Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.
Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an.