, Seyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l': -Ale non. Avèk fòs kouraj ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou!
15 Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.
16 Seyè a di l': -Ou ka fè l', paske m'ap kanpe la avè ou. Ou pral kraze moun Madyan yo tankou si se te yon sèl moun yo te ye.
17 Jedeyon reponn: -Si reyèlman vre ou vle fè m' favè sa a, ban m' yon prèv se ou menm tout bon k'ap pale avè m' la a.
18 Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou.
19 Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.
20 Zanj lan di l': -Mete vyann lan ak pen yo sou gwo wòch ou wè la a, epi vide sòs la sou yo. Jedeyon fè sa vre.
21 Zanj Seyè a leve baton ki te nan men l' lan, li lonje l', li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife soti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Seyè a disparèt devan li.
22 Lè Jèdeyon wè se zanj Seyè a menm ki te parèt devan l', li di: -Bondye Seyè o! Gade malè ki rive m' non! Mwen wè zanj Seyè a fas pou fas!
23 Men, Seyè a di l' konsa: -Ou pa bezwen pè. Poze san ou. Ou p'ap mouri pou sa.
24 Jedeyon bati yon lotèl pou Seyè a la menm. Epi li rele l': Seyè a bay kè poze. Jouk jòdi a lotèl la la nan ti bouk Ofra a, sou pwopryete ki pou moun Abyezè yo.
25 ¶ Menm jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Pran towo bèf papa ou la, ansanm ak yon lòt towo ki gen sètan. Kraze lotèl papa ou te fè pou Baal la. Koupe poto Achera ki bò kote l' la.
26 Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a.
27 Jedeyon pran dis nan domestik li yo, epi li fè tou sa Seyè a te di l' fè. Men, li te pè fanmi l' yo ak lòt moun yo ki rete nan lavil la. Li pa t' fè sa lajounen, l' al fè l' lannwit.
28 Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a.
29 Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa.
30 Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la.
31 Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l' yo. Li di yo: -Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l' mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze!
32 Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.
33 ¶ Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
34 Lespri Seyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.
35 Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.
36 Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: -Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la,
37 men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m' pou delivre pèp Izrayèl la.
38 Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòde moso lenn lan, li wete dlo ladan l' kont pou ta plen yon bòl.
39 Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.
40 Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.
7 ¶ Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.
2 Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.
3 Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (22.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (10.000).
4 Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.
5 Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò.
6 Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo.
7 Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.
8 Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
9 ¶ Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou.
10 Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a.
11 W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an.
12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.
13 Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.
14 Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.
15 Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.
16 ¶ Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.
17 Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou.
18 N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon!
19 Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.
20 Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!
21 Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.
22 Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.
23 ¶ Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.
24 Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara.
25 Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.
8 ¶ Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li.
2 Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè!
3 Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò.
4 ¶ Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil.
5 Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo.
6 Men chèf lavil Soukòt yo di l' konsa: -Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou poko mete men sou Zebak ak Salmouna!
7 Jedeyon di yo: -Anhan! Se konsa! Bon! Lè Seyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann.
8 Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.
9 Jedeyon di yo: -Mwen gen pou m' tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a.
10 Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (15.000) gason.
11 Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pa t' gen danje pou yo ankò.
12 Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak.
13 Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen soti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la.
14 Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li keksyonnen l'. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon.
15 Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Nou chonje jan nou te joure m' pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m' nou pa t' ka bay mesye m' yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pa t' ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande!
16 Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat.
17 Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.
18 ¶ Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.
19 Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou!
20 Epi li di Jetè, premye pitit gason l' lan: -Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l' nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou.
21 Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo.
22 ¶ Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.
23 Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou.
24 Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a.
25 Moun pèp Izrayèl yo reponn li: -Se tout plezi nou pou n' ba ou yo! Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l' sou rad la.
26 Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo.
27 Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.
28 Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri.
29 ¶ Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li.
30 Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit.
31 Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk.
32 Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.
33 Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.
34 Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.
35 Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.
9 ¶ Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:
2 -Tanpri, ale pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo. Mande yo si yo ta pito gen tout swasanndis pitit gason Jewoubaal yo pase yon sèl ladan yo pou chèf? Pa bliye, se bon fanmi san nou mwen ye!
3 Se konsa tout fanmi manman Abimelèk yo mache pale ak tout grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, yo mande yo menm bagay la. Tout moun te panche pou Abimelèk, paske yo t'ap di se ti fanmi yo li ye.
