Nou menm, nou sipòte lapenn nou an jan Bondye vle l' la. Koulye a, gade sa l' fè pou nou! Gade ki jan li fè nou pran sitiyasyon an pou bagay serye! Gade ak ki lanpresman nou soti pou defann tèt nou? Gade jan n' te fache! Gade jan n' te pè! Gade jan nou anvi wè m' ankò! Gade jan nou aktif, jan nou prese peni moun ki te fè sa ki mal la! Nou moutre nou pa t' koupab nan tout bagay sa yo.
Tristès ou te genyen an, se kalite ki fè Bondye plezi a. Annik gade rezilta yo! Nou vin gen bòn dispozisyon. Nou vle defann inosans nou. Nou montre endinyasyon nou! Nou pè fè sa ki mal. Nou anvi wè m. Nou pa kache sousi nou. Nou montre anpil volonte pou nou pini koupab la. Nou bay prèv nou pa t koupab nan pwoblèm ki te poze a.