Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Jan 6:1-15:17

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17)

Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.

Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè.

Filip reponn Li: “200 denye[a] pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”

Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”

10 Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun konsa te chita sou zèb yo. 11 Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.

12 Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fini, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” 13 Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje.

14 Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt[b] ki te gen pou vini nan lemonn nan.”

15 Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.

Jezi mache sou dlo

(Mat 14:22-27; Mak 6:45-52)

16 Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. 17 Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. 18 Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. 19 Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt[c] konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. 20 Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” 21 Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.

Moun yo t ap chache Jezi

22 Yon foul moun te rete sou lòtbò lak pou jis demen. Yo te konnen Jezi pa t pati avèk disip li yo nan bato a. Yo te konnen disip yo te pati tou sèl nan bato a. Epi yo te konnen tou se te sèl bato ki te genyen la a. 23 Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi. 24 Moun yo gade yo wè Jezi pa t la. Alò, yo pran bato, yo pati ale Kapènawòm pou chache jwenn kote Jezi ye.

Jezi, pen lavi a

25 Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”

26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”

28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”[d]

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”

34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. 36 Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè,[e] men nou toujou pa kwè mwen. 37 Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. 38 Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. 39 Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. 40 Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”

41 Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” 42 Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”

43 Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” 44 Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. 45 Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.”[f] Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. 46 Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.

47 Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. 48 Mwen se pen ki bay lavi a. 49 Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. 50 Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. 51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, konsa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.

52 Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”

53 Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. 54 Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. 55 Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. 56 Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.

57 Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. 58 Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”

59 Jezi te di tout bagay sa yo pandan l t ap anseye nan sinagòg la, nan lavil Kapènawòm.

Anpil nan disip yo vire do bay Jezi

60 Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”

61 Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? 62 Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? 63 Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. 64 Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) 65 Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”

66 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.

67 Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”

68 Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. 69 Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye mete apa a.”

70 Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri[g] li ye.” 71 Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.

Jezi avèk frè li yo

Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li. Se te moman Jwif yo te pral fete Fèt Tant yo. Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo. Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.” Frè Jezi yo te pale konsa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.

Jezi di yo: “Mwen poko pare pou m al Jerizalèm, lè m poko rive. Men, pou nou menm, nou pa gen okenn lè espesyal, tout lè se menm pou nou. Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon. Alò nou mèt ale. Mwen pa prale kounye a, paske tan pa m nan poko rive.” Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile.

10 Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè. 11 Lidè Jwif yo t ap chache li nan fèt la. Yo t ap di: “Kote nonm nan?”

12 Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.” 13 Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo.

Jezi ap anseye nan Jerizalèm

14 Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye. 15 Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”

16 Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan. 17 Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman. 18 Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji konsa p ap nan manti. 19 Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?”

20 Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.”

21 Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke. 22 Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou saba a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou saba a. 23 Konsa, nou travay nan jou saba a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou saba a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou saba a? 24 Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”

Moun yo ap mande si se Jezi ki Kris la

25 Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a. 26 Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman. 27 Men, lè vrè Mesi va vini, pèsonn p ap konnen kote l soti. Nonm sa a, nou konnen moun ki kote li ye.”

28 Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li. 29 Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”

30 Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive. 31 Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”

Lidè Jwif yo ap chache arete Jezi

32 Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li. 33 Alò Jezi di: “Mwen avèk nou pou yon ti kras tan ankò. Epi m ap retounen jwenn moun ki te voye m nan. 34 Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen. Epi nou p ap kapab vini kote m prale a non plis.”

35 Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?” 36 Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”

Jezi pale osijè Sentespri a

37 Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè! 38 Si yon moun kwè nan mwen, Bib la di sous dlo va koule soti nan kè li.” 39 Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.

Moun ap fè diskisyon sou Jezi

40 Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt[h] la vre.”

41 Te gen lòt moun ki t ap di: “Se li menm ki Kris la.”

Te gen lòt ankò ki t ap di: “Kris la p ap soti nan Galile, pa vre? 42 Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.” 43 Konsa tout moun pa te gen menm opinyon sou Jezi. 44 Kèk nan yo te vle arete Li. Men pèsonn pa t eseye fè sa.

Kèk lidè Jwif derefize kwè

45 Polis tanp lan te retounen ale jwenn chèf prèt ak Farizyen yo. Prèt yo ak Farizyen yo te mande yo: “Pou kisa nou pa mennen Jezi vini?”

46 Polis tanp lan te reponn: “Nou pa janm tande moun pale menm jan ak nonm sa a.”

47 Farizyen yo reponn: “Alò, nonm nan pran tèt nou tou! 48 Nou pa wè youn pami lidè yo, ni pami nou menm Farizyen ki kwè nan Li, pa vre? 49 Sèl moun ki kwè nan li se foul la, ki se yon bann moun modi, paske yo pa konnen anyen nan Lalwa a!”

50 Men, Nikodèm te la nan gwoup sa a. Se li menm ki t ale wè Jezi anvan sa.[i] Li te di: 51 “Èske Lalwa nou an pèmèt nou jije moun anvan nou tande yo, pou nou chache konnen kisa yo fè?” 52 Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt[j] ki soti Galile?”

Yon fanm yo kenbe nan adiltè

53 [k] Apre sa, yo tout pati ale lakay yo.

Jezi li menm te monte sou mòn Oliv la. Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.

Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun. Yo di Jezi konsa: “Mèt, nou kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. Lalwa Moyiz la mande pou nou touye yon moun konsa ak kout wòch, epi ou menm, kisa ou di?”

Yo te pale konsa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li. Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.” Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a.

Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la. 10 Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?”

11 Madam nan reponn: “Non Senyè!”

Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”

Jezi se limyè lemonn

12 Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”

13 Men, Farizyen yo di Jezi konsa: “Apa ou ap fè lwanj pwòp tèt ou, pèsonn pa kapab sèten si temwanyaj ou a se verite a.”

14 Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale. 15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16 Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen. 17 Se pwòp lalwa nou an ki di lè de temwen di menm bagay la, nou dwe aksepte sa yo di a. 18 Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”

19 Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?”

Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.” 20 Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.

Kèk Jwif pa konprann Jezi

21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”

22 Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”

23 Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. 24 Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a,[l] n ap mouri nan peche nou.”

25 Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?”

Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. 26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”

27 Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. 28 Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè[m] sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29 Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30 Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.

Jezi ap pale de libète pou nou pa peche

31 Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, 32 epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”

33 Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”

34 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. 35 Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. 36 Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre. 37 Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. 38 Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”

39 Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”

Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. 40 Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. 41 Nou menm n ap fè travay papa nou.”

Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”

42 Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. 43 Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. 44 Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.

45 Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. 46 Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? 47 Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”

Jezi ak Abraram

48 Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”

49 Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m. 50 Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije. 51 An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”

52 Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri. 53 Èske ou pi gran pase Abraram, zansèt nou? Li menm li mouri, epi pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou kwè ou ye?”

54 Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an. 55 Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye. 56 Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”

57 Lè sa a, Jwif yo di li: “Ou poko menm gen senkant an epi ou di ou te wè Abraram!”

58 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.” 59 Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.

Jezi geri yon nonm ki fèt tou avèg

Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?”

Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.”

Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè.

Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?”

Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.”

Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.”

10 Yo mande li: “Kòman ou fè wè?”

11 Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.”

12 Yo mande: “Kote nonm nan?”

Nonm ki te avèg la reponn: “A, m pa konnen.”

Farizyen yo te gen kèk kesyon

13 Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo. 14 Se te yon jou saba Jezi te fè labou epi li te louvri je nonm nan. 15 Farizyen yo retounen poze nonm nan kesyon ankò sou kijan li fè wè.

Nonm nan di yo konsa: “Li fè labou, li pase sou je m, mwen lave je m epi m wè.”

16 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève saba a.”

Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.

17 Yo retounen poze Nonm ki te avèg la kesyon ankò: “Ki sa ou menm ou di de nonm sa a, kòm se je pa w li louvri?”

Alò, li reponn: “Pou mwen menm, se yon pwofèt li ye.”

18 Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo. 19 Jwif yo mande paran yo: “Èske nonm sa a se pitit nou an nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman li fè wè kounye a?”

20 Alò, paran yo reponn epi yo di: “Wi, nonm sa a se pitit nou an, li te fèt tou avèg. 21 Men nou pa konnen kijan li fè wè jodi a. Nou pa konnen ki moun ki fè l wè nonplis. Mande l, li gran moun, l a reponn.” 22 Paran yo te pale konsa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la. 23 Se poutèt sa paran yo di li gran ase pou l pale poukont li, poze l kesyon.

24 Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a.[n] Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”

25 Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.”

26 Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?”

27 Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?”

28 Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” 29 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti.

30 Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” 31 Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. 32 Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. 33 Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa.

34 Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò.

Avèg espirityèl

35 Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?”

36 Nonm nan reponn: “Ki moun li ye, Mesye, pou m kapab kwè nan li?”

37 Jezi di l konsa: “Ou gentan wè li. Pitit Lòm nan, se li menm menm k ap pale avèk ou la a.”

38 Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l.

39 Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.”

40 Kèk Farizyen te toupre a, lè Jezi te di sa a, epi yo tande. Lè sa a, yo di: “Sa li ye? Èske w vle di nou avèg tou?”

41 Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”

Bèje a ak mouton l yo

10 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.[o] Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.

Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.[p]

Jezi se Bon Bèje a

Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.

11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.

14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[q] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

19 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”

21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”

Lidè pèp Jwif yo kont Jezi

22 Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la[r] nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. 23 Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”

25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. 26 Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. 27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28 Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29 Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.[s] Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. 30 Mwen menm ak Papa a nou se youn.”

