¶ Lalwa Moyiz la pa t' menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.
Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon.