The Daily Audio Bible
Today's audio is from the CSB. Switch to the CSB to read along with the audio.
11 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 -Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo.
3 Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.
4 Men, gen bèt ki remoute manje epi ki pa gen zago yo fann. Bèt konsa nou pa gen dwa manje yo. Sa pa bon pou nou! Nou gen chamo ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann. Vyann li pa bon pou nou manje.
5 Nou gen daman ki remoute manje men ki pa gen zago yo fann.
6 Nou gen ankò lapen ki remoute manje men ki pa gen zago fann an de. Vyann li pa bon pou nou manje.
7 Nou gen ankò kochon. Li menm li gen zago fann an de, men li pa remoute manje. Vyann li tou pa bon pou nou manje.
8 Piga nou janm manje vyann bèt sa yo. Piga nou manyen kadav yo. Yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
9 ¶ Nan bèt k'ap viv nan dlo men sa nou ka manje. Nou ka manje tout bèt nan lanmè ak nan dlo dous ki gen zèl ak kal sou kò yo.
10 Men, tout bèt k'ap viv nan lanmè osinon nan dlo dous men ki pa gen ni zèl ni kal sou kò yo, sa pa bon pou manje yo.
11 Gade yo pou move vyann. Pa manje vyann yo, pa manyen kadav yo.
12 Tout bèt k'ap viv nan dlo men ki pa gen zèl ak kal sou kò yo, nou pa fèt pou nou manje yo.
13 Nan tout zwazo men sa nou pa gen dwa manje paske yo pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye.
14 Malfini karanklou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
15 tout kalite kònèy,
16 otrich, janmichèt, poul dlo, grigri, ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
17 koukou, plonjon, frize,
18 gwo kanna mawon blan, grangozye, chwèt,
19 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, chòchòt, sèpantye.
20 ¶ Tout ti bètazèl ki mache sou kat pye pa bon pou nou manje.
21 Men, nou ka manje tout ti bètazèl ki mache sou kat pye, depi yo gen de gwo pye ki penmèt yo sote,
22 tankou krikèt kay, krikèt bwa, chwal bondye ak lòt kalite krikèt.
23 Men, tout lòt ti bètazèl ki gen kat pye pa bon pou nou manje.
24 Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
25 Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
26 Tout bèt ki pa gen zago yo fann an de osinon ki pa remoute manje pa bon pou nou manje. Tout moun ki manyen ata kadav bèt sa yo pa nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
27 Konsa tou, tout bèt ki mache sou kat pa t' men ki pa gen zago, yo pa bon pou nou manje. Depi yon moun manyen kadav yonn nan bèt sa yo, li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
28 Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje.
29 Pami tout bèt toupatou sou latè ki mache sou vant, men sa ki pa bon pou nou manje: tout kalite zagoudi, sourit ak leza,
30 zandolit, soud, mabouya, gongolo, aganman.
31 Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje. Si yon moun annik manyen kadav yonn nan bèt sa yo, l'a nan kondisyon pou l' pa fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
32 Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje.
33 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe nan yon veso fèt an tè, tou sa ki nan veso a pa bon pou nou sèvi ankò, epitou se pou nou kraze veso sa a.
34 Si ti gout nan dlo ki soti nan veso sa a ta rive tonbe sou nenpòt manje nou gen dwa manje, manje a pa bon ankò pou nou manje. Konsa tou, tout bwason nou gen dwa bwè, si yo ta rive vide l' nan yon veso konsa, li pa bon ankò pou nou bwè.
35 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou nenpòt bagay, bagay sa a pa bon pou sèvi ankò. Si se yon fou osinon yon recho, se pou yo kraze yo an miyèt moso. Yo pa bon, nou pa fèt pou sèvi ak yo ankò menm.
36 Men, si yo tonbe nan yon sous osinon nan yon sitèn pou ranmase dlo, sous la osinon sitèn lan ap toujou bon pou sèvis nou. Men, moun ki manyen kadav la pou wete l' nan dlo a p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
37 Si kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou grenn nou pral plante, grenn yo bon toujou pou plante.
38 Men, si grenn lan te tranpe nan dlo epi kadav yonn nan bèt sa yo tonbe sou li, grenn lan pa bon ankò pou plante.
39 Lè yon bèt nou ka manje rete konsa li mouri, tout moun ki manyen kadav li p'ap kapab fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
40 Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
41 Tout ti bèt k'ap trennen sou vant pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Nou pa fèt pou manje yo.
42 Depi se ti bèt k'ap trennen sou vant ou ankò ti bèt kat pye, ou ankò ti bèt ki gen anpil pye, yo yonn pa bon menm pou moun k'ap sèvi Bondye: nou pa fèt pou nou manje yo.
43 ¶ Pa manje ankenn nan ti bèt k'ap trennen sou vant yo pou yo pa mete nou nan kondisyon pou nou pa kapab fè sèvis pou mwen.
44 Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Se pou nou kenbe kò nou yon jan pou nou viv apa pou mwen, paske mwen menm se yon Bondye apa mwen ye. Pa kite ankenn ti bèt k'ap trennen sou vant mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi m'.
45 Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
46 Men regleman ki gen rapò ak bèt, zwazo ak tout lòt bèt k'ap viv nan dlo, osinon k'ap trennen sou vant.
47 Se pou nou toujou rekonèt bèt ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye ak bèt ki p'ap fè l', bèt ki bon pou nou manje ak bèt ki pa bon pou nou manje.
12 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Men sa pou ou di pep Izrayèl la pou mwen. Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li.
3 Sou wityèm jou a, y'a sikonsi pitit la.
4 Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l'a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p'ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p'ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l' ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a.
5 Si se yon tifi li fè, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l' pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.
6 ¶ Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.
7 Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou mande padon pou fanm lan. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou san li pèdi a. Wi, se sa pou yon fanm fè apre li fin akouche, kit se yon gason, kit se yon fi li fè.
8 Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.
21 ¶ Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann soti nan kannòt la, yon foul moun gen tan sanble bò kote li. Antan li sou rivaj la,
22 Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l' nan pye li.
23 Li mande Jezi: -Pitit fi m' lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l' ka geri. vin ba l' lavi pou mwen.
24 Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l' toupatou.
25 Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan.
26 Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li; men li pa t' jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li.
27 Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l' nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li.
28 Fanm lan te di nan kè l': Si m' kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri.
29 Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l' gaya.
30 Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki soti nan li; li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: -Ki moun ki manyen rad mwen an, en?
31 Disip li yo reponn li: -Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?
32 Men Jezi t'ap pwonmennen je l' toupatou pou wè moun ki te fè l' sa a.
33 Fanm lan menm ki te konnen sak te rive l' t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l' nan pye Jezi. Li di l' tout verite a.
34 Jezi di li: -Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
35 ¶ Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
36 Men Jezi pa t' okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: -Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
37 Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pa t' pèmèt lòt moun swiv li.
38 Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye; lòt menm t'ap plede rele.
39 Li antre nan kay la, li di yo konsa: -Men pouki tout bri sa a? Pouki tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
40 Yo tonbe pase l' nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a.
41 Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.
42 Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.
43 Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa t' kite pesonn konn sa. Apre sa, li di yo: -Bay ti fi a manje.
38 ¶ (38:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (38:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
2 (38:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale.
3 (38:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
4 (38:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
5 (38:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
6 (38:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
7 (38:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m'
8 (38:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri.
9 (38:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri.
10 (38:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo!
11 (38:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
12 ¶ (38:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.
13 (38:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
14 (38:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a.
15 (38:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
16 (38:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
17 (38:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
18 (38:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè.
19 (38:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'.
20 (38:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen.
21 (38:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
22 (38:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
8 ¶ Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.
9 ¶ Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.