¶ Yo fikse l' yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.
Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè.