Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.
Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.