The Daily Audio Bible
Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.
24 ¶ Se konsa Moyiz soti, li di pèp la tou sa Seyè a te di l'. Li pran swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe fè wonn kay Bondye a.
25 Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
26 Te gen de nan chèf fanmi yo te chwazi yo ki te rete nan kan an. Yo pa t' ale nan kay Bondye a. Yonn te rele Eldad, lòt la Medad. Lespri a te desann sou yo tou, yo t'ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.
27 Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.
28 Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!
29 Moyiz reponn li: -Kouman? Ou gen lè w'ap fè jalouzi pou mwen? Pa pito Seyè a te mete lespri l' sou tout pèp la pou yo te ka pale tankou pwofèt!
30 Apre sa, Moyiz tounen nan kan an ansanm ak swasanndis chèf fanmi yo.
31 ¶ Apre sa, Seyè a fè yon sèl van soufle sot nan lanmè, li bwote yon bann zòtolan ki vin tonbe toupatou nan kan kote moun yo te rete a ak toutotou kan an. Yon moun ta gen dwa mache tout yon jounen nan nenpòt direksyon anvan pou l' ta kite kote zòtolan yo te tonbe a. Zòtolan yo te fè pil rive twa pye wotè sou tè a.
32 Pèp la pase tout jounen an, tout nwit la, ak tout jounen denmen an ap ranmase zòtolan. Sa ki te ranmase pi piti a te ranmase dis barik pou tèt pa l'. Yo blayi yo atè toupatou nan kan an pou mete yo cheche.
33 Yo te fèk konmanse manje vyann, lè Seyè a fè kòlè sou pèp la, li lage yon sèl epidemi sou yo pou pini yo.
34 Yo rele kote sa a: Simityè Grangou, paske se la yo te antere tout moun nan pèp la ki t'ap plenyen pou vyann.
35 Apre sa, pèp la kite Simityè Grangou kote yo te ye a, yo pati pou Azewòt kote yo moute kay yo.
12 ¶ Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t'ap pale Moyiz mal sou sa.
2 Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a.
3 Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.
4 ¶ Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre.
5 Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li.
6 Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.
7 Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m' lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.
8 Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal?
9 Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l' ale.
10 ¶ Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
11 Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t' la!
12 Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l' manje.
13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l' konsa: -Bondye, tanpri, geri l' non!
14 Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l' ki te krache nan figi l', li t'ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l' pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y'a kite l' tounen.
15 Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t' leve pati toutotan yo pa t' kite Miryam tounen nan kan an ankò.
16 Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.
13 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Ou pral chwazi douz nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi. Ou pral voye yo pou y' al wè ki jan peyi Kanaran an ye, peyi m'ap bay moun Izrayèl yo.
3 Dapre lòd Moyiz te resevwa nan men Seyè a, li pran douz gason ki te chèf fanmi nan pèp Izrayèl la. Antan li te nan dezè Paran an, li voye yo al rekonèt peyi a.
4 Men non yo: Pou branch Woubenn lan, se te Chamwa, pitit gason Zakou a.
5 Pou branch fanmi Simeyon an, se te Chafa, pitit gason Ori a.
6 Pou branch fanmi Jida a, se te Kalèb, pitit gason Jefoune a.
7 Pou branch fanmi Isaka a, se te Jigal, pitit gason Jozèf la.
8 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Noun lan.
9 Pou branch fanmi Benjamen an, se te Palti, pitit gason Rafou a.
10 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Gadiyèl, pitit gason Sodi a.
11 Pou branch fanmi Jozèf la, nan branch Manase a, se te Gadi, pitit gason Souzi a.
12 Pou branch fanmi Dann lan, se te Amiyèl, pitit gason Jemali a.
13 Pou branch fanmi Asè a, se te Setou, pitit gason Mikayèl la.
14 Pou branch fanmi Neftali a, se te Nakbi, pitit gason Wopsi a.
15 Pou branch fanmi Gad la, se te Geouyèl, pitit gason Maki a.
16 Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.
17 Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: -Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.
18 Ale gade peyi a. Chache konnen ki jan li ye, ki kalite moun ki rete ladan l', konbe yo ye, ak ki fòs yo.
19 Chache konnen si tè a se yon bon tè osinon yon move tè, si moun yo rete nan lavil ki gen ranpa pou pwoteje yo osinon nan kan anba tant twal.
20 Chache konnen si peyi a rich osinon pòv, si gen anpil pyebwa sou tè a ou si pa genyen. Nou pa bezwen pè anyen. Lè n'ap tounen, pote kèk nan fwi ki donnen laba a. Se te sezon rezen te konmanse ap mi.
