The Daily Audio Bible
Today's audio is from the NIV. Switch to the NIV to read along with the audio.
1 ¶ Men mesaj Bondye te bay sou lavil Niniv. Men liv ki rapòte vizyon Nawoum, moun lavil Elkòch, te fè a.
2 ¶ Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè.
3 Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen. Li p'ap janm manke pa pini moun ki antò. Kote Seyè a pase, se van tanpèt, se van siklòn. Nwaj yo, se pousyè pye l' yo ap leve.
4 Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen.
5 Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li.
6 Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.
7 Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
8 Tankou yon gwo lavalas k'ap desann, l'ap kraze tout kote lavil la te bati a. L'ap pousib tout lènmi l' yo jouk li fini ak yo.
9 ¶ Kisa n'ap konplote konsa sou do Seyè a? L'ap detwi nou tout. Nou p'ap ka kenbe tèt avè l' yon lòt fwa ankò.
10 Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.
11 Yon nonm soti lavil Niniv. Li gen yon bann move lide nan tèt li, l'ap fè konplo sou do Seyè a.
12 Men sa Seyè a di pèp li a: -Moun peyi Lasiri yo te mèt anpil, yo te mèt gwonèg, y'ap mouri, y'ap disparèt. Mwen te fè nou soufri. Men, mwen p'ap fè nou sa ankò!
13 Koulye a, mwen pral kraze pouvwa peyi Lasiri k'ap peze nou an. M'ap kase tout chenn yo te pran pou mare nou yo.
14 Men lòd Seyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: -Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò!
15 Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt.
2 ¶ Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!
2 Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l' la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.
3 Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo.
4 Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y'ap pase kouri tankou zèklè.
5 Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y' al defonse pòtay yo.
6 Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase.
7 Yo fè larenn lan prizonye. Yo pati avè l'. Sèvant li yo ap plenn, y'ap kriye. Y'ap bat lestonmak yo sitèlman yo nan lapenn.
8 Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.
9 Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè.
10 Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l'. Yo devaste l' nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.
11 ¶ Koulye a, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pesonn pa ka fè yo anyen an?
12 Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikete.
13 Koulye a, se mwen menm k'ap regle ak nou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m'ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M'ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p'ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.
3 ¶ Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt.
2 Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini.
3 Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.
4 Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!
5 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont.
6 Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.
7 Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pesonn ka vle vin kenbe rèl la avè l'.
8 ¶ Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l',
9 atout li te anvayi peyi Letiopi ak peyi Lejip kifè pa t' gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l',
10 yo fè moun li yo prizonye, yo depòte yo nan lòt peyi. Nan tout kalfou, yo kraze pitit li yo jouk yo mouri. Yo mare grannèg li yo nan chenn kou esklav. Yo separe yo, yo tire osò pou bay chak moun pa yo.
11 Ou menm tou, lavil Niniv, ou pral sou. Tèt ou pral vire. Ou menm tou, ou pral chache kote pou ou kache pou lènmi ou yo.
12 Fò ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l', epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo.
13 Sòlda ou yo, ou ta di yon bann fanm! Peyi a ap san defans devan lènmi ou yo, dife boule ba ki fèmen pòtay ou yo. Yo rete gran louvri.
14 Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik.
15 Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou.
16 Ou te gen plis moun k'ap fè kòmès pase gen zetwal nan syèl la. Koulye a, yo pati tankou krikèt ki louvri zèl yo vole ale.
17 Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè.
18 Ou menm wa peyi Lasiri a, faksyonnè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pesonn pou fè yo tounen lakay yo ankò.
19 Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.
8 ¶ Lè ti Mouton an kase setièm sele a, pandan yon demi (1/2) lè de tan, ou pa t' tande okenn bri nan sièl la.
2 Apre sa, mwen wè sèt zanj ki te kanpe devan Bondye. Yo ba yo sèt klewon.
3 Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.
4 Lafimen lansan li t'ap boule a pran moute nan men zanj ki te devan Bondye a, ansanm ak lapriyè pèp Bondye a.
5 Apre sa, zanj lan pran lansanswa a, li plen l' ak dife ki te sou lotèl la, li jete l' sou latè. Lè sa a, te gen kout loraj, zèklè, divès kalite bri ak tranblemanntè.
6 Sèt zanj ki te gen sèt klewon yo pare kò yo pou yo kònen.
7 ¶ Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè (1/3) nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.
8 Apre sa, dezyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Menm lè a, yo jete yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule nan lanmè a. Yon tiè (1/3) dlo lanmè a tounen san.
9 Yon tiè nan tout bèt vivan nan lanmè a mouri. Yon tiè nan batiman ki sou lanmè a peri.
10 Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.
11 Yo te rele zetwal sa a: Lapsent. Yon tiè nan tout dlo yo vin anmè kou fièl. Anpil moun ki te bwè dlo sa a te mouri, paske dlo a te vin anmè.
12 Apre sa, katriyèm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon tiè (1/3) nan solèy la, yon tiè nan lalin lan, ak yon tiè nan zetwal yo domaje. Konsa, yo tout yo pèdi yon tiè nan limiè yo konn bay la. Pandan yon tiè lajounen an te fè nwa kou lank. Konsa tou, pandan yon tiè lannwit lan te fè tou nwa.
13 Mwen gade ankò, mwen tande yon gwo malfini ki t'ap vole byen wo nan sièl la. Li t'ap pale byen fò, li t'ap di: Ala de malè! Sa pral rèd nèt pou moun ki sou latè a, lè kout klewon twa lòt zanj yo va kònen.
136 ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
2 Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
3 Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
4 Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
5 Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
6 L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou:
7 Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
8 Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
9 Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
10 ¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
11 Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
12 Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
13 Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
14 Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
15 Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
16 Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
17 Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
18 Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
19 Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
20 Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
21 Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
22 Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
23 ¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
24 Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
25 Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
26 Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
7 ¶ Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.
8 Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.
9 Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.