4 Yo ba li swasanndis pyès ajan yo te pran nan tanp Baal-Berit la. Avèk lajan sa a, li lwe sèvis kèk vòryen ak kèk vakabon pou mache avè l'.
5 L' ale lakay papa l' nan lavil Ofra, li touye tout swasanndis frè l' yo, pitit Jewoubaal yo, anwo menm wòch la. Men, dènye pitit gason Jewoubaal la, Jotam, te kache. Se konsa li pa t' mouri.
6 Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
7 ¶ Lè Jotam vin konn sa, l' al kanpe sou tèt mòn Garizim lan, li pran pale byen fò pou tout moun tande, li di konsa: -Nou menm grannèg ki mèt lavil Sichèm yo, koute sa m'ap di nou. Apre sa, se pou Bondye koute sa nou menm nou pral di.
8 Vwala yon jou, tout pyebwa yo pran desizyon chwazi yon wa pou mete alatèt yo. Yo di pye benzoliv la: Vin gouvènen nou non!
9 Pye benzoliv la di yo: Nou ta vle mwen sispann bay lwil ki sèvi pou fè lwanj bondye yo ak lwanj lèzòm pou m' al chèf sou tout pyebwa!
10 Y' al jwenn pye figfrans lan, yo di l': Ou menm, pye figfrans, vin gouvènen nou non!
11 Pye figfrans lan di yo: Nou ta vle mwen sispann bay bon ti fwi dous pou m' ale chèf sou tout pyebwa!
12 Lè sa a, yo di pye rezen an: Ou menm pye rezen, vin gouvènen nou non!
13 Pye rezen an di yo: Nou ta vle mwen sispann bay diven ki fè kè bondye yo ak kè lèzòm kontan pou m' al chèf sou tout pyebwa!
14 Lè sa a, yo di pye pikan an: Ou menm pye pikan, vin gouvènen nou non!
15 Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
16 Koulye a, m'ap mande nou: Eske se tout bon vre epi ak tout kè nou nou mete Abimelèk wa pou gouvènen nou? Dapre nou, se yon bèl bagay nou fè la a pou Jewoubaal ak fanmi l' yo? Eske se sa Jewoubaal merite apre sa li te fè pou nou?
17 Chonje jan papa m' te goumen pou nou, jan li te riske lavi l' pou nou, pou l' te ka delivre nou anba men moun Madyan yo.
18 Epi pou jòdi a nou leve dèyè fanmi papa m' yo. Nou touye swasanndis pitit gason l' yo sou menm wòch la, epi nou pran Abimelèk, yon pitit gason li fè ak yonn nan sèvant li yo, nou mete l' wa alatèt grannèg lavil Sichèm yo. Poukisa? Paske se fanmi nou li ye?
19 Si se tout bon vre epi ak tout kè nou nou fè Jewoubaal ak fanmi l' yo sa nou fè la a, enben, n'ap kontan avèk Abimelèk nou an. Li menm tou l'a kontan ak nou!
20 Men, si se pa sa, se pou yon dife soti nan Abimelèk pou li boule dènye grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Bèt Milo. Se pou dife soti nan grannèg lavil Sichèm yo ak tout moun ki nan Kay-Ranble a pou l' devore Abimelèk!
21 Apre sa, Jotam kouri met deyò. L' al kache lavil Beyè, paske li te pè Abimelèk, frè l' la.
22 ¶ Abimelèk gouvènen pèp Izrayèl la pandan twazan.
23 Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk.
24 Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
25 Grannèg lavil Sichèm yo mete anbiskad sou tèt mòn yo ap veye Abimelèk. Moun ki nan anbiskad yo menm te rete ap vòlò tout moun ki t'ap pase sou chemen an bò kote yo. Abimelèk vin konn sa.
26 Gaal, pitit gason Ebèd la, vin rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Grannèg lavil Sichèm yo fè msye konfyans.
27 Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
28 Gaal, pitit gason Ebèd la, di yo: -Kisa Abimelèk ye menm pou n'ap sèvi l' konsa? Ki kalite moun ki gen nan lavil Sichèm la menm pou y'ap sèvi Abimelèk? Ki moun li ye? An! Pitit gason Jewoubaal la! Epi se nan men l' Zeboul ap resevwa lòd? Poukisa pou n' sèvi l'? Non! Se pou moun Sichèm yo respekte Amò, zansèt yo, se moun fanmi li pou yo sèvi.
29 Pa mande Bondye se mwen ki te chèf pèp sa a! Mwen ta mete Abimelèk nan wòl li! Mwen ta di l': Si ou gen yon gwo lame vre, soti non! Soti vin goumen!
30 Zeboul te chèf lavil Sichèm. Lè li tande tout pawòl Gaal, pitit gason Ebèd la, te di yo, li fache anpil.
31 Li voye mesaje an kachèt bò Abimelèk pou di l' konsa: -Gaal, pitit gason Ebèd la, rive lavil Sichèm ansanm ak frè l' yo. Y'ap moute tèt moun lavil la sou do ou pou yo pa kite ou antre.
32 Men sa ou pral fè. Leve nan mitan lannwit ansanm ak tout moun ki avè ou yo, al kache nan tout bwa a.
33 Nan maten, lè solèy fenk leve, w'a parèt, w'a tonbe sou lavil la pou atake l'. Lè Gaal ak moun li yo va soti vin kontre ak ou, w'a kraze l' ak tout fòs ou.
34 Se konsa, Abimelèk ak tout moun li yo leve lannwit, yo separe fè kat gwoup, y' al kache andeyò limit lavil la.
35 Gaal, pitit gason Ebèd la, soti, l' al kanpe bò pòtay lavil la. Lè sa a, Abimelèk ak moun pa l' yo soti nan kachèt yo.
36 Lè Gaal wè moun yo, li di Zeboul konsa: -Gade. Men yon bann moun k'ap desann sot sou tèt mòn yo! Men, Zeboul di li: -Se pa anyen, monchè! Se lonbraj sou mòn yo ou pran pou moun!
37 Gaal di l' ankò: -Gade! Men yon bann moun k'ap desann Mòn Lonbrit latè a. Men yon lòt ankò k'ap vini sou chemen Pye Chenn moun k'ap li zetwal yo.
38 Lè sa a, Zeboul di l' konsa: -Kote bèl pawòl ki te nan bouch ou yo? Se pa ou ki t'ap mande ki moun Abimelèk ye konsa pou n'ap sèvi l'? Apa moun ou t'ap pase nan betiz yo? Soti non! Koulye a al goumen ak yo!
39 Gaal pran devan, li mennen grannèg lavil Sichèm yo pou y' al goumen ak Abimelèk.
40 Men, lè Abimelèk mache sou li, Gaal pran kouri met deyò. Sòlda Abimelèk yo te blese anpil moun rive jouk devan pòtay lavil la.
41 Apre sa, Abimelèk tounen lavil Awouma. Zeboul menm mete Gaal deyò ak tout frè l' yo, kifè yo pa t' kapab rete lavil Sichèm ankò.
42 Nan denmen, moun lavil Sichèm yo fè lide soti al nan jaden. Yo vin di Abimelèk sa.
43 Li pran moun li yo, li separe yo fè twa gwoup epi l' al kache nan jaden yo. Lè li wè moun yo ap soti nan lavil la, li vare sou yo, li pran goumen ak yo, li touye yo.
44 Abimelèk ak gwoup li a kouri devan, y' al rete devan pòtay lavil la, pandan de lòt gwoup yo menm t'ap atake moun ki nan jaden yo, yo t'ap touye yo.
45 Abimelèk goumen ak moun lavil la tout jounen an. Li pran lavil la pou li, li touye tout moun ki te ladan l'. Apre sa, li kraze lavil la ratè, epi li simen sèl sou tout anplasman lavil la.
46 Lè tout grannèg ki rete nan gwo fò won Sichèm lan vin konn sa, yo antre al kache nan fò tanp Baal-Berit la.
47 Y' al di Abimelèk tout grannèg yo te sanble la.
48 Lè sa a, Abimelèk moute sou mòn Zalmon avèk moun ki te avè l' yo. Li pran yon rach li koupe yon branch bwa, li pran l', li mete l' sou zepòl li. Epi li di tout moun ki te avè l' yo: -Nou wè sa m' fè a, kouri vit! Al fè menm bagay la tou.