21 ¶ Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
22 Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.
23 Yo rive nan ravin Echkòl, yo koupe yon branch rezen ki te gen yon sèl gwo grap rezen nan li. Yo mete l' sou yon gòl pou de moun te ka pote l' sou zepòl yo, si tèlman li te lou. Yo pote grenad ak fig frans tou.
24 Yo rele kote sa a Ravin Echkòl, poutèt gwo grap rezen moun pèp Izrayèl yo te koupe la a.
25 Apre karant jou, lè yo fin vizite toupatou nan peyi a, yo tounen,
26 ¶ yo vin jwenn Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo Kadès, nan dezè Paran an. Yo detaye ba yo tou sa yo te wè, yo moutre yo fwi yo te pote yo.
27 Yo di Moyiz konsa: -Nou vizite toupatou nan peyi ou te voye nou al chache konnen an. Se yon peyi ki rich anpil, kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se vre wi. Gade fwi nou jwenn ladan l'.
28 Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
29 Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
30 Kalèb fè moun yo sispann bougonnen sou do Moyiz, li di yo konsa: -Ann moute koulye a. Ann al pran peyi a pou nou. Pa gen anyen la a nou pa ka fè!
31 Men mesye ki te moute ansanm ak Kalèb yo di konsa: -Non. Nou pa ka al atake moun sa yo. Yo pi fò pase nou.
32 Se konsa yo pran pale mal sou peyi yo te al vizite a devan pèp Izrayèl la. Yo t'ap di: -Peyi nou ta l' vizite a, peyi nou ta l' chache konnen an, se yon peyi ki pa menm bay kont manje pou moun k'ap viv sou li yo. Epi, tout moun nou wè la se moun ki wo anpil.
33 Sa ki pi rèd, nou wè yon kalite gwonèg bèl wotè, moun ras Anak yo. Devan moun sa yo se krebete nou ye, tèlman nou piti. Se konsa nou te santi nou devan yo.
22 Antan yo t'ap manje, Jezi pranpen, li di Bondye mèsi, li kase l'; li bay disip li yo, li di yo konsa: -Men, pran. Sa se kò mwen.
23 Apre sa, li pran yon gode diven tou, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, yo tout bwè ladan li.
24 Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
25 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò, jouk jou m'a bwè yon diven nèf nan peyi kote Bondye Wa a.
26 Apre yo fin chante chante fèt la, yo soti, y' ale mòn Oliv.
27 Jezi di disip li yo: -Nou tout, nou pral kouri kite m' pou kont mwen; paske men sak te ekri: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye nan bwa.
28 Men apre, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
29 Pyè di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.
30 Jezi reponn li: -Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, wa gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
31 Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
32 ¶ Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: -Chita la, mwen pral lapriyè pi devan.
33 Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li.
34 Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou.
35 Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a.
36 Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
37 Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman?
38 Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
39 Li kite yo ankò, li al fè menm lapriyè a.
40 Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.
41 Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.
42 Leve non. Ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.
43 ¶ Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li.
44 Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l' ba yo yon siyal. Li te di yo: -Moun n'a wè m' bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l' chape.
45 Rive Jida rive, li pwoche bò kot Jezi, li di li: -Mèt! Epi li bo li.
46 Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li.
47 Yonn nan disip yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la; li koupe yon zòrèy li.
48 Jezi pran lapawòl, li di yo: -Nou vin dèyè m' ak nepe, ak baton, tankou si m' te yon ansasen.
49 Men, toulèjou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan; lè sa a nou pa t' janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.
50 Lè sa a tout disip yo kite l', yo pran kouri.
51 Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi; li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou msye.
52 Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.
52 ¶ (52:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (52:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (52:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
2 (52:4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal. Lang ou tankou yon razwa byen file, ou toujou ap fè manti sou moun.
3 (52:5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.
4 (52:6) Ou renmen di pawòl ki pou fè moun mal, lang vipè!
5 (52:7) Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
6 ¶ (52:8) Moun k'ap mache dwat yo va wè sa, y'a gen krentif pou Bondye. Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
7 (52:9 -)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
8 (52:10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
9 (52:11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sevi ou yo pou m' fè konnen jan ou bon.
11 ¶ Seyè a pa vle wè moun k'ap sèvi ak fo balans. Li kontan ak moun ki sèvi ak bon mezi.
2 ¶ Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.
3 ¶ Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.