Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NRSVUE. Switch to the NRSVUE to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
Plenn 3

¶ Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.

Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'.

Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete.

Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.

Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.

Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.

Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn.

Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'.

Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite.

10 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.

11 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'.

12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.

13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.

14 Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen.

15 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou.

16 Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch.

17 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.

18 Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.

19 Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale.

20 Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache

21 ¶ Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay.

22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou.

23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li.

24 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'.

25 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li.

26 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.

27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.

28 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.

29 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.

30 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.

31 Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.

32 Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.

33 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.

34 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton,

35 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,

36 lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!

37 ¶ Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.

38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.

39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!

40 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!

41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!

42 ¶ Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.

43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.

44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.

45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.

46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.

47 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!

48 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!

49 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,

50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!

51 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!

52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.

53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.

54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!

55 ¶ Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!

56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.

57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!

58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.

59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.

60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.

61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.

62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.

63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!

64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.

65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!

66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!

Ebre 1

¶ Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.

Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.

Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.

¶ Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.

Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.

Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.

Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.

Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.

Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.

10 Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.

11 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.

12 W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.

13 Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

14 Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.

Sòm 102

102 ¶ (102:1) Lapriyè yon moun ki anba tray. Li pa kapab sipòte ankò. L'ap rakonte Bondye ka li. (102:2) Seyè, koute m' non lè m'ap lapriyè, se pou rèl mwen rive nan zòrèy ou.

(102:3) Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou.

(102:4) Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo.

(102:5) Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.

(102:6) Mwen tounen zo ak po tèlman m'ap plenn.

(102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.

(102:8) Mwen pa ka dòmi, mwen tankou yon zwezo ki pou kont li sou yon do kay.

(102:9) Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.

(102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.

10 (102:11) Ou sitèlman ankòlè, ou sitèlman fache, ou pran m', ou voye m' jete byen lwen.

11 (102:12) Kò m' ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. M'ap cheche tankou zèb.

12 ¶ (102:13) Men ou menm, Seyè, w'ap gouvènen pou tout tan. Pitit an pitit y'ap chonje non ou!

13 (102:14) W'a leve, w'a gen pitye pou lavil Siyon an, paske li lè pou ou gen pitye pou li. Jou a rive.

14 (102:15) Moun k'ap sèvi ou yo renmen lavil Siyon an. Kè yo fè yo mal pou yo wè jan l'ap fini.

15 (102:16) Lè sa a, moun lòt nasyon yo va gen krentif pou Seyè a, tout wa ki sou latè va pè bèl pouvwa li.

16 (102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.

17 (102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo.

18 (102:19) Se pou yo ekri sa pou timoun k'ap vini yo ka konnen l', pou timoun ki poko fèt yo ka fè lwanj li.

19 (102:20) Seyè a rete anwo nan kay ki apa pou li a, li gade anba, li rete anwo nan syèl la, l'ap gade sou latè,

20 (102:21) pou l' tande jan prizonye yo ap plenn, pou l' delivre moun yo kondannen amò yo.

21 (102:22) Konsa, moun va nonmen non Seyè a nan tout lavil Siyon an. Y'a fè lwanj li nan lavil Jerizalèm,

22 (102:23) lè tout nasyon yo ak tout gouvènman ki sou latè yo va sanble pou sèvi Seyè a.

23 ¶ (102:24) Mwen te jenn gason toujou lè Seyè a kraze kouraj mwen: li koupe sou lavi m'.

24 (102:25) Mwen di: Bondye mwen, ou menm k'ap viv pou tout tan, pa pran m' koulye a. Mwen jenn gason toujou.

25 (102:26) Se ou menm, Seyè, ki te kreye latè nan tan lontan. Se avèk men ou ou te fè syèl la.

26 (102:27) Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo vin vye tankou rad. W'ap chanje yo tankou yo chanje rad, w'a mete yo sou kote.

27 (102:28) Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.

28 (102:29) Pitit sèvitè ou yo va rete nan peyi a san danje. Pitit pitit yo va toujou viv devan je ou.

Pwovèb 26:21-22

21 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.

22 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.