Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Matye 16:1-26:56

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)

16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.

Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li.

Disip Jezi yo mal konprann li

(Mak 8:14-21)

Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”

Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.”

Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 10 Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? 11 Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen.

12 Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.

Pyè konnen kilès Jezi ye

(Mak 8:27-30; Lik 9:18-21)

13 Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?”

14 Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.”

15 Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?”

16 Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”

17 Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. 18 Ou rele Pyè ki vle di wòk,[b] pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò[c] p ap ka gen viktwa sou li. 19 M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.”

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

Jezi di li gen pou l mouri

(Mak 8:31–9:1; Lik 9:22-27)

21 Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 22 Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay konsa rive!”

23 Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan![d] Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”

24 Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 25 Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. 26 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 27 Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. 28 Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli

(Mak 9:2-13; Lik 9:28-36)

17 Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi, devan disip yo li te kòmanse transfòme. Figi l te klere tankou solèy. Rad sou li t ap briye tankou limyè. Epi, men Moyiz ak Eli vin parèt devan disip yo, epi yo t ap pale avèk Jezi.

Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant[e] isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.”

Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”

Lè disip yo tande vwa a, yo te tèlman pè yo tonbe fas atè. Jezi pwoche bò kote yo, li touche yo epi li di: “Leve, nou pa bezwen pè!” Lè yo leve tèt yo, sèl moun yo wè devan yo se Jezi.

Pandan y ap desann mòn nan, Jezi di yo: “Pa di pèsòn sa nou te wè sou tèt mòn nan. Tann jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.”

10 Apre sa, disip ki te avèk Jezi yo mande l: “Poukisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan[f]?”

11 Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan, pou li mete tout bagay nan plas yo! 12 Men m pa kache pale nou, Eli vini deja. Men, poutèt yo pa t rekonèt ki lès li ye, yo te fè sa yo te vle avèk li. Pitit Lòm nan gen pou sibi menm trètman an tou.” 13 Lè sa a, disip yo vin konprann li t ap pale yo sou Janbatis.

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mak 9:14-29; Lik 9:37-43)

14 Jezi ak disip li yo retounen vin jwenn foul la. Gen yon mesye ki mache kontre Jezi, li met ajenou nan pye l. 15 Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo. 16 Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.”

17 Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.” 18 Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.

19 Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

20 Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.” 21 [g]

Jezi pale sou lanmò li

(Mak 9:30-32; Lik 9:43b-45)

22 Pandan disip yo te reyini ansanm nan rejyon Galile a, Jezi di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. 23 Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a, li gen pou l resisite.” Lè disip yo tande sa, yo te vin tris anpil.

Jezi pale sou koze peye taks

24 Jezi ak disip li yo ale lavil Kapènawòm. Lè yo rive la, pèseptè k ap ranmase lajan taks pou tanp la pwoche bò kote Pyè, epi yo mande l: “Èske Mèt ou a p ap peye lajan taks tanp la?”

25 Pyè reponn: “Sètènman, l ap peye l!”

Epi Pyè antre anndan kay kote Jezi te ye a. Anvan menm Pyè kòmanse pale, Jezi di li: “Lè wa sou latè fikse tout kalite taks, kilès ou panse ki gen pou peye yo, Simon, pitit wa a osinon lòt sitwayen?”

26 Pyè reponn li: “Se lòt sitwayen yo ki dwe peye!” Jezi di: “Se vre, pitit wa yo pa bezwen peye anyen.” 27 Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen.

Kilès ki pi gran?

(Mak 9:33-37; Lik 9:46-48)

18 Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?”

Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a.

Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.

Mizangad sou koz ki fè moun peche

(Mak 9:42-48; Lik 17:1-2)

Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.

Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la.

Parabòl mouton ki te pèdi a

(Lik 15:3-7)

10 Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. 11 [h]

12 Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? 13 An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. 14 Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi.

Korije moun ki fè sa ki mal

(Lik 17:3)

15 Si yon frè fè w[i] yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16 Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.[j] 17 Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.

18 Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.[k] 19 M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20 Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”

Aprann padone lòt moun

21 Apre sa, Pyè pwoche bò kote Jezi pou l ka poze l yon kesyon: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan si l kontinye ap fè m bagay ki mal? Èske sèt fwa pa ase?”

22 Jezi reponn li: “Non Pyè! Mwen pa di sèt fwa. Ou bezwen kontinye padone li swasanndis fwa miltipliye pa sèt.[l]

23 Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò. 24 Nan fouye kaye li, li jwenn yon nonm ki te dwe l yon gwo gwo sòm lajan.[m] 25 Kòm sèvitè a pa t ka jwenn kòb la pou l peye, mèt la pase lòd pou yo vann sèvitè a, madanm li, pitit li ak tout sa l te posede, pou li ta rantre yon pati nan lajan l lan.

26 Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la. 27 Kè mèt la fè l mal pou sèvitè a. Li deside anile dèt la, epi l kite msye ale.

28 Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!

29 Kanmarad la lage kò l ajenou epi l di lòt la: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.

30 Men lòt refize tande. Okontrè li fè fèmen kanmarad la nan prizon jouktan l fin peye tout dèt la. 31 Gen lòt sèvitè mèt la ki t ap swiv tout bagay, kè yo te fè yo mal pou kanmarad ki ale nan prizon an. Konsa yo rapòte tout bagay bay mèt la.

32 Lè mèt la tande sa, li rele sèvitè l la epi l di: Gade jan ou mechan! Èske m pa t anile tout dèt ou a, paske ou te sipliye m? 33 Èske ou pa ta dwe fè menm bagay la pou kanmarad ou a tou? 34 Konsa, mèt la te fache anpil. Li pran sèvitè a, li fèmen l nan prizon. Epi li di: fòk misye peye dènye sengkòb la, anvan l sòti nan prizon.

35 Enben Papa m ki nan syèl la ap fè nou menm jan ak wa sa si nou pa padone frè ak sè nou ak tout kè nou.”

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mak 10:1-12)

19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.

Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”

Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi[n] l te kreye? Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.[o] Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”

Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[p]

Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”

10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se konsa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”

11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[q] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”

Jezi resevwa timoun yo

(Mak 10:13-16; Lik 18:15-17)

13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te ka poze men sou yo epi beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki sanble avèk yo.” 15 Apre Jezi fin touche timoun yo ak men l, epi li beni yo, li deplase kite kote l te ye a.

Yon nonm rich refize swiv Jezi

(Mak 10:17-31; Lik 18:18-30)

16 Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?”

17 Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”

18 Nonm nan reponn:

“Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. 19 Onore papa w ak manman w,[r] epi renmen pwochen[s] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[t]

20 Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”

21 Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”

22 Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale.

23 Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. 24 M ap di nou ankò: L ap pi fasil pou yon chamo pase nan twou je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”

25 Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”

26 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm, sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”

27 Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?”

28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. 29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. 30 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Parabòl travayè jaden yo

20 Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.

A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an.

Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?

Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay!

Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.

Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.

Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. 10 Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. 11 Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. 12 Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb!

13 Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? 14 Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. 15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou[u] paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?

16 Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mak 10:32-34; Lik 18:31-34)

17 Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: 18 “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. 19 Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”

Madan Zebede mande yon favè espesyal pou pitit li yo

(Mak 10:35-45)

20 Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.

21 Jezi mande li: “Kisa w vle?”

Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.”

22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[v] mwen pral bwè a?”

Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”

23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”

24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. 25 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 27 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 28 Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Jezi geri de avèg

(Mak 10:46-52; Lik 18:35-43)

29 Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. 30 Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

31 Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

32 Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?”

33 Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!”

34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)

21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”

Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:

“Fè anons lan pase nan Siyon:[w]
    men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
    Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[x]

Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:

“Louwanj[y] pou Pitit David la!
    Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![z]
    Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”

10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”

11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”

Jezi mete lòd nan tanp lan

(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)

12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.[aa] Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[ab]

14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:

16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”

Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:

Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
    yo fè louanj ou.[ac]

Èske w pa li sa nan Bib la?”

17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.

Jezi modi yon pye fig

(Mak 11:12-14,20-24)

18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèch.

20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèch vit konsa?”

21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mak 11:27-33; Lik 20:1-8)

23 Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

24 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 25 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”

27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:

“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”

Parabòl de pitit gason yo

28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.

29 Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.

30 Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.

31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”

Yo reponn li: “Pi gran an!”

Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”

Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen

(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)

33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. 34 Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.

35 Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. 36 Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. 37 Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan.

38 Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, konsa eritaj la ap rete pou nou. 39 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.

40 Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?”