49 Chak moun koupe yon branch bwa vre, epi yo pran mache dèyè Abimelèk. Yo anpile branch bwa yo nan pye fò a. Epi yo mete dife nan fò a ak tout moun yo ladan l'. Se konsa tout moun ki rete nan fò Sichèm lan mouri. Te gen mil (1.000) moun konsa, fanm ak gason, ki mouri.
50 ¶ Apre sa, Abimelèk ale lavil Tebèz, li sènen l' epi li pran l'.
51 Te gen yon gwo fò won nan mitan lavil la. Tout moun, fanm kou gason, ansanm ak chèf yo, kouri al kache ladan l'. Yo fèmen tout pòt yo dèyè yo epi yo moute sou tèt fò a.
52 Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a.
53 Men yon fanm lage yon wòl moulen sou tèt Abimelèk, li kraze zo bwa tèt li.
54 Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa jenn gason an pèse l' pak an pak, epi li mouri.
55 Lè moun pèp Izrayèl yo wè Abimelèk mouri, yo tout al lakay yo.
56 Se konsa Bondye te fè Abimelèk peye pou krim li te fè kont fanmi papa l' la, lè li te touye swasanndis frè l' yo.
57 Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.
10 ¶ Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo.
2 Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l' lavil Chami.
3 Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan.
4 Li te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk koulye a yo rele lavil yo lavil Jayi.
5 Jayi mouri, yo antere l' lavil Kamon.
6 ¶ Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.
7 Se konsa Seyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo.
8 Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a.
9 Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn.
10 ¶ Lè sa a, yo rele nan pye Seyè a, yo di l' konsa: -Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n' al fè sèvis pou Baal yo.
11 Seyè a reponn pèp Izrayèl la: -Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo,
12 moun Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m'. Eske mwen pa t' delivre nou anba men yo lè sa a?
13 Men chak fwa, nou vire do ban mwen pou n' al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò.
14 Ale kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka!
15 Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
16 Apre sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Seyè a. Seyè a pa t' gen kè pou l' wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
17 Lè sa a, lame pèp Amon an sanble, y' al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa.
18 Pèp peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt: -Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!
11 ¶ Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sòlda. Papa l' te rele Galarad. Manman l' te yon jennès.
2 Madan Galarad te fè lòt pitit gason pou mari l'. Men, lè pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, yo di l' konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennès.
3 Jefte kouri met deyò pou frè l' yo, l' al rete nan peyi Tòb. Yon bann vòryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn soti avè l' al devalize moun.
4 ¶ Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la.
5 Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen.
6 Yo di l' konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n' ka goumen ak moun Amon yo.
7 Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m'? Nou fòse m' kite lakay papa m'! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?
8 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.
9 Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m' tounen lakay pou m' goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m' kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi!
10 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.
11 Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l' chèf pou l' gouvènen yo, pou l' kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa.
12 ¶ Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l': -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?
13 Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont.
14 Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo,
15 avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo.
16 Paske lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès.
17 Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l' konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t' vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t' vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès.
18 Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.
19 Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l' pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l' la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a.
20 Men, Siyon pa t' fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t' kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la.
21 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan.
22 Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche.
23 Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a.
24 Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou?
25 Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou.
26 Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t' reprann yo?
27 Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m' lè nou vin fè m' lagè. Se Seyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon!
28 Men, wa moun Amori yo pa t' koute mesaj Jefte te voye ba li a.
29 ¶ Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.
30 Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m',
31 m'ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m' lè m'a tounen soti kraze moun Amon yo. M'ap boule l' nèt nan dife pou ou.
32 Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'.
33 Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la.
34 Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.
35 Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l' lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m' tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m' pa ka pa kenbe l'.
36 Pitit fi a di l': -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m' sa ou te di w'ap fè m' lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo.
37 Apre sa li di papa l' konsa: -Yon sèl bagay m'ap mande ou! Ban m' yon ti delè de mwa pou m' al pwonmennen ansanm ak zanmi m' yo nan mòn yo pou m' al kriye, paske mwen pral mouri san m' pa marye.
38 Jefte kite l' ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l' yo ale nan mòn, y' al kriye paske li tapral mouri tifi.
39 Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fè sa l' te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la,
40 pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.
