Travay 22:29
Print
Lamenm, moun ki tapral bat li pou te fè l' pale yo renka kò yo dèyè. Ata kòmandan an te pè lè l' vin rann li kont li te fè mare Pòl ki te yon sitwayen women avèk chenn.
Lè sa a, sòlda ki t ap prepare pou al kesyone Pòl yo gentan deplase byen vit. Kòmandan an menm t ap tranble kou fèy bwa, lè l reyalize se yon sitwayen Women li te fè mare a.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International