Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.
Lè n ap pale, piga nou janm di anyen pou fè moun mal, okontrè, se pou nou di bon bagay k ap ede moun grandi, pawòl ki vrèman beni nanm moun k ap tande nou yo.