Bible in 90 Days
Bòn nouvèl konsènan Jezikris la
15 Kounye a frè m ak sè m yo, mwen vle fè nou sonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an. Nou te resevwa li. Epi li sèvi fondasyon pou lavi nou. 2 Se ak bòn nouvèl sa a Bondye te sèvi pou sove nou. Se pou nou kontinye kwè nan mesaj sa a. Si se pa sa, lafwa nou pa vo anyen.
3 Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la. 4 Yo te antere l epi li resisite sou twazyèm jou a jan Bib la di l la. 5 Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo. 6 Apre sa, li te parèt an menm tan devan plis pase 500 frè ak sè an Kris. Menmsi kèk ladan yo gen tan mouri, men anpil ladan yo vivan toujou. 7 Nan pi ta apre sa, li te parèt devan Jak ansanm ak tout lòt apot yo. 8 Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè.
9 Se mwen menm ki pi pa enpòtan nan tout apot yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m yon apot paske mwen te pèsekite Legliz Bondye a. 10 Mwen sa m ye jodi a, paske Bondye fè m gras. E gras la pa pèdi, paske mwen travay pi plis pase tout lòt apot yo. (Anreyalite, se pa mwen menm ki travay, se gras Bondye nan mwen k ap fè travay la.) 11 Antouka, kit se mwen ki te anonse nou mesaj bòn nouvèl la, kit se lòt apot yo, se menm mesaj la nou tout ap preche epi se ladan l, ou menm, ou te kwè.
Rezirèksyon mò yo se yon sètitid
12 Men mesaj nou preche tout moun: Kris leve soti vivan anba lanmò. Kounye a, poukisa gen kèk moun pami nou ki di pa gen rezirèksyon pou mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, donk Kris pa t janm resisite. 14 E si Kris pa resisite, mesaj nou preche a pa vo anyen. Lafwa ou pa vo anyen nonplis. 15 Nan ka sa a, nou t ap tounen fo temwen paske nou t ap bay manti sou Bondye. Nou di tout moun Bondye resisite Kris la. Men si okenn mò p ap resisite, donk Bondye pa t janm resisite Kris la. 16 Si moun mouri pa resisite, alò Kris la pa t resisite. 17 Si Kris la pa t resisite, lafwa nou pa ta itil anyen. Nou ta toujou esklav peche nou yo. 18 Sila yo ki kwè nan Kris epi ki gen tan mouri, yo ta pèdi ajamè. 19 Si se sèlman pou lavi sou tè sa a nou met espwa nou nan Kris, nou se moun ki pi mizerab sou latè.
20 Men, reyalite a se paske Kris la te resisite. Li se premye pami tout sa ki pou resisite. 21 Lanmò vin sou moun poutèt sa yon nonm te fè. Kounye a rezirèksyon vini gras a yon lòt nonm. 22 Wi, poutèt Adan tout moun jwenn lanmò. Menm jan an tou gras a Kris la tout moun gen pou resisite. 23 Men rezirèksyon an ap fèt nan yon lòd byen presi: Kris la an premye. Apre sa, sila yo ki se moun Kris la lè Kris retounen. 24 Apre sa, lafen pral rive, lè Kris la va remèt wayòm nan bay Bondye Papa a, apre l va fin detwi tout chèf, tout otorite, ak tout pouvwa.
25 Kris dwe renye jouktan li mete tout lènmi l yo anba pye l.[a] 26 Lanmò se dènye lènmi ki gen pou detwi. 27 Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.”[b] Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la. 28 Lè Kris la fin pran kontwòl tout bagay, Pitit la li menm ap anba kontwòl sila a ki te mete tout bagay anba kontwòl li a. Lè sa a Bondye ap sèl chèf sou tout bagay.
29 Si moun ki mouri p ap resisite, kisa moun k ap batize pou mò yo kwè y ap fè? Si moun ki mouri p ap resisite a ki fen moun k ap batize pou mò yo fè sa y ap fè a?
30 E nou menm apot, pouki n ap met tèt nou an danje san rete? 31 Se chak jou mwen wè lanmò anfas. Mwen pa gen dout sou sa frè m ak sè m yo, menm jan mwen pa gen dout sou jan m fyè de nou poutèt sa nou ye nan Jezikris. 32 Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”[c]
33 Pa twonpe tèt ou: “Move zanmi ap detwi bon abitid ou.” 34 Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!
Ak ki kalite kò n ap resisite?
35 Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?” 36 Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen. 37 Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn. 38 Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li. 39 Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo. 40 Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo. 41 Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt.
42 Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. 43 Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. 44 Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl konsa tou gen kò espirityèl.
45 Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun[d] ki te resevwa lavi.”[e] Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. 46 Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. 47 Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan[f] an soti nan syèl. 48 Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. 49 Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.
50 M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri. 51 M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje. 52 Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme. 53 Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. 54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:
56 Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa. 57 Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.
58 Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.
Ofrann pou legliz Jide yo
16 Kounye a, konsènan ofrann n ap ramase pou pèp Bondye a, m ap mande nou pou nou fè menm jan m mande legliz Galasi yo fè. 2 Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l konsa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini. 3 Lè m vini, m ap voye don nou yo Jerizalèm. Se nou menm k ap chwazi moun ki pou pote l. M ap ba yo lèt rekòmandasyon. 4 Epi si se nesesè pou m ale tou, n a vwayaje ansanm.
Pòl ap fè kèk plan
5 Mwen fè plan pou m pase Masedwàn anvan m vini lakay nou. 6 Mwen ka byen rete pou yon ti tan. Li menm posib mwen ka menm pase tout livè avèk nou. Apre sa nou va ban m mwayen pou m kontinye wout mwen, nenpòt kote m prale. 7 Mwen pa vle annik fè yon ti pase lakay nou epi pou m al lòt kote. Mwen ta vle fè plis tan avèk nou si Senyè a vle. 8 Men, pou kounye a, mwen ap rete Efèz jiska fèt Pannkot la, 9 paske Bondye ouvri devan m kèk pòt opòtinite pou yon ministè ki gran epi efikas. An menm tan tou gen anpil opozisyon.
10 Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a. 11 Mwen pa vle tande okenn moun ta refize ede l. Okontrè ba li tout mwayen ki nesesè pou l ka tounen vin jwenn mwen anpè. M ap tann li ansanm ak lòt frè yo.
12 Kanta Apolòs, frè nou an, malgre tout ankourajman mwen eseye ba li pou l ta vizite nou ansanm ak lòt frè yo, li prefere pa fè l pou kounye a. L ap tann yon lòt opòtinite.
Pòl ap fè konklizyon lèt la
13 Kenbe je nou louvri! Kenbe fèm nan lafwa nou! Se pou ou aji ak kouraj! Fòtifye w! 14 Se pou lanmou anvayi tout sa n ap fè.
15 Nou konnen Estefanas ak fanmi li pami premye moun ki te aksepte Kris nan pwovens Akayi. Yo konsakre lavi yo pou yo sèvi pèp Bondye a. Konsa, sa m ap mande nou, frè m ak sè m yo, 16 swiv direktiv moun konsa, ansanm ak tout lòt moun ki pa fatige pou travay avèk yo.
17 Mwen kontan pou m wè Estefanas, Fortinatis, ak Akayikis. Se vre nou pa la nan prezans mwen, men yo reprezante nou valableman. 18 Yo se gwo sous ankourajman ni pou nou ni pou mwen. Nou dwe montre apresyasyon pou kalite moun konsa.
19 Legliz ki nan pwovens Lazi yo voye salitasyon pou nou. Akilas ak Prisil salye nou nan non Senyè a. Legliz ki reyini lakay yo a voye salitasyon pa yo tou. 20 Tout frè ak sè yo voye salitasyon. Se pou nou salye youn lòt ak bèl akolad.[i]
21 Salitasyon sa a, se mwen menm Paul, ki ekri l ak pwòp men mwen.
22 Nenpòt moun ki pa renmen Senyè a, se yon moun ki modi nèt.
Senyè, ou mèt vini![j]
23 Gras Senyè Jezi nou an avè w!
24 Mwen renmen nou tout nan Jezikris.
1 Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris[k] paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.
2 Se pou gras ak lapè Bondye Papa nou, ansanm ak Senyè Jezikris, rete avèk nou!
Pòl ap di Bondye mèsi
3 Mwen beni non Bondye, Papa Senyè nou Jezikris! Li se yon papa ki plen konpasyon ak konsolasyon. 4 Li toujou konsole nou chak fwa soufrans vin sou wout nou. Konsa, lè lòt moun ap soufri, nou konsole yo ak menm konsolasyon nou resevwa nan men Bondye a. 5 Menm jan nou sibi soufrans pou Kris, se menm jan an tou nou resevwa konsolasyon pa mwayen Kris. 6 Si nou soufri, se pou ou ka jwenn konsolasyon ak delivrans. Si nou jwenn konsolasyon, se pou ou menm ka jwenn konsolasyon tou. Anplis, sa dwe ede nou pou n ka kenbe fèm nan mitan soufrans nou yo. 7 Nou gen anpil konfyans. Nou konnen ou patisipe nan soufrans nou. Konsa tou, nou konnen ou ap patisipe nan konsolasyon nou tou.
8 Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò. 9 Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri. 10 Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman. 11 Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.
Plan Pòl chanje
12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.[l] 13 Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann. 14 Nou konnen ou konprann anpil bagay deja, men nou vle pou w santi w fyè poutèt nou, menm jan nou gen pou n fyè pou ou nan jou retou Senyè nou an, Jezikris.
