Yo t'ap rele: Moun ras Izrayèl yo, pote nou konkou! Men nonm k'ap plede mache toupatou pale mal ak tout moun sou do pèp Izrayèl la, sou do Lalwa Moyiz la, sou do tanp sa a. Koulye a, li penmèt li fè moun ki pa jwif antre nan tanp lan, l'ap lakòz kote nou mete apa pou Bondye a pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.”