41 Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”

42 Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:

Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
    Se yon mèvèy pou nou wè sa![ad]

43 Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. 44 Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”[ae]

45 Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. 46 Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.

Parabòl bankè a

(Lik 14:15-24)

22 Jezi te kontinye ap sèvi ak parabòl pou anseye pèp la. Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l. Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.

Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.

Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo. Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.

Apre sa, wa a di sèvitè l yo: Resepsyon nòs la fin pare, men nou te gen move kalite envite. Konsa, ale kanpe nan kafou yo, epi envite tout moun k ap pase pou yo vin nan resepsyon nòs la. 10 Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.

11 Men lè wa a vin fè yon ti kontwòl sou moun ki te nan resepsyon an, li wè yon nonm ki pa t gen rad nòs sou li. 12 Wa a di l: zanmi m, kijan w fè kote w ye a san ou pa gen rad nòs sou ou? Men moun ki pa t gen rad nòs la pa t menm ka di yon mo. 13 Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.

14 Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”

Jezi reponn yon kesyon pyèj

(Mak 12:13-17; Lik 20:20-26)

15 Apre sa, Farizyen yo kite kote Jezi t ap anseye a epi y al fè yon reyinyon. Yo t ap eseye tann yon pyèj pou Jezi, sitou nan sa l ap di. 16 Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans. 17 Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

18 Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj? 19 Montre m yon pyès lajan nou sèvi pou nou peye taks.” Yo pote yon pyès kòb ba li. 20 Li mande yo: “Foto ki moun ak non ki moun ki sou pyès kòb sa a?”

21 Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.”

Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”

22 Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)

23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[af] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”

29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?[ag] Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”

33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.

Ki kòmandman ki pi Empòtan?

(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)

34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”

37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.[ah] 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[ai] menm jan ak pwòp tèt pa w.[aj] 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”

Èske Mesi a se pitit David?

(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)

41 Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42 “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”

Yo reponn li: “Li se pitit David.”

43 Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:

44 Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
    jiskaske m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w![ak]

45 Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

46 Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)

23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[al] Lalwa Moyiz la. Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[am]

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[an] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[ao] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.

Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.

13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [ap]

15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.

16 Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. 17 Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a?

18 Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. 19 Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? 20 Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. 21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.

23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[aq] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.

25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.

27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. 28 Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste.

29 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, 30 epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. 31 Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. 32 Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a!

33 Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? 34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.

35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[ar] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.

Jezi bay avètisman pou Jerizalèm

(Lik 13:34-35)

37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 38 Men kounye a, kay ou a pral rete vid. 39 Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”[as]

Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive

(Mak 13:1-31; Lik 21:5-33)

24 Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”

Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”

Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.

Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. 10 Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. 11 Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. 12 Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. 13 Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. 14 Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.

15 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17 Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.

19 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21 Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.

22 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.

23 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25 Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Lè Jezi va retounen sou latè

(Mak 13:24-31; Lik 17:23-24,37; 21:25-32)

26 Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27 Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. 28 Kote kadav la ye, se la votou[at] yo ap rasanble.

29 Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a,

Solèy la ap vin tou nwa,
    lalin nan ap sispann klere,
zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
    epi puisans nan syèl yo pral tranble.[au]

30 Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.

32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34 An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.

Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive

(Mak 13:32,35; Lik 17:26-30,34-36)

36 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.

37 Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38 Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39 Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.

Se konsa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40 Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41 De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.

42 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44 Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.

Bon sèvitè ak move sèvitè

(Mak 13:33-37; Lik 12:41-48)

45 Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 46 Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 47 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.

48 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? 49 Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. 50 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. 51 Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.

Parabòl dis jèn fi yo

25 Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.

A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l.

Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri!

Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo.

10 Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la.

11 Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou!

12 Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!

13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.

Yon istwa sou twa sèvitè

(Lik 19:11-27)

14 Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. 15 Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan.[av] Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. 16 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. 17 Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. 18 Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè.

19 Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. 20 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè.

21 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!

22 Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè.

23 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!

24 Sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an vini. Li di mèt la: Mwen te konnen ou se nèg ki di. Ou rekòlte kote w pa t simen grenn. Ou ranmase fwi kote w pa t plante. 25 Mwen te pè. Konsa mwen te sere lajan w nan anba tè. Men lajan w, mwen pot tounen ba ou!

26 Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante, 27 pouki ou pa t met lajan m nan labank? Konsa, m ta jwenn yon ti enterè sou li.

28 Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. 29 Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen. 30 Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.

