Men, Pòl di gad yo konsa: Gade non! Se sitwayen lavil Wòm nou ye wi. Yo bat nou devan tout moun san yo pa jije nou jan yo te dwe fè l' la. Apre sa, yo mete nou nan prizon. Koulye a yo vle lage nou an kachèt. Non, nou pa nan sa. Se chèf moun lavil Wòm yo menm ki pou vin mete nou deyò.
Men, Pòl di sòlda yo: “Majistra sa yo pa t jwenn okenn prèv kont nou pou kondane nou, malgre sa, yo fè bat nou konsa devan piblik la epi yo fèmen nou nan prizon, epi se sitwayen Women nou ye. Kounye a yo vle lage nou ankachèt. Non, sa p ap pase. Se yo menm menm ki pou vini an pèson, pou vin lage nou.”