Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 5-15

Jezi t ap anseye pèp la

(Lik 6:20-23)

Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li. Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,
    paske wayòm syèl la se pou yo.
Benediksyon pou moun
    ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.
Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,
    paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.[a]
Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,[b]
    paske y ap jwenn satisfaksyon.
Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,
    Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.
Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,
    yo gen pou yo wè Bondye.
Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè
    y a rele yo pitit Bondye.
10 Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat
    paske wayòm syèl la se pou yo li ye.

11 Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. 12 Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.

Sèl ak limyè latè

(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)

13 Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.

14 Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15 Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. 16 Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Jezi ap pale de lalwa Moyiz la

17 Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18 Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.

19 Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20 Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.

Jezi anseye konsènan kòlè

21 Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun[c], paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. 22 Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.

23 Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, 24 depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan.

25 Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. 26 Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la.

Jezi pale konsènan peche seksyèl

27 Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,[d] 28 men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29 Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30 Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)

31 Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.[e] 32 Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.

Jezi pale sou koze fè pwomès

33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[f] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37 Lè se ‘wi’ ou vle di, annik di ‘wi’. Lè se ‘non’ ou vle di, annik di ‘non’. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.

Jezi ap pale sou kesyon konfli

(Lik 6:29-30)

38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.[g] 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[h] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou

(Lik 6:27-28,32-36)

43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.[i] 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[j] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Jezi ap pale sou lè moun bay

Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.

Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se konsa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men lè w ap bay pòv yon bagay, pa kite men gòch ou konnen sa men dwat ou ap fè. Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a.

Jezi anseye kijan pou n lapriyè

(Lik 11:2-4)

Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou.

Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. Men kijan ou dwe priye:

Papa nou ki nan syèl la,
    se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
10 Vin tabli wayòm ou an.
    Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la.
11 Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou.
12 Padone peche nou yo
    menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.
13 Pa kite nou tonbe anba tantasyon,
    men delivre nou anba mechan an.[k][l]

14 Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. 15 Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis.

Jezi ap pale sou lè moun ap jèn

16 Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 17 Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. 18 Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou.

Nou pa ka sèvi de (2) mèt alafwa

(Lik 12:33-34; 11:34-36; 16:13)

19 Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy[m] ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. 20 Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. 21 Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.

22 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[n] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23 Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.

24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[o] anmenmtan.

Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay

(Lik 12:22-34)

25 Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 26 Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? 27 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa?

28 Poukisa n ap bay tèt nou traka konsa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. 29 M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 30 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!

31 Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. 32 Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. 34 Konsa, pa chaje tèt nou jodi a ak bagay ki gen pou rive demen. Demen gen pwòp chay pa l. Chak jou vin ak lo tèt chaje pa l.

Piga youn kritike lòt

(Lik 6:37-38,41-42)

Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Sa ou sèvi pou jije lòt moun se avè l Bondye ap sèvi pou jije w. Jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.

Poukisa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ki jan ou fè ka di frè ou: Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la. Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit! Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan, apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.

Pa voye bagay sakre devan chyen. Y ap vole sou ou epi dechire w. Pa voye bijou ki gen valè devan kochon. Sèl sa l konn pou l fè avè l se pilonnen l nan labou.

Mande Bondye sa w gen bezwen

(Lik 11:9-13)

Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou. Paske moun k ap mande ap resevwa. Moun k ap chache ap jwenn. Moun k ap frape y a louvri pou li.

Kilès nan tout papa yo ki la a k ap bay pitit li yon wòch si l mande l pen? 10 Ki lès k ap bay pitit li yon koulèv si l mande yon pwason? 11 Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konnen bon jan kado pou nou ofri pitit nou, ou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun ki mande l bon bagay.

Yon prensip ki vo plis pase lò

12 Tout sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè l pou yo tou, paske se sa menm lalwa Moyiz la ak pawòl pwofèt yo di.

Chwazi chemen ki pi piti a

(Lik 13:24)

13 Antre nan ti baryè piti a! Gwo baryè a louvri sou yon chemen laj. Chemen sa a mennen toudwat nan pèdisyon. Anpil moun gen tan pran chemen sa a. 14 Men ti baryè piti a louvri sou chemen ki mennen nan lavi a. Se sèlman yon ti ponyen moun ki pran chemen difisil sa a.

