Travay 15:7
Print
Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye.
Apre yo fin pase yon bon tan ap egzamine kesyon an, Pyè kanpe, li di yo: “Frè m yo, m konnen nou konnen byen kisa k te pase depi lontan. Nou konnen Bondye te chwazi m pami nou pou m anonse Bòn Nouvèl la bay moun ki pa Jwif yo. Se nan bouch mwen menm yo te tande Bòn Nouvèl la epi yo te kwè nan Bondye.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International