Ebre 2:10
Print
¶ Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l' te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.
Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International