Bible in 90 Days
17 Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. 18 Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. 19 Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. 20 Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”
21 Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. 22 Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”
23 Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. 24 Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. 25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:
26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
yo ta wè ak je yo,
yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
mwen ta geri yo.[a]
28 Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” 29 [b]
30 Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.
1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri,[c] k ap salye nou.
Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a. 2 Bondye te pwomèt Bòn Nouvèl sa a nan Pawòl li byen lontan deja pa mwayen pwofèt li yo. 3 Bòn Nouvèl la konsène Jezikri, Pitit Bondye a, ki soti nan ras David epi ki te pran fòm yon moun. 4 Men lè Sentespri a[d] resisite Jezikri, Senyè nou an, se yon fason pou l deklare li se Pitit Bondye avèk puisans, pou l gouvène ak tout otorite.
5 Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikri. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris. 6 Nou menm tou, nou se moun Bondye chwazi pou Jezikri.
7 Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li.
Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.
Yon priyè pou di Bondye Mèsi
8 Premye bagay m ta renmen di se remèsye Bondye pou nou tout, pa mwayen Jezikri. M di Bondye mèsi paske moun tout kote sou latè ap di kijan nou se moun ki gen anpil lafwa. 9 M toujou sonje nou chak fwa m ap priye. Bondye konnen sa m di a se verite a. Se li menm m ap sèvi ak tout kè m lè m ap preche tout moun Bòn Nouvèl ki konsènen Pitit li a. 10 M toujou mande Bondye, nan priyè m, pou l louvri yon pòt pou pèmèt mwen rive al lakay nou. 11 Mwen anvi wè nou toutbon pou m ka ban nou kèk don espirityèl ki ka fè lafwa nou vin pi fò. 12 Sa m vle di nou, se ede m vle pou n ede youn lòt nan lafwa. Lafwa pa nou ap ede m, lafwa pa m ap ede nou.
13 Frè ak sè m yo, mwen fè n konnen mwen te fè plan plizyè fwa pou m ale lakay nou, men yon bagay toujou pase pou chanje plan m yo. Mwen ta renmen wè lakay nou menm bon rezilta mwen te genyen nan mitan moun lòt nasyon ki pa Jwif yo.
14 Mwen dwe sèvi tout moun, kit se moun sivilize, kit se moun ki pa sivilize, kit se moun enstwi, kit se moun ki pa enstwi. 15 Se poutèt sa, mwen si tèlman vle pote Bòn Nouvèl la ban nou, nou menm k ap viv nan lavil Wòm.
16 Pou mwen, pa gen wont[e] nan prezante Bòn Nouvèl la. Paske se puisans Bondye li ye, pou sove nenpòt moun ki kwè: pou sove Jwif yo an premye, epi kounye a pou sove sa yo ki pa Jwif tou. 17 Wi, Bòn Nouvèl la montre kijan Bondye bon epi li fidèl jan li fè sa l te pwomèt l ap fè. Li montre kijan fidelite[f] yon moun kapab kondui anpil moun rive nan lafwa. Jan Ekriti Sent yo di a, “Moun Bondye aksepte a poutèt lafwa[g] li, l ap viv.”[h]
Tout moun fè sa k mal
18 Nou wè tou, kijan Bondye montre kòlè li kont tout move zak moun ap komèt devan l. Yo pa gen okenn respè pou Bondye, y ap komèt move zak youn kont lòt. Mechanste lavi yo anpeche moun konnen verite a sou Bondye. 19 Bondye an kòlè kont yo, paske yo te dwe gen plis konesans, pa vre? Yo konnen tout sa moun ka konnen sou Bondye. Wi, paske Bondye, li menm, li montre yo tout sa aklè.
20 Gen bagay Bondye genyen moun pa ka wè: egzanp puisans san limit li ak sa ki fè Bondye se Bondye toutbon vre. Tout bagay sa yo, moun ka konprann yo byen fasil nan sa Bondye fè, depi nan kreyasyon an. Bondye fè yo parèt byen klè nan sa l fè. Se poutèt sa, pa gen eskiz pou pèsòn.
21 Paske, menm lè yo te konnen Bondye, yo pa t ni adore l jan yo te dwe adore l ni di l mèsi kòm sa dwa. Okontrè, panse yo te vin menm jan ak panse moun fou epi lespri yo te egare nèt plonje nan fènwa. 22 Menm lè yo te pran pòz yo saj, se fou yo te fou. 23 Olye yo adore Bondye k ap viv pou tout tan an, yo te brade li ak adorasyon yo bay zidòl yo, bagay yo fè ki sanble ak moun ki ka tonbe malad epi ki ka mouri. Yo te fè yo pou yo ka sanble ak zwazo, zannimo ak bèt ki mache trennen sou vant.
24 Poutèt sa, Bondye livre yo pou yo fè sa lide yo di yo. Sa lakòz yo dezonore pwòp tèt yo nan komèt move zak. 25 Yo vann verite a sou Bondye nan bay manti. Yo adore epi yo sèvi bagay Bondye kreye, olye yo adore Kreyatè a, Bondye beni an ki merite adorasyon pou tout tan. Amèn.
26 Poutèt yo pa adore Bondye, Bondye livre yo pou yo swiv dezi kè yo, bagay k ap fè yo wont. Olye fi swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak gason, yo prefere kouche ak fi parèy yo. 27 Olye gason swiv prensip natirèl Bondye mete pou yo kouche ak fi, yo prefere gen anvi pou gason parèy yo. Moun sa yo ap fè tout voksal sa yo youn ak lòt nan gen rapò ak gason parèy yo. Sa fè wont! Poutèt sa, yo jwenn sa yo merite, paske yo pran distans yo ak verite a.
28 Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29 Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30 Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo, 31 yo pa gen bon konprann, yo pa kenbe pwomès yo, yo pa montre okenn jantiyès, yo san pitye pou lòt moun. 32 Yo byen konnen Lalwa Bondye a di moun k ap viv konsa dwe mouri. Men, non sèlman yo kontinye ap aji konsa, yo aplodi moun k ap fè menm bagay sa yo tou.
Ou pa kapab jije lòt moun yo
2 Se poutèt sa, ou pa gen okenn eskiz, ou menm k ap jije lòt moun yo. Paske, lè w ap jije lòt moun yo, ou pwononse pwòp jijman w, poutèt pandan w ap jije a menm, w ap fè menm bagay ak yo. 2 Ou di, “Nou konnen Bondye jije tout bagay sa yo epi jijman Bondye a jis.” 3 Men, poutèt ou fè menm bagay ak moun ou kondane yo, ou konnen Bondye p ap manke pini w tou. Kòman ou ta panse pou w ta chape anba jijman Bondye? 4 Ou ta dwe konprann Bondye bon epi li pasyan avèk ou anpil, l ap tann ki lè pou w chanje. Poutan, ou pa menm reflechi sou kijan pasyans li anpil. Epi ou pa rann ou kont si Bondye bon konsa anvè w, se pouse l ap pouse w pou w deside chanje lavi w.
5 Men ou derefize Konprann, ou pa vle chanje. Konsa, w ap prepare pwòp kondanasyon w. W ap jwenn kondanasyon w nan jou Bondye va montre kolè li a. Lè sa a, tout moun va wè Bondye gen rezon nan jijman li. 6 “Bondye ap rekonpanse oubyen pini chak moun selon sa l te fè.”[i] 7 Gen moun ki kontinye fè sa ki byen, y ap chache laglwa ak lonè ki soti nan Bondye ak yon lavi san fen. Moun sa yo, Bondye va ba yo lavi etènèl. 8 Men gen lòt moun ki egoyis, yo refize swiv verite a. Yo deside mache nan lenjistis. Bondye ap pini yo lè li an kolè. 9 Bondye ap lage tout moun k ap fè sa ki mal yo nan tèt chaje ak nan soufrans. Sa pral rive moun ki Jwif yo anvan, answit moun ki pa Jwif yo. 10 Men tout moun ki fè sa ki byen, Bondye ap ba yo laglwa, lonè ak lapè, pou Jwif an premye ak pou moun ki pa Jwif yo tou. 11 Bondye jije chak moun menm jan, paske Bondye pa nan patipri.
12 Moun ki konnen Lalwa Moyiz la ak sa yo ki pa menm tande pale de Lalwa, tout se menm bagay lè yo peche. Moun ki pa konnen Lalwa ap peri san Lalwa, sa yo ki konnen Lalwa ap jije epi y ap peri dapre Lalwa. 13 Tande lekti Lalwa moyiz la pa fè moun jis devan Bondye. Moun ki jis devan Bondye, se moun ki fè sa Lalwa mande.
14 Lè moun ki pa Jwif yo,[j] moun ki pa grandi ak Lalwa Moyiz la, fè sa Lalwa mande, yo se egzanp Lalwa, menm si yo pa genyen yon lwa ki ekri. 15 Yo montre yo konnen nan kè yo sa ki bon ak sa ki mal, jan Lalwa mande sa, epi konsyans yo dakò ak sa. Men kèk fwa konsyans yo akize yo epi kèk fwa konsyans yo defann yo.
16 Se konsa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikri.
Jwif yo ak Lalwa
17 Ou di ou se Jwif. Ou mete konfyans ou nan Lalwa epi, ak tout fyète w, ou di w pwòch Bondye. 18 Ou konnen sa Bondye vle w fè. Epi w konnen sa ki enpòtan, paske w aprann sa nan Lalwa. 19 Ou panse w se yon gid pou moun ki pa wè bon chemen an, yon limyè pou sa yo ki nan fènwa. 20 Ou panse w ka montre inyoran yo sa ki dwat. Epi w panse ou se pwofesè moun ki fenk ap aprann. Ou genyen Lalwa, epi poutèt sa, ou panse w konnen tout bagay epi ou genyen tout verite a. 21 Ou anseye lòt yo, men pou kisa w pa anseye pwòp tèt pa w? Ou di yo pou yo pa vòlè, men ou menm w ap vòlè. 22 Ou di yo pou yo pa fè adiltè, men ou menm ou fè menm peche sa a. Ou rayi zidòl, epi w ap vòlè zidòl nan tanp zidòl yo. 23 Ou byen fyè paske w genyen Lalwa Bondye a, poutan ou fè Bondye wont nan vyole Lalwa. 24 Jan Pawòl Bondye a di l la, “Moun lòt nasyon yo ap joure Bondye poutèt ou menm.”[k]
25 Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi. 26 Moun ki pa Jwif yo pa sikonsi. Men si yo fè sa Lalwa mande, se kòm si yo te sikonsi. 27 Yon moun ki pa sikonsi nan kò l epi ki fè sa Lalwa mande, l ap jije w, ou menm ki gen liv Lalwa yo ak sikonsizyon an, epi k ap dezobeyi Lalwa.
28 Si ou Jwif sèlman nan kò fizik ou, ou pa Jwif vre. Yon sikonsizyon toutbon vre, li pa nan kò a sèlman. 29 Yon Jwif toutbon vre, se yon moun ki Jwif anndan l. Yon bon sikonsizyon, se anndan kè yon moun li ye. Se Sentespri a ki fè l, se pa yon Lwa ekri ki fè sa. Epi nenpòt moun Sentespri a sikonsi nan kè l, li resevwa lwanj ki soti nan Bondye.
3 Alòs, Ki sa yon Jwif genyen anplis yon lòt moun? Ki sa sikonsizyon an itil yo? 2 Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo. 3 Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? 4 Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:
“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
Epi si yo ta akize w,
w ap genyen pwosè a.”[l]
5 Men kijan kèk moun panse: Lè nou fè sa ki mal, sa montre aklè kijan Bondye jis. Konsa, èske n ka di Bondye pa fè byen lè l pini nou? 6 “Pa ditou. Si Bondye pa fè sa ki byen, kijan l ta ka jije lemonn?”
7 Yon moun ta ka di: “Lè m bay manti, sa bay Bondye glwa vrèman, paske manti m nan fè verite a Bondye a parèt yon jan fasil. Lè sa a, poukisa Bondye jije m kòm pechè?” 8 Epi, poukisa n pa di: “Ann fè sa ki mal pou sa ki byen ka rive?” Anpil moun ap pale nou mal, y ap di se sa n ap anseye. Moun sa yo antò, yo ta byen merite kondane pou sa.
9 Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.
Tout moun koupab
10 Jan Pawòl Bondye di sa a:
“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
pa menm yon sèl.
11 Pa gen yon moun ki konprann,
pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12 Yo tout vire do kite l,
yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
pa menm yon sèl.”[m]
13 “Bouch yo se yon kavo tou louvri.
Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”[n]
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”[o]
14 “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”[p]
15 “Yo toujou prèt pou touye moun.
16 Tout kote yo pase,
yo simen la twoublay ak destriksyon.
17 Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”[q]
18 “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”[r]
19 Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.
Kòman Bondye fè moun vin jis
21 Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22 Fidelite Jezikris[s] fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. 23 Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. 24 Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. 25-26 Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.
27 Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30 Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif[t] ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif[u] yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. 31 Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.
Èske Abraram ban nou yon rezon pou nou fyè?
4 Kounye a, kisa nou kapab di sou Abraram,[v] zansèt nou, ki leson l te aprann, limenm? 2 Si Bondye te deklare Abraram jis sou baz sa l te fè, li ta gen rezon fè lwanj pou pwòp tèt li! Men li pa ka vante tèt li devan Bondye. 3 Sa parèt aklè nan sa Bib la di: “Abraram te kwè nan Bondye, poutèt l te kwè, Bondye aksepte l kòm si l te fè sa ki dwat.”[w]
4 Lè yon moun travay, lajan yo peye l se pa yon kado. Li resevwa lajan an pou travay li te fè. 5 Men si, olye pou w travay, ou mete lafwa w nan Bondye, li wè lafwa w epi li konsidere w kòm yon moun ki pa anba kondanasyon peche l. Bondye fè sa menm pou moun ki dezonore l. 6 David di menm bagay la, lè l ekri sou benediksyon yon moun jwenn lè Bondye aksepte l kòm moun ki jis, san l pa gade sou sa moun nan te fè.
7 “Se yon gwo benediksyon
lè yon moun jwenn padon pou fot li te komèt,
lè peche l yo te jwenn padon!
8 Se yon gwo benediksyon
lè Senyè a retire peche yon moun
nan lis kote yo te ekri!”[x]
9 Èske benediksyon sa a se sèlman pou moun ki sikonsi? Oubyen èske l pou moun ki pa sikonsi tou? Nou te gentan di sa deja, se poutèt lafwa Abraram Bondye te aksepte l pou yon moun ki jis devan l. 10 Ki lè sa te pase? Èske Bondye te aksepte Abraram anvan oubyen apre l te fin sikonsi? Bondye te aksepte l anvan l te sikonsi. 11 Abraram te vin sikonsi nan apre, pou montre Bondye te aksepte l. Sikonsizyon li se te yon prèv li te yon moun ki jis devan Bondye poutèt lafwa li, anvan l te sikonsi. Konsa, Abraram se papa tout moun ki kwè epi ki pa sikonsi. Yo kwè epi Bondye aksepte yo kòm moun ki jis devan li. 12 Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Men se pa sikonsizyon yo a sèlman ki fè l papa yo. Li se papa yo si yo imite lafwa l te genyen anvan l te sikonsi a.
Resevwa pwomès Bondye pa lafwa
13 Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. 14 Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. 15 Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa.
16 Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se konsa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. 17 Se konsa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[y] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.
18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”[z] 19 Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. 20 Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. 21 Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. 22 Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” 23 Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” 24 Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. 25 Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.
Bondye renmen nou anvan menm nou fè lapè avè l
5 Nou se moun Bondye deklare jis devan li, poutèt lafwa nou.[aa] Konsa, nou tout[ab] fè lapè ak Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. 2 Se li menm ki louvri pòt lagras Bondye n ap jwi kounye a, poutèt konfyans nou mete nan li. Se sa k fè nou kontan anpil, paske n ap tann, yon jou, pou n patisipe nan laglwa Bondye. 3 Anplis, nou kontan anpil, menm nan soufrans yo. Paske n konnen soufrans bay pasyans. 4 Pasyans se prèv nou se moun ki fò. Prèv sa a ban nou espwa. 5 Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.
6 Tout sa se laverite, paske Kris te mouri pou nou, lè nou pa t ka fè anyen pou pwòp tèt nou. Nou t ap viv tankou moun ki pa gen okenn respè pou Bondye, men Kris te mouri pou nou, lè jou a te rive pou sa te fèt. 7 Pa gen anpil moun k ap aksepte mouri pou sove lavi yon lòt moun, menm si se ta yon bon moun. Yon moun ta kapab dakò mouri sitou pou yon moun ki bon. 8 Men Kris te mouri pou nou, lè nou te kontinye ap fè sa ki mal. Se konsa Bondye montre nou kijan li gen anpil lanmou pou nou.
9 Kounye a, sakrifis Kris la fè nou tounen moun ki jis. Konsa, nou sèten n ap sove anba kolè Bondye pa mwayen Kris la. 10 Men sa m vle di, poutèt lè nou te lènmi Bondye, li menm li te rekonsilye nou avè l pa mwayen lanmò Pitit li a, se yon rezon anplis pou nou gen garanti l ap sove nou pa mwayen lavi Pitit li a tou. 11 Se pa sèlman “yon jou n ap sove”, men depi kounye a nou santi nou rejwi poutèt sa Bondye gentan fè pou nou pa mwayen Jezikri, Senyè nou an. Se Jezi ki fè nou kapab vin zanmi Bondye kounye a.
Adan ak Kris
12 Peche te antre nan lemonn poutèt sa yon nonm te fè. Epi, poutèt peche, lanmò vini. Se poutèt sa, tout moun dwe mouri, paske tout moun fè peche. 13 Peche te gentan la anvan Lalwa Moyiz la. Men Bondye pa t pran nòt pou peche yo lè pa t ko gen lalwa. 14 Men depi sou tan Adan, rive sou tan Moyiz, lanmò ap renye sou tout moun. Adan te mouri paske l te peche lè l pa t obeyi lòd Bondye te pase l. Konsa, menm moun ki pa t fè menm kalite peche ak Adan, yo te gen pou yo mouri tou. Adan sanble ak Kris la ki te gen pou vini apre sa.
15 Men, kado Bondye bay la pa menm jan ak peche Adan an. Anpil moun mouri poutèt peche yon sèl moun, ki se Adan. Men gras Bondye bay la, li pi enpòtan anpil. Gras sa a, Bondye bay li pa mwayen yon sèl moun, Jezikri. Li bay anpil moun li san mezire. 16 Apre Adan te fin peche, li te koupab epi kondane amò. Men gras Bondye a pa menm jan. Poutèt kado Bondye bay la, anpil moun tounen moun ki dwat devan Bondye, malgre yo fè anpil peche. 17 Yon sèl moun peche, epi lanmò vin gen pouvwa sou tout moun, poutèt yon sèl moun. Men kounye a, gen anpil moun ki resevwa gras Bondye a, kado Bondye fè pou l fè moun vin jis la. Moun sa yo gen pou yo viv pou yo ka renye sou lanmò pa mwayen Jezikri.
18 Kidonk, peche yon sèl moun lakòz tout moun kondane. Se menm jan an tou, yon sèl bon bagay Kris fè a, sa fè yo tout vin jis devan Bondye. Se sa ki fè yo tout vin jis devan Bondye epi yo resevwa lavi toutbon an. 19 Yon moun te dezobeyi Bondye, sa fè anpil moun vin peche. Men se menm jan an tou, yon moun obeyi Bondye epi anpil moun ap vin jis devan Bondye. 20 Lalwa te vini, li lakòz vin gen plis fason pou moun peche toujou. Men kote peche yo vin pi plis, gras Bondye monte pi plis toujou. 21 Peche sèvi ak lanmò pou l renye sou nou. Men kounye a, gras Bondye gen pouvwa sou peche ak lanmò poutèt jistis Bondye. Epi se sa ki ban nou lavi etènèl pa mwayen Jezikri, Senyè nou an.
Mouri kanta peche, men vivan pou Bondye
6 Kounye a, kisa pou n di? Èske n ka kontinye ap peche pou fè gras Bondye vin pi plis? 2 Se pa sa ditou! Pou sa k gen pou wè ak peche, nou se moun mouri. Kòman pou n ta fè kontinye ap viv nan peche ankò? 3 Èske nou pa sonje lè nou te batize nan Kris la, se nan lanmò li nou te batize? 4 Konsa, lè nou te batize a, nou te antere ak Kris epi se kòm si nou te mouri avè l. Epi, menm jan Kris te resisite a, gras ak mèvèy pouvwa Papa a, menm jan an tou, nou ka viv yon lavi tou nèf.
5 Kounye a, nou vin fè youn ak li pa mwayen lanmò li. Konsa tou, n ap fè youn ak li nan rezireksyon li. 6 Nou konnen ansyen moun nan te mouri nan nou menm sou lakwa avèk Kris. Se konsa lavi esklav nou te genyen an te detwi nèt, poutèt pou n pa esklav peche ankò. 7 Paske, lè yon moun mouri, li soti anba kontwòl peche.
8 Men si nou mouri avèk Kris, nou kwè n ap viv avèk li tou. 9 Nou konnen Kris resisite, li pa ka mouri ankò. Lanmò pa gen pouvwa sou li ankò. 10 Wi, lè l te mouri, li te mouri yon sèl fwa pou l te kraze puisans peche, epi sa valab pou tout tan. Kounye a se pou Bondye l ap viv. 11 Se menm jan an pou nou menm tou, se pou n gade tèt nou kòm moun ki mouri kanta pouvwa peche epi k ap viv kounye a kanta pouvwa Bondye nan Jezikri.
12 Kò sa a, kote n ap viv la, se yon kò ki pral mouri. Pa kite peche kontwole l pou fè n fè sa peche vle. 13 Nou pa dwe livre okenn pati nan kò nou bay peche pou l sèvi kòm yon enstriman pou fè sa ki mal. Okontrè, an n bay Bondye tèt nou tankou moun ki te mouri, epi k ap viv kounye a. An n ofri tout pati nan kò nou bay Bondye pou yo sèvi nan fè sa ki byen. 14 Peche p ap chèf nou ankò, paske nou pa anba Lalwa. N ap viv kounye a anba gras Bondye.
Esklav sa ki dwat
15 Kounye a, kisa n ta dwe fè? Èske nou ta mèt peche paske nou anba gras Bondye, nou pa anba Lalwa? Paditou! 16 Nou sipoze konnen lè yon moun lage kò l bay yon bagay pou l fè tout sa l vle avè l, li vin esklav bagay sa a. Nenpòt bagay oubyen nenpòt moun w ap swiv, se mèt ou li ye. Ou ka swiv peche, oubyen Bondye. Swiv peche mennen nan lanmò espirityèl, men lè w ap obeyi Bondye, ou vin jis devan li. 17 Nan tan pase, nou te esklav peche, peche te pran kontwòl lavi nou. Men, grenmesi Bondye, nou te obeyi tout ansèyman nou te resevwa yo. 18 Nou te libere soti anba peche. Kounye a, nou se esklav bagay ki byen. 19 M pran egzanp sa a nan lavi chak jou, paske nou bezwen èd pou n konprann bagay espirityèl yo. Nan tan pase, nou te lage kèk pati nan kò nou pou yo te tounen esklav imoralite ak move panse ki pouse moun tonbe nan peche. Sa te lakòz nou t ap viv nan dezobeyisans kont Bondye. Menm jan an tou, nou dwe livre tèt nou kòm esklav pou fè sa ki byen. Rezilta sa va bay se yon lavi ki sen.
20 Nan tan pase, nou te esklav peche, nou pa t menm panse fè sa ki byen. 21 Nou t ap fè sa ki mal, bagay ki fè nou wont jodi a. Kisa nou jwenn nan bagay sa yo? Anyen, yo sèlman pote lanmò. 22 Men kounye a, nou delivre anba peche. Nou vin tounen esklav Bondye. Epi aksyon nou yo se bagay moun k ap viv pou Bondye sèlman. Rezilta sa pote se lavi etènèl. 23 Lè yon moun peche, peche peye l yon salè, se lanmò. Men Bondye bay moun pa li yo yon kado, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.
Yon egzanp nou jwenn nan maryaj
7 Frè m ak sè m yo, m sèten nou konnen, Lalwa gen pouvwa sou yon moun toutotan moun nan vivan. 2 Se menm bagay la pou yon fi ki marye: Fi a dwe rete marye ak mari l toutotan l vivan. Men si mari a mouri, fi a libere anba lalwa sou maryaj la. 3 Si l al marye ak yon lòt gason pandan mari l toujou vivan, li komèt adiltè. Men si mari l mouri, li pa anba lalwa maryaj la ankò. Li pa komèt adiltè si l marye ak yon lòt gason.
4 Frè m ak sè m yo, se menm bagay pou nou tou. Nou se moun mouri, pou sa ki konsène Lalwa, pa mwayen kò Kris la, pou n ka tounen yon lòt moun. An reyalite, kounye a, nou se moun Jezikri ki te resisite a, se sa k fè nou ka dekouvri sa ki fè Bondye plezi. 5 Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò. 6 Kounye a, nou libere anba Lalwa, paske nou mouri pa rapò ak sa ki te kenbe nou prizonye a. Kounye a, nou kapab sèvi Bondye yon lòt fason, anba kontwòl Sentespri a, nou ka sèvi l yon fason ki pa menm ak jan nou te konn fè l lontan an, ak anpil lwa ki ekri.
Kòman peche sèvi ak lalwa
7 Ki sa nou ta panse m vle di? Lalwa ak peche se menm bagay? Se pa sa ditou! Men se Lalwa ki fè m konnen sa peche ye. M pa t ap janm konnen li pa bon pou m pote lanvi sou sa k pa pou mwen. Men Lalwa di: “Ou pa dwe pote lanvi sou zafè lòt moun.”[ac] 8 Peche pwofite okazyon an pou l sèvi ak kòmannman an pou fè m gen tout kalite vye lanvi. Peche pa egziste, si pa gen lalwa. 9 Anvan Lalwa te egziste, mwen te vivan. Men, lè kòmannman an vini, se peche ki vin vivan. 10 Konsa, mwen menm, mwen mouri. Kòmannman an, se pou m te ka viv, men pou mwen, se lanmò li pote. 11 Peche a pwofite okazyon an, li sèvi ak kòmannman an pou l twonpe m epi pou l fè m fè eksperyans lanmò.
12 Alò, Lalwa se yon bagay ki sen. Kòmannman an, li sen epi li bon. 13 Èske sa ta vle di yon bagay ki bon se lanmò li ta pote pou mwen? Pa ditou! Men peche sèvi ak yon bon kòmannman pou fè m mouri. Sa fè n konprann kijan peche se yon bagay ki tèrib toutbon. Li ka sèvi ak yon bon kòmannman pou bay yon rezilta ki montre kijan peche se yon move bagay.
Lavi sou Lalwa
14 Nou konnen Lalwa se yon bagay espirityèl. Men tout moun ki anba Lalwa ta dwe di: mwen fèb nan vi espirityèl mwen. Peche dirije m tankou esklav li. 15 Paske, mwen pa fè sa m vle fè yo, se sa m rayi m ap fè. M pa konprann pou kisa m aji jan m aji a. 16 Si se sa m pa vle fè, m ap fè, sa vle di m dakò pou m di Lalwa se yon bon bagay. 17 Kounye a, se pa mwen ki fè sa m ap fè a, men se peche ki rete nan mwen an ki fè sa. 18 Wi, m konnen pa gen anyen ki bon nan mwen, m vle di nan feblès lachè mwen. Pou mwen menm, m vle fè sa ki byen, men m pa rive fè l. 19 M pa fè sa ki byen mwen vle fè a, sa ki mal m pa vle fè a, se li mwen fè. 20 Konsa, si m fè sa m pa vle fè, se pa mwen ki fè sa m fè a. Se peche ki abite nan mwen ki fè sa.
21 Men sa m aprann konsènan Lalwa: Lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal la ki parèt. 22 M dakò ak Lalwa Bondye a nan lespri m. 23 Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li. 24 Ala tèt chaje, ala mizè pou mwen! Ki lès ki pou sove m anba kò lanmò sa a? 25 (Remèsiman pou Bondye pa mwayen Jezikri, Senyè nou an!) Konsa, nan lespri m, mwen esklav Lalwa Bondye, men nan feblès lachè mwen, mwen esklav lalwa peche a.
Lavi nan Sentespri a
8 Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikri yo. 2 Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[ad] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikri. 3 Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. 4 Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.
5 Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. 6 Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. 7 Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. 8 Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.
9 Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.
12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[ae] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikri. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
N ap gen laglwa yon jou
18 Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19 Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo[af] toutbon. 20 Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive konsa avèk espwa sa: 21 kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.
22 Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. 23 Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. 24 Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. 25 Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
26 Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27 Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.
28 Nou konnen Bondye[ag] ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa. 29 Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikri, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè. 30 Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.
Bondye renmen nou nan Jezikris
31 Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? 32 Menm pwòp pitit li Jezikri Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikri, pitit li a. 33 Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34 Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikri te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36 Jan Bib la di l,
“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”[ah]
37 Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. 38-39 Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Bondye ak pèp Jwif la
9 Mwen se moun Jezikri, epi m ap di nou verite a. Epi Sentespri a k ap dirije konsyans mwen dakò sa m ap di a se verite a: 2 Mwen gen gwo lapenn nan kè m epi m toujou santi anpil tristès 3 pou pwòp pèp mwen an. Yo se frè m ak sè m, nou soti nan menm ras fanmi. Mwen swete m te ka ede yo. M ta menm aksepte separe ak Kris la, si sa te ka ede yo jwenn chemen delivrans lan. 4 Yo se moun pèp Izrayèl, pitit Bondye adopte. Bondye ba yo laglwa li ak tout Alyans Bondye fè ant li menm ak yo menm. Bondye ba yo Lalwa Moyiz la, li ba yo Tanp lan pou adore li epi li ba yo pwomès li yo. 5 Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi[ai] a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.
6 Sa pa vle di Bondye pa kenbe pwomès li te fè pèp Jwif la. Men, sa vle di, se kèk moun nan pèp Izrayèl la sèlman ki fè pati pèp Bondye a vre. 7 Epi se kèk nan pitit Abraram yo sèlman ki desandan Abraram toutbon. Se sa Bondye te di Abraram: “Moun ki desandan w toutbon yo se moun ki soti nan Izarak yo.”[aj] 8 Sa vle di: se pa tout pitit natirèl Abraram yo ki pitit Bondye, men se pitit Abraram ki fèt dapre pwomès Bondye te fè a nou ka konsidere kòm desandan Abraram. 9 Men ki pwomès Bondye te fè: “Lane pwochèn, nan menm epòk sa a, m ap retounen epi Sara ap gen yon pitit gason.”[ak]
10 Men se pa sa sèlman. Genyen Rebeka tou. Li te ansent epi li fè de jimo, de pitit pou yon sèl papa, Izarak, zansèt nou. 11-12 Anvan menm de pitit sa yo te fèt, lè yo pa t ko fè ni sa k byen ni sa k mal, Bondye te di Rebeka: “Pi gran an ap sèvitè pi piti a.”[al] Sa fèt konsa, paske plan Bondye, chwa Bondye pa chita sou sa yon moun fè, men li chita sou Bondye li menm. 13 Jan Bib la di sa: “M renmen Jakòb, men m rayi Ezayi.”[am]
14 Kisa pou n ta di sou sa? “Èske sa vle di Bondye ta enjis?” Non, se pa sa ditou! 15 Bondye te di Moyiz: “M ap fè moun mwen vle gras. M ap gen pitye pou moun mwen chwazi gen pitye.”[an] 16 Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle. 17 Nan Bib la, Bondye di Farawon konsa: “M te chwazi fè w vin wa poutèt pou m ka montre puisans mwen nan relasyon m avèk ou, epi pou yo ka konnen ki moun mwen ye toupatou sou latè.”[ao] 18 Konsa, Bondye fè moun li vle gras, epi li fèmen kè moun li vle.
19 Kounye a, youn nan nou ta ka mande: “Enben, pou kisa Bondye ap blame nou pou zafè peche ankò? Paske, ki moun ki ka kenbe tèt ak Bondye?” 20 Men, kisa w ye ou menm pou w ap kenbe tèt ak Bondye? Èske yon asyèt an ajil ka mande moun ki fè l la: “Pou kisa ou fè m konsa?” 21 Èske moun ki fè po flè a pa ka fè sa l vle ak tè ajil la? Èske l pa ka fè yon bèl asyèt an ajil ak menm tè sa pou okazyon espesyal, epi yon lòt asyèt òdinè?
22 Se menm jan an pou Bondye tou. Li te vle montre kòlè li epi li fè moun wè puisans li. Men l sipòte moun li te fache kont yo ak anpil pasyans, moun ki tou pare pou yo peri. 23 Li t ap tann ak pasyans pou l te fè pèp li chwazi a konnen grandè laglwa li, pou yo resevwa gras li. Bondye te deja prepare yo pou yo patisipe nan glwa li. 24 Se nou menm Bondye rele soti nan mitan Jwif yo, anplis li mande nou soti nan mitan moun ki pa Jwif yo tou. 25 Se sa Bondye deklare pa mwayen pwofèt Oze:
“Pèp ki pa t pèp mwen an,
m ap rele l pèp mwen.
Epi nasyon m pa t renmen an,
m ap rele l nasyon byenneme m nan.”[ap]
26 Epi,
“Menm kote yo te di yo:
Ou pa pèp mwen!
Menm kote sa a,
yo va rele yo pitit Bondye vivan an.”[aq]
27 Pwofèt Ezayi rele byen fò pou l pale de pèp Izrayèl la konsa:
“Menm lè moun Izrayèl yo ta anpil,
menm jan ak sab ki bò lanmè
se kèk nan yo k ap sove sèlman.
28 Paske Senyè a ap fè sa l te di l ap fè sou latè a,
nan yon ti tan tou kout.”[ar]
29 Ezayi te gentan di tou:
“Senyè toupisan an
te kite kèk moun vivan.
Si l pa t fè sa konsa,
kounye a, nou t ap menm jan ak Sodòm,
nou t ap menm jan ak lavil Gomò a.”[as]
30 “Ki sa pou nou konprann nan sa? Èske Bondye deklare moun ki pa Jwif yo jis menm si yo pa t ap fè efò pou sa?”
Wi. Yo benefisye jistis Bondye ki soti nan fidelite Jezikri. 31 Poutan, Izrayèl menm ki t ap swiv yon lwa pou yo ka vin jis devan Bondye, yo pa reyisi vin jis pou Bondye. 32 Sa k fè sa? Paske Izrayèl pa t chache vin jis pa mwayen lafwa, men pa mwayen zèv yo fè. Yo bite sou wòch ki fè moun tonbe a. 33 Se sa Bondye di nan Pawòl li:
“Men m mete yon wòch nan Siyon ki fè moun fè bitay.
Se yon karyann k ap fè moun tonbe.
Men, nenpòt moun ki fè l konfyans
p ap wont.”[at]
10 Frè m ak sè m yo, sa m ta renmen wè, bi priyè m pou pèp Izrayèl la, se pou yo tout ta rive sove. 2 Men temwanyaj mwen bay pou yo: yo vrèman fè anpil efò pou ta fè sa Bondye vle, men yo pa konprann plan li. 3 Yo pa konprann kisa Bondye fè pou l ka sove nou. Epi y ap eseye nan fason pa yo pou yo parèt jis devan Bondye. Konsa, yo derefize aksepte fason Bondye vle sove moun. 4 Lalwa rive nan bout li ak Kris la ki akonpli tout sa Lalwa te vle. Kounye a, Bondye aksepte tout moun ki kwè nan Kris la.
5 Paske, sou lajistis Lalwa bay la, men sa Moyiz ekri: “Moun ki fè sa Lalwa mande, y ap jwenn lavi ladan l.”[au] 6 Men sa Pawòl Bondye di sou fason yon moun vin jis devan Bondye pa mwayen fidelite Jezi: “Pa mande tèt ou: Ki moun k ap monte nan syèl?” (Se ta pou l fè Kris desann sou latè.) 7 “Epi, pa di: Ki lès ki pral desann nan pwofondè latè?” (Se ta pou n di “Ki moun ki pral fè Kris leve soti nan lanmò?”)
8 Men sa Bib la di: “Mesaj la tou pre w, li nan bouch ou epi li nan kè w.”[av] Se mesaj sa a Bondye voye, mesaj lafwa n ap preche a. 9 Si ou temwanye ak bouch ou Jezi se Senyè, epi si w kwè nan kè w vrèman vre Bondye te resisite l, w ap sove. 10 Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.
11 Wi, Pawòl Bondye di: “Nenpòt moun ki kwè nan li p ap janm wont.”[aw] 12 Konsa, pa gen okenn diferans ant moun ki Jwif ak moun ki pa Jwif, paske yo tout gen menm Senyè ki pare pou beni tout moun ki rele l. 13 Men sa Bib la di, “Nenpòt moun ki rele nan non Senyè a[ax] ap sove.”[ay]
14 Men kijan pou yo envoke l si yo pa kwè nan li? Kòman pou yo rive kwè nan li san yo pa tande l? Kòman pou yo rive tande, si pa gen moun k ap preche? 15 Kòman pou fè gen moun k ap preche, si pèsòn pa voye yo? Dapre sa Pawòl Bondye di: “Ala bèl sa bèl, lè w wè moun k ap pote Levanjil la ap rive!”[az]
16 Men, se pa yo tout ki obeyi sa Levanjil la di. Se poutèt sa Ezayi te di: “Senyè, ki moun ki kwè nan mesaj nou?”[ba] 17 Konsa, lafwa vini lè nou tande Bòn Nouvèl la, epi nou tande Bòn Nouvèl la lè yon moun pale nou de Kris la.
18 Men mwen di, “moun Izrayèl yo pa vrèman tande sa, pa vre?” Men wi, yo tande l. Ou konnen sa pòsyon Pawòl Bondye sa a di:
“Yo tande vwa a gaye toupatou sou latè,
mesaje yo rive tout kote nan lemonn.”[bb]
19 Men m ap poze tèt mwen kesyon ankò, “moun pèp Izrayèl la pa t konprann sa, pa vre?” Wi, repons lan nan sa Bondye te gentan di anvan pa mwayen Moyiz:
“M ap sèvi ak moun ki pa yon vrè nasyon
pou m fè nou vin jalou.
M ap sèvi ak moun ki pa gen bon konprann
pou m fè nou fache.”[bc]
20 Epi Ezayi pran kouraj li ak de men pou l di:
“Moun ki jwenn mwen,
yo pa t menm ap chache m.
M fè menm moun ki pa t ap mande
pou mwen konnen m.”[bd]
21 Men, sou Izrayèl, Bondye di:
“Tout lasent jounen, m ap lonje men m bay pèp la,
men yo dezobeyisan epi yo rebèl.”[be]
11 “Sa fè m ap mande, èske Bondye voye pèp li a jete?” Se pa sa ditou! Egzanp lavi pa m pwouve sa. An reyalite mwen menm, m se moun pèp Izrayèl la. M soti nan ras Abraram, m soti nan fanmi Benjamen. 2 Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: 3 “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”[bf] 4 Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”[bg]
5 Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. 6 Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.
7 Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. 8 Se sa Bib la di:
“Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.”[bh]
“Bondye bouche je yo pou yo pa wè,
epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande.
Sa kontinye jouk kounye a.”[bi]
9 David deklare li menm tou:
“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
pou yo jwenn pinisyon yo merite.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè,
se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”[bj]
11 Konsa, m ap mande, lè pèp Bondye a pa koute l, èske sa detwi yo nèt? Se pa sa ditou! Men, bitay Jwif yo fè a fè moun ki pa Jwif yo jwenn delivrans Bondye bay la, poutèt pou Jwif yo ta vin jalou. 12 Fot Jwif yo fè a pote anpil benediksyon pou lemonn, pou moun ki pa Jwif yo. Konsa nou ka imajine ki pi gran benediksyon sa va ye pou lemonn, lè ta gen ase Jwif ki ta vin tounen kalite moun Bondye vle yo ye!
13 M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans. 14 M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove. 15 Si moun ki pa Jwif rive rekonsilye ak Bondye paske Bondye te mete pèp Jwif la sou kote, ki gwo bagay sa va ye lè Bondye va aksepte Jwif yo? Sa va sanble ak moun ki te mouri epi ki leve soti vivan nan lanmò? 16 Dayè, si premye moso nan pat nou ofri bay Bondye a kòm premye pati nan rekòt la se yon bagay ki sen, alò tout rès pat la vin sen tou. Epi, si rasin yon pye bwa sen, branch yo sen tou.
17 Si kèk nan branch yo te koupe yo, epi si ou menm ki te yon pye olivye sovaj, yo te grefe w nan plas yo, si ou jwenn nan nouriti pye olivye a pran nan rasin li yo, 18 pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje. 19 Kounye a ou va di: Yo te koupe kèk branch jete, se pou mwen menm, m te ka grefe nan plas yo. 20 Se vre, yo te koupe yo, paske yo pa t gen lafwa, epi ou menm, ou rete kole nan pye bwa a, paske w gen lafwa. Pa lwanje tèt ou, ou ta dwe pè pou w pa fè menm jan ak yo pito. 21 Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè.
22 Alò, gade: Bondye bon, men an menm tan li sevè. Li sevè ak moun ki tonbe yo, li bon pou ou menm, si ou kontinye kwè nan bonte li. Sinon, y ap debranche w menm jan ak yon branch bwa. 23 Men si yon jou, Jwif yo dakò pou yo kwè, y ap grefe yo ankò kote yo te ye anvan an. Paske Bondye gen pouvwa pou l refè sa ankò. 24 Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a.
25 Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye. 26 Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la:
“Sovè a ap soti nan Siyon;
L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo.
27 Se konsa m va fè alyans ak yo
lè m va retire peche yo.”[bk]
28 Pou kounye a, gen Jwif ki refize aksepte Levanjil. Lè yo fè sa, yo tou rejte Bondye. An reyalite yo fè tèt yo lènmi Bondye. Sa rive konsa poutèt ou menm ki pa Jwif. Men yo toujou rete pèp Bondye chwazi a, epi Bondye renmen yo, poutèt pwomès li te fè zansèt yo. 29 Panse Bondye pa janm chanje konsènan pèp li te chwazi a. Li pa t janm deside retire benediksyon li te ba yo. 30 Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye. 31 Epi kounye a, se yo ki refize obeyi, paske Bondye fè w gras. Men sa pase konsa pou yo ka jwenn gras Bondye yo menm tou. 32 Tout moun refize obeyi Bondye. Konsa, li fèmen yo tout ansanm nan prizon dezobeyisans. Men li fè sa pou l ka montre yo tout kijan li konn fè moun gras.
Lwanj pou Bondye
33 Wi, ala gran richès Bondye yo gran! Sajès li ak konesans li san limit! Pèsòn pa ka eksplike desizyon Bondye yo. Pèsòn pa ka konprann sa l ap fè. 34 Jan Bib la di sa:
“Ki moun ki ka konnen sa k nan panse Senyè a?
Ki moun ki ka ba l konsèy?”[bl]
35 “Ki moun ki te janm fè Bondye yon kado?
Bondye pa dwe pèsòn anyen.”[bm]
36 Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.
Bay Bondye lavi w
12 Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se konsa vrèman vre nou ta dwe adore l. 2 Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.
3 Poutèt Bondye fè m yon gras espesyal pou m di nou tout: Pa bay tèt nou plis enpòtans pase sa n genyen. Nou dwe wè tèt nou jan nou ye a, dapre kantite lafwa Bondye ban nou chak. 4 Paske, menm jan nou chak gen yon sèl kò ak anpil manm, epi tout manm yo pa gen menm wòl pou yo jwe, 5 se konsa tou, nou anpil epi nou fòme yon sèl kò nan Kris, epi nou se manm youn lòt.
6 Men, don nou genyen yo diferan. Yo soti nan gras Bondye. Si yon moun gen don pwofesi, se pou l sèvi avè l selon lafwa li. 7 Si yon moun gen don pou rann sèvis, se pou l rann sèvis. Moun ki gen don pou l anseye, se pou l anseye. 8 Moun ki gen don egzòte moun, se pou l fè sa. Gen moun ki gen don pou bay, se pou l fè l ak jenewozite. Moun ki gen don pou dirije, se pou l fè sa ak dilijans. Moun ki gen don pou l montre favè yo anvè malere yo, se pou yo fè sa ak kè kontan.
9 Lanmou nou gen youn pou lòt pa dwe gen ipokrizi ladan l. Se pou n rayi sa ki mal. Epi rete atache ak sa ki byen. 10 Se pou nou youn renmen lòt paske nou se manm yon menm fanmi. Se pou nou toujou premye nan chache onore youn lòt. 11 Se pou n gen devouman nan lespri nou, nou pa dwe parese. Se pou n toujou chofe pou sèvis Senyè a. 12 Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè. 13 Se pou n pran swen moun Bondye yo ki nan bezwen. Se pou n toujou pare pou n resevwa moun ki rive lakay nou.
14 Mande Bondye pou l beni moun k ap pèsekite w yo. Mande Bondye beni yo, pa mande l modi yo. 15 Se pou n kontan avèk moun ki kontan yo, pataje tristès sa yo ki nan lapenn. 16 Viv nan inite youn ak lòt pandan n ap chache viv nan lapè. Pa tonbe nan foli grandè, men se pou w dakò fè zanmi ak moun ki san enpòtans nan je lòt moun. Pa pran tèt ou pou moun ki saj.
17 Si yon moun fè w mal, pa chache remèt li sa l fè w la. Se pou n fè sa tout moun kwè ki bon. 18 Fè sa w kapab pou w viv nan lapè ak tout moun toutotan sa posib. 19 An n pa chache fè tèt nou jistis, byenneme. An n tann kòlè Bondye pito, paske Pawòl Bondye di: “Vanjans se pou mwen, se mwen k ap pini chak moun pou sa l fè.”[bn] 20 Men,
“si lènmi w yo grangou,
ba yo manje.
Si yo swaf,
ba yo bwè.
Lè w fè sa, se yon pil chabon dife tou limen
w ap sanble sou tèt yo.”[bo]
21 Pa kite sa ki mal ranpòte laviktwa sou ou, fè sa ki byen pou w ka ranpòte laviktwa sou sa ki mal.
Obeyisans anvè otorite yo
13 Nou dwe obeyi tout otorite ki plase sou tèt nou. Paske se Bondye ki mete tout otorite. Otorite ki la yo, se Bondye ki plase yo. 2 Konsa, si yon moun ap lite kont yon otorite, se kont volonte Bondye li pran pozisyon. Si yon moun ap lite kont otorite yo, se jijman l ap rele sou pwòp tèt li. 3 Yon moun ki fè sa ki byen, li pa bezwen pè otorite yo, men si nou fè sa ki mal, se pou n pè yo. Ou pa vle pè otorite yo? Enben, fè sa ki byen, epi otorite yo va felisite w.
4 Otorite yo, se sèvis Bondye y ap fè pou ede nou. Men si ou fè sa ki mal, ou gen rezon pè yo, paske se pa pou anyen otorite yo gen pouvwa pou pini moun. Otorite yo se sèvitè Bondye plase pou pini moun k ap fè sa ki mal. 5 Poutèt sa, se pou n soumèt nou anba otorite yo. Se pa pou yo pa pini nou sèlman, men se paske nou konnen se sa ki dwat pou nou fè.
6 Se poutèt sa nou peye taks yo. Moun k ap dirije yo dwe gen yon salè pou tout responsabilite sa yo yo genyen. Se pou Bondye y ap travay. 7 Bay chak moun sa w dwe l. Nenpòt kalite taks ou dwe peye, peye l; si se obeyisans ou dwe, se pou w obeyi; si se respè, ou dwe aji ak respè; si ou dwe onore yon moun, onore l.
Renmen pwochen w, se sa ki lalwa
8 Nou pa dwe gen dèt anvè pèsòn, sèl dèt pou nou genyen se pou nou youn renmen lòt. Yon moun ki renmen pwochen l, li fè tout sa Lalwa mande. 9 Lalwa di: “Pa komèt adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa pote lanvi sou bagay moun.”[bp] Kòmannman sa yo ak tout lòt yo, yo anndan yon sèl: “Renmen pwochen[bq] w menm jan w renmen pwòp tèt ou!”[br] 10 Moun ki renmen pwochen li, pa fè pwochen yo mal. Alò, renmen se sa ki Lalwa.
11 Nou konnen nan ki tan n ap viv kounye a: Se lè pou n pa dòmi! Jou delivrans nou an pi pre kounye a pase lè nou te fenk kwè. 12 Nuit lan prèske fini. Li prèske jou. Alò, nou dwe sispann fè zèv yo fè nan fènwa yo. Nou dwe prepare nou pou n konbat sa ki mal ak zam limyè yo. 13 Nou dwe viv yon fason ki konvenab, sa vle di jan moun k ap viv nan limyè viv, san fè eksè nan manje, nan bwason. Nou pa dwe tonbe nan dezòd seksyèl oubyen nan poze aksyon ki fè moun wont. Nou pa dwe nan joure ni nan fè jalouzi. 14 Men, se pou n abiye nou ak Jezikri, Senyè nou an. Epi, pa chache reflechi sou kijan pou n satisfè dezi feblès lachè nou.
Pa kritike frè w
14 Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. 2 Yon moun kwè li ka manje tout bagay,[bs] yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. 3 Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l. 4 Ou menm k ap kritike sèvitè yon lòt moun, kilès ou ye? Kit sèvitè sa a rete kanpe, kit li tonbe, se bagay ki gade mèt li. L ap rete kanpe, paske Senyè a gen pouvwa pou fè l kanpe.
5 Yon moun ka panse gen jou ki pi enpòtan pase lòt, yon lòt panse tout jou se menm. Chak moun dwe byen sèten sou sa l kwè nan pwòp lespri li. 6 Yon moun ki fè diferans nan jou yo, se pou Senyè a li fè sa. Yon moun ki manje tout kalite manje, se pou Senyè a li fè l, paske li di Bondye mèsi. Moun ki pa manje tout bagay la, se pou Senyè a li fè sa, epi li menm tou, li di Bondye mèsi.
7 Pa gen pèsòn ki viv oubyen ki mouri pou tèt li ase. 8 Si n ap viv, se pou Senyè a n ap viv. Epi si nou mouri, se pou Senyè a n ap mouri. Kit n ap viv, kit nou mouri, se pwopriyete Senyè a nou ye. 9 Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.
10 Alò, pou kisa w ap kritike yon frè w oubyen yon sè w? Epi pou kisa w ap meprize yo? Paske nou tout gen pou n parèt devan tribinal Kris la. 11 Paske Bib la di:
“Senyè a di, poutèt mwen vivan toutbon,
tout moun va mete ajenou devan m;
tout moun va di se Bondye mwen ye.”[bt]
12 Konsa, nou tout gen pou n rann kont devan Bondye pou sa nou fè.
Pa lakoz moun fè peche
13 Se pou nou tout sispann kritike youn lòt. Men sa pou n fè pito: Pa mete anyen devan frè nou ou byen devan sè nou pou fè pye l glise oubyen pou pouse l fè sa ki mal. 14 M konnen epi m sèten, nan Jezi Senyè a, pa gen manje ki pa pwòp pou manje. Men si yon moun panse yon bagay pa bon, li vin pa bon pou li.
15 Si w deside manje yon manje ki fè frè w oubyen sè w mal ou p ap viv selon lanmou. Pa detwi lafwa yon moun poutèt yon manje! Kris te mouri poutèt moun sa a. 16 Pa kite sa w panse ki bon pou ou tounen yon rezon pou fè moun kritike w. 17 Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a. 18 Moun k ap sèvi Kris nan fason sa a, l ap fè Bondye plezi epi tout moun ap respekte l.
19 An n travay ansanm pou ka gen lapè nan mitan youn lòt, epi an n poze aksyon ki ka fè nou grandi pou n vin pi solid nan lafwa nou. 20 An n pa kite yon manje detwi travay Bondye. Tout manje bon devan Bondye, men li pa bon pou yon moun manje yon bagay ki fè yon lòt moun peche. 21 Sa ki byen, se pou n pa ta manje vyann, pa bwè diven, pa sèvi ak anyen ki ka fè frè ak sè nou yo peche.
22 Egzamine konviksyon w yo nan kè w sou bagay sa yo devan Bondye. Se yon benediksyon pou moun ki ka fè sa l kwè ki dwat, san l pa santi l koupab. 23 Men, si yon moun gen dout sou sa l ap manje, li tou kondane, paske li pa aji selon lafwa li. Paske tout sa yon moun fè ki pa soti nan yon konviksyon lafwa bay, se yon peche.
Copyright © 2017 by Bible League International