Lè l' te fèk rive, li t'ap manje byen pwòp ak frè ki pa jwif yo. Men, lè moun Jak te voye yo vin rive, li mete kò l' sou kote, li refize manje ak frè ki pa jwif yo, paske li te pè patizan moun sikonsi yo.
Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou.