Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NLT. Switch to the NLT to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
Egzòd 35:10-36:38

10 Se pou tout moun pami nou ki gen ladrès vin jwenn mwen pou yo fè travay Seyè a bay lòd fè a:

11 kay Bondye a avèk tant lan, twati li, kwòk li yo, ankadreman li yo, travès li yo, poto li yo ak tout sipò yo,

12 Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la,

13 tab la avèk manch li yo ansanm ak tout bagay pou sèvi ak li, ak pen yo ofri bay Bondye a tou,

14 gwo lanp sèt branch lan ak tout bagay ki sèvi avè l' yo, tèt lanp yo ak lwil pou lanp yo,

15 lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan,

16 lòtèl pou boule nan dife bèt yo ofri bay Bondye, avèk griyaj an kwiv li a, ak tout manch li yo ak tout bagay ki pou sèvi avè l' yo, basen lan ak tout pye li,

17 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a,

18 dis pikèt ak tout kòd pou tant lan ak galeri a,

19 bèl rad seremoni pou prèt yo mete sou yo lè y'ap fè sèvis nan kote ki apa pou Bondye a, rad pou Arawon, prèt la, ak rad pou pitit gason l' yo lè y'ap fè travay prèt yo.

20 ¶ Lè Moyiz fin di yo sa, tout pèp Izrayèl la al lakay yo.

21 Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.

22 Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye.

23 Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini.

24 Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'.

25 Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini.

26 Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou.

27 Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la,

28 ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon.

29 Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a.

30 ¶ Moyiz di pèp Izrayèl la: -Gade. Seyè a chwazi Bezaleyèl, pitit Ouri a, pitit pitit Our, nan branch fanmi Jida a.

31 Li mete lespri l' sou li an kantite pou l' ba li ladrès, konesans ak bon konprann pou l' fè tout kalite travay atizan yo konn fè a,

32 pou l' konn fè bèl desen, pou l' fè travay an lò, an ajan ak an kwiv,

33 pou l' travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, epi pou l' konn moute yo, pou l' travay bwa, pou l' ka fè tout kalite travay atizan konn fè.

34 Bondye ba li don pou l' moutre lòt moun metye sa yo. Se menm jan an tou pou Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan.

35 Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.

36 ¶ Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.

Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo.

Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo.

Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz.

Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a.

Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann.

Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la.

¶ Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.

Chak lèz te mezire katòz mèt longè, de mèt lajè. Tout lèz yo te menm gwosè.

10 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm. Apre sa, yo fè menm bagay la tou ak senk lòt lèz yo.

11 Yo pran kòdon fèt ak twal ble, yo fè pasan, yo moute yo sou rebò dènye lèz nan chak gwoup.

12 Yo mete senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la yon jan pou yo koresponn de pa de.

13 Yo te fè senkant ti kwòk an lò. Yo pase kwòk yo nan pasan yo pou kenbe de gwoup rido yo ansanm. Se konsa, yo te fè yon sèl tant pou sèvi kay kote pou Bondye rete a.

14 ¶ Apre sa, yo fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou kouvri tant kote Bondye rete a.

15 Tout onz lèz yo te menm gwosè, chak te mezire kenz mèt longè ak de mèt lajè.

16 Yo pran senk lèz, yo koud yo ansanm sou yon bò. Apre sa, yo fè menm bagay la ak sis lòt lèz yo apa.

17 Yo mete senkant pasan sou rebò dènye lèz nan premye gwoup la ak senkant pasan sou rebò dènye lèz nan dezyèm gwoup la.

18 Yo fè senkant ti kwòk an kwiv pou kenbe de gwoup lèz yo ansanm, pou yo ka fè yon sèl tant.

19 Yo fè yon kouvèti pou tant lan ak po belye tenn koulè wouj. Apre sa, yo fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou ale anwo kouvèti ki fèt ak po belye a.

20 Yo te fè ankadreman an bwa zakasya pou soutni tant Bondye a.

21 Chak ankadreman te mezire kenz pye longè sou vennsèt pous lajè.

22 Yo chak te gen de bout ki depase ki te penmèt mare yo yonn ak lòt. Yo fè tout ankadreman kay la menm jan an tou.

23 Yo te fè ven ankadreman pou fasad sid la.

24 Yo fè karant sipò an ajan pou ale anba pye ankadreman yo, de sipò pou chak ankadreman.

25 Yo fè ven ankadreman pou fasad nò a,

26 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.

27 Pou fasad lwès kay Bondye a, ki bay sou dèyè, yo fè sis ankadreman

28 ak de lòt ankadreman ki pou fè kwen ki sou deyè kay Bondye a.

29 Kwen yo te mare yonn ak lòt pa anba, yo te bout-a-bout jouk anwo nan gwo bag la. Se konsa yo te moute de ankadreman ki te fè de kwen yo.

30 Konsa sa te fè wit ankadreman ak sèz sipò an ajan, de sipò pou chak ankadreman.

31 Apre sa, yo fè travès yo an bwa zakasya. Yo mete senk pou ankadreman sou yon bò kay Bondye a,

32 senk pou ankadreman sou lòt bò a ak senk pou ankadreman sou bò lwès la pa dèyè.

33 Yo fè travès mitan an yon jan pou l' pase nan ren ankadreman yo, depi yon bout rive nan lòt bout la.

34 Yo te kouvri ankadreman yo ak lò. Yo te fè bag an lò pou kenbe travès yo. Apre sa, yo kouvri tout travès yo ak lò tou.

35 ¶ Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.

36 Yo fè kat poto an bwa zakasya pou rido a. Yo te kouvri yo ak lò, yo moute kwòk an lò sou yo. Yo travay kat sipò an ajan pou poto yo.

37 Pou fèmen kote yo antre nan tant lan, yo fè yon rido ak bon twal ble, violèt ak wouj, ansanm ak twal fen blan tise byen sere, bwode sou tout kò l'.

38 Yo fè senk poto avèk kwòk. Yo kouvri tèt poto yo ak trenng pou soutni rido yo ak lò. Epi yo fè senk sipò an kwiv pou poto yo.

Matye 27:32-66

32 Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.

33 ¶ Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la)

34 yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l' goute l', li pa t' vle bwè li.

35 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.

36 Apre sa, yo chita ap veye li.

37 Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.

38 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa an menm tan avè l', yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.

39 Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.

40 Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!

41 Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:

42 Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.

43 Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.

44 Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' menm jan an tou.

45 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.

46 Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)

47 Nan moun ki te la yo genyen ki tande l' pale. Yo di: Men l'ap rele Eli.

48 Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l' nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè.

49 Men, lòt moun yo di: Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.

50 ¶ Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.

51 Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.

52 Tonm mò yo louvri, kò anpil moun pèp Bondye a ki te mouri leve vivan ankò, yo soti nan tonm yo.

53 Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.

54 Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.

55 Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.

56 Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.

57 ¶ Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.

58 li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.

59 Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.

60 Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.

61 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.

62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.

63 Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.

64 Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.

65 Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.

66 Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.

Sòm 34:1-10

34 ¶ (34:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (34:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

(34:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.

(34:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

(34:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.

(34:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.

(34:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.

(34:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.

(34:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

(34:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.

10 (34:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.

Pwovèb 9:7-8

Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.

Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.