Frè m' yo, nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pa t' ka wete pou yo.
Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi.