Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Bible in 90 Days

An intensive Bible reading plan that walks through the entire Bible in 90 days.
Duration: 88 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Jan 15:18 - Travay 6:7

Jezi avèti disip li yo

18 Si lemonn rayi nou, se pou n konnen se paske l rayi m an premye. 19 Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.

20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou. 21 Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan. 22 Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.

23 Moun ki rayi m rayi Papa m tou. 24 Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m. 25 Men, se pou sa ki te ekri nan Lalwa yo a kapab akonpli ki fè yo rayi m san rezon.[a]

26 Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite[b] Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen. 27 Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.

16 Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa. Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye. Yo va aji konsa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m. Men mwen di nou sa pou lè jou a rive nou ka sonje m te di nou sa.

Travay Sentespri a

Mwen pa t pale sou pwoblèm ki gen pou vini yo depi nan kòmansman, paske m te la avèk nou. Men kounye a, m ap retounen kote moun ki te voye m nan, pa gen youn nan nou ki mande m kote w prale? Epi poutèt mwen di nou sa, se pa ti tris nou tris. Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.

Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye. Konsolatè ap montre yo peche yo se moun ki pa kwè nan mwen. 10 L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò. 11 L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.

12 Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. 13 Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. 14 Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. 15 Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.

Latristès va tounen kè kontan

16 Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m.”

17 Kèk nan disip li yo t ap di antre yo menm: “Ki sa l vle di, lè l di: Apre yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? Oubyen paske m pral kote Papa a?” 18 Yo t ap di: “Ki sa sa vle di yon ti tan ankò? Nou pa konprann sa l vle di!”

19 Jezi te konprann yo te vle poze l kesyon, li di yo: “Èske se chache n ap chache konprann sa sa vle di yon ti tan ankò, nou p ap wè m ankò, epi nan yon lòt ti tan ankò n ap wè m? 20 Sa, se vre, nou pral menm kriye anpil, nou pral tris, men se va yon rejwisans pou lemonn. Nou pral nan lafliksyon, men lafliksyon nou pral chanje an kè kontan.

21 Lè yon fanm ap akouche, li nan soufrans, paske lè l rive. Men lè l fin akouche, li pa sonje soufrans la ankò, kè l kontan nèt, paske li fè yon pitit gason. 22 Se konsa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a. 23 Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l. 24 Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.

Laviktwa sou lemonn

25 Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou konsa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a. 26 Lè sa a, nou va mande paske nou se disip mwen, epi mwen pa vle di m ap priye Papa a pou nou, 27 paske Papa a menm li renmen nou paske nou renmen m, epi paske nou kwè m soti bò kote Bondye. 28 Mwen soti bò kote Papa a, epi mwen vini nan lemonn, men kounye a m ap kite lemonn pou m ale jwenn Papa a.”

29 Disip li yo di l: “Kounye a, ou pale nou aklè, ou pa pale an parabòl ankò. 30 Kounye a nou konnen ou menm, ou konn tout bagay, epi ou reponn kesyon yo menm anvan nou mande w yo. Se poutèt sa nou kwè se Bondye ki voye w.”

31 Jezi reponn yo: “Nou kwè kounye a? 32 Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.

33 Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”

Jezi ap priye pou li menm ak disip li yo

17 Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou, menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl. Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a. Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt. Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.

Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10 tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.

11 Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12 Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase konsa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.

13 Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14 Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.

15 Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16 Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Menm jan ou te voye m nan lemonn, se konsa mwen voye yo tou. 19 Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.

20 Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21 Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22 Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23 Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.

24 Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25 Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”

Yo arete Jezi

(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Lik 22:47-53)

18 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.

Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam.

Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”

Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Li di yo: “Se mwen menm.”[c] Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè.

Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?”

Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”

Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se konsa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.”

10 Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. 11 Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans[d] Papa a ban mwen an?”

Yo mennen Jezi devan Àn

(Mat 26:57-58; Mak 14:53-54; Lik 22:54)

12 Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. 13 Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. 14 Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.”

Pyè di li pa konnen Jezi

(Mat 26:69-70; Mak 14:66-68; Lik 22:55-57)

15 Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. 16 Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. 17 Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?”

Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.”

18 Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou.

Gran prèt la kesyonnen Jezi

(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Lik 22:66-71)

19 Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. 20 Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. 21 Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.”

22 Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se konsa ou ap reponn Chèf prèt la?”

23 Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?”

24 Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la.

Pyè manti ankò

(Mat 26:71-75; Mak 14:69-72; Lik 22:58-62)

25 Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?”

Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!”

26 Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?”

27 Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante.

Yo mennen Jezi bay Pilat

(Mat 27:1-2,11-31; Mak 15:1-20; Lik 23:1-25)

28 Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp[e] pou manje nan manje fèt Pak la. 29 Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?”

30 Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.”

31 Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.”

Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” 32 Se konsa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli.[f]

33 Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?”

34 Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?”

35 Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?”

36 Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.”

37 Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?”

Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.

38 Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. 39 Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?”

40 Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.

19 Pilat fè ale ak Jezi epi bat li byen bat. Sòlda yo te fè yon kouwòn trese ak pikan, yo mete l sou tèt li, yo mete yon rad mov[g] sou li. Yo t ap plede pwoche kote l epi yo t ap di: “Bonjou wa Jwif yo!” Epi yo t ap ba l anpil kou.

Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!”

Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l!

Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.

Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.”

Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. 10 Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?”

11 Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”

12 Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”

13 Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. 14 Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!

15 Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!”

Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?”

Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”

16 Se lè sa a, epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l. Yo ale ak li.

Yo klouwe Jezi sou yon kwa

(Mat 27:32-44; Mak 15:21-32; Lik 23:26-43)

17 Jezi pote pwòp kwa li, li fè wout pou yon kote yo rele zo tèt, Gòlgota, nan lang ebre. 18 Se la yo krisifye l ansanm ak de lòt moun, youn chak kote, Jezi nan mitan.

19 Pilat te fè fè yon pannkat mete sou kwa a, li te ekri sou li: Jezi, moun nazarèt, wa Jwif yo. 20 Anpil Jwif te li pannkat sa a, paske kote Jezi te krisifye a te toupre vil la epi sa k te ekri sou li a te an ebre, an laten epi an grèk.

21 Chèf alatèt prèt Jwif yo di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men di pito: Nonm sa a te di mwen se wa Jwif yo.”

22 Pilat reponn yo: “Sa m ekri a mwen ekri l nèt.”

23 Lè sòlda yo fin krisifye Jezi, yo pran rad li yo fè kat pòsyon, youn pou yo chak. Yo pran rad san kouti l la, yon rad ki te fèt an yon sèl pyès depi anwo rive anba. 24 Sòlda yo te di antre yo: Ann pa chire l. Ann tire osò pou wè pou ki moun l ap ye. Konsa Bib la te akonpli:

“Yo pataje rad mwen antre yo,
    yo tire osò sou rad mwen an.”[h]

Se sa sòlda yo te fè.

25 Manman Jezi te kanpe bò kwa Jezi a. Yon sè manman an te kanpe la tou ansanm ak Mari, ki te madanm Klopas, avèk Mari, moun Magdala a. 26 Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.” 27 Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

Jezi mouri

(Mat 27:45-56; Mak 15:33-41; Lik 23:44-49)

28 Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”[i] 29 Te gen yon krich plen vinèg la, yo tranpe yon eponj ladan, yo mare l nan yon branch bwa yo rele izòp, yo leve l pote mete nan bouch li. 30 Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.

31 Men, se te nan jou yo t ap fè preparasyon anvan jou saba a. Pou kò yo pa t rete sou kwa a pandan jou saba a ki te yon jou espesyal, lidè Jwif yo al mande Pilat pou l fè kase janm moun yo krisifye yo epi pou yo desann yo sou kwa a. 32 Sòlda yo vini, yo kase janm[j] premye a, apre sa, yo kase janm dezyèm nan yo te krisifye ansanm ak Jezi yo. 33 Lè yo rive sou Jezi, yo konstate li gentan mouri, yo pa t kase janm li.

34 Men youn nan sòlda yo pike Jezi ak lans li bò kòt. Menm lè a san te soti epi dlo soti tou. 35 Moun ki te wè sa a, se li menm ki rakonte l. Epi temwanyaj li se verite a. Epitou li menm, li konnen sa li di a se verite a, li di sa pou ou kapab kwè tou. 36 Tout bagay sa yo rive pou Bib la kapab akonpli: “Pa gen youn nan zo li yo ki kase.”[k] 37 Gen yon lòt pasaj nan Bib la ki di: “Yo va wè moun nan yo te pèse a.”[l]

Yo antere Jezi

(Mat 27:57-61; Mak 15:42-47; Lik 23:50-56)

38 Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, konsa Jozèf vin pran kò a.

