Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.
Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi.