Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.
Konsa, nou wè aklè pale an lang se yon siy pou moun ki pa kwè, men li pa siy pou moun ki kwè. Poutan pwofesi pote benefis pou moun ki kwè, li pa pou moun ki pa kwè.