2 Korint 7:7
Print
Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.
Non sèlman rive Tit la te yon ankourajman, men nouvèl li te ba nou te ankouraje nou pi plis toujou. Li fè nou konnen kijan ou te sèvi ankourajman pou li. Li di nou jan ou ta renmen wè nou. Li di nou jan ou regrèt sa k te pase a. Li pale sou ki valè sousi ou gen pou mwen. Sa te vin fè m pi kontan toujou.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International