15 Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon. 16 Mwen te fè plan vizite nou pandan m sou wout pou m al Masedwàn ak lè m tounen sot Masedwàn. Mwen te vle chache èd nan men nou pou vwayaj nan Jide a. 17 Èske nou panse mwen te fè plan sa yo menm jan ak lemonn? Oubyen, èske nou panse mwen fè yon plan mètdam, m ap di wi epi non an menm tan?
18 Si nou kwè Bondye fidèl, nou mèt kwè pawòl mwen di nou pa ka wi ak non an menm tan. 19 Mwen menm, Silas ak Timote, nou te pale w de Jezikris, pitit Bondye a. Ebyen, Jezi pa t nan balanse ant wi ak non an menm tan. Jezi te toujou wi. 20 Jezi se wi Bondye, paske se pa mwayen li menm tout pwomès Bondye yo akonpli. Se sa k fè se pa mwayen Jezi nou di “Amèn” ak tout sa ki bay Bondye glwa. 21 Se Bondye li menm ki ba nou fòs nan Jezikris. Se li menm tou ki mete nou apa pou n fè travay li. 22 Li mete sa l sou nou pou di nou se moun pa l. Li mete Sentespri li nan kè nou tankou yon avalwa sou tout sa l gen pou ban nou.
23 Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou. 24 Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.
2 Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou. 2 Si m fè nou tris, ki lès k ap fè kè m kontan? Èske se pa menm nou menm mwen fè tris la? 3 Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou. 4 Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.
Pòl mande padone yon moun ki te aji mal
5 Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) 6 Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi. 7 Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone. 8 M ap egzòte nou pou nou manifeste lanmou anvè li. 9 Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay. 10 Depi nou padone yon moun, mwen menm tou mwen padone l. Epi si te gen yon bagay pou m padone, mwen padone l poutèt nou, nan prezans Kris la. 11 Mwen fè l konsa pou Satan pa jwenn okenn avantaj sou nou. Nou konnen byen ki plan li genyen.
Bondye ap ban nou viktwa sou pwoblèm yo
12 Lè m rive Twoas pou m preche Bòn Nouvèl Kris la, Bondye te ban m yon bon opòtinite, se vre, 13 men m pa t ka rete, paske mwen te gen twòp sousi lè m pa t wè frè mwen, Tit. Mwen te di moun yo orevwa epi m pati pou Masedwàn.
14 Men nou di Bondye mèsi, li menm ki toujou ban nou vikwa pa mwayen Jezikris. Bondye sèvi ak nou pou gaye nouvèl Kris la kèlkeswa kote nou pase, tankou yon pafen santi bon. 15 Wi, nou se pafen santi bon Kris la, kit pou moun ki sou wout delivrans lan kit pou moun ki sou wout pèdisyon an. 16 Pou sa yo ki sou wout pèdisyon, pafen an gen odè lanmò. Epi li pote lanmò pou yo. Men pou sa yo ki sou wout delivrans lan, pafen an gen odè lavi. Epi li pote lavi. Kilès ki diy ase pou fè travay sa a? 17 Gen yon bagay ki sèten, nou pa fè pati moun k ap vann pawòl Bondye a pou fè pwofi. Avèk èd Kris la, nou prezante mesaj la avèk senserite, paske nou konnen nou gen pou n rann li kont.
N ap sèvi Bondye anba yon nouvo kontra
3 Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou? 2 Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. 3 Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[m] men li ekri nan kè moun.
4 Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la. 5 Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè. 6 Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.
Nouvo kontra gen plis glwa
7 Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje. 8 Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a. 9 Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou. 10 Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen. 11 Si kontra ki te la pou yon ti tan an te gen glwa konsa, kontra ki la pou tout tan an gen plis glwa toujou.
12 Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans. 13 Nou pa fè tankou Moyiz ki te oblije mete yon vwal sou vizaj li pou Izrayelit yo pa t ka wè lè glwa ki sou vizaj li a t ap disparèt. 14 Entèlijans moun yo te vwale tou. Dayè jouk jodi a, lè Izrayelit yo ap li sa ki te ekri nan ansyen pwomès la,[n] vwal la toujou rete. Vwal la soti sèlman pou moun ki fè youn ak Kris la. 15 Wi, jis jodi a, lè Izrayelit yo ap li lalwa Moyiz la, gen yon vwal ki kouvri entèlijans yo. 16 Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. 17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.
Trezò espirityèl nan po an ajil
4 Bondye, nan bonte l, konfye nou travay sa a pou nou fè. Se poutèt sa, nou p ap abandone l. 2 Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye. 3 Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. 4 Chèf[o] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. 5 Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. 6 Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[p] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.
7 Bondye konfye nou trezò sa a, men nou se sèlman po ki fèt an ajil ki kenbe trezò sa a. Konsa, li klè, puisans nou genyen pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti. 8 Pwoblèm anviwonnen nou toupatou, yo pa kraze nou. Anpil fwa nou pa konn kisa pou nou fè, nou p ap bay legen. 9 Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri. 12 Konsa, lanmò ap fè travay li nan nou, men lavi ap fè travay li nan ou.
13 Bib la di: “Mwen kwè, se sa k fè m pale.”[q] Se konsa lafwa nou ye tou. Nou kwè, se sa k fè nou pale. 14 Bondye resisite Jezi Senyè a, epi nou konnen li gen pou l resisite nou tou ansanm avèk Jezi. Bondye gen pou l mete ou menm ak nou ansanm pou nou ka parèt ansanm nan prezans li. 15 Se nan pwòp enterè w tout bagay rive. Se sa ki fè benediksyon Bondye ap kontinye vide sou plis moun toujou. Konsa, remèsiman yo ap miltipliye epi Bondye ap jwenn plis glwa.
N ap viv pa lafwa
16 Non, nou p ap bay legen. Se vre kò fizik nou ap desann, men lespri ki ladann ap vin pi nèf chak jou. 17 Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi. 18 Konsa nou pa konsantre panse nou sou sa n wè, men nou konsantre panse nou pito sou sa nou paka wè. Sa nou wè jodi a la pou yon tan. Sa nou pa ka wè a, li la pou letènite.
5 Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan. 2 Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la. 3 Nouvo kò a ap tankou yon rad nèf nou mete sou nou. Konsa nou p ap toutouni. 4 Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi. 5 Se Bondye li menm ki prepare tout sa pou nou. Li ban nou Sentespri a se tankou yon avalwa sou sa nou gen pou resevwa pita.
6 Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a. 7 Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè. 8 Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a. 9 Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li. 10 Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.
Nou se anbasadè Bondye
11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. 13 Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. 14 Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.
16 Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se konsa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse konsa ankò. 17 Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo! 18 Tout sa soti nan Bondye: Li rekonsilye nou ak li menm pa mwayen Kris la. Li ba nou travay pou fè lòt moun vin rekonsilye avè l. 19 Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an. 20 Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò. 21 Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.
6 Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye. 2 Bondye di:
“Nan pi bon moman an, mwen te tande w
nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.”[r]
Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.
3 Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch. 4 Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite. 5 Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou. 6 Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik, 7 nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.
8 Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a. 9 Yo trete nou kòm enkoni, poutan yo byen konnen nou. Yo trete nou tankou moun ki prèske mouri poutan nou byen vivan. Yo pini nou men yo pa touye nou. 10 Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.
11 Zanmi m yo nan Korent, nou pale ak senserite. Nou louvri kè nou ba ou. 12 Wi, plas ou toujou nan kè nou. Se ou menm ki sanble ou pa gen plas nan kè w pou nou. 13 M ap pale ak nou tankou papa ak pitit. Fè menm jan ak nou, louvri kè w byen laj ba nou!
Nou se Tanp Bondye vivan an
14 Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. 15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[s] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[t] vivan an. Se Bondye menm ki di l:
“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
epi se yo menm k ap pèp mwen.”[u]
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
epi m ap aksepte ou.”[v]
18 “M va yon papa pou ou
ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen,
se sa Senyè ki toupisan an di.”[w]
7 Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.
Pòl ap eksprime jwa li
2 Tanpri, ouvri kè w ba nou. Nou pa fè okenn moun enjistis, ni nou pa chache kòwonpi okenn moun. Nou pa chache pran avantaj sou okenn moun. 3 Mwen pa vle nou pran sa m di tankou se yon blam. Mwen di nou sa deja: mwen renmen nou tèlman, mwen prèt pou m mouri pou nou oubyen pou viv pou nou. 4 Mwen santi m kapab fè n gen anpil konfyans. Mwen fyè de nou. Malgre tout pwoblèm mwen rankontre avèk nou, mwen santi m kontan anpil epi mwen jwenn anpil ankourajman.
5 Lè nou te rive Masedwàn, nou te san repo. Pwoblèm te sènen nou toupatou. Sou deyò nou te fè fas ak gwo batay. Anndan, te gen anpil krentif nan kè nou. 6 Men Bondye ki konn ankouraje moun ki nan lafliksyon te ankouraje nou lè Tit te rive bò kote nou. 7 Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.
8 Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan. 9 Men kounye a mwen kontan, pa paske nou te tris men paske tristès la fè nou repanti. Kalite tristès sa a fè Bondye plezi. Konsa ou pa ka di nou te fè ou ditò. 10 Tristès ki fè Bondye plezi pote chanjman nan kè. Se kalite tristès sa a ki pèmèt moun sove. Donk, nou pa bezwen gen regrè pou kalite tristès sa a. Men, kalite tristès lemonn bay la, se lanmò li gen pou rezilta. 11 Tristès ou te genyen an, se kalite ki fè Bondye plezi a. Annik gade rezilta yo! Nou vin gen bòn dispozisyon. Nou vle defann inosans nou. Nou montre endinyasyon nou! Nou pè fè sa ki mal. Nou anvi wè m. Nou pa kache sousi nou. Nou montre anpil volonte pou nou pini koupab la. Nou bay prèv nou pa t koupab nan pwoblèm ki te poze a. 12 Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou. 13 Se sa k fè reyaksyon ou lan pote ankourajman pou nou konsa.
Anplis de ankourajman an, nou kontan anpil pou nou wè jan Tit kontan nan fason nou te akeyi l epi fè l santi l alèz. 14 Mwen te di Tit janm fyè de nou, epi nou pa fè anyen pou ta fè m wont. Nou toujou di w verite a, epi sa nou te di Tit de ou menm nan te pwove se te verite a. 15 Tit vin renmen nou pi plis toujou lè l sonje kijan nou te prèt pou obeyi ak kijan nou te resevwa l avèk respè ak imilite. 16 Mwen santi m tèlman kontan paske m ka fè nou konfyans nètale.
Pòl ap ankouraje moun yo pou yo bay
8 Kounye a, frè m ak sè m yo, mwen ta renmen fè nou konnen kisa gras Bondye fè nan legliz Masedwàn yo. 2 Kretyen sa yo pase anba anpil afliksyon, epi yo pa moun ki gen lajan. Men yo gen yon jwa k ap debòde ki lakòz yo laj nan jan yo bay. 3 Mwen temwen, kretyen sa yo bay selon posibilite yo, epi yo menm depase posibilite yo. Yo fè tout sa ak pwòp volonte yo. 4 Yo ensiste anpil pou nou ba yo privilèj pou yo patisipe nan voye yon èd pou pèp Bondye a. 5 Yo bay nan yon fason nou pa t espere: yo bay Bondye tèt yo an premye epi pou nou menm, yo bay lajan yo. Se sa Bondye vle.
6 Konsa, nou mande Tit pou l al fini travay ankourajman li te kòmanse lakay nou an sou kesyon ofrann sa a. 7 Nou rich nan tout bagay: nan lafwa, nan kapasite pou pale byen, nan konesans, nan bòn volonte pou ede lòt moun ak nan lanmou nou genyen pou nou. Konsa, n ap mande pou nou pwofite privilèj patisipasyon nan ofrann sa a pou n manifeste menm richès la.
8 Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede. 9 Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.
10 Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye. 11 Kounye a, se pou nou fini sa nou te kòmanse a. Se pou rezilta yo montre menm kalite devouman nou te genyen lè n te kòmanse a. Bay selon mwayen nou. 12 Kèlkeswa kantite nou bay, li akseptab si nou bay li ak tout kè nou epi selon mwayen nou. Pèsòn p ap mande nou pou bay sa nou pa genyen. 13 Se pa traka n ap chache ba ou pandan n ap chache soulaje lòt moun. Se sèlman yon egalite n ap eseye etabli. 14 Jodi a, se ou k nan abondans epi w ap ede sa yo ki nan bezwen. Demen si ou nan bezwen, lòt ki nan abondans, y ap ede w. Se sa nou rele egalite a. 15 Men sa ki ekri nan Bib la:
“Sa yo ki te ranmase anpil pa t gen twòp.
Epi sa yo ki te ranmase yon ti kras pa t jwen twò piti.”[x]
Tit ak konpanyon l yo
16 Mwen di Bondye mèsi, li mete nan kè Tit menm kalite devouman avè m pou ede nou. 17 Li te aksepte demand nou te fè l. Li te menm pi chofe pase nou pou l retounen ak pwòp volonte l pou vizite nou. 18 N ap voye yon lòt frè avè l. Se yon frè tout legliz yo apresye pou travay l ap fè pou gaye Levanjil la. 19 Anplis, se legliz yo menm ki te chwazi l pou l ka vwayaje ak nou pandan n ap jere ofrann sa a. N ap fè sa yon fason pou fè lwanj pou Senyè a epi pou montre dezi nou genyen pou n ede.
20 Nou pran prekosyon pou okenn pa kritike jan nou jere gwo ofrann sa a. 21 Nou vle gen bon repitasyon devan Bondye ak devan lèzòm.
22 N ap voye avèk yo tou, frè nou an, yon moun nou gen tan teste nan plizyè bagay epi nan plizyè okazyon li montre anpil devouman. Li vin plis devwe toujou paske li fè w konfyans.
23 Kanta pou Tit, se kolaboratè mwen. N ap travay ansanm pou ede w. Kanta lòt frè yo, se reprezantan legliz yo epi y ap travay pou fè lwanj pou Kris la. 24 Konsa, bay mesye yo prèv nou renmen yo toutbon. Bay tout legliz yo prèv tou nou gen rezon pou fyè de ou konsa.
Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan
9 An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. 2 Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. 3 Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an. 4 Si gen moun ki soti Masedwàn ki vini avèk mwen, epi pou yo ta jwenn nou pa pare, m ap wont. M ap wont, paske mwen tèlman kwè nan nou. Ou menm tou, w ap wont! 5 Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.
6 Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. 7 Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. 8 Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, konsa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. 9 Jan Bib la di l la:
“Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo.
Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.”[y]
10 Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. 11 Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo.
12 Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. 13 Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. 14 Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pat merite nou jwenn nan Bondye. 15 Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!
Pòl ap defann otorite apot li
10 Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la: 2 Tanpri, pa oblije m mete severite m deyò lè m vini. Mwen gen plan pou m aji ak severite ak tout moun ki panse rezon ki kontwole konduit nou sanble ak sa ki kontwole mond sa a. 3 Se vre n ap viv nan mond la, men nou pa mennen batay nou menm jan lemonn. 4 Nou pa sèvi ak zam lèzòm fè. Puisans zam nou yo soti nan Bondye, epi y ap detwi tout kote lènmi an genyen pou fè l kwè li an sekirite. N ap detwi move rezònman lèzòm ap fè, 5 n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la. 6 Nou pare pou nou pini tout moun ki dezobeyi, men nou vle wè ou ap obeyi Kris san grate tèt anvan.
7 Gade prèv ki devan w yo! Si yon moun gen konviksyon li se moun Kris la, lè l byen reflechi, l ap wè nou menm tou, nou se moun Kris la. 8 Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi. 9 Mwen pa vle parèt tankou moun k ap ekri lèt pou fè nou pè. 10 Se vre gen moun ki di: “Lèt li yo egzijan, yo gen fòs, poutan lè l nan mitan nou an pèsòn, pawòl li yo fèb, epi yo pa vo anyen.” 11 Men sa moun sa yo bezwen konnen: lè nou vini, aksyon nou yo ap gen menm pwa ak sa nou ekri nan lèt nou yo.
12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!
13 Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. 14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou ni chache pran kredi pou travay lòt moun te fè. Souwè nou, se paske pandan lafwa ou ap kontinye fè pwogrè, ou ap ede travay n ap fè a kontinye grandi epi ale pi lwen. 16 Konsa nou ka pote Bòn Nouvèl la nan lòt zòn ki pi lwen toujou, san nou pa bezwen vante tèt nou sou travay lòt moun te fè. 17 “Si yon moun vle vante tèt nou, se pou l vante tèt li sou travay Senyè a fè.”[z] 18 Lè yon moun ap vante tèt li di l bon, sa pa vo anyen. Sa k konte, se sa Bondye li menm, li di sou yon moun.
Konparezon ant Pòl ak fo apot yo
11 Mwen swete nou ka sipòte pou m manifeste yon ti kras foli. Men wi, fè yon ti sipòte m non! 2 Mwen jalou pou nou. Jalouzi sa a soti nan Bondye. Mwen te pwomèt pou m remèt nou bay Kris kòm sèl mari nou. Epi m ta renmen remèt nou bay mari nou vyèj. 3 Men menm jan Èv te tonbe anba riz sèpan an, mwen krenn pou panse nan tèt nou pa fè nou kite atachman fidèl epi san detou nou dwe genyen ak Kris la. 4 Pa egzanp mwen wè nou gen anpil pasyans ak moun ki vin anonse nou yon lòt Jezi ki pa menm ak sa nou te anonse w la. Mwen wè nou aksepte fasilman yon lòt lespri ak yon lòt mesaj pa menm ak Lespri mesaj Bòn Nouvèl mwen te anonse nou an.
5 Poutan, mwen pa kwè okenn espès gran apot nou yo gen valè pase m. 6 Petèt, mwen ka limite pa rapò ak moun ki fò nan fè bèl diskou. Men, kanta pou konesans, se yon lòt bagay! Nou gentan montre sa aklè nan tout bagay epi nan tout okazyon.
7 Èske se yon peche m te fè lè m te imilye tèt mwen pou nou menm nou te ka resevwa onè? Èske se yon peche te fè lè m te anseye nou Bòn Nouvèl la san nou pa t bay anyen? 8 Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. 9 Epi lè m te lakay nou, mwen pa t sèvi fado pou pèsòn, menm lè m te nan bezwen. Frè ki te soti Masedwàn yo te ban m tout sa m te bezwen. Mwen pa t pèmèt pou tèt mwen, epi mwen p ap janm pèmèt pou tèt mwen ta yon fado pou nou. 10 Mwen di sa ak verite a Kris la nan mwen, pèsòn nan tout Lakayi pa ka anpeche m fyè sou sijè sa a. 11 Pouki sa m pa mete yon fado sou nou? Èske se renmen mwen pa renmen nou? Bondye konnen ki valè renmen mwen renmen nou!
12 M ap kontinye kenbe l jan l ye kounye a. Konsa, mwen p ap bay okenn baz pou moun k ap chache okazyon pou yo vante tèt yo. Yo p ap jwenn okazyon pou yo ta di se menm kalite travay ak nou y ap fè. 13 Se fo pwofèt yo ye. Se yon bann pwofesyonèl nan bay manti k ap fè sanblan yo se apot Kris la. 14 Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè. 15 Konsa, sa pa dwe etone nou si sèvitè Satan yo ap fè sanblan yo se moun k ap travay pou sa ki jis. Men alafen, y ap jwenn pinisyon aksyon yo merite.
Pòl ap pale sou soufrans li kòm apot
16 M ap di nou sa ankò: mwen pa vle pèsòn panse m fou. Men si se sa nou panse, enben aksepte m tankou moun fou. Konsa mwen ka vante tèt mwen yon ti kras. 17 Nan kesyon vante tèt la, mwen p ap pale jan Senyè a li menm ta pale. M ap pale pito tankou yon moun fou. 18 Poutèt gen anpil lòt moun ki vante tèt yo sou sa yo akonpli nan lavi, kite m vante tèt mwen tou. 19 Nou se moun saj, poutan nou sipòte moun ki gen foli yo tèlman byen! 20 Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.
Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[aa] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.
24 Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo. 25 Moun bat mwen ak raso pandan twa fwa. Yon fwa yo te lapide m. Bato fè nofraj twa fwa avèk mwen. Yon fwa mwen pase yon jounen ak tout yon nuit nan dlo lanmè. 26 Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.
27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28 Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou. 29 Chak fwa yon moun fèb, mwen santi m fèb. Chak fwa yon moun kite wout verite a, mwen santi anndan m ap bouyi.
30 Silfo pou m vante tèt mwen, mwen ta pito pale sou bagay ki montre kijan mwen fèb. 31 Bondye konnen m p ap bay manti. Se li menm ki Bondye ak Papa Senyè Jezi, se li menm ki merite tout glwa tout tan. 32 Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m. 33 Men kèk zanmi te mete m nan yon panye. Yo fè panye a pase nan yon twou nan miray la epi yo desann mwen anba. Se sa ki te pèmèt mwen chape anba l.
Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl
12 Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. 2 Mwen konnen yon kretyen[ab] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. 5 Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.
6 Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.
7 Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. 8 Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. 9 Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.
Pòl fè konnen sousi li gen pou legliz Korent la
11 Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. 12 Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. 13 Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!
14 Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. 15 Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?
16 Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. 17 Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? 18 Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?
19 Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. 20 Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. 21 Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.
Dènye avètisman ak salitasyon final
13 Sa fè twazyèm fwa m ap vin vizite nou. Sonje: “tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.”[ac] 2 Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou. 3 Sa ap sèvi yon bon prèv pou tout moun ki gen dout se pòtpawòl Kris la mwen ye. Kris pa manke fòs lè l ap aji pou nou, okontrè li manifeste puisans pami nou. 4 Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.
5 Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou. 6 Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja. 7 N ap priye Bondye pou ou pa fè anyen ki mal. Sousi prensipal nou, se pa pou nou gen rezon, men se pou n pratike sa ki byen, menm si, nan ka sa a, li ta sanble se nou ki echwe egzamen an. 8 Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a. 9 Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite. 10 Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.
11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.
12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.[ad] Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.
13 Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon[ae] Sentespri a rete avèk nou tout.
1 Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris[af] ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la. 2 Mwen menm ak tout frè ak sè ki nan fanmi Bondye a avè m yo, n ap ekri lèt sa a voye pou nou menm moun legliz Galasi[ag] yo.
3 Mwen mande Bondye, papa nou, ak Jezikris, Senyè a, pou yo fè nou anpil favè epi ban nou kè poze. 4 Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle. 5 Tout glwa se pou Bondye pou tout tan! Amèn.
Gen yon sèl Levanjil
6 Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil. 7 Lè m di sa a, sa pa vle di gen yon lòt levanjil vre non. Men, gen kèk moun k ap vire lòlòj nou, lè y ap eseye chanje mesaj Levanjil Kris la. 8 Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li. 9 Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.
10 Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.
Levanjil Pòl preche a soti nan Bondye
11 Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm. 12 Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.
13 Se vre, nou tande kijan m te konn aji, lè m t ap viv dapre tradisyon Juif yo. Nou konnen m te konn pèsekite legliz Bondye a san gad dèyè, epi m t ap chache detwi l. 14 Nan sa k konsène tradisyon Juif yo, mwen te pi fanatik pase tout lòt Juif ki te gen menm laj avè m. Mwen te pi devwe pase yo tout nan asire tout moun swiv tradisyon zansèt nou yo.
15 Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m,[ah] epi li te rele m nan gras li. 16 Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy. 17 Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.
18 Twazan apre Bondye te fin rele m nan,[ai] m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè.[aj] Mwen te pase kenz jou avè l. 19 Men, mwen pa t wè okenn lòt apot, eksepte Jak, frè Segnè a. 20 Devan Bondye, tout sa m ap di nou la a nan lèt sa a se verite a. 21 Apre sa, mwen t ale nan rejyon Siri ak Silisi.
22 Men, pandan tout tan sa a, frè ak sè nan legliz Jezikris ki nan Jide yo pa t janm konnen m. 23 Sèlman tande yo te konn tande pale de mwen. Yo te konn tande moun ap di: “Men nonm ki te konn ap pèsekite nou an ap anonse menm bagay li te konn ap chache kraze a.” 24 Akòz mwen menm, kwayan sa yo te tonbe fè lwanj pou Bondye.
Lòt apot yo aksepte Pòl ak Mesaj li a
2 Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a. 2 Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.
3 Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi. 4 Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò. 5 Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou.
6 Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a. 7 Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo. 8 Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo. 9 Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo. 10 Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè.
Pòl montre Pyè te antò
11 Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon. 12 Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou. 13 Lòt Juif ki nan legliz Antyòch yo te mete yo ansanm ak Pyè nan menm aksyon ipokrit sa a tou. Menm Banabas te swiv yo nan ipokrizi a tou. 14 Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?
15 Nou menm, nou se Juif de nesans. Nou pa konsidere tèt nou kòm pechè tankou yo rele moun ki pa Juif yo. 16 Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris[ak] la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris[al] pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande.
17 Men, si n ap chache pou Bondye deklare nou dwat devan l sou baz relasyon nou ak Kris, sa vle di nou se pechè tou, menm jan ak moun ki pa Juif yo. Èske sa ta vle di Kris la ap ankouraje peche pou sa? Non, se pa vre! 18 Paske si pou m ta ap eseye fè moun ki pa Juif yo obsève lalwa pou yo sove, epi m gentan fin kraze panse sa a deja, se lè sa a mwen montre mwen se yon moun k ap vyole lalwa. 19 Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris. 20 Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li. 21 Mwen chwazi pou m pa meprize favè Bondye fè m nan. Paske, si se ta lè yon moun fè sa lalwa mande li dwat devan Bondye, enben, nou ta mèt di Kris pa t bezwen mouri.
Kretyen Galat yo te resevwa Sentespri a
3 Nou menm moun peyi Galasi, ala nou san konprann! Jan m te byen anseye nou Bòn Nouvèl la. Mwen te prezante nou Jezikris kòm yon moun ki mouri sou kwa a. Èske yon moun te itilize puisans Satan pou jwe nan lespri nou pou fè nou bliye? 2 Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l. 3 Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs konsa tankou sikonsizyon[am]? 4 Èske nou te fè tout eksperyans sa yo pou granmesi? Mwen panse se pa t pou granmesi. 5 Bondye ki te ba nou Sentespri a epi ki te fè tout mirak sa yo nan mitan nou, èske li te fè sa paske nou te fè sa lalwa mande, oubyen paske nou te kwè nan mesaj nou te tande a?
6 Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.[an] 7 Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. 8 Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”[ao] 9 Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou.
10 Men, tout moun ki patisipe nan fè sa lalwa mande, yo anba malediksyon. Paske Bib la di: “Malediksyon Bondye ap tonbe sou tout moun ki pa toujou pratike tout sa ki ekri nan liv lalwa a.”[ap] 11 Bon! Nou tout konnen Bondye p ap deklare pèsonn dwat devan l paske moun nan obeyi lalwa. Men sa Bib la di: “Moun ki dwat devan Bondye, l ap viv dapre lafwa li.”[aq]
12 Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.”[ar] 13 Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,[as] moun sa a anba malediksyon”.[at] 14 Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.
Pwomès la vini anvan lalwa
15 Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l. 16 Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris. 17 Men sa m vle di: Bondye te fè yon testaman, epi li te ratifye l. Katsantrantan apre sa, Bondye vin bay lalwa Moyiz la. Konsa, lalwa ki vin apre a, pa kapab anile testaman an pou pwomès la ta vin pa kenbe ankò.
18 Vrèman, si eritaj Bondye di l ap ban nou an se nan obsève lalwa n ap jwenn li, li pa yon pwomès ankò. Okontrè, Bondye te fè Abraram favè l dapre yon pwomès.
19 Alò, pou kisa Bondye te bay lalwa a? Bondye te ajoute l sou pwomès la pou nou te ka konnen lè nou peche. Lalwa te nesesè pou jouktan desandan Abraram nan te vini. Bondye te sèvi ak anj pou l bay Moyiz lalwa a, epi Moyiz te sèvi kòm medyatè pou bay pèp Bondye a lalwa a. 20 Men lè Bondye te bay pwomès la, pa gen medyatè, paske pa bezwen medyatè lè se yon sèl desandan ki genyen, Bondye se yon sèl, epi gen yon sèl desandan an.[au]
Bi Lalwa Moyiz la
21 Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye. 22 Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,[av] li menm ki fidèl.
23 Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an. 24 Konsa, lalwa te tankou yon gadò pou nou jouktan Kris vini pou Bondye te ka deklare nou dwat devan l dapre lafwa nou. 25 Kounye a, lafwa vini, nou pa anba siveyans lalwa a ankò.
Copyright © 2017 by Bible League International