39 Nikodèm te vini tou, se li menm ki te al kote Jezi nan mitan lannuit lan. Li pote yon melanj lami ak lalwa ki te trant (30) kilogram[m] konsa. 40 Yo pran kò jezi, yo vlope l nan yon bann twal fen epi yo mete luil santi bon sou li, jan Jwif yo te konn fè lè y ap antere moun. 41 Kote yo te krisifye Jezi a te gen yon jaden. Nan jaden sa a, te gen yon kav tou nèf, yo pa t ko mete pèsonn ladan. 42 Poutèt se te jou pou Jwif yo te fè preparasyon pou Jou saba a, epi tou kav la te toupre, se ladan yo te mete Jezi.

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Lik 24:1-12)

20 Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri. Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”

Lè sa a, Pyè soti ansanm ak lòt disip la, yo ale nan kav la. Yo toulede t ap kouri ansanm, men lòt disip la te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kav la. Li bese gade epi li wè twal yo depoze yon kote, men li pa t antre.

Lè Simon Pyè menm vin rive, li t ap swiv li, li antre nan kav la, epi li gade twal yo byen gade, yo te depoze la. Twal ki te kouvri tèt Jezi a te la tou, men li pa t ansanm ak lòt twal yo, li te ranje apa, nan yon lòt plas. Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè. Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.

Mari, moun Magdala a, wè Jezi

(Mak 16:9-11)

10 Apre sa, disip yo te tounen lakay yo. 11 Mari te rete deyò toupre kav la, epi li t ap kriye. Ak je l tou plen dlo, li panche gade anndan kav la 12 epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.

13 Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?”

Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” 14 Pandan l ap pale, li vire, epi li wè Jezi ki kanpe la, men li pa t konnen si se te li menm.

15 Jezi di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye? Kilès ou ap chache?”

Men li menm, li panse se te responsab jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki wete l, di m kote w mete l, m va al pran li.”

16 Jezi di l: “Mari!”, Mari vire je li, li di nan lang Arameyen: “Rabouni!”, sa vle di “Mèt mwen”.

17 Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo,[n] di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”

18 Mari, moun Magdala a, te vin di disip yo konsa: “Mwen wè Senyè.” Epi li di yo sa Senyè a te di l.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)

19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.

21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, konsa mwen menm mwen voye nou tou.” 22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23 Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.

Jezi fè Toma wè li

24 Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”

26 Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27 Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”

28 Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”

29 Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”

Pou kisa Jan ekri liv sa a?

30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31 Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè[o] Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.

Jezi parèt sou sèt disip

21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[p] a. Men kijan sa te pase: Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[q] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”

Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.

Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. Li di yo: “Mesye m yo,[r] nou pa gen anyen ki ka manje?”

Yo reponn li: “Non.”

Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.

Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[s] konsa. Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”

11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.

14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Jezi ap pale ak Pyè

15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton[t] m yo.”

16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”

Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”

17 Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”

Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”

Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” 18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 19 Jezi te pale konsa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”

20 Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?” 21 Lè l wè li, Pyè di Jezi: “E li menm, Senyè, kisa k ap rive l?”

22 Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”

23 Se pawòl sa yo yo te pran pou yo fè bri kouri pami frè yo pou di disip sa a pa t ap janm mouri. Men Jezi pa t janm di li pa t ap mouri, men: “Si mwen vle l rete jouktan m vini, ki mele w.”

24 Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.

25 Jezi te fè anpil lòt bagay ankò. Si yo ta ekri yo youn apre lòt, m panse lemonn antye pa ta kapab kenbe tout liv yo ta ekri.

Lik ekri yon lòt liv

Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman, jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl. Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan tout bon vre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.

Jezi monte nan syèl

Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?”

Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”

Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. 10 Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. 11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”

Yo chwazi yon lòt apot

12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[u] konsa. 13 Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.

14 Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou.

15 Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun konsa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: 16 Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.

17 Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a.

18 Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. 19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:

Se pou lakay li tounen yon dezè,
    se pou pèsonn pa rete lakay li.[v]

Men sa ki ekri ankò:

Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.[w]

21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. 22 Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.

23 Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. 24 Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi 25 pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. 26 Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.

Sentespri a vini

Lè jou Pannkot la te rive, tout disip yo te rasanble ansanm menm kote. Sanzatann konsa, yon gwo bri soti nan syèl la, tankou yon gwo van k ap soufle ak raj, epi li ranpli tout kay kote yo te chita a. Konsa, disip yo wè yon bann bagay ki tankou ti flanm dife ki te detache youn ak lòt epi y al chita youn pa youn sou tèt chak moun ki te la yo. Yo tout te ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe pale tout kalite lòt lang, selon jan Sentespri te ba yo abilite pou pale ak moun ki te nan Jerizalèm yo.

Nan moman sa a, te gen anpil Jwif ki gen krentif pou Bondye ki te prezan nan Jerizalèm. Yo te soti nan tout kalite peyi sou latè. Bri ki te fèt la te fè yon gwo foul moun rasanble. Moun sa yo pa t manke sezi lè chak moun te tande disip yo ap pale ak yo nan pwòp lang peyi pa yo.

Foul la tèlman sezi, tèlman etone, yo mande: “Tout moun sa yo n ap tande k ap pale a, se pa moun Galile[x] yo tout ye? Ki jan nou fè tande y ap pale nan pwòp lang pa nou? Pami nou la, gen moun ki soti toupatou tankou Pat, Medi, Elam, Mezopotami, Jide, Kapadòs, moun Pon ak moun ki soti an Azi. 10 Gen moun ki soti Friji ak Panfili, gen moun peyi Lejip ansanm ak sa ki soti nan tout rejyon Libi ki toupre lavil Sirèn nan, gen moun ki soti lavil Wòm tou. 11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”

12 Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?” 13 Men gen lòt menm ki t ap pase disip yo nan betiz, yo t ap di: “Yo genlè bwè twòp diven, yo dwe sou.”

Pyè pale ak foul la

14 Apre sa, Pyè ansanm ak lòt onz apot yo leve kanpe. Pyè pale byen fò ak foul la, li di yo: “Nou menm Jwif parèy mwen ansanm ak tout lòt moun Jerizalèm, koute sa m ap di nou. Gen kèk bagay nou bezwen konnen. Koute byen sa m ap di nou ankò. 15 Moun sa yo pa sou, jan nou panse a, se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Pwofèt Jowèl te gentan ekri konsènan sa nou wè k ap pase a deja. Men sa li te ekri:

17 Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive:
    M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè.
Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize.
    Jenn gason nou yo va fè vizyon.
    Granmoun nou yo va fè rèv.
18 Nan dènye tan yo, m ap vide Lespri m
    sou sèvitè m yo ak sou sèvant mwen yo
    epi yo tout ap pwofetize.
19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la,
    ak gwo mirak anba sou latè.
    Va gen san, dife ansanm ak gwo nyaj lafimen.
20 Solèy la pral vin tou nwa.
    Lalin nan pral vin wouj tankou san
    anvan jou Senyè va rive.
Se yon gwo jou,
    yon jou gloriye jou sa va ye.
21 Lè sa a, nenpòt moun ki va mete konfyans li
    nan Senyè a[y] va sove.[z]

22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:

Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
    paske li te toujou bò kote m
    pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
    epi bouch mwen ap chante lwanj.
    Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[aa]
    ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
    Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.[ab]

29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[ac] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale konsa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:

Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
    Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.

32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a. 33 Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste. 34 Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di:

Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
35     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[ad]

36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”

37 Lè foul la fin tande sa Pyè te di a, kè yo te fè yo mal anpil. Yo te regrèt sa. Lè sa a, yo di Pyè ak lòt apot yo konsa: “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”

38 Pyè pran lapawòl, li di yo: “Chanje kè nou ak fason n ap viv la. Chak moun dwe resevwa batèm nan non Jezikris. Konsa Bondye va padone peche nou epi li va ban nou Sentespri a kòm kado nan lavi nou. 39 Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”

40 Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.” 41 Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.

Kwayan yo pataje byen yo

42 Kwayan yo te pase tout tan yo ap resevwa ansèyman apot yo. Yo te viv ansanm youn ak lòt tankou frè. Yo te reyini epi yo te manje[ae] ansanm epi yo te lapriyè ansanm. 43 Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye. 44 Tout kwayan yo te rete ansanm yon sèl kote, epi yo te pataje tout sa yo te genyen ansanm tou. 45 Ye te vann tè yo ak lòt byen yo te genyen epi yo pataje lajan an ant yo tout, selon bezwen chak moun. 46 Chak jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen bay tout moun kay an kay, epi yo te konn manje ansanm ak anpil kè kontan nan yon espri imilite. 47 Yo t ap fè lwanj pou Bondye. Tout pèp la te renmen yo. Chak jou Senyè a t ap ajoute moun li t ap delivre yo sou gwoup moun ki te la yo.

Pyè geri yon mandyan ki te estwopye

Yon jou, Pyè ak Jan t ap monte nan Tanp lan vè twazè nan apremidi. Se nan lè sa yo te konn fè lapriyè nan Tanp lan.[af] Vwala te gen yon nonm ki te estwopye depi l fèt ki te bò pòt kote yo t ap antre a. Yo te rele pòt sa a “Bèl pòt la.” Se chak jou yo te pote nonm nan pou yo vin depoze l bò pòt sa a pou l ka mande moun k ap antre nan Tanp lan lacharite. Lè nonm nan wè Pyè ak Jan t apral antre nan Tanp lan, li mande yo lacharite.

Men, Pyè ak Jan gade nonm nan fiks epi Pyè di li: “Gade nou!” Nonm estwopye a gade mesye yo. Li te met nan tèt li yo t apral ba l yon ti kòb. Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la,[ag] leve w mache.”

Apre sa, Pyè pran men dwat nonm estwopye a, li fè l kanpe. Menm kote a, pye li ansanm ak zo nan je pye l yo vin byen fèm. Nonm nan fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye l, epi li kòmanse mache. Li antre nan Tanp lan ansanm ak Pyè ak Jan, l ap mache, l ap ponpe, l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te la yo te wè nonm nan ap mache, ap fè lwanj pou Bondye. 10 Yo te wè aklè se te menm nonm sa a ki te konn chita bò Bèl pòt Tanp lan ap mande lacharite a. Sa te fè yo sezi, yo te etone wè sa k pase a.

Pyè pale ak pèp la

11 Depi nonm nan te fin geri a, li pa t janm lache Pyè ak Jan yon may. Tout moun yo te sezi wè sa k te pase a epi yo te vin rasanble devan Pyè ak Jan, anba galeri Salomon an nan Tanp lan.

12 Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi konsa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye? 13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l. 14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl[ah] ban nou olye pou l ta lage Jezi. 15 Se konsa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.

16 Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt konsa a epi l ap mache devan je nou tout.

17 Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen. 18 Men, Bondye te gentan anonse tout bagay sa yo deja pa mwayen pwofèt li yo depi lontan. Li te gentan di Kris la te gen pou l soufri epi mouri, se bagay sa yo ki rive vre. 19 Kidonk, nou dwe chanje lide nou parapò ak jan nou t ap mennen bak nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka padone peche nou yo. 20 Lè sa a, Bondye va ban nou repo espirityèl pou nanm nou devan Li. L ap voye Jezikris, moun Bondye chwazi a, ban nou ankò.

21 Men, li nesesè pou Jezi rete nan syèl la jouktan lè a rive pou Bondye Papa a restore yon relasyon ki dwat ant Bondye ak limanite. Bondye te pale de gran restorasyon sa a depi byen lontan deja nan bouch pwofèt li yo. 22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23 Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.[ai]

24 Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.[aj] 26 Se konsa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”

Pyè ak Jan ansanm ak Gran Konsèy Jwif la

Pandan Pyè ak Jan t ap pale ak foul la konsa, yon pakèt lidè Jwif ki te gen kèk prèt ladan yo, kòmandan lagad ki t ap siveye tanp lan ansanm ak kèk Sadiseyen te vin parèt kote yo te ye a. Lidè sa yo te fache anpil dèske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, dèske yo t ap pale pèp la de Jezi epi fè yo konnen moun mouri kapab leve vivan ankò menm jan ak Jezi. Konsa, lidè yo arete Pyè ak Jan epi yo mete yo nan prizon. Kòm solèy te gentan fin kouche, mesye yo pase nuit la nan prizon an pou tann demen. Malgre sa, anpil nan moun ki t ap koute Pyè ak Jan yo te mete konfyans yo nan Jezi. Sa te fè kantite kwayan yo te rive jouk nan senk mil (5,000) konsa.

Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm. Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la. Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a.

Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la. Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri? 10 Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a. 11 Jezi se

wòch[ak] nou te voye jete pou pa bon an,
    nou menm ki t ap bati kay la,
men, li tounen wòch kwen an,
    wòch ki pi enpòtan an.[al]

12 Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”

13 Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi. 14 Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.

15 Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè. 16 Yo t ap di: “Ki sa pou nou fè ak mesye sa yo menm? Paske li klè pou tout moun k ap viv nan Jerizalèm se yo menm ki te fè gwo mirak sa a. Sa k pi rèd la, nou pa ka di se pa vre. 17 Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a[am] ak pèsonn moun ankò.”

18 Apre sa, yo rele apot yo, yo pase yo lòd sevè pou yo pa janm preche ni anseye moun nan non Jezi ankò. 19 Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye? 20 Nou pa ka pe bouch nou, nou pa ka pa rakonte sa nou te wè ak sa n te tande.”

21 Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a. 22 Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.

Pyè ak Jan tounen al jwenn lòt disip yo

23 Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. 24 Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. 25 Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a:

Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa?
    Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo?
26 Tout wa latè yo prepare yo pou batay,
    tout chèf yo rasanble ansanm
pou yo goumen kont Senyè a
    ak kont Kris la.[an]

27 Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. 28 Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive. 29 Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon. 30 Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa[ao] Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”

31 Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.

Kwayan yo separe sa yo genyen ansanm

32 Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun. 33 Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo. 34 Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini. 35 Yo te pote lajan an bay apot yo. Apre sa, yo te separe bay chak moun selon bezwen yo.

36 Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”. 37 Jozèf te gen yon jaden tou. Li vann li epi li pote lajan an bay apot yo.

Ananyas ak Safira

Te gen yon nonm yo te rele Ananyas ansanm ak madanm li Safira. Ananyas te vann byen pa l tou. Men, li menm ak madanm li deside sere yon pati nan kòb la, epi li pote rès la bay apot yo.

Pyè di li: “Ananyas, poukisa ou kite Satan ranpli kè w konsa? Ou sere nan kòb jaden an epi ou vin bay Sentespri a manti? Anvan ou te vann jaden an, se jaden w li te ye. Menm lè ou fin vann li, ou te ka fè sa ou vle ak kòb la. Ki jan ou fè kite yon bagay konsa monte nan tèt ou pou ou fè? Se pa yon moun non ou bay manti, men se Bondye.”

Tande Ananyas fin tande pawòl sa yo nan bouch Pyè, li tonbe bip, li mouri. Sa te simen yon gwo lapèrèz nan lespri tout moun ki te tande sa. Lè Ananyas mouri a, kèk jenn gason ki te la vin vlope kò a, yo pote l ale deyò, yo antere li.

Yon twazèdtan apre sa, Safira vin rive. Li pa t ko menm aprann nouvèl lanmò mari l la. Pyè di Safira konsa: “Èske se pou kantite kòb sa a nou vann tè a?” Safira reponn: “Wi, se pou kantite sa a.”

Lè sa a, Pyè di li: “Poukisa ou menm ak mari w met tèt ansanm pou nou twonpe Sentespri Senyè a? Tande byen wi, men moun ki sot antere mari w la nan pòt la ap tounen, y ap tou resoti avèk ou menm jan an.” 10 Lamenm, Safira tonbe atè devan pye Pyè, li mouri. Lè jenn gason yo antre, yo jwenn li gentan mouri. Yo pote li ale, epi yo antere l akote mari li. 11 Sa k te pase a te fè gwo lapèrèz anvayi tout kwayan yo nan legliz la, ak sou tout lòt moun ki te tande nouvèl la.

Prèv pou montre se Bondye ki voye apot yo

12 Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la. 13 Nan lè sa a, pèsonn nan rès pèp la pa t vle mele ak apot yo, apa moun ki te kwè yo. Epoutan, se tout pèp la nèt ki t ap pale byen de yo. 14 Anpil anpil moun te vin ogmante gwoup kwayan yo, fi tankou gason, paske yo te kwè nan Senyè a. 15 Pèp la te vin tonbe nan bwote moun malad vin mete kouche bò lari a, sou kabann oswa sou nat, yon fason pou lè Pyè vin ap pase, menm lonbray Pyè ta pase sou kèk nan yo. 16 Anpil anpil moun te vini soti nan tout bouk ozalantou Jerizalèm yo. Yo te mennen anpil malad ansanm ak moun ki te gen move lespri sou yo, yo tout nèt te geri.

Yo arete apot yo

17 Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo. 18 Yo fè arete apot yo epi mete yo nan prizon. 19 Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo: 20 “Retounen al kanpe nan mitan Tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan yo dwe viv kounye a nan nouvo lavi sa a.” 21 Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.

22 Lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn Apot yo. Yo tounen nan reyinyon an vin rapòte sa k pase a. 23 Men sa yo di konsèy la: “Tout pòt prizon an te byen fèmen ak kle. Gad yo te byen poste devan pòt prizon jan sa dwe fèt. Men, lè nou louvri pòt prizon an, li te vid, nou pa jwenn pèsonn anndan l.” 24 Lè kòmandan lagad tanp lan ansanm ak sakrifikatè an chèf la tande pawòl sa yo, yo tonbe nan konfizyon. Yo poze tèt yo kesyon sou sa k pase a.

25 Apre sa, yon moun vin di yo konsa: “Men m wè mesye yo nou te met nan prizon an kanpe nan Tanp lan ap anseye pèp la wi.” 26 Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch.

27 Lè mesye yo vini ak apot yo, yo mete yo kanpe devan Gran Konsèy la epi pi gran sakrifikatè a te pran poze yo kesyon. 28 Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a?[ap] Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.”

29 Men, Pyè ansanm ak lòt apot reponn yo di: “Se Bondye nou dwe obeyi, pase pou n obeyi moun. 30 Nou te klouwe Jezi sou yon kwa epi nou touye li. Men Bondye zansèt nou Abraram, Izarak ak Jakòb te konn sèvi a, fè l leve vivan ankò. 31 Se li menm Bondye fè monte nan syèl la vin chita sou bò dwat li. Li fè l tounen chèf nou ak sovè nou. Bondye fè sa pou l ka ofri pèp Izrayèl la yon okazyon pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l ka resevwa padon pou peche l yo. 32 Nou menm k ap pale avèk ou la a, nou se temwen tout bagay sa yo. Sentespri a Bondye bay tout moun ki chwazi obeyi l yo, li kapab jistifye tout bagay sa yo tou.”

33 Lè lidè ki te nan Konsèy la tande pawòl sa yo, yo te tèlman fache jouk yo te rive pran desizyon pou yo te fini ak apot yo. 34 Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a. 35 Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo. 36 Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou. 37 Apre sa ankò, nan peryòd resansman an, te gen yon nonm ankò ki te rele Jida ki te parèt nan Galile. Li te gentan pran tèt yon bann moun ki te tonbe ap mache ak li. Men Jida mouri epi tout moun ki te avè l yo te gaye tou. 38 Se poutèt sa m ap mande nou pou n kite mesye sa yo anrepo. Nou pa bezwen mete men sou yo. Paske si sa y ap fè a se bagay lèzòm, li p ap rive lwen. L ap kraze poukont li. 39 Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.”

40 Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo. 41 Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont konsa pou non Jezi. 42 Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

Yo chwazi sèt moun pou yon travay espesyal

Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a. Konsa, douz apot yo rasanble tout gwoup kwayan yo ansanm, epi yo di yo: “Li pa ta nòmal pou nou ta neglije travay anseye Bòn Nouvèl Bondye a pou n al okipe afè separe manje.

Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a. Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.”

Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip,[aq] Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris. Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt[ar] mesye yo.

Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International