Aksyon w fè montre ki moun ou ye

(Lik 6:43-44; 13:25-27)

15 Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye. 16 Aksyon yo fè ap pèmèt nou idantifye yo aklè. Yo pa konn keyi rezen sou pye pikan! Yo pa konn ranmase fig sou touf pikan! 17 Menm jan an tou, yon bon pyebwa donnen bon fwi, yon move pyebwa donnen move fwi. 18 Yon bon pyebwa pa ka donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa ka donnen bon fwi. 19 Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife. 20 Yo va rekonèt kalite yon moun pa mwayen sa l ap fè.

21 Se pa tout moun k ap di m Senyè! Senyè k ap antre nan wayòm syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la k ap antre. 22 Nan jou jijman an, anpil moun pral di: Senyè, Senyè èske nou pa t pwofetize nan non w? Èske nou pa t chase demon nan non ou? Èske nou pa t fè anpil mirak nan non ou? 23 Lè sa a m ap di yo klè: Kote m konnen nou! Rale kò nou sou mwen bann pechè pwofesyonèl.

De kalite moun

(Lik 6:47-49)

24 Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann. 25 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, men kay la kanpe fèm paske li bati sou karyann. 26 Men nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki pa mete yo an pratik, li tankou yon moun fou ki bati kay la sou sab. 27 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, epi kay la tonbe plat.” 28 Lè Jezi te fin di pawòl sa yo, moun yo pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. 29 Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite.

Jezi geri yon nonm malad

(Mak 1:40-45; Lik 5:12-16)

Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li. Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”

Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri. Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w,[p] epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”

Jezi geri sèvitè yon Ofisye

(Lik 7:1-10; Jan 4:43-54)

Lè Jezi antre nan vil Kapènawòm, yon ofisye women te pwoche bò kote li pou mande l èd. Ofisye a di: “Senyè, mwen gen yon sèvitè ki kouche malad lakay mwen. Li paralize, epi l ap soufri anpil.”

Jezi di ofisye a: “Mwen pral avè w. Mwen pral geri l.”

Lè sa a, ofisye a reponn li: “Senyè, m pa diy pou w antre lakay mwen. Sèlman, di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. Mwen menm tou, m anba otorite yon lòt moun, epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn ‘Ale,’ li ale. Lè m di yon lòt ‘Vini,’ li vini. Lè m di sèvitè m ‘Fè tèl bagay,’ li fè l.”

10 Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.” 11 M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la. 12 Poutan gen anpil lòt ki ta dwe fè pati wayòm nan, y ap jete yo deyò nan tenèb fènwa, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.”

13 Epi Jezi di ofisye women an: “Ou mèt al lakay ou! Tout bagay ap rive jan w kwè l la.” Nan menm lè sa a sèvitè a te geri.

Jezi geri anpil moun

(Mak 1:29-34; Lik 4:38-41)

14 Lè Jezi rive lakay Pyè, li wè bèlmè Pyè kouche ap kuit anba yon lafyèv. 15 Jezi touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve pou l sèvi Jezi manje.

16 Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo. 17 Konsa, Jezi fè sa pawòl pwofèt Ezayi a te di:

“Li ranmase tout sa ki t ap fè nou soufri mete sou do l,
    li geri tout maladi nou yo.”[q]

Swiv Jezi

(Lik 9:57-62)

18 Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. 19 Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”

20 Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”

21 Apre sa, youn nan disip yo di: “Mèt, m ap swiv ou, men pèmèt mwen al antere papa m anvan.”

22 Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”

Jezi kalme yon tanpèt

(Mak 4:35-41; Lik 8:22-25)

23 Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. 24 Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. 25 Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”

26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.

27 Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”

Jezi chase demon sou de mesye

(Mak 5:1-20; Lik 8:26-39)

28 Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen[r] yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò. 29 Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”

30 Nan menm zòn nan, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Demon yo priye Jezi an gras, yo di li: “Si ou ap chase nou, tanpri pèmèt nou ale sou bann kochon sa yo.”