12 ¶ Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
2 Men Jefte di yo: -Moun pa m' yo ansanm avè m', nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pa t' vle vin delivre m' anba men yo.
3 Lè m' wè nou pa t' soti pou nou vin pote m' sekou, m' al riske vi m'. Mwen travèse al goumen ak moun Amon yo, epi Seyè a lage yo nan men m'. Poukisa pou koulye a nou moute jouk lakay mwen vin chache m' kont?
4 Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason ki nan peyi Galarad la, y' al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: Moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, Efrayim, y' al rete nan peyi Manase a!
5 Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l' èske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non,
6 lè sa a yo mande l' pou l' di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pa t' ka rive di l' jan yo di l' la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l' la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan.
7 Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l' nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad.
8 ¶ Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la.
9 Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l' yo ak moun ki pa t' nan branch fanmi l' epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l' yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan.
10 Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l' lavil Betleyèm.
11 Apre li, se Elon, moun Zabilon an, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan.
12 Lè Elon, moun Zabilon an, mouri, yo antere l' lavil Ajalon nan peyi Zabilon.
13 Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la.
14 Li te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan.
15 Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l' lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.
13 ¶ Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Seyè a. Seyè a lage yo nan men moun Filisti yo pandan karantan.
2 Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit.
3 Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason.
4 Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Nitou, piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje.
5 Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
6 Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.
7 Li di m' konsa: Ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm bwè diven, ni ankenn lòt bweson ki pou fè ou sou. Ni piga ou manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Paske pitit gason ou lan pral viv apa pou Bondye tankou nazirit yo depi nan vant manman l' jouk jou li mouri.
8 ¶ Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
9 Bondye fè sa Manoak te mande l' la vre. Epi mesaje Bondye a vin bò kote madanm lan ki te chita nan yon jaden. Manoak, mari a, pa t' avè l'.
10 Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m' lòt jou a parèt devan m' ankò.
11 Manoak leve, li swiv madanm li. L' al jwenn nonm lan, epi li di l': -Se ou menm ki te pale ak madanm sa a? Li reponn: -Wi, se mwen.
12 -Manoak di l': -Bon. Lè tou sa ou di yo va rive, kijan pou m' elve ti pitit la? Kisa pou l' fè ak sa pou l' pa fè?
13 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Se pou madanm ou fè tou sa mwen di l' fè a.
14 Piga li janm manje anyen ki fèt avèk rezen. Piga li janm bwè diven ni ankenn lòt bweson ki pou fè l' sou. Piga li janm manje anyen ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje. Se pou li fè tou sa mwen mande l' fè a.
15 ¶ Manoak di mesaje Seyè a: -Tanpri, poko ale. Kite nou kwit yon jenn ti kabrit pou ou.
16 Mesaje Seyè a di Manoak konsa: -Menm si mwen rete mwen p'ap manje manje w'ap ban mwen an. Men si ou vle, touye yon ti kabrit, boule l' nan dife tankou yon ofrann pou Seyè a. Manoak pa t' ankò konnen si se te yon mesaje Seyè a ki te devan l'.
17 Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.
18 Mesaje Seyè a di l': -Poukisa nou vle konnen non m'? Non m' se yon mèvèy.
19 Manoak pran jenn ti kabrit la ak kèk grenn jaden, li mete yo sou lotèl wòch la, li ofri yo pou Seyè a ki fè yon mèvèy devan Manoak ak madanm li ki te rete la ap gade.
20 Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
21 Manoak ak madanm li pa janm wè mesaje Bondye a ankò. Se lè sa a, Manoak vin konprann se te yon mesaje Seyè a ki te parèt devan yo a.
22 Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!
23 Madanm lan di l': -Si Seyè a te vle touye nou, li pa ta asepte ofrann nou fè pou li yo. Li pa ta fè nou wè tout bagay sa yo, ni li pa ta fè nou tande tout pawòl sa yo.
24 ¶ Apre sa, madanm lan fè yon pitit gason, li rele l' Samson. Pitit la grandi, Seyè a te beni l'.
25 Epi lespri Seyè a konmanse travay nan li antan li te nan kan moun Dann yo, ant Soreja ak Echtawòl.
14 ¶ Yon jou Samson desann ale lavil Timna, li wè yon jenn fi nan moun Filisti yo li renmen.
2 Li tounen vin di papa l' ak manman l': -Mwen wè lavil Timna yon jenn fi mwen renmen nan moun Filisti yo. Al mande pou li pou mwen.
3 Manman l' ak papa l' di l' konsa: -Poukisa pou ou ale jouk kay moun Filisti yo, moun ki p'ap sèvi Bondye nou an, pou al chache yon madanm? Ou pa jwenn yon jenn fi nan fanmi ou, osinon nan pèp nou an pou ou marye? Men, Samson reponn papa l': -Tanpri, al fè lademann lan pou mwen, paske se li menm mwen renmen.
4 Papa l' ak manman l' pa t' konnen se Seyè a ki t'ap pouse Samson fè sa pou l' te ka jwenn yon okazyon gen kont ak moun Filisti yo. Lè sa a, se moun Filisti ki te chèf sou moun pèp Izrayèl yo.
5 Se konsa Samson desann lavil Timna ansanm ak papa l' ak manman l'. Lè yo rive nan jaden rezen ki toupre lavil Timna a, li wè yon jenn lyon ki t'ap gwonde ki t'ap vanse sou li.
6 Lamenm, lespri Seyè a vin sou li. Li vin gen yon sèl fòs, li dechèpiye lyon an pak an pak ak men li tankou si se te yon jenn ti kabrit. Men, li pa rakonte papa l' ak manman l' sa l' te fè a.
7 Lèfini, l' ale, li pale ak ti fi a, li renmen l'.
8 Kèk tan apre sa, li tounen vin marye avè l'. Sou wout li, li fè yon ti detou pou l' al wè kadav lyon li te touye a. Li tou sezi jwenn yon desen myèl avèk siwo myèl anndan kadav la.
9 Li pran ti moso gato myèl nan men l', li manje ladan l' antan l'ap fè rès vwayaj la. L' al jwenn manman l' ak papa l', li ba yo rès gato myèl la, epi yo manje. Men, li pa t' di yo se nan kadav lyon an li te pran l'.
10 ¶ Apre sa, papa l' desann ale kay ti fi a. Lè sa a, Samson fè yon bèl resepsyon lakay la. Se konsa jenn gason yo toujou fè lè y'ap marye.
11 Lè moun Filisti yo wè l', yo pran trant jenn gason yo voye pou rete avè l'.
12 Samson di yo: -Mwen pral ban nou yon kont. Si nou jwenn li anvan sèt jou fèt nòs la fin pase, m'ap ban nou trant bèl varèz ak trant rechanj fèt ak bèl twal.
13 Men, si nou pa jwenn li anvan lè sa a, se nou ki pral ban mwen trant varèz ak trant rechanj. Yo di l': -Dakò! Ban nou kont la. Fè nou tande l'.
14 Li di yo: -Manje soti nan vant sa ki konn touye pou manje. Sa ki dous soti nan sa ki gen anpil fòs. Twa jou pase, yo pa t' ankò jwenn kont la.
15 Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
16 Se konsa madan Samson al jwenn mari l', li pran kriye sou zepòl li, li di l' konsa: -Ou pa renmen m'! Se rayi ou rayi m'! Ou bay zanmi m' yo yon kont, ou pa janm di m' sa l' vle di! Samson reponn li: -Gade, machè! Mwen pa menm di papa m' ak manman m' sa kont la ye. Atò se ou menm mwen ta di l'?
17 Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pa t' sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l' twòp. Lèfini fanm lan soti al di ras li yo sa kont lan vle di.
18 Se konsa, sou setyèm jou a, anvan Samson antre nan chanm li pou l' al dòmi, mesye lavil yo di l' konsa: -Kisa ki pi dous pase siwo myèl? Kisa ki gen plis fòs pase lyon? Samson di yo: -Si nou pa t' travay tèt madanm mwen, nou pa ta janm jwenn kont mwen an!
19 Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'.
20 Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l' lan, yo ba li madan Samson pou madanm li.
15 ¶ Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.
2 Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a.
3 Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen.
4 L' ale, li pran twasan (300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo.
5 Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.
6 Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la.
7 Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a.
8 Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
9 ¶ Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.
10 Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a.
11 Lè sa a, twamil (3000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.
12 Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm!