Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the NRSVUE. Switch to the NRSVUE to read along with the audio.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Istwa 22-23' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 3:9-31

Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.

Tout moun koupab

10 Jan Pawòl Bondye di sa a:

“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
    pa menm yon sèl.
11 Pa gen yon moun ki konprann,
    pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12 Yo tout vire do kite l,
    yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
    pa menm yon sèl.”[a]
13 “Bouch yo se yon kavo tou louvri.
    Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”[b]
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”[c]
14     “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”[d]
15 “Yo toujou prèt pou touye moun.
16     Tout kote yo pase,
    yo simen la twoublay ak destriksyon.
17 Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”[e]
18     “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”[f]

19 Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.

Kòman Bondye fè moun vin jis

21 Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22 Fidelite Jezikris[g] fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. 23 Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. 24 Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. 25-26 Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.

27 Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30 Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif[h] ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif[i] yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. 31 Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.

Error: 'Sòm 12 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 19:13-14' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International