Eske yo se moun k'ap sèvi Kris la? (M'ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m' nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.
Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.