2 Korint 1:9
Print
Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve.
Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International