1 Korint 14:26
Print
¶ Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.
Alò, kisa nou dwe fè, frè m ak sè m yo, lè nou reyini ansanm? Yon moun ka gen yon chan, yon lòt ka gen yon ansèyman, yon lòt ka gen yon nouvo verite ki soti nan Bondye. Youn ka pale an lang, yon lòt ka entèprete. Men se pou tout bagay fèt nan bi pou nou bati youn lòt.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International