Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NET. Switch to the NET to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
Jenèz 44-45

44 ¶ Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: -Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo.

W'a pran gwo gode m' lan, gode an ajan an, w'a mete l' nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l' lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l' fè a.

Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo.

Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pa t' pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: -Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen?

Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l' li bwè, se ak li li sèvi pou l' konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm.

Lè domestik la trape yo, li repete tout sa mèt li a te di l'.

Men yo reponn: -Men msye, nou pa konprann sa w'ap di la a. pou n' ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon!

Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l' tounen ba ou soti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la?

Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav.

10 Domestik la di: -Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m' esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale.

11 La menm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo.

12 Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l' fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an.

13 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil.

14 Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.

15 Jozèf di yo: -Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m' wè tout sa ki pral rive?

16 Jida reponn li: -Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l' lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou.

17 Men Jozèf di: -Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m' esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an.

18 ¶ Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l' konsa: -Tanpri, mèt. Kite m' di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an.

19 Mèt, ou te mande nou èske papa nou la, èske nou gen lòt frè.

20 Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l'. Men, li mouri. Nan de pitit manman l' yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l' anpil.

21 Ou te mande nou pou nou mennen l' isit la pou ou te ka wè l'.

22 Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pa t' ka kite papa l'. Si li kite l', chagren va touye papa a.

23 Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou.

24 Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l' tout sa ou te di nou.

25 Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen.

26 Nou di l': Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann.

27 Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen.

28 Gen yonn ki pati kite m'. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l', paske mwen pa janm wè l' jouk koulye a.

29 Jòdi a, si nou pran sa a nan men m', si yon malè rive l', avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m'.

30 Koulye a atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m' san pitit gason l' sa a, ki de je nan tèt li,

31 kou la gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou.

32 Wi, se mwen menm ki te bay papa m' garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l': Si m' pa mennen l' tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l' jouk jou mwen mouri.

33 Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l' yo, kite m' pran plas li. Gade m' pou esklav ou.

34 Mwen pa konnen ki pye pou m' ta mete devan pou m' tounen kay papa m' san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m'.

45 ¶ Jozèf pa t' kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l' yo. Li di byen fò: -Fè tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avèk Jozèf lè li fè frè l' yo rekonèt li.

Li te pran kriye byen fò, tèlman fò moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an.

Jozèf di frè l' yo: -Se mwen menm Jozèf. Eske papa m' vivan toujou? Men frè l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvèse lè yo wè l' devan yo.

Jozèf di frè l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozèf wi, frè nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.

Men koulye a, nou pa bezwen boulvèse. Nou pa bezwen règrèt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.

Sa fè dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latè ni fè rekòt pou senk lanne ankò.

Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.

Nou wè. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sèvi yon papa pou farawon an. Mwen se chèf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvènen tout peyi Lejip la.

Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.

10 Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bèf ou yo ak tout sa ou genyen.

11 Lè wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò.

12 Koulye a, nou wè, pa vre. Benjamen, frè m' lan, wè tout se mwen menm menm Jozèf k'ap pale ak nou an.

13 Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la.

14 Epi li lage kò l' nan bra Benjamen, frè li a, li konmanse kriye ankò. Benjamen tout t'ap kriye sou zepòl li.

15 Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li.

16 ¶ Lè moun lakay farawon yo vin konnen frè Jozèf yo te vini, sa te fè farawon an ak chèf li yo kontan.

17 Farawon an di Jozèf konsa: -Pale ak frè ou yo. Di yo men sa pou yo fè: Chaje bèt yo, ale nan peyi Kanaran.

18 Lè y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. m'a ba yo pi bon tè ki nan peyi Lejip la pou fè jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a.

19 Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.

20 Yo pa bezwen règrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo.

21 Se sa menm pitit Izrayèl yo te fè. Jozèf ba yo kèk cha jan farawon an te ba li lòd la. Li ba yo pwovizyon pou fè vwayaj la.

22 Li ba yo chak yon rad tout nèf. Men, li bay Benjamen twasan (300) pyès lajan ak senk rad nèf.

23 Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmèl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lòt pwovizyon ankò, li voye bay papa l' pou l' ka fè vwayaj la.

24 Lè l'ap voye frè l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lòt nan chemen an, tande.

25 ¶ Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakòb, papa yo.

26 Yo di l': -Papa, Jozèf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvènen peyi Lejip la wi. Men, Jakòb rete tout frèt, paske li pa t' kwè yo.

27 Men, lè yo rakonte l' tout sa Jozèf te di yo, lè li wè cha Jozèf te voye pou l' te ka vwayaje a, Jakòb gen yon sèl kontantman ki pran l'.

28 Li di yo: -Se kont. Jozèf, pitit mwen an, vivan toujou. Fòk m ale pou m' ka wè l' anvan m' mouri.

Matye 14:13-36

13 ¶ Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l' te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri soti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivaj la ap swiv li.

14 Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.

15 Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l', yo di l' konsa: Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.

16 Jezi reponn yo: Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.

17 Men yo di li: Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.

18 Jezi di yo: Pote yo ban mwen.

19 Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.

20 Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.

21 Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.

22 ¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.

23 Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.

24 Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.

25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.

26 Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.

27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

28 Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.

29 Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.

30 Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!

31 Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

32 Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.

33 Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.

34 ¶ Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.

35 Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.

36 Yo di Jezi: Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Sòm 18:37-50

37 (18:38) Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.

38 (18:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.

39 (18:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.

40 (18:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo.

41 (18:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.

42 (18:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.

43 (18:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'.

44 (18:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi:

45 (18:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.

46 (18:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!

47 (18:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.

48 (18:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo.

49 (18:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.

50 (18:51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Pwovèb 4:11-13

11 Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

12 Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.

13 Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l' fèm. Pa kite l' chape anba men ou, se tout lavi ou.