Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.
Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou.