Font Size
Kolòs 3:12
¶ Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
Bondye chwazi nou pou l fè nou tounen yon pèp ki apa pou li. Li renmen nou. Poutèt sa, men kijan lavi nou dwe ye: Nou dwe abiye nou ak konpasyon pou pwochen nou. Nou dwe gen jantiyès ak moun, nou dwe gen imilite, nou dwe aji byen youn ak lòt ak pasyans.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International