1 Jan 5:10
Print
¶ Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.
Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International