31 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32 Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”

33 Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”

34 Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.[t] 35 Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36 Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37 Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”

39 Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.

40 Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42 Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Lanmò Laza

11 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”

Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”

Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”

Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.[u] 10 Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”

11 Lè l fin pale konsa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”

12 Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13 Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.

14 Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15 Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”

16 Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”

Jezi nan zòn Betani

17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18 Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt[v] konsa, 19 Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.

20 Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22 Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”

23 Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”

24 Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”

25 Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26 Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”

Jezi kriye

28 Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30 Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31 Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”

33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34 Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”

Yo di l: “Senyè vin wè.”

35 Jezi te pran kriye.

36 Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”

37 Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”

Jezi resisite Laza

38 Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. 39 Jezi di: “Retire wòch la!”

Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”

40 Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”

41 Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. 42 Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale konsa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” 43 Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.

Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)

45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46 Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”

49 Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”

51 Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52 Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.

53 Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. 54 Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.

55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56 Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” 57 Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)

12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.

Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye,[w] nou ta bay pòv yo kòb sa a? Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou,[x] men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”

Konplo kont Laza

Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. 10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. 11 Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)

12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj[y] pou Letènèl!
Benediksyon pou moun ki vini
    nan non Senyè a,[z] wa Izrayèl la.”

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[aa]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[ab]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Jezi ap pale sou lanmò ak lavi

20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.

23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.

Jezi pale sou lanmò li

27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”

Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”

29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.

30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[ac] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.

34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[ad] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”

35 Jezi di yo: “Limyè[ae] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
    Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[af]

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[ag]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm

44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.

47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

Jezi lave pye disip li yo

13 Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.

Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi. Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye[ah] disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan.

Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!”

Jezi reponn li: “Sa m ap fè la a ou poko ka konprann sa kounye a, ou va konprann sa apre.”

Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!”

Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”

Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”

10 Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.” 11 Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”

12 Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13 N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre. 14 Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt. 15 Paske se yon egzanp mwen ban nou. Sa mwen fè pou nou an se pou nou youn fè l pou lòt. 16 An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.

18 Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.[ai] 19 Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.[aj] 20 An verite, an verite, mwen di nou: moun ki resevwa moun mwen voye, se mwen li resevwa, men moun ki resevwa m, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li

(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)

21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”

22 Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a. 23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi. 24 Simon Pyè fè disip sa a yon siy pou l mande Jezi pou kilès nan yo l ap pale.

25 Disip la panche bò zòrèy Jezi, li di l: “Senyè, se kilès?”

26 Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an. 27 Apre moso pen sa a, satan antre nan Jida. Lè sa a, Jezi di l: “Sa ou ap fè a fè l vit.” 28 Pèsonn sou tab la pa t konprann pou kisa li te di Jida sa. 29 Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.

30 Jida limenm, li fin pran moso pen tranpe a, li leve soti lamenm, li te lannuit fènwa.

Jezi pale sou lanmò li

31 Lè Jida soti, Jezi di konsa: “Kounye a yo pral glorifye Pitit Lòm nan, li menm li glorifye Bondye nan lavi l. 32 Poutèt Pitit la te glorifye Bondye Papa a nan lavi l, talè konsa, Papa a pral glorifye Pitit la nan li menm.

33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.

34 M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an. 35 Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”

Jezi di Pyè gen pou renye l

(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:31-34)

36 Simon Pyè mande Jezi: “Senyè, kote w prale?”

Jezi reponn li: “Kote m prale a ou pa kab swiv mwen kounye a, men ou va swiv mwen pita.”

37 Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”

38 Jezi reponn li: “Ou ap bay lavi w pou mwen? An verite, an verite, m ap di w: anvan kòk chante, ou ap gen tan fè sèman di ou pa konnen m.”

Jezi ankouraje disip li yo

14 “Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. Epi, nou konnen chemen kote m prale a.”

Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?”

Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”

Filip di l konsa: “Senyè, fè nou wè Papa a epi n ap satisfè.”

Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? 10 Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo. 11 Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.

12 An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a, 13 epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la. 14 Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.

Jezi pwomèt Sentespri a va vini

15 Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. 16 Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè[ak] ki va la avèk nou pou tout tant. 17 Se li menm ki Lespri verite a.[al] Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.

18 Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. 19 Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20 Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21 Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”

22 Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?”

23 Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li. 24 Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.

25 Mwen di nou bagay sa yo pandan m ap viv kote nou an. 26 Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.

27 M ap kite nou ak lapè mwen,[am] m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz. 28 Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m. 29 Mwen di nou sa depi kounye a anvan sa rive, pou lè sa rive pou nou kapab kwè.

30 Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn[an] lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31 Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”

Jezi se menm jan ak yon pye rezen

15 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se konsa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.

Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. Lè nou donnen anpil, se konsa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.

Menm jan Papa a renmen m, konsa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou. 10 Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li. 11 Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale. 12 Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou. 13 Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. 14 Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè. 15 Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.

16 Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l. 17 Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International