Pitit Lòm nan gen pou jije tout moun

31 Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. 32 Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. 33 L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li.

34 Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. 35 Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. 36 Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.

37 Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? 38 Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? 39 Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w?

40 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.

41 Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. 42 Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. 43 Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m.

44 Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w?

45 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.

46 Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”

Plan pou touye Jezi

(Mak 14:1-2; Lik 22:1-2; Jan 11:45-53)

26 Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo: “Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”

Apre sa prèt ki gen plis otorite yo ansanm ak lidè pèp Jwif yo te reyini nan lakou Kayif, chèf ki alatèt tout prèt yo. Yo t ap mare yon konplo an sekrè pou wè kijan yo te ka arete Jezi epi touye li. Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mak 14:3-9; Jan 12:1-8)

Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje.

Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.”

10 Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. 11 N ap toujou gen pòv avèk nou,[aw] men nou p ap toujou genyen m avèk nou. 12 Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. 13 An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.”

Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo

(Mak 14:10-11; Lik 22:3-6)

14 Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, 15 epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan. 16 Depi lè sa a, Jida ap veye yon okazyon favorab pou l trayi Jezi.

Repa fèt Pak la

(Mak 14:12-21; Lik 22:7-14,21-23; Jan 13:21-30)

17 Nan premye jou fèt Pen san leven an, disip Jezi yo pwoche bò kote l, epi yo mande l: “Ki kote w vle pou nou fè preparasyon repa fèt Pak la pou ou?”

18 Li reponn yo: “Ale nan vil la kay entèl, di li: Mèt la di: lè m nan pa lwen rive. Se lakay ou m ap manje repa fèt Pak la avèk disip mwen yo.” 19 Disip yo fè jan Jezi te di yo a, epi yo prepare fèt Pak la.

20 Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. 21 Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.”

22 Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?”

23 Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. 24 Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.”

25 Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi,[ax] èske se mwen?”

Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”

Repa Senyè a

(Mak 14:22-26; Lik 22:15-20; 1 Kor 11:23-25)

26 Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”

27 Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! 28 Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. 29 M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.”

30 Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a.

Jezi anonse disip yo pral abandone l

(Mak 14:27-31; Lik 22:31-34; Jan 13:36-38)

31 Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la:

M ap touye bèje a,
    epi mouton yo ap gaye toupatou.[ay]

32 Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”

33 Pyè reponn li: “Menmsi tout lòt moun yo kouri kite w, m p ap janm kouri kite w.”

34 Jezi reponn li: “An verite, m ap di w sa: aswè a menm, anvan menm kòk chante, w ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.”

35 Pyè di li: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, m p ap janm di m pa konnen w.” Epi tout lòt disip yo di menm bagay la tou.

Jezi ap priye poukont li

(Mak 14:32-42; Lik 22:39-46)

36 Apre sa Jezi ak disip li yo ale yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: “Rete la! M pral yon ti kras pi lwen pou m al lapriyè.” 37 Li pran avè l Pyè ak de pitit gason Zebede yo. Li te kòmanse santi gwo tristès ak anpil kè sere. 38 Jezi di disip ki te avè l yo: “Kè m tèlman lou, mwen santi se mouri m ap mouri. Kenbe m konpay, pa kite dòmi pran nou.”

39 Li fè yon ti avanse pi devan, li lage kò l atè fas anba, epi l kòmanse priye: “Papa, si se posib, pa kite m pase anba kalite soufrans[az] sa a. Men, se pa sa m vle ki pou fèt, se sa ou vle.” 40 Lè Jezi tounen bò kote disip li yo, li jwenn y ap dòmi. Li di Pyè: “Sa vle di, ou pa ka rete veye avè m pou inèdtan? 41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

42 Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”

43 Lè l tounen bò kote yo ankò, li jwenn disip yo ap dòmi paske je yo te twò lou pou yo te ret ouvè. 44 Konsa, li fè yon deplase ankò, epi l fè menm priyè l te gen tan fè de fwa deja.

45 Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo. 46 Leve! Ann ale! Men moun k ap livre m nan rive.”

Yo arete Jezi

(Mak 14:43-50; Lik 22:47-53; Jan 18:3-12)

47 Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe epi baton. 48 Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l.” 49 Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi.

50 Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.”

Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. 51 Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li.

52 Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. 53 Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? 54 Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.”

55 Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? 56 Antouka, sa pase konsa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International