32 Jezi di yo: “Nou mèt ale!” Konsa, demon yo te sòti sou mesye yo, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo tout mouri nwaye. 33 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri. Yo antre nan vil la, epi yo rakonte tout sa k te pase kochon yo ak mesye ki te gen move lespri yo. 34 Tout vil la debake pou y al kontre Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l tanpri souple pou l kite zòn nan.

Jezi geri yon nonm paralize

(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)

Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.[s] Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”[t]

Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”

Nonm nan leve, l ale lakay li. Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.

Jezi rele Matye pou vin swiv li

(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)

Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

10 Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11 Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”

12 Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13 Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[u] Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mak 2:18-22; Lik 5:33-39)

14 Apre sa disip Jan yo te pwoche bò kote Jezi epi yo di l: “Nou menm ak Farizyen toujou fè jèn, poukisa disip ou yo pa janm fè jèn?”

15 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.

16 Pèsòn p ap pran yon moso twal nèf pou l fè pyès mete nan yon vès ki ize. Moso twal nèf la ap rale twal ize a epi twou a ap vin pi mal. 17 Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik.[v] Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)

18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”

19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.

20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”

22 Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.

23 Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik finèb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24 Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25 Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26 Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.

Jezi fè twa lòt gerizon

27 Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”

28 Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”

29 Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” 30 La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” 31 Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan.

32 Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. 33 Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay konsa nan Izrayèl.”

34 Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”

Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la

35 Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. 36 Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. 37 Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. 38 Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”

Jezi voye apot li yo al nan yon misyon

(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)

10 Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. Men non douz apot yo:

An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)

epi frè li ki rele Andre,

Jak pitit Zebede

ansanm ak frè li Jan,

Filip ak Batèlmi,

Toma ak Matye,

pèseptè kontribisyon an,

Jak pitit Alfe ak Tade,

Simon, zelòt la ak

Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.

Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10 Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.

11 Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12 Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14 Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.[w]

Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil

(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)

16 Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17 Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18 Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19 Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20 Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.

21 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23 Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.

24 Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25 Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,[x] nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Lik 12:2-7)

26 Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27 Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.

28 Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè. 29 Gen zwazo ki tèlman piti, ou ka vann yon pè pou yon ti kòb ki pa itil anyen. Poutan pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki ka tonbe atè san pèmisyon Papa a. 30 Bondye konte menm ata konbyen pye cheve ki nan tèt ou. 31 Ou pa bezwen pè, paske ou gen plis valè pase anpil ti zwazo.

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Lik 12:8-9)

32 Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen. 33 Men nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di li pa rekonèt mwen, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: mwen pa rekonèt li non plis.

Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm

(Lik 12:51-53; 14:26-27)

34 Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35 Mwen vini pou m

mete dozado papa ak pitit gason l,
    manman ak pitit fi l,
    bèlmè ak bèlfi l.
36 Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.[y]

37 Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38 Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39 Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.

Bondye ap beni moun ki byen resevwa w

(Mak 9:41)

40 Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41 Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42 Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”

Janbatis voye poze Jezi yon kesyon

(Lik 7:18-35)

11 Lè Jezi fin pale ak douz disip li yo, li kite kote l te ye a. Li t ap mache toupatou nan rejyon Galile a, li t ap bay pèp la ansèyman, epi li t ap preche pawòl Bondye.

Pandan Janbatis nan prizon, li tande tout sa ki t ap pase, tout sa Kris la ta gen pou fè. Li voye kèk nan disip li yo bò kote Jezi. Li voye mande Jezi: “Èske se ou menm ki gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt?”

Jezi reponn mesye yo, li di yo: “Al di Jan sa nou wè ak sa nou tande: Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la. Benediksyon pou tout moun ki pa gen dout sou mwen!”

Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. 10 Men sa ki ekri sou li nan Bib la:

Men m ap voye mesaje m nan devan w.
    L ap prepare chemen an devan w.[z]

11 M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. 12 Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l. 13 Depi anvan Jan vini, lalwa Moyiz la ak tout pwofèt yo te gen tan pale sou tout sa ki konsène wayòm nan. 14 Konsa nenpòt moun ki kwè sa yo te di a ap dakò Jan se Eli[aa] ki te gen pou vini an. 15 Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

16 Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun.

17 Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou,
    ou pa danse.
Nou chante chan fineray pou ou,
    ou pa menm fè tankou w ta pral kriye.

18 Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19 Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”

Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo

(Lik 10:13-15)

20 Apre sa, Jezi te kòmanse repwoche moun lavil kote li te fè plis mirak yo. Lavi yo pa t montre okenn chanjman pozitif. 21 Jezi di: “Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[ab] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 22 M ap tou di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.[ac]

23 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann. Si tout mirak mwen fè lakay ou yo mwen te fè yo nan vil Sodòm, jis jounen jodi a Sodòm t ap la. 24 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm yo.”

Yon mo konsolasyon

(Lik 10:21-22)

25 Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen. 26 Wi, Papa, sa fèt konsa paske se konsa menm ou te vle li.

27 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.

28 Vin jwenn mwen ou menm ki santi w fatige anba fado ki twò lou pou pote, m ap ba ou repo. 29 Aksepte nouvo prensip lavi[ad] m ap ba ou, epi w a jwenn repo. Mwen se moun dou epi m pa gen gwo kòlèt. 30 Fado pa m nan fasil pou pote, chay mwen an lejè.”

Jezi se mèt jou saba a

(Mak 2:23-28; Lik 6:1-5)

12 Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou saba a.”

Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou saba prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou saba a? Poutan yo pa koupab. Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[ae] Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.

Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mak 3:1-6; Lik 6:6-11)

Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. 10 Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou saba a?”

11 Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou saba a, ki p ap rale l met deyò? 12 Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou saba a.”

13 Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14 Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Jezi se moun Bondye chwazi a

15 Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la. 16 Men Jezi pale avèk yo pou yo pa di ki moun Jezi ye. 17 Tout sa pase konsa pou konfime pwofesi pwofèt Ezayi a:

18 “Men sèvitè mwen an,
    moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen anpil la,
    moun ki fè kè m kontan anpil la.
M ap ranpli l ak Sentespri m.
    Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.
19 Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò,
    li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.
20 Li p ap kraze menm yon pye zèb.
    Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21     Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”[af]

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)

22 Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. 23 Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”

24 Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan[ag] ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”

25 Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 26 Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? 27 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 28 Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. 29 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. 30 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.

31 Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. 32 Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Lik 6:43-45)

33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35 Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. 36 Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37 Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)

38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”

39 Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[ah] la. 40 Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. 41 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

42 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[ai] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”

Danje lè w rete vid

(Lik 11:24-26)

43 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, 44 li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. 45 Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mak 3:31-35; Lik 8:19-21)

46 Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l. 47 Yon moun vin di Jezi: “Men manman w ak frè w yo ap mande pou ou deyò a. Yo vle pale avè w.”

48 Jezi reponn li: “Ki lès ki manman m? Ki lès ki frè m?” 49 Apre sa, li lonje dwèt sou disip li yo epi li di: “Men manman m ak frè m? 50 Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”

Istwa yon plantè ki t ap simen grenn

(Mak 4:1-9; Lik 8:4-8)

13 Menm jou a Jezi deplase kite kay kote l te ye a, l ale chita bò lak la. Epi yon foul moun te vin rasanble bò kote l. Konsa Jezi monte nan yon bato li chita. Foul moun yo te rete sou rivaj la. Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo:

Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin. Yon lòt pati nan grenn yo te tonbe nan touf pikan. Yo leve, men pikan an toufe yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Pou kisa Jezi sèvi ak istwa pou l anseye

(Mak 4:10-12; Lik 8:9-10)

10 Disip Jezi yo pwoche bò kote li epi yo di li: “Pou kisa ou sèvi ak parabòl pou pale ak moun yo?”

11 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm syèl, men yo menm yo pa jwenn opòtinite sa a. 12 Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. 13 Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl.

Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre.
    Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.

14 Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a:

Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
15 Kè pèp sa vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[aj]

16 Men nou menm, benediksyon pou nou paske je nou yo wè, zòrèy nou yo tande. 17 An verite m ap di nou: anpil pwofèt ak anpil moun ki fidèl te swete wè sa n ap wè la a. Yo te swete tande sa n ap tande la a, men yo pa t jwenn gras sa a.

Jezi eksplike istwa plantè a

(Mak 4:13-20; Lik 8:11-15)

18 Men eksplikasyon parabòl plantè a:

19 Grenn ki tonbe nan granchemen an se moun ki tande mesaj konsènan wayòm nan epi li pa konprann li. Dyab la pase touswit li ranmase ti grenn ki te simen an, l ale avè l.

20 Grenn ki tonbe nan karyann nan se moun ki tande pawòl epi ki resevwa l prese prese ak kè kontan. 21 Men kòm li pa kite l pran rasin nan lavi l, nan yon batje mesaj la disparèt. Depi pwoblèm oswa pèsekisyon vini poutèt mesaj la, moun nan retire kò l.

22 Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.

23 Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.”

Parabòl move zèb nan jaden ble a

24 Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li. 25 Nan menm nuit la, pandan tout moun ap dòmi, yon lènmi pase simen grenn zèb nan jaden ble a, epi l ale. 26 Lè ble a grandi epi li kòmanse mete grenn, move zèb yo parèt tou. 27 Travayè mèt jaden an pwoche bò kote li, yo di: Mèt, èske se pa t bon semans nou te simen nan jaden sa a? Kote move zèb sa yo soti?

28 Li reponn yo: se yon lènmi ki fè sa.

Travayè yo mande l: Èske w vle nou rache move zèb yo?

29 Li di yo: Non! Nan rache move zèb yo, nou ka rache pye ble tou. 30 Kite yo grandi ansanm jouktan jou rekòt la rive. Lè jou rekòt la rive, m a mande travayè yo pou yo koupe move zèb yo, sanble yo fè pakèt epi boule yo. Apre sa, n a sanble ble a pou nou mete nan depo.”

Yon lòt istwa sou wayòm

(Mak 4:30-34; Lik 13:18-21)

31 Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. 32 Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.”

33 Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”

34 Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. 35 Sa te rive konsa pou pwofesi sa a te ka akonpli:

“M pral pale an parabòl.
    M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”[ak]

Jezi eksplike parabòl move zèb la

36 Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”

37 Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. 38 Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. 39 Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo.

40 Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se konsa sa pral ye lè lafendimond nan rive. 41 Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. 42 Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. 43 Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!

Parabòl ja lajan an ak grenn pèl la

44 Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.

45 Wayòm syèl la se tankou yon machannn bijou k ap chache bèl grenn pèl. 46 Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li.

Parabòl senn lan

47 Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason. 48 Lè senn nan plen, pechè yo rale l mete deyò. Yo chita pou yo triye pwason yo. Yo mete tout sa k bon nan panye, epi yo jete rès sa k pa vo anyen yo. 49 Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo. 50 Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”

51 Apre sa Jezi mande disip yo:

“Èske nou konprann tout sa m di nou an?” Yo reponn li: “Wi, nou konprann.”

52 Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”

Jezi ale nan vil kote l te grandi

(Mak 6:1-6; Lik 4:16-30)

53 Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. 54 Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” 55 Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye? 56 Tout sè l yo toujou rete nan zòn nan, pa vre? Kòman l fè ka fè tout bagay sa yo? 57 Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi.

Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.” 58 Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.

Ewòd pran Jezi pou Janbatis

(Mak 6:14-29; Lik 9:7-9)

14 Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”

Men kijan Janbatis te mouri

Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt.

Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.”

Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. 10 Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. 11 Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. 12 Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi.

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.

15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”

16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”

17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”

18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

Jezi mache sou dlo

(Mak 6:45-52; Jan 6:16-21)

22 Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 23 Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. 24 Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.

25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”

28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”

29 Jezi di li: “Vini non!”

Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”

31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”

32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”

Jezi geri anpil moun malad

(Mak 6:53-56)

34 Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. 35 Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. 36 Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mak 7:1-23)

15 Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”

Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.[al] Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.[am] Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”[an]

10 Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11 Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”

12 Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”

13 Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”

15 Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”

16 Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17 Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18 Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”

Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif

(Mak 7:24-30)

21 Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22 Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”

23 Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”

24 Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”

25 Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”

26 Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”

27 Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”

28 Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.

Jezi geri anpil moun

29 Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye.

30 Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. 31 Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.

Jezi bay plis pase 4,000 moun manje

(Mak 8:1-10)

32 Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”

33 Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?”

34 Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”

35 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. 36 Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. 37 Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. 38 Